Jèn yo
Devouman


Devouman

Se poutèt sa, kite limyè nou an limen devan pèp sa a, pou yo kapab wè bon zèv nou e pou yo glorifye Papa nou ki nan syèl la (3 Nefi 12:16).

M ap ede lòt moun epi m ap edifye wayòm nan nan sèvi avèk jistis.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè twa aktivite sa yo yo mande pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Aprann poukisa sèvis se yon prensip fondamantal levanjil la. Li Matye 5:13–16; 25:34–40; Galat 6:9–10; Jak 1:22–27; Mozya 2:17; 4:26; ak 3 Nefi 13:1–4. Lòt moun souvan rann sèvis ke ou ka pa remake, tankou, prepare manje, fè lekti pou timoun oubyen koute yo, repare rad oubyen ede yon frè oswa yon sè. Pandan de semèn, ekri nan jounal ou aksyon sèvis diskrè ke manm fanmi ou ak lòt moun ap akonpli. Montre yo ke ou apresye sèvis yo.

  2. Sèvis se yon prensip esansyèl nan lavi familyal. Pandan de semèn, ede planifye lis manje fanmi ou, chèche jwenn engredyan yo, epi prepare yon pati nan repa yo. Fè rapò bay klas ou sou sa ou aprann.

  3. Li Mozya 18:7–10, epi nan jounal ou, ekri twa fason ou kapab rekonfòte lòt moun oubyen ede yo pote fado yo. Fè sa ki nan lis ou yo, epi pale avèk yon manm fanmi ou oswa yon dirijan sou eksperyans lan ak fason atitid ou ak konpreyansyon you chanje.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Fè twa lòt aktivite adisyonèl pou vèti sa a. Ou gen dwa chwazi pami opsyon sa yo oubyen ekri pwòp pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve sa ou ekri pou tèt pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Anseye yon leson sou sèvis nan yon sware familyal oubyen nan yon lòt sitiyasyon. Itilize imaj, mizik, egzanp, oubyen demonstrasyon nan leson w lan. Ou gen dwa itilize manyèl Ansèyman, pa gen pi gwo apèl la kòm resous.

  2. Li Doktrin ak Alyans 58:26–28. Panse sou fason yon jènfi, yon madanm ak manman, kapab aplike ekriti sa a nan fanmi li. Devlope yon abitid pou rann sèvis nan lavi ou kote w ap chwazi yon manm fanmi ke w kapab ede. Sèvi moun sa a pandan omwen yon mwa. Ekri sa ou fè a nan jounal ou ak santiman ou sou fason sa amelyore relasyon ou avèk moun sa a.

  3. Pase omwen twazèdtan ap rann moun ki pa fanmi ou sèvis. Mande prezidant Sosyete Sekou pawas ou oswa branch ou oubyen yon dirijan nan kominote a sigjesyon pou sèvis. Pa egzanp, ou gen dwa okipe timoun pandan ke paran yo ale nan tanp; kolekte, fabrike, oubyen repare jwèt pou yon gadri; aksepte yon tach pou netwaye chapèl la; oubyen fè komisyon pou yon moun ki pa ka sòti lakay li oubyen fè lekti pou li oubyen pou lòt moun ki nan bezwen. Ekri nan jounal ou reyaksyon moun ou te sèvi a ak bi evantyèl pou rann sèvis nan lòt okazyon.

  4. Atravè devouman ou, lòt moun ap wè egzanp ou epi y ap vle konnen plis sou levanjil la. Priye pou w fè yon eksperyans misyonè. Li Matye 24:14; 28:19; ak Doktrin ak Alyans 88:81. Envite yon zanmi ki pa manm legliz la oubyen ki inaktif pou ale avèk ou nan yon reyinyon oswa yon aktivite legliz la. Prezante li bay lòt moun yo, epi asire ou ke yo ankadre li. Pataje temwayaj ou sou levanjil la, epi envite li pou l retounen ankò.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti devouman yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa yon dirijan apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Ede planifye epi patisipe nan yon pwojè pou netwaye ak anbeli kominote ou.

  • Prepare ou pou w vin yon metrès kay nan rasanble resèt, al achte manje, epi prepare manje pou fanmi ou.

  • Travay avèk yon manm fanmi pou rasanble non fanmi ou ki mouri yo ki pa t manm legliz la. Chèche dat nesans yo ak dat lanmò yo epi prepare non yo pou pote nan tanp. Ede planifye yon vwayaj tanp pou w fè batèm pou fanmi sa yo.

  • Prepare pou sèvi lòt moun kote w ap resevwa fòmasyon pou yon talan pou ka itilize nan sitiyasyon ijans, tankou bay premye swen, reyanimasyon, oubyen teknik pou sove lavi.

  • Sèvi lòt moun. Pòte w volontè nan kominote ou, rasanble pwodui pou reponn ak bezwen imanitè, pase tan ap ede timoun oubyen moun ki aje, oubyen bay leson patikilyè nan yon lekòl oswa nan yon kominote.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou devouman ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran

Enprime