Jèn yo
Klas ak senbòl Jènfi yo


Jènfi
Klas ak senbòl

Imaj

Abèy, laj 12 ak 13 an

Abèy la sete yon senbòl amoni, kolaborasyon, ak travay pou premye pyonye yo nan legliz la. Abèy sete premye non yo te bay jènfi yo tou. Abèy yo jodia aprann pou yo travay an kolaborasyon ak amoni pandan y ap fòtifye lafwa yo nan Jezikri epi prepare yo pou defann laverite ak lajistis. Sa se yon tan pou yo “leve epi briye” (D&A 115:5).

Imaj

Eglantin, laj 14 ak 15 an

Non Eglantin nan fè referans ak Asosyasyon Amelyorasyon Mityèl la, ki te adopte anblèm woz la kòm senbòl lanmou, lafwa, ak pite. Eglantin yo jodi a aprann osijè lanmou, lafwa, ak pite pandan y ap fòtifye temwayaj yo epi aksepte ak aplike vèti Jènfi yo.

Imaj

Loreyòl, laj 16 ak 17 an

Pandan dè syèk, kouwòn loreyòl la sete yon kowòn trese avèk fèy pye lorye. Yo prezante l bay yon moun ki fini yon akonplisman siyifikatif kòm senbòl onè ak akonplisman. Loreyòl yo jodia ap fini preparasyon yo pou fè ak kenbe alyans sakre epi resevwa òdonans tanp yo.

Enprime