Èd pou Etid
5. Rivyè Susquehanna


5. Rivyè Susquehanna

Imaj
foto 5

Foto sa a montre Rivyè Susquehanna nan Vil Harmony, Pennsylvania.

Evènman Siyifikatif yo: Joseph Smith, pitit la, te vini nan Harmony pou premye fwa nan lane 1825 pou chèche travay. Limenm ak papa l te fè ladesant tou pre kote sa a lakay Isaac Hale, se kote sa a Joseph te rankontre Emma Hale pou premye fwa, fi sa a ki te vin madanm li nan lavni, (I—JS 1:56–57). Joseph ak Emma te marye 18 Janvye 1827. Pwofèt la te resevwa plak lò yo 22 Septanm 1827 nan Manchester, New York, epi kèk tan apre sa, li te bwote avèk Emma al nan Harmony, kote l te kòmanse tradui plak yo. Pandan tradiksyon Liv Mòmon an, Joseph ak Oliver Cowdery te vle konnen plis konsènan batèm epi yo te mache al nan yon kote nan boskè tou pre a pou yo te priye Senyè a konsènan sijè a. Kòm repons pou priyè sa a, Janbatis te parèt 15 Me 1829 (I—JS 1:66–74; D&A 13). Li te konfere Prètriz Aawon an sou Joseph ak Oliver. Apre sa, yo t ale nan rivyè a epi youn te batize lòt pou remisyon peche yo. Apre sa, Janbatis te bay Joseph ak Oliver direksyon pou youn te òdone lòt nan Prètriz Aawon an. Kèk tan apre sa, Pyè, Jak, ak Jan te parèt ant Harmony ak Colesville epi yo te konfere Prètriz Mèlkisedèk la sou Joseph ak Oliver (D&A 27:12–13; 128:20).

Enprime