Jèn yo
Vèti


Vèti

Kimoun ki ka jwenn yon fi ki gen vèti? paske li gen plis valè pase yon boul lò (Pwovèb 31:10).

M ap prepare pou m antre nan tanp epi rete pi ak diy.

Panse mwen ak aksyon mwen ap baze sou prensip moral elve.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè kat aktivite obligatwa sa yo pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Vèti se yon modèl panse ak konpòtman ki baze sou prensip moral elve. Li enkli chastete ak pite. Pouvwa pou kreye lavi mòtèl la se yon pouvwa gloriye Bondye bay pitit li yo. Li kòmande pou pouvwa sa a itilize sèlman ant yon gason ak yon fi, ki marye devan lalwa antanke mari ak madanm. Etidye siyifikasyon ak enpòtans chastete ak vèti pandan w ap li Mowoni 9:9; Jakòb 2:28; “Fanmi an: yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101); ak seksyon sou pite seksyèl la nan Pou fòs jèn yo. Epi li Atik Lafwa nimewo trèz la ak Pwovèb 31:10–31. Nan jounal ou, ekri benediksyon yo pwomèt pou moun ki seksyèlman pi ak pwòp yo ak angajman ou pou w rete chas.

  2. Viv lavi vètye “tout tan, nan tout bagay, e tout koute” kalifye ou pou konpayi Sentespri a tout tan. Lè w batize ak konfime, yo ba ou don Sentespri a pou gide tout aspè lavi ou. Paske Sentespri a pa demere nan tabènak ki pa pwòp, viv yon lavi vètye se yon kondisyon pou gen konpayi Sentespri a ak pou resevwa benediksyon òdonans tanp yo. Li referans ekriti sa yo, epi idantifye benediksyon yo pwomèt yo: : Jan 14:26–27; 15:26; 2 Nefi 32:1–5; ak Doktrin ak Alyans 45:57–59; 88:3–4; 121:45–46. Nan jounal ou, ekri sa ou aprann, epi ekri sou yon lè kote ou te santi gidans Sentespri a.

  3. Prepare pou w diy pou antre nan tanp epi patisipe nan òdonans tanp yo. Li Alma chapit 5. Fè yon lis kesyon Alma poze yo. Reponn kesyon yo ou menm, epi fè yon lis bagay ou kapab fè epi ou pral fè pou prepare tèt ou pou w pi ak diy pou antre nan tanp pou resevwa tout benediksyon Papa nou ki nan Syèl la pwomèt pitit fi byeneme l yo.

  4. Paske Sovè a renmen ou epi li bay lavi li pou ou, ou kapab repanti. Repantans se yon aksyon lafwa nan Jezikri. Li Mowoni 10:32–33, liv Enòs la, ak seksyon sou repantans la nan Pou fòs jèn yo. Sakrifis Ekspyatwa Sovè a rann posib pou ou jwenn padon pou peche w yo. Li priyè Sentsèn nan ki nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79 la. Detèmine pou w pran Sentsèn nan diyman chak semèn epi ranpli lavi ou avèk aktivite vètye ki ap pote pouvwa espirityèl. Lè w fè sa, w ap vin pi solid nan kapasite ou pou reziste anba tantasyon, pou respekte kòmandman yo, pou vin pi plis tankou Jezikri. Detèmine kisa ou kapab fè pou rete pi ak diy chak jou, epi ekri plan ou nan jounal ou.

Pwojè vèti

Ou kapab kòmanse pwojè vèti obligatwa sa a nenpòt kilè.

Sovè a te chwazi pou l viv yon lavi vètye. Suiv konsèy pou “aprann nan men mwen” an (D&A 19:23) pandan w ap li tout Liv Mòmon an:Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri a. Konpare ekriti yo avèk lavi ou ak sitiyasyon ou. Pandan w ap li, ekri panse ou regilyèman nan jounal ou. Note egzanp lavi ak misyon Sovè a. Kisa Redanmtè a ak moun ki t ap suiv li yo te fè pou yo te viv lavi ki te gen vèti? Lè w fini lekti w la, ekri temwayaj ou nan jounal ou.

“M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun suiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.” (Joseph Smith, nan Entwodiksyon Liv Mòmon an).

Temwayaj mwen konsènan Liv Mòmon an

Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a” (Mowoni 10:4).

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran

Enprime