Jèn yo
Chwa ak responsablite


Chwa ak responsablite

Chwazi depi kounyeya sa nou vle sèvi; … pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n ap sèvi (Jozye 24:15).

M ap chwazi byen olye de mal epi m ap aksepte responsablite pou desizyon m yo.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè twa aktivite sa yo yo mande pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Yon pitit fi Bondye kapab pran desizyon ki saj epi rezoud pwoblèm. Li 1 Nefi 15:8; 2 Nefi 32:3; Alma 34:19–27; Etè 2–3; ak Doktrin ak Alyans 9:7–9. Pran abitid fè etid ekriti regilyèman epi priye pou resevwa èd nan pran desizyon pèsonèl tankou chwazi bon zanmi, jantiyès anvè lòt moun, leve bonè, oubyen lòt desizyon. Pale avèk yon paran oubyen yon dirijan sou fason etid ekriti regilye ak priyè regilye ede ou pran desizyon kòrèk.

  2. Li bwochi Pou fòs jèn yo. Nan jounal pèsonèl ou, note chak prensip konduit jis bwochi a dekri, epi ekri poukisa li enpòtan pou suiv prensip sa yo. Antrene tèt ou pou viv prensip jis yo kote w ap chwazi twa prensip ou bezwen amelyore. Ou gen dwa chwazi pou pi amelyore nan zafè televizyon, mizik, liv, oswa lòt medya, oubyen ou gen dwa amelyore nan domèn pidè, langaj, oubyen onètete. Apre twa semèn, pataje pwogrè ou avèk fanmi ou, klas ou, oswa yon dirijan.

  3. Libabit, oswa kapasite pou chwazi, se youn nan pi gwo don Bondye bay pitit li. Li sa ki konsène libabit nan Jozye 24:15; 2 Nefi 2; ak Doktrin ak Alyans 82:2–10. Avèk yon paran oswa yon dirijan, pale sou benediksyon ak responsablite libabit. Ekri nan jounal ou sa ou konprann sou libabit ak konsekans chwa ak aksyon.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Konplete twa aktivite adisyonèl pou vèti a. Ou gen dwa chwazi opsyon yo pral bay yo oubyen ekri youn oubyen de pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve pwòp pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Li konsènan repantans nan Ezayi 1:18; Alma 26:22; 34:30–35; Mowoni 8:25–26; ak Doktrin ak Alyans 19:15–20; 58:42–43. Ekri nan jounal ou kisa repantans vle di pou ou. Etidye pwosesis repantans lan, priye pou gidans, epi aplike prensip repantans yo nan lavi ou.

  2. Sentespri a ap ede ou fè chwa kòrèk. Avèk yon paran, yon dirijan, oubyen yon zanmi, aprann plis sou Sentespri a kote w ap li epi diskite sou Ezekyèl 36:26–27; Jan 14:26; 16:13; Galat 5:22–25; 2 Nefi 32:5; Mowoni 10:4–5; ak Doktrin ak Alyans 11:12–14. Apresa ekri nan jounal ou kijan Sentespri a kapab ede ou pran bon desizyon nan lavi chak jou ou. Priye pou w kapab gen konpayi Sentespri a epi viv diy pou w kapab resevwa li.

  3. Etidye tèm Jènfi a ak sa li anseye sou kiyès ou ye, kisa ou dwe fè, ak poukisa ou dwe fè li. Nan jounal ou, fè lis sa w pral fè chak jou konsènan pidè, sòti ade, ak medya pou w ka moralman pwòp ak diy pou antre nan tanp. Ekri nan jounal ou kijan chwa sa yo ap ede ou rete lib ak kontan.

  4. Kapasite pou fè chwa a se yon pati plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou. Li Moyiz 4:1–4; 7:32; ak 2 Nefi 9:51. Etabli abitid pou jere lajan avèk sajès kote w ap fè yon bidjè pou ekonomize ak depanse lajan, enkli peman dim ou. Rete nan limit bidjè a pandan omwen twa mwa. Fikse priyorite ki ap pèmèt ou reponn ak bezwen ki pi enpòtan yo anvan ou satisfè dezi w yo. Ekri nan jounal ou sa ou te aprann ak fason suiv abitid sa yo ap kontinye beni lavi ou.

Eksperyans pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti a

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti chwa ak responsablite yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Pandan w ap itilize Pou fòs jèn yo epi sou direksyon paran ou oswa dirijan ou, òganize oubyen patisipe nan yon gwoup diskisyon, yon defile mòd, oubyen yon lòt evenman ki ap ede ou menm ak lòt jèn yo chwazi pou viv prensip Senyè a mande yo.

  • Sou direksyon paran ou oubyen dirijan yo, ede planifye ak dirije yon bal pou jèn yo oubyen yon lòt aktivite kote yo respekte enstriksyon apwopriye konsènan dans yo ak kote gen mizik, ekleraj, ak anbyans konvnab.

  • Evalye kijan ou itilize medya ak teknoloji. Kreye epi aplike yon plan pou anpeche move kalite medya antre lakay ou. Asire ou ke plan w lan ankouraje bon kalite itilizasyon televizyon, fim, mizik, konpitè, Entènèt, telefòn selilè, ak lòt kalite medya nan fwaye a. Pataje ide ou avèk fanmi ou ak lòt moun.

  • Aprann teknik debaz pou transfòme ak rakomode rad pou adapte rad ou yo ak prensip pidè nan abiye yo.

  • Chwazi pou w gen plis lòd lakay ou nan mete an aplikasyon yon pwojè netwayaj ak òganizasyon. Ekri nan jounal ou kijan sa ede ou nan lòt domèn nan lavi ou.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou chwa ak responsablite ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran

Enprime