Apèl Misyon
Chapit 4: Chèche Lespri a epi Konte sou Li


“Chapit 4: Chèche Lespri a epi Konte sou Li,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 4: Chèche Lespri a epi Konte sou Li,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Liahona (Lyawona) pa Arnold Friberg

Chapit 4

Chèche Lespri a epi Konte sou Li.

Konsidere Sa

  • isa m ka fè pou m gen pouvwa Sentespri a nan lavi m ak nan sèvis misyonè lm lan?

  • Ki wòl Sentespri a jwe nan konvèsyon?

  • Kijan w ka ede moun n ap anseye yo santi enfliyans Sentespri a?

  • Kijan m ka fè priyè m yo vin gen plis sans?

  • Kijan m ka aprann rekonèt enspirasyon Sentespri a?

Chèche asistans Sentespri a

Don Sentespri a se youn nan pi gwo kado Bondye bay pitit Li yo. Li enpòtan nan travay ou kòm yon misyonè. Ou bezwen pouvwa gidan ak revelatè Sentespri a pandan w ap ede moun batize, konfime, ak konvèti.

Pou w gen asistans Sentespri a nan lavi w, sa mande travay espirityèl. Travay sa a enkli priyè fèvan ak etid ekriti konsistan. Li enkli respekte alyans ak kòmandman Bondye yo (gade nan Mozya 18:8–10, 13). Li enkli pran sentsèn diyman chak semèn (gade nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79).

Ou fè fas a bezwen ak sikonstans diferan chak jou. Enspirasyon Lespri a ap ede w konnen kisa pou w fè ak kisa pou w di. Pandan w ap chèche epi aji selon enspirasyon sa yo, Sentespri a ap mayifye kapasite ak sèvis ou pou w ka depase lwen sa w kapab fè poukont ou. L ap ede w nan chak aspè sèvis misyonè w la ak nan lavi pèsonèl ou. (Gade nan 2 Nefi 32:2–5; Alma 17:3; Elaman 5:17–19; Doktrin ak Alyans 43:15–16; 84:85.)

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

“Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san enfliyans gidan, rekonfòtan, ak konstan Sentespri a” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96).

Imaj
Light and Truth (Limyè ak Verite), pa Simon Dewey

Limyè Kris la

Yo bay limyè Kris la “a tout moun, pou yo kapab bkonnen sa ki byen ak sa ki mal” (Mowoni 7:16; gade nan vèsè 14–19; gade tou nan Jan 1:9). Limyè Kris la se ekleraj, konesans, ak enfliyans ki soti nan Jezikri. Enfliyans sa a nesesè pou nou resevwa don Sentespri a. L ap gide moun ki reseptif pou yo aprann ak viv levanjil retabli Jezikri a.

Sentespri a

Pèsonaj Sentespri a

Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Li se yon pèsonaj lespri e Li pa gen yon kò lachè ak zo (gade nan Doktrin ak Alyans 130:22.). Li se Konsolatè a, ki tap anseye disip Li yo tout bagay la epi fè yo sonje tout sa Jezi te anseye yo, i, dapre sa Sovè a te pwomèt (gade nan Jan 14:26).

Pouvwa Sentespri a

Temwayaj ki soti nan moun sensè k ap chèche laverite anvan batèm yo vini atravè pouvwa Sentespri a. Tout moun ka resevwa yon temwayaj konsènan Jezikri ak levanjil retabli L la atravè pouvwa Sentespri a. “Pa pouvwa Sentespri a [nou] kapab konnen verite tout bagay ” (Mowoni 10:5).

Don Sentespri a

Don Sentespri a se dwa pou nou gen konpayi konstan Sentespri a lè nou diy. Nou resevwa don Sentespri a apre nou fin batize nan dlo. Yo konfere nou li atravè òdonans konfimasyon an.

Pwofèt Joseph Smith te di: “Gen yon diferans ant Sentespri a ak don Sentespri a. Cornelius te resevwa Sentespri a anvan l te batize, ki se te pouvwa konvenkan Bondye pou li sou verite Levanjil la, men li te kapab resevwa don Sentespri a sèlman apre l te fin batize” (Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith [2007], 97).

Se pa don ak pouvwa Sentespri a nou sanktifye—nou vin pi sen, pi konplè, pi antye, pi plis sanble ak Bondye. Se atravè redanmsyon Kris la ak pouvwa sanktifyan Sentespri a nou kapab fèt ankò espirityèlman pandan n ap respekte alyans nou fè avèk Bondye yo (gade nan Mozya 27:25–26).

Sentespri Pwomès la

Yo fè referans a Sentespri a kòm Sentespri Pwomès la tou (gade Doktrin ak Alyans 88:3). Nan kapasite sa a, Sentespri a konfime ke òdonans nou resevwa yo ak alyans nou fè yo akseptab pou Bondye. Moun ki sele pa Sentespri Pwomès la ap resevwa tout sa Papa a genyen Doktrin ak Alyans 76:51–60; Efezyen 1:13–14; Gid Ekriti yo, “Sentespri Pwomès la”).

Tout òdonans ak alyans yo dwe sele pa Sentespri Pwomès la pou yo ka valid apre lavi sa a (gade Doktrin ak Alyans 132:7, 18–19, 26). Sèlman an depann de fidelite kontinyèl nou.

Don Lespri yo

Senyè a ba nou don Lespri yo pou beni nou ak pou nou itilize nan benediksyon pou lòt moun (gade Doktrin ak Alyans 46:8–9, 26). Pa egzanp, misyonè ki aprann yon nouvo lang yo ka resevwa don lang pou ba yo èd divin pou yo anseye lòt moun nan lang natif natal yo.

Yo dekri plizyè don Lespri a nan Mowoni 10:8–18, Doktrin ak Alyans 46:11–33, ak 1 Korentyen 12:1–12. Sa yo se sèlman kèk nan plizyè don Lespri yo. Senyè a ka beni nou avèk lòt don selon fidelite nou, bezwen nou, ak bezwen lòt moun.

Sovè a envite nou pou nou onètman chèche don espirityèl yo (gade Doktrin ak Alyans 46:8; 1 Korentyen 14:1, 12). Don sa yo vini atravè lapriyè, lafwa, ak efò—e selon volonte Bondye.

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Nan Diksyonè Bib la, li “Sentespri,” “Limyè Kris la,” ak “Espri, Sent.” Ekri yon deskripsyon sou nati ak wòl Sentespri a.

Li Travay 4:1–33.

  • Kijan Pyè ak Jan te chèche don espirityèl?

  • Kijan Bondye te reponn priyè yo?

  • Kisa nou ka aprann nan eksperyans sa a sou suiv pwofèt la?

Imaj
yon gwoup k ap priye

Pouvwa Lespri Konvèsyon an

Konvèsyon fèt atravè pouvwa Sentespri a. Wòl ou se ede pote pouvwa Lespri a nan lavi yon moun. Gen kèk fason ou ka fè sa ke yo sigjere anba a.

  • Chèche gen Lespri a avèk ou atravè lapriyè, sonde ekriti yo, ak respekte alyans ou.

  • Anseye pa Lespri osijè Sovè a ak mesaj Retablisman an. Suiv direksyon Lespri a nan adapte mesaj ou a a bezwen chak moun.

  • Temwaye ke w konnen pa pouvwa Sentespri a ke w ap anseye laverite. Pandan w ap temwaye, Sentespri a ka rann temwayaj bay lòt yo.

  • Envite moun yo pou yo aji, epi sipòte yo nan respekte angajman yo. Lè moun yo respekte angajman yo, yo santi pouvwa Sentespri a pi fò. Gade nan chapit 11.

  • Fè suivi kote w ap mande moun yo pale de eksperyans yo pandan yo t ap aji sou yon envitasyon. Lafwa yo ap grandi amezi y ap repanti, obeyi kòmandman yo, ak respekte angajman yo. Ede yo rekonèt Lespri a ki ap travay avèk yo.

Imaj
Prezidan M. Russell Ballard

Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Vrè konvèsyon vini atravè pouvwa Lespri a. Lè Lespri a touche kè a, kè yo chanje. Lè moun endividyèl …santi Lespri a ap travay avèk yo, oubyen lè yo wè evidans lanmou Senyè a ak mizèrikòd Li nan lavi yo, yo edifye ak fòtifye espirityèlman epi lafwa yo nan Li ogmante. Eksperyans sa yo avèk Lespri a vini tou natirèl lè yon moun dispoze pou fè eksperyans avèk pawòl la [gade Alma 32:27]. Se konsa nou vin santi ke levanjil la vrè” (“Kounyea se Moman an,” Ensign, Nov. 2000, 75).

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Etid ekriti

Kisa ekriti sa yo anseye sou pouvwa Lespri a nan travay ou a?

Kisa w ka fè pou envite pouvwa Lespri a nan travay ou a?

Imaj
misyonè k ap priye

Priye ak Lafwa nan Jezikri

Pou ede lòt moun yo vin konvèti, ou bezwen anseye pa pouvwa Lespri a (gade Doktrin ak Alyans 50:13–14, 17–22). Senyè a te di, “Epi n ap resevwa Lespri a avèk priyè ki fèt avèk lafwa; epi si nou pa resevwa Lespri a nou pa dwe ansenye.” (Doktrin ak Alyans 42:14).

Si w priye pou èd nan ansèyman w lan, pouvwa Sentespri a ap pote ansèyman w yo “nan kè pitit lèzòm yo” (2 Nefi 33:1). Pandan w ap anseye pa Lespri a epi lòt moun yo ap resevwa pa Lespri a, n ap vin“konprann youn lòt” epi nou va “edifye epi rejwi ansanm” (Doktrin ak Alyans 50:22).

Kijan pou Priye

Jezi te anseye kijan pou nou priye (gade Matye 6:9–13; 3 Nefi 18:19). Priye sensèman epi avèk entansyon reyèl pou w aji selon enspirasyon ou resevwa nan men Sentespri a. Priyè efikas mande efò enb ak kontinyèl (gade Mowoni 10:3–4; Doktrin ak Alyans 8:10).

Itilize langaj ki demontre yon relasyon adorasyon e plen lanmou avèk Bondye. An Anglè, itilize langaj ekriti tankou Thee, Thou, Thy, ak Thine olye de pwonon ki pi komen tankou you, your, ak yours.

Toujou eksprime rekonesans ou. Yon efò konsyan pou w rekonesan ap ede w rekonèt kijan Bondye te gen mizèrikòd pou ou nan lavi ou. L ap ouvri kè w ak lespri w pou enspirasyon.

Priye “avèk tout enèji kè ou” pou charite ka devèse sou ou (Mowoni 7:48). Priye pou yo nan non yo. Priye pou moun w ap anseye yo. Chèche enspirasyon pou konn kijan w pral envite yo ak ede yo vin jwenn Kris la.

Etid pèsonèl

Etidye priyè Senè a nan Matye 6:9–13. Poze tèt ou kesyon sa yo, epi ekri enpresyon w resevwa yo nan jounal etid ou.

  • Kijan responsablite aktyèl ou kòm misyonè a enfliyanse priyè w yo?

  • Nan ki fason priyè w yo ap chèche beni lavi lòt moun?

  • Kijan w priye pou w kapab simonte tantasyon?

  • Kijan w priye pou jwenn èd pou w ranpli bezwen espirityèl ak tanporèl ou yo?

  • Kijan w bay Bondye glwa lè w ap priye?

kilè pou Priye

Kilè nou dwe priye? Senyè a di: “Chèche avèk dilijans, priye tout tan, epi kwè, epi tout bagay ap travay ansanm pou byen nou” (Doktrin ak Alyans 90:24).

Alma te di, “Mande Senyè a konsèy nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije w nan sa ki bon; wi, lè w kouche nan nuit, kouche nan Senyè a, pou l kapab pwoteje w nan dòmi; epi lè w leve nan maten, ranpli kè w avèk remèsiman pou Bondye; epi si w fè bagay sa yo, w ap leve nan dènye jou a” (Alma 37:37; gade tou 34:17–27).

Senyè a envite ou pou w rezève moman trankil anprive pou w priye: “Antre nan chanm nou, epi … priye Papa nou” (3 Nefi 13:6; gade tou vèsè 7–13).

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Chak maten …, misyonè yo dwe mete yo ajenou epi priye Senyè a pou L delye lang yo epi pale atravè yo pou beni moun y ap anseye yo. Si yo fè sa, yon nouvo limyè ap vini nan lavi yo. Y ap vin gen plis antouzyans pou travay la. Y ap vin konnen ke, nan yon sans trè reyèl, yo se sèvitè Senyè a k ap pale nan non Li” (“Sèvis Misyonè,” Reyinyon Fòmasyon Lidèchip Monydyal, Jan. 11, 2003, 20).

Kwè nan Bondye Lè Nou Priye

Gen lafwa nan Bondye vle di fè L konfyans. Sa enkli mete konfyans nan volonte Li ak tan li pou reponn priyè nou yo (gade Ezayi 55:8–9). Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Kèlkeswa jan lafwa nou ka solid, li pa ka pwodui yon rezilta ki kontrè a volonte Limenm ke nou gen lafwa nan Li a. Sonje sa lè priyè nou yo sanble yo pa jwenn repons nan fason oubyen nan lè nou vle a. Egzèse lafwa nan Senyè a, Jezikri, se toujou soumèt a lòd syèl la, a bonte, ak volonte ak sajès ak orè tan Senyè a. Lè nou gen kalite lafwa ak konfyans sa a nan Senyè a, nou gen vrè sekirite ak serenite nan lavi nou” (“Ekspyasyon an ak Lafwa,” Ensign, Avr. 2010, 30).

Konsènan priyè ki sanble yo pa jwenn repons yo, Prezidan Russell M. Nelson te di:

“Mwen konn sansasyon sa a! Mwen konn laperèz ak dlo nan je moman sa yo. Men mwen konnen ke priyè nou yo pa janm inyore. Lafwa nou pa janm pa apresye. Mwen konnen ke pèspektiv sou yon Pè Selès plen sajès pi gran pase pa nou. Pandan ke nou konnen pwoblèm ak soufrans mòtalite nou yo, Limenm Li konnen pwogresyon ak potansyèl imòtèl nou. Si nou priye pou n konn volonte Li epi soumèt tèt nou avèk pasyans ak kouraj, gerizon selès ka vini nan fason pa Li ak nan tan pa Li” (“Jezikri—Mèt Gerisè a,” Liahona, Nov. 2005, 86).

Imaj
Wout Emanyis la, Wendy Keller

Aprann Rekonèt Enspirasyon Lespri yo

Li enpòtan pou oumenm ak moun w ap anseye yo aprann rekonèt kominikasyon yo resevwa nan men Lespri a. Lespri a abityèlman kominike trankilman, atravè santiman nou, nan lespri nou ak nan kè nou. Pwofèt Eli te dekouvri ke vwa Senyè a pa t nan van an, ni tranblemantè a, ni dife a—men sete “yon ti vwa trankil (1 Wa 19:12). Se “pa yon vwa loray” men pito se “yon ti vwa trankil nèt, kòm si se te yon chichotman,” e li te “pèse menm nanm yo” (Elaman 5:30).

Kominikasyon ki soti nan Lespri a ka vini nan fason diferan pou diferan moun. Kèlkeswa fason nou santi kominikasyon sa yo, ekriti yo anseye nou kijan pou nou rekonèt yo. Pa egzanp, Lespri a ap edifye w epi dirije w pou w fè byen. L ap eklere lespri w. L ap fè w mache avèk imilite epi jije avèk jistis. (Gade nan Doktrin ak Alyans 11:12–14 ak seksyon “Ettid Pèsonèl” la pi lwen nan seksyon sa a.

Pou reponn kesyon “Kijan nou rekonèt enspirasyon Lespri a?” Prezidan Gordon B. Hinckley te li Mowoni 7:13, 16–17. Apre sa li te eksplike:

“Sa a se tès la, lè tout bagay fini. Èske l pèsyade yon moun pou l fè byen, pou l elve l, pou fè sa ki byen, gen asirans, janti, oubyen plen jenewozite? Enban sa se Lespri Bondye. …

“… Si l envite w pou w fè byen, se nan Bondye l soti. Si l envite w pou w fè mal, se nan dyab la l soti. … Epi, si w fè sa ki byen epi si w viv nan ladwati, w ap konnen nan kè sa Lespri a ap di w yo.

“Ou rekonèt enspirasyon Lespri yo pa fwi Lespri yo—sa ki eklere, sa ki edifye, sa ki pozitif ak afimatif epi ki elve nou e fè nou gen pi bon panse ak pi bon pawòl ak pi bon aksyon yo soti nan Lespri Bondye a” (Enseignements des présidents de l église: Gordon B. Hinckley [1997], 260–261).

Pandan w ap chèche ak suiv asistans Sentespri a, kapasite w pou disène ak konprann enspirasyon L ap devlope avèk letan (gade 2 Nefi 28:30). Nan yon sèten fason, vin pi familye avèk langaj Lespri a se tankou aprann yon lòt lang. Se yon pwosesis gradyèl ki mande efò dilijan ak pasyan.

Chèche asistans Sentespri a avèk tout kè ou. Si w preyokipe pa lòt bagay, ou gen dwa pa chichotman jantil Lespri a. Oubyen Li gen dwa tann pou L kominike avèk ou jis lè w chèche enfliyans Li avèk yon volonte pou w aji enbleman selon enspirasyon L ba ou yo.

Vwa yo nan mond lan ap fè konpetisyon pou atire atansyon ou. Yo ka fasilman kouvri enspresyon espirityèl yo si w pa fè plas pou Lespri a nan kè ou. ” (Psalm 46:10; see also Doctrine and Covenants 101:16).

Imaj
Èldè David A. Bednar

“Bondye itilize yon varyete fason pou L bay pitit gason ak pitit fi L yo revelasyon, tankou panse nan lespri nou ak santiman nan kè nou, rèv, … ak enspirasyon. Gen kèk revelasyon nou resevwa imedyatman e nan yon fason puisan; gen kèk ke nou rekonèt gradyèlman e nan yon fason sibtil. Resevwa, rekonèt, ak reponn a revelasyon Bondye ba nou yo se don espirityèl ke nou tout dwe aspire e chèche nan fason apwopriye” (David A. Bednar, “Lespri Revelasyon an nan Travay la,” 2018 seminè pou dirijan misyon yo).

Etid pèsonèl

Etidye ekriti yo ki nan tablo anba la a. Panse a okazyon kote w konn fè eksperyans avèk nenpòt nan santiman, panse, oswa enpresyon yo dekri nan vèsè sa yo. Pandan w ap etidye ak akeri eksperyans, ajoute lòt ekriti nan lis sa a. Reflechi a fason w ka itilize prensip sa yo pou ede lòt moun santi ak rekonèt Lespri a.

Doktrin ak Alyans 6:23; 11:12–14; 88:3; Jan 14:26–27; Women 15:13; Galat 5:22–23

Bay santiman lanmou, lajwa, lapè, rekonfò, pasyans, dousè, imilite, lafwa, ak esperans.

Alma 32:28; Doktrin ak Alyans 6:14–15; 8:2–3; 1 Korentyen 2:9–11

Eklere e mete ide nan lespri nou ak santiman nan kè nou.

Istwa—Joseph Smith 1:11–12

Ede ekriti yo vin pi puisan.

Alma 19:6

Ranplase fènwa pa limyè.

Mozya 5: 2–5

Fòtifye dezi pou nou evite mal ak obeyi kòmandman yo.

Mowoni 10:5; Doktrin ak Alyans 21:9; 100:8; John 14:26; 15:26; 16:13

Anseye laverite epi fè nou sonje li.

Doktrin ak Alyans 45:57

Gide ak pwoteje nou kont twonpri.

2 Nefi 31:18; Doktrin ak Alyans 20:27; Jan 16:13–14

Glorifye e rann temwayaj de Bondye Papa a ak Jezikri.

Doktrin ak Alyans 42:16; 84:85; 100:5–8; Lik 12:11–12

Gide pawòl enstriktè enb yo.

Mowoni 10:8–17; Doktrin ak Alyans 46:8–26; 1 Korentyen 12

Bay don Lespri yo

Doktrin ak Alyans 46:30; 50:29–30

Di nou pou ki bagay pou nou priye.

2 Nefi 32:1–5; Doktrin ak Alyans 28:15

Di nou kisa pou nou fè.

1 Nefi 10:22; Alma 18:35

Ede moun ki jis yo pale avèk pouvwa ak otorite.

2 Nefi 31:17; Alma 13:12; 3 Nefi 27:20

Sanktifye e pote remisyon pou peche.

1 Nefi 2:16–17; 2 Nefi 33:1; Alma 24:8

Pote verite a nan kè moun k ap koute.

1 Nefi 18:1–3; Egzòd 31:3–5

Ogmante talan ak kapasite.

1 Nefi 7:15; 2 Nefi 28:1; 32:7; Alma 14:11; Mòmon 3:16; Etè 12:2

Pouse nou avanse oubyen kenbe nou.

Doktrin ak Alyans 50:13-22

Edifye ni enstriktè a ni etidyan yo.

Konte sou Lespri a

Atanke sèvitè Senyè a, ou dwe fè travay Li nan fason pa Li epi pa pouvwa Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke “okenn moun pa ka preche Levanjil la san Sentespri a (”Enseignements: Joseph Smith332).

Gen konfyans ke Lespri a ap gide w nan chak aspè nan travay ou a. L ap eklere ou ak enspire ou. L ap ede w jwenn moun pou w anseye epi l ap pote pouvwa nan ansèyman w lan. L ap asiste w pandan w ap ede manm, manm ki retounen, ak nouvo konvèti fòtifye lafwa yo.

Gen kèk misyonè ki gen konfyans nan tèt yo. Gen kèk ki pa gen konfyans sa a. Se pou w mete konfyans ou ak lafwa w enbleman nan Jezikri, e non pa nan tèt ou. Konte sou Lespri a olye ke w konte sou pwòt talan ak kapasite pa ou. Sentespri a ap mayifye efò w depase sa w ka fè poukont ou.

Etid ekriti

Etidye ekrit sa yo epi konsidere fason yo reponn kesyon enpòtan sa yo ke w ta dwe mande tèt ou chak jou. Kijan ou ka aplike ansèyman ki nan pasaj sa yo a efò w pou w jwenn moun, a sesyon planifikasyon w yo, ak etid pèsonèl ak etid avèk konpayon w lan? Ki fason w ka aplike pasaj sa yo nan efò w pou w anseye, envite moun pran angajman, ak fè suivi sou angajman yo?

Ki kote m dwe ale?

Kisa m dwe fè?

Kisa m dwe di?

Kijan m ka itilize ekriti yo nan ansèyman mwen?

Kèk Pawòl Avètisman

Konfime Enpresyon W yo avèk Sous ki Fyab

Lè w ap priye pou enspirasyon, konpare enpresyon espirityèl ou yo avèk ekriti yo ak ansèyman pwofèt vivan yo. Enpresyon ki soti nan Lespri a ap ann akò avèk sous sa yo.

Chèche Revelasyon andedan Tach ou a

Asire w ke santiman ou resevwa yo konsistan avèk tach ou a. Amwenske ou resevwa apèl pa bon otorite a pou w fè sa, enpresyon Lespri yo pa la pou w konseye oswa korije lòt moun. Pa egzanp, ou p ap resevwa revelasyon pou w di yon evèk kisa l dwe fè nan apèl li.

Imaj
Yon Don Limyè

Disène Vrè Enfliyans Lespri a

Prezidan Howard W. Hunter te konseye: “Kite m bay yon mizangàd. … Mwen panse ke si nou pa fè atansyon …, nou ka kòmanse eseye defòme vrè enfliyans Lespri Senyè a pa mwayen endiy e manipilatè. Sa enkyete m lè m wè moun panse ke gwo emosyon oswa pil dlo nan je vle di prezans Lespri a. Asireman Lespri Senyè a ka pote gwo santiman emosyonèl, enkli dlo nan je, men nou pa dwe konfonn manifestasyon eksteryè sa a avèk prezans Lespri a limenm” (Enseignements de Howard W. Hunter [1997], 184).

Pa Eseye Fòse Bagay Espirityèl yo

Nou pa ka fòse bagay espirityèl yo. Ou ka kiltive yon atitid ak yon anviwonman ki envite Lespri a, epi ou ka prepare tèt ou, men ou pa ka dikte kijan oubyen kilè enspirasyon vini. Se pou w gen pasyans epi konnen ke w ap resevwa sa w bezwen an lè moman an rive.

Kenbe Eksperyans Espirityèl yo Sakre

Kòm yon misyonè, ou kapab pi konsyan de eksperyans espirityèl yo pase jan w te konn santi yo anvan nan lavi ou. Eksperyans sa yo sakre e yo se jeneralman pou pwòp edifikasyon, enstriksyon, oswa koreksyon pa ou.

Li ta preferab pou w ta kenbe anpil nan eksperyans sa yo prive. Pataje sèlman lè Lespri a endike w ke w ka beni lòt moun si w fè sa (gade nan Alma 12:9; Doktrin ak Alyans 63:64; 84:73).

Itilize Pi Bon Jijman Ou nan Ka Sa yo

Pafwa nou vle pou Lespri a dirije nou nan tout bagay. Sepandan, souvan Senyè a vle pou nou aji pandan n ap itilize pi bon jijman nou (gade nan Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22; 62:5). Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Yon dezi pou kite Senyè a dirije nou ka reprezante yon pwenfò, men li bezwen pou l akonpaye ak yon konpreyansyon ke Pè Selès nou an kite anpil desizyon selon chwa pèsonèl nou yo. Pran desizyon pèsonèl se youn nan sous pou pwogresyon nou gen pou nou fè eksperyans ak li nan mòtalite a. Moun ki eseye deplase tout desizyon y ap pran sou Senyè a epi sipliye pou jwenn revelasyon pral avan lontan rive nan sitiyasyon kote yo priye pou asistans epi pa resevwa li. Paegzanp, sa pi pwobab pou li ta rive nan anpil nan sitiyasyon yo kote nou fè chwa frivòl oswa okenn nan chwa yo pa akseptab.

“Nou ta dwe etidye bagay yo nan lespri nou, pandan n ap itilize pouvwa larezon Kreyatè a mete nan nou yo. Apre sa nou ta dwe priye pou n jwenn asistans epi apre sa aji an konsekans si nou resevwa li. Si nou pa resevwa asistans, nou dwe aji selon pi bon jijman nou. Moun ki pèsiste nan chèche asistans pa revelasyon sou sijè ke Senyè a pa chwazi pou l pa dirije nou, yo riske fabrike yon repons ki soti nan pwòp imajinasyon oswa prejije pa yo, oubyen yo gen dwa menm resevwa yon repons ki soti nan revelasyon ki fo” (“Fòs Nou Kapa Vin Tounen Chit Nou,” Ensign, Okt. 1994, 13–14).

Etid ekriti

Konte sou Lespri a si enpòtan ke Senyè a avèti nou pou nou pa rejte ni toufe Lespri a. Kisa w aprann nan pasaj ekriti sa yo?


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid pèsonèl

  • Divize yon paj an de kolòn. Rele yon kolòn “Sa Senyè a te Fè” epi rele lòt la “Sa Leyi oswa Nefi te Fè.” Li istwa Lyawona a ak flèch kase a (1 Nefi 16:9–31) oubyen istwa Nefi k ap konstwi yon bato a (1 Nefi 17:7–16; 18:1–6). Fè lis evenman yo ki nan istwa a nan kolòn apwopriye yo. Reflechi sou sa istwa a ka anseye w osijè nati enspirasyon.

  • Chèche nan jounal ou a pou w ka wenn okazyon kote ou te dirije pa Lespri a oubyen ou te fè eksperyans avèk yon don Lespri a. Reflechi sou yon lè, yon kote, ak poukisa eksperyans sa yo te rive. Kijan men Senyè a te manifeste? Kijan w te santi w? Sonje eksperyans sa yo kapab ede w rekonèt Lespri a.

  • Etidye Alma 33:1–12 ak Alma 34:17–31. Ki kesyon Alma ak Amilèk t ap reponn? (Revize Alma 33:1–2.) Kijan yo te reponn kesyon sa yo? Ki asirans yo te bay?

  • Senyè a pwomèt ke Lespri a ap gide nou nan anpil fason enpòtan. Pandan w ap li pasaj sa yo, idantifye aspè nan travay ou a ki mande asistans Lespri a. Kisa prensip ki nan ekri sa yo vle di pou etid pèsonèl ou ak etid avèk konpayon ou? pou reyinyon konsèy distri yo, konferans zòn, sèvis batèm, ak lòt reyinyon?

    Priye

    Dirije reyinyon

Etid avèk konpayon ak echanj konpayon

  • Pale sou priyè nou fè kòm konpayon yo. Èske yo gide pa Sentespri a? Èske w resevwa repons pou priyè nou kòm konpayon yo? Lè n ap priye kòm konpayon, èske ou:

    • Kwè ke Bondye ap ba ou sa w mande nan lajistis ak selon volonte L la?

    • Rekonèt ak bay remèsiman pou repons priyè w yo?

    • Priye pou moun yo pa non yo epi konsidere bezwen yo?

    • Priye youn pou lòt ak pou Lespri a gide nou?

    • Rekonèt repons priyè nou yo?

    • Priye avèk yon angajman pou aji selon enspirasyon nou resevwa yo?

  • Diskite sou fason ou pral chèche Lespri a avèk plis fèvè.

  • Diskite sou diferant fason moun yo dekri enfliyans Sentespri a. Kenbe yon rejis nan jounal etid ou sou kòmantè moun w ap anseye yo fè osijè eksperyans yo avèk Lespri a. Kijan w ka ede lòt moun rekonèt enfliyans sakre sa a?

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Si sa apwopriye, fè misyonè yo pataje yon istwa oubyen yon eksperyans yo te tande resamman nan yon reyinyon temwayaj, yon eksperyans ansèyman, oubyen nan lòt sitiyasyon. Istwa ak eksperyans espirityèl lòt moun rakonte yo kapab ede w devlope lafwa ak rekonèt ke enfliyans Lespri a manifeste souvan e nan plizyè kote.

  • Mande misyonè yo pou yo fè diskou sou misyon ak pouvwa Sentespri a.

  • Diskite sou fason eksprime rekonesans ou ede w wè fason piti men trè siyifikatif kote Senyè a beni ou (gade nan Etè 3:5; Doktrin ak Alyans 59:21). Diskite sou fason pou w eksprime rekonesans ou.

  • Panse pou w mande yon nouvo manm pou l ki fason li te enfliyanse pa Lespri a lè l t ap aprann so Legliz la. Mande moun nan pataje sèlman eksperyans ke l santi ki apwopriye.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Nou gen dwa mande misyonè yo pou yo enkli eksperyans espirityèl ki apwoprie nan lèt y ap voye ba nou chak semèn yo.

  • Nan entèvyou oswa nan konvèsasyon, poze misyonè yo kesyon tanzantan sou priyè maten ak priyè aswè yo. Si nesesè, fè konsèy avèk yo sou fason pou yo fè priyè yo vin pi siyifikatif.

  • Mande misyonè yo kijan yo ede moun y ap anseye yo santi ak rekonèt Lespri a.