Jèn yo
Kisa pou m fè lè m fin akonpli Pwogrè Pèsonèl la?


Kisa pou m fè lè m fin akonpli Pwogrè Pèsonèl la?

Tèmine pwogram Pwogrè Pèsonèl la se yon etap siyifikan nan fòtifye lafwa ou ak temwayaj ou ak prepare ou pou alyans tanp yo. Ou aprann kijan pou w pran angajman, reyalize yo, ak fè rapò pwogrè ou. Pwosesis sa a dwe kontinye pandan w ap rete sou chemen tanp lan epi w ap kontinye devlope kalite ki pral ede ou pandan tout lavi ou. Ou gen dwa kontinye pwogè ou nan pran yon Onè Abèy oubyen rekòmanse Pwogrè Pèsonèl la ankò.

Pou pran yon Onè Abèy

Imaj
onè abèy

Yo te istorikman bay dekorasyon Onè Abèy la pou jènfi ki te dispoze pou fè plis pase sa yo te mande yo. Pou kontinye pwogrè ou, ou gen dwa pran yon Onè Abèy pou akonpaye meday Distenksyon Jènfi Akonpli w la. Ou gen dwa pran dekorasyon Onè Abèy la lè w fin ranpli kondisyon sa yo:

  1. Li Liv Mòmon an ankò. Yon abitid etid ekriti chak jou ap fòtifye lafwa ou epi ap ede ou resevwa enspirasyon ak gidans pèsonèl pandan tout lavi ou. Si w li jis senk minit pa jou, ou kapab li tout Liv Mòmon an nan yon ane.

  2. Sèvi lòt moun pou yon total 40 èdtan. Kote sa posib, kèk nan lè sa yo dwe enkli ede yon lòt jènfi akonpli Pwogrè Pèsonèl li. Sa dwe fèt sou direksyon prezidans Jènfi pawas la oswa branch lan. Pandan w ap ede yon lòt jènfi a, ou gen dwa:

    • Vin zanmi li.

    • Rete eganp yon pitit fi fidèl Bondye.

    • Ankouraje li pou l travay avèk paran li nan chwazi aktivite ak pwojè vèti apwopriye yo.

    • Ede l pwogrese nan aktivite ak pwojè vèti yo.

    • Ede l kenbe rapò sou aktivite ak pwojè vèti yo.

    • Ede l konprann prensip levanjil ke aktivite ak pwojè vèti yo anseye yo.

    • Ankouraje li pou l li Liv Mòmon an, epi pale avèk li sou sa l ap li.

    • Ankouraje l pou l pataje aktivite ak pwojè vèti yo avèk fanmi li.

Rekòmanse Pwogrè Pèsonèl la ankò

Ou gen dwa rekòmanse tout pwogram Pwogrè Pèsonèl la ankò epi pran yon dezyèm meday Distenksyon Jènfi Akonpli.

Enprime