Jèn yo
Distenksyon Jènfi Akonpli


Distenksyon Jènfi Akonpli

Lè w fini pwogram Pwogrè Pèsonèl la, w ap elijib pou resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a. Pou resevwa rekonpans sa a:

  • Ale nan reyinyon Sentsèn regilyèman (kote sa posib).

  • Viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo.

  • Akonpli aktivite vèti ak pwojè vèti pou chak nan uit vèti yo.

  • Kenbe yon jounal pèsonèl.

  • Ale nan seminè oubyen patisipe nan etid endepandan (kote sa disponib).

  • Li Liv Mòmon an regilyèman.

  • Ekri temwayaj ou konsènan Sovè a, Jezikri.

Distenksyon sa a rekonpanse ou pou diyite ou ak paske ou ranpli tout kondisyon yo nan Pwogrè Pèsonèl la. Antanke moun ki resevwa distenksyon sa a, ou montre ke ou etabli yon modèl pwogrè nan lavi ou. Ou pare pou fè ak kenbe alyans sakre tanp yo. Ou angaje tèt ou pou respekte kòmandaman yo, sèvi lòt moun, epi kiltive ak pataje don ou ak talan ou. Ou pral fè efò pou fòtifye fwaye ak fanmi.

Yo ka prezante Distenksyon Jènfi Akonpli a nan yon reyinyon Sentsèn. Lè ou resevwa distenksyon sa a, ou dwe kontinye fidèlman viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo. Aplike sa ou aprann yo pandan w ap kontinye prepare pou w fè alyans sakre tanp yo avèk Papa nou ki nan Syèl la. W ap jwenn lajwa ak bonè si ou fè sa.

Enprime