Èd pou Etid
9. Tanp Kirtland nan


9. Tanp Kirtland nan

Imaj
foto 9

Tanp Kirtland nan tabli nan Kirtland, Ohio.

Evènman Siyifikatif yo: Tanp Kirtland nan sete premye tanp ki te bati nan dispansasyon sa a (D&A 88:119; 95). Nan tanp sa a, Joseph Smith te fè vizyon wayòm selès la (D&A 137). Li te konsakre nan 27 Mas 1836 (D&A 109). Nan 3 Avril 1836, Sovè a te parèt epi Li te aksepte tanp lan kòm yon lye kote Li t ap revele pèp Li a pawòl Li yo (D&A 110:1–10). Apre aparisyon sa a, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa vizit Moyiz, Elyas ak Eli, yo tout te ba yo kèk kle prètriz ak enfòmasyon enpòtan (D&A 110:11–16). Tanp sa a te sèvi Sen yo pandan dezan anviwon anvan yo te oblije kouri al nan Kirtland poutèt pèsekisyon.

Enprime