Nouvo Testaman 2023
23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: “Prepare Chemen Senyè a”


“23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare Chemen Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jan Batis Ki Ap Batize Jezi

Fenèt an vit dekore nan Tanp Nauvoo Illinois la, pa Tom Holdman

23–29 Janvye.

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare Chemen Senyè a”

Pandan w ap li ak medite sou Matye 3; Mak 1; ak Lik 3, ekri enpresyon w resevwa yo. Sa ap envite Lespri a pandan w ap prepare w pou anseye a. An plis de ide ansèyman ki nan plan leson an, yo ka adapte ide etid yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 la pou yo ka itilize yo avèk klas la.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede manm klas la pataje kijan aprann nan Nouvo Testaman ap beni lavi yo, ou ta kapab ekri kesyon sa a sou tablo a: Kisa w te fè akozde sa ou te li nan Nouvo Testaman an semèn sa a? Envite manm klas la pou yo pataje repons yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 3:1–12; Lik 3:2–18

Disip yo prepare tèt yo ak lòt moun pou yo resevwa Jezikri.

  • Kijan nou prepare pou vizit yon envite ki enpòtan? Yon kesyon tankou sa a ka ede w kòmanse yon diskisyon sou fason Jan Batis te prepare moun yo pou yo te resevwa Jezikri. Apre sa, ou ta kapab divize klas la an twa gwoup. Chak gwoup ta kapab li swa Matye 3:1–6; Matye 3:7–12; oswa Lik 3:10–15, pandan y ap chèche fason Jan Batis te prepare moun yo pou yo te resevwa Jezikri nan lavi yo. Kite chak gwoup pataje sa yo te jwenn nan lè tou pa yo rive.

Imaj
Jan Batis ki ap preche

Jan Batis Ki Ap Preche nan Dezè a, pa Robert T. Barrett

Lik 3:3–14

Nou dwe pote “fwi ki diy pou repantans.”

  • Nan Lik 3:8, Jan Batis te anseye pèp la ke, anvan yo te ka batize, yo te bezwen montre “fwi,” oubyen prèv repantans yo. Kijan w ka ede manm klas la rekonèt prèv pwòp repantans pa yo? Ou ta kapab mande yo pou yo gade nan Lik 3:8–14 epi chèche kisa Jan te konsidere kòm “fwi” repantans. Yo ta kapab revize tou Mowoni 6:1–3 ak Doktrin ak Alyans 20:37. Ou ta kapab desine yon pyebwa ki gen fwi sou tablo a epi fè manm klas la mete sou fwi ki sou pyebwa a yon etikèt kote y ap ekri “fwi” repantans yo jwenn yo. Se ta kapab yon bon moman tou pou w w ta eksplike yo kisa vrèman repanti vle di.

Matye 3: 13–17

Nou suiv Jezikri lè nou batize epi nou resevwa Sentespri a.

  • Pou nou revize istwa batèm Jezikri a, eseye ide sa a: Mande manm klas yo kijan yo ta ka itilize Matye 3:13–17 pou yo anseye yon moun, tankou yon timoun oubyen yon moun ki nan yon lòt legliz, konsènan batèm. (Yo ta kapab itilize tou foto ki nan plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.) Sou ki eleman enpòtan nan batèm nan yote met aksan? Yo ta kapab pratike ide yo pandan youn ap anseye lòt.

  • Pou ede manm klas la reflechi sou jan li enpòtan pou moun viv alyans yo fè nan batèm yo, ou ta kapab envite yon moun pou l li deklarasyon Èldè Bednar la nan “Resous Adisyonèl yo.” Kèk moun nan klas la ta gen dwa pataje santiman yo konsènan pwòp batèm pa yo ak alyans batèm yo fè yo. Yo ta kapb chante tou yon kantik konsènan suiv Sovè a, tankou “Viens et Suis-Moi” (Cantiques, no. 61).

  • Jan Batis te anseye ke Sovè a t ap batize “avèk Sentespri a epi avèk dife” (Matye 3:11). Batèm dife a fèt lè nou konfime epi nou resevwa don Sentespri a. Poukisa nou dwe gen don Sentespri a pou nou ka pwogrese nan wayòm Bondye a? Ki efè batèm dife a ak Sentespri a genyen sou nou? (gade Alma 5:14). Videyo “Batèm Sentespri a” (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede nou nan diskisyon sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Alyans batèm nou yo.

Eldè Bednar te anseye :“Alyans batèm nan enkli twa angajman fondamantal: (1) dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou, (2) toujou sonje Li, ak (3) obeyi kòmandman L yo. Konsa, benediksyon Li pwomèt lè nou onore alyans sa a sè ‘ke [nou] ka toujou gen Lespri li avèk [nou]’ [Doktrin ak Alyans 20:77]. Konsa, batèm se preparasyon endispansab pou moun resevwa opòtinite otorize pou twazyèm manm nan Divinite a toujou akonpaye yo” (“Toujou Kenbe yon Remisyon pou Peche Ou,” Liahona, Me 2016, 60).

Pou egzanp yon jenn gason ki respekte alyans li te fè nan batèm li, gade istwa ki nan kòmansman mesaj Sè Carole M. Stephens lan “Nou Gen Gwo Rezon pou Nou Rejwi” (Liahona, Nov. 2013, 115–17).

Amelyore Ansèyman nou

Anseye doktrin debaz. Hyrum Smith te anseye: “Preche premye prensip Levanjil la—preche yo epi preche yo ankò; epi w ap wè ke, jou apre jou, nouvo ide ak lòt limyè konsènan yo ap revele pou ou. Ou kapab mize sou yo pou w ka konprann yo yon fason ki pi klè. Lè sa a, w ap kapab fè moun w ap anseye yo konprann yo pi byen tou.” (nan History, 1838–1856 [Manuscript History of the Church, vol. E-1, p. 1994, josephsmithpapers.org).

Enprime