Èd pou Etid
2. Kolin Kimora ak Zòn Palmyra-Manchester a


2. Kolin Kimora ak Zòn Palmyra-Manchester a

Imaj
foto 2

Nan direksyon nò, foto sa a montre Kolin Kimora, nan Manchester, New York. Kolin nan parèt nan kwen ki pi ba sou men dwat foto a epi l rive yon ti kal pi wo pase mwatye foto a. Moniman blan ki vizib nan kwen nò kolin nan rann omaj ak zanj Mowoni ak aparisyon Liv Mòmon an. Kolin Kimora a sitiye anviwon 5 kilomèt nan sidès Boskè Sakre a. Toupre tèt foto a nou wè Vilaj Palmyra a, nan yon distans 6½ kilomèt. Fèm fanmi Smith la ak Boskè Sakre a sitiye sou kote goch ki anlè foto a.

Evènman Siyifikatif yo: Fanmi Pwofèt Joseph Smith la te abite nan zòn sa a nan epòk Premye Vizyon an (I—JS 1:3). Nan 421 apre Jezikri, Mowoni te antere yon pil plak lò nan Kolin Kimora a ki te gen istwa sakre pèp li a (P—M 1:1–11; Mòm. 6:6; Mowo. 10:1–2). Menm Mowoni sa a te di Joseph Smith ki kote pou l te jwenn plak yo sou kolin nan. Mowoni te bay Joseph plak yo nan lane 1827 (D&A 27:5; 128:20; I—JS 1:33–35, 51–54, 59).

Enprime