Jèn yo
Konesans


Konesans

Chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa (D&A 88:118).

M ap toujou chèche opòtinite pou aprann ak pwogrese.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè twa aktivite sa yo yo mande pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Aprann sou enpòtans akeri konesans pandan w ap li Pwovèb 1:5; 4:7; 2 Nefi 28:30; ak Doktrin ak Alyans 88:78–80, 118; 90:15; 130:18–19; 131:6. Mande tèt ou poukisa ou bezwen akeri konesans ak konpreyansyon sou fason pou aplike prensip levanjil yo nan fwaye ou ak lavi familyal ou kounyeya ak demen. Ekri sa ou aprann sou konesans nan jounal ou, epi pale sou sa avèk yon manm fanmi oswa yon dirijan Jènfi.

  2. Nan jounal ou, fè lis talan ou genyen ak lòt ou ta renmen devlope. Li Matye 25:14–30. Aprann yon talan oubyen yon teknik nouvo ki ap ede w pran swen pwòp fanmi ou oswa fwaye w ap gen demen (pa egzanp, jwe pyano, chante, fè bidjè, jere tan, fè kuizin, koud, oubyen okipe timoun). Pataje sa ou aprann avèk fanmi ou, klas ou, oswa dirijan Jènfi ou.

  3. Aprann trèzyèm Atik lafwa a pa kè epi resite l pou yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt grandèt. Apresa, al vizite yon mize oswa yon ekspozisyon oubyen ale nan yon prezantasyon ki gen dans, mizik, powèm, oubyen teyat. Pandan w ap itilize atik lafwa sa a kòm gid, evalye sa ou te wè ak tande. Nan jounal ou, ekri panse ou sou fason ou kapab itilize atik lafwa sa a kòm yon gid pou tout sa w ap fè pou Sentespri a kapab rete konpayon konstan ou. Pataje panse ou avèk yon paran oswa yon dirijan.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Konplete twa aktivite adisyonèl pou vèti a. Ou gen dwa chwazi opsyon yo pral bay yo oubyen ekri youn oubyen de pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve pwòp pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Chwazi yon prensip levanjil ou ta renmen konprann pi byen (pa egzanp, lafwa, repantans, charite, fanmi etènèl, oswa alyans batèm). Li ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo ki anrapò avèk prensip sa a. Prepare yon diskou senk minit sou sijè a epi fè diskou a nan yon reyinyon Sentsèn, nan yon reyinyon Jènfi, pou fanmi ou, oswa pou klas ou. Ekri nan jounal ou kijan ou ka aplike prensip sa a nan lavi ou.

  2. Pran enfòmasyon sou yon domèn travay oubyen sèvis ki enterese ou. Pale avèk yon moun k ap travay nan domèn sa a epi mande l kisa responsablite pwofesyonèl li ye, ki fòmasyon oswa etid li te resevwa pou l te ka fè travay la, ak ki kontribisyon travay li pote nan sosyete a. Ekri sa w aprann yo nan jounal ou.

  3. Aprann de nan kantik ou pi renmen yo nan liv chan an pa kè. Aprann kijan pou w byen dirije kantik sa yo (gade Cantiques, 383–85) epi apresa dirije yo omwen de fwa nan yon sware familyal, nan yon reyinyon Jènfi oubyen yon lòt reyinyon legliz la, oswa nan seminè. Li ekriti ki nan lis ki anba chak kantik yo.

  4. Nan kan Jènfi yo ou aprann talan pou premye swen, pou sekirite, sanitasyon, ak fason pou siviv. Repase ansèyman sa yo nan Manyèl Kan Jènfi a epi note nan jounal ou kijan ou ka aplike yo lakay ou pou kenbe fanmi ou an sekirite. Fè yon lis bagay debaz fanmi ou ap bezwen si gen ijans. Anseye yon leson sware familyal oubyen pataje avèk dirijan Jènfi ou sa ou te aprann ak ki talan ou ta renmen aprann anplis pou w kapab prepare pou ka ijans.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti a

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti konesans yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Aprann kijan pou w òganize, netwaye, ak kenbe yon kay nan men manman ou, grann ou, oubyen yon lòt fi ou admire. Epi apresa aplike sa ou te aprann nan nan fwaye ou.

  • Prepare pou w fè etid siperyè ak pou w akeri talan pwofesyonèl itil nan pran enfòmasyon sou kondisyon pou w antre nan fakilte oswa lekòl pwofesyonèl, sou bous etid, sou ekolaj, ak lòt depans. Ale enskri ou lè moman an rive.

  • Li Doktrin ak Alyans 89. Konsidere sa ou kapab fè pou w ka pi anfòm fizikman. Amelyore sante ou kote w ap planifye epi aplike yon pwogram egzèsis regilye epi nan aprann prepare ak manje sa k fè pati yon rejim alimantè ekilibre.

  • Aprann kijan pou w byen pran swen rad, tankou kijan pou lave, pase, ak fè reparasyon ak modifikasyon debaz yo. Aplike talan ou aprann yo pou pran swen rad ou.

  • Travay avèk manman ou, grann ou, oubyen yon fi nan pawas ou oswa branch ou, pou w metrize yon talan pou antretyen kay l ap anseye ou.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou konesans ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran

Enprime