Èd pou Etid
14. Magazen Brik Wouj Pwofèt Joseph Smith la


14. Magazen Brik Wouj Pwofèt Joseph Smith la

Imaj
foto 14

Rekonstriksyon magazen ak biwo Joseph Smith, pitit la, sa a te sitiye nan Nauvoo, Illinois. Li te youn nan batiman ki te pi enpòtan nan Legliz la nan epòk Nauvoo a. Non sèlman li te sèvi kòm yon magazen jeneral, li te vin tounen sant aktivite sosyal, ekonomik, politik, ak relijye yo. Joseph Smith te gen yon biwo nan dezyèm etaj la.

Evènman Siyifikatif yo: Anvan tanp lan te fin bati, yo te itilize sal sou tèt magazen an kòm yon sal pou òdonans, kote premye dotasyon konplè yo te fèt. Nan dat 17 Mas 1842, Pwofèt Joseph te òganize medam Legliz yo pou yo fè Sosyete Sekou.

Enprime