Èd pou Etid
6. Anplasman Kay Peter Whitmer, papa a


6. Anplasman Kay Peter Whitmer, papa a

Imaj
foto 6

Kay planch sa a reprezante kay orijinal Peter Whitmer, papa a nan Fayette, New York.

Evènman Siyifikatif yo: Joseph Smith te fini tradiksyon Liv Mòmon an nan kote sa a nan finisman jen 1829. Nan rak bwa tou pre kay sa a, Twa Temwen yo te wè zanj Mowoni an ak plak lò yo. Temwayaj yo ekri kounyeya nan tout kopi Liv Mòmon yo. 6 Avril 1830, anviwon 60 moun te rasanble lakay Peter Whitmer pou fonde òganisyon Legliz Jezikri a (D&A 20) nan yon fason ki fòmèl. Premye reyinyon yo ak konferans jèn Legliz la te fèt nan kote sa a. Legliz la te resevwa ven nan revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo lakay Peter Whitmer.

Enprime