Apèl Misyon
Chapit 3: Leson 4—Vin Tounen Disip Jezikri Avi


“Chapit 3: Leson 4—Vin Tounen Disip Jezikri Avi,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 3: Leson 4,” Preche Levanjil Mwen an

Chapit 3: Leson 4

Vin Tounen Disip Jezikri Avi

Imaj
Brebi Pèdi a, pa Del Parson

Anseye Leson sa a

Batèm se yon òdonans jwaye ki pote espwa. Lè nou batize, nou montre dezi nou pou nou suiv Bondye epi pou nou antre nan chemen ki mennen nan lavi etènèl la. Nou montre tou angajman nou pou nou vin tounen disip Jezikri avi.

Leson sa a òganize selon alyans nou fè nan batèm nou Li enkli seksyon prensipal sa yo, yo chak gen souseksyon:

Ede moun konprann ke prensip ak kòmandman w ap anseye yo fè pati alyans y ap fè lè yo batize. Montre yo kijan chak pati nan leson sa a ap ede yo “vin jwenn Kris la … epi patisipe nan sali l ap bay la” (Omni 1:26; gade tou 1 Nefi 15:14).

W ap bezwen anseye leson sa a nan plizyè vizit. Se raman pou yon vizit ansèyman ta dire plis pase 30 minit. Òdinèman, li pi bon pou gen vizit kout ki fèt souvan e ki kouvri pòsyon ki pi piti nan materyèl la.

Planifye sa w ap anseye, kilè w ap anseye l, ak konbyen tan sa ap pran. Konsidere bezwen moun w ap anseye yo, epi chèche èd Lespri a. Ou gen fleksibilite pou w anseye selon sa ki ap ede moun yo prepare yo pi byen pou batèm ak konfimasyon.

Gen kèk seksyon nan leson sa a ki genyen envitasyon espesifik ladan yo. Chèche enspirasyon lè w ap deside sou kijan ak kilè w ap fè envitasyon sa yo. Se pou w atantif a nivo konpreyansyon chak moun. Ede yo viv levanjil la yon etap alafwa.

Imaj
yon fi ki ap pran sentsèn

Alyans pou Nou Dispoze pou Nou Pran Non Jezikri sou Tèt Nou

Lè nou batize, nou fè alyans pou nou suiv Jezikri “avèk tout kè nou.” Nou temwaye tou ke nou “vle pran non Kris la sou tèt [nou]” (2 Nefi 31:13; gade tou nan Doktrin ak Alyans 20:37).

Pran non Jezikri sou tèt nou vle di ke nou sonje L epi n ap fè efò pou nou viv kòm disip Li pandan tout lavi nou. Nou kite limyè L la briye atravè noumenm pou l ale nan lòt moun. Nou konsidere tèt nou kòm pa L epi nou mete L an premye nan lavi nou.

Seksyon ki ap vin apre yo dekri de fason nou sonje ak suiv Jezikri.

Priye Souvan

Lapriyè kapab se yon konvèsasyon senp avèk Pè Selès la ki soti nan kè nou. Lè n ap priye, nou pale avèk Li ouvètman e onètman. Nou eksprime lanmou nou pou Li ak rekonesans nou pou benediksyon nou yo. Nou mande L tou èd, pwoteksyon, ak direksyon. Lè n ap fii priyè nou yo, nou dwe pran tan pou fè yon ti poz pou nou ka koute.

Jezi te anseye, “Nou dwe toujou priye Papa a nan non mwen” (3 Nefi 18:19, aksan ajoute; gade tou Moyiz 5:8). Lè nou priye nan non Jezikri, nou sonje ni Limenm ni Papa nou ki nan Syèl la.

Jezi te bay egzanp pou nou suiv lè n ap priye. Nou ka aprann anpil bagay konsènan lapriyè nan etidye priyè Sovè a nen ekriti yo (gade nan Matye 6:9–13; Jan 17).

Priyè nou yo ka enkli pati sa yo:

  • Kòmanse pa adrese nou a Papa nou ki nan Syèl la.

  • Eksprime santiman ki nan kè nou, tankou gratitid pou benediksyon nou resevwa yo.

  • Poze kesyon, chèche èd, epi mande benediksyon.

  • Fini pandan w ap di, “Nan non Jezikri, amèn.”

Ekriti yo konseye nou pou nou priye chak maten ak chak swa. Sepandan, nou ka priye nenpòt lè ak nan nenpòt kote. Pou priyè pèsonèl ak familyal nou yo, li kapab enpòtan pou nou ta mete nou ajenou lè n ap priye. Nou ta dwe toujou gen yon priyè nan kè nou. Gade Alma 34:27; 37:36–37; 3 Nefi 17:13; 19:16.)

Priyè nou yo ta dwe byen reflechi epi yo ta dwe soti nan kè nou. Lè n ap priye, nou dwe evite di menm bagay la nan menm fason yo.

Nou dwe priye avèk lafwa, senserite, ak entansyon reyèl pou nou aji selon repons nou resevwa yo. Lè nou fè sa, Bondye ap gide nou epi ede nou pran bon desizyon. N ap santi nou pi pre L. L ap ba nou konpreyansyon ak verite. L ap beni nou avèk rekonfò, lapè, ak fòs.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Etidye Ekriti yo

Nefi te anseye, “Fè yon festen ak pawòl Kris la yo; paske gade, [yo] pral di nou tout bagay nou dwe fè.” (2 Nefi 32:3; gade tou nan 31:20).

Etidye ekriti yo se yon mwayen endispansab pou nou sonje ak suiv Jezikri. Nan ekriti yo, nou aprann bagay ki konsène lavi L, ministè L, ak ansèyman L yo. Nou aprann bagay ki konsène pwomès Li yo tou. Pandan n ap li ekriti yo, n ap fè eksperyans lanmou L. Nanm nou elaji, lafwa nou nan Li ogmante, epi lespri nou eklere. Temwayaj nou sou misyon divin Li an vin pi solid.

Nou sonje Jezi epi nou suiv Li lè nou aplike pawòl Li yo nan lavi nou. Nou dwe etidye ekriti yo chak jou, sitou Liv Mòmon an.

Ekriti Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo yo se Sent Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a. Yo rele yo “ouvraj kanonik” tou.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Ekriti

  • Sijè Levanjil yo: “Ekriti

Imaj
Jezikri k ap anseye yon foul moun

Alyans pou Nou Kenbe Kòmandman Bondye yo

Nòt: Gen anpil fason pou anseye kòmandman yo nan seksyon sa a. Pa egzanp, ou ta gen dwa anseye yo nan kèlke vizit. Oubyen ou ta gen dwa anseye yo kòm yon pati nan twa premye leson yo. Lè w ap anseye sou kòmandman yo, asire w ke w konekte yo avèk alyans batèm nan ak plan sali a.

Lè nou batize, nou fè alyans avèk Bondye pou nou “keenbe kòmandman l yo” (Mozya 18:10; Alma 7:15).

Bondye ba nou kòmandman paske Li renmen nou. Li vle sa k pi bon pou nou, kounyea ak nan letènite. Antanke Papa nou ki nan Syèl la, Li konn kisa nou bezwen pou byennèt espirityèl ak fizik nou. Li konnen sa k ap pote pi gwo bonè pou nou tou. Chak kòmandman se yon kado diven, ke L bay pou gide desizyon nou, pou pwoteje nou, ak ede nou grandi.

Youn nan rezon k fè nou vini sou tè a se pou nou aprann ak pwogrese nan itilize libabit nou avèk sajès Abraram 3:25). Chwazi pou obeyi kòmandman Bondye yo—ak pou repanti lè nou echwe—ede nou navige atravè vwayaj souvan difisil sa a nan mòtalite a.

Kòmandman Bondye yo se yon sous fòs ak benediksyon (gade Doktrin ak Alyans 82:8–9). Lè nou respekte kòmandman yo, nou aprann ke yo kè règ lou ki la pou limite libète nou. Vrè libète a soti nan obeyi kòmandman yo. Obeyisans se yon sous fòs ki pote limyè ak konesans atravè Sentespri a. Li pote yon pi gran bonè pou nou epi li ede nou atenn potansyèl diven nou kòm pitit Bondye.

Bondye pwomèt pou L beni nou si nou kenbe kòmandman L yo. Gen kèk benediksyon ki espesifik a sèten kòmandman. Pi gran benediksyon L yo se lapè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond ki ap vini an. (Gade Mozya 2:41; Alma 7:16; Doktrin ak Alyans 14:7; 59:23; 93:28; 130:20–21.)

Benediksyon Bondye yo alafwa espirityèl ak tanporèl. Pafwa, nou bezwen gen pasyans pandan n ap tann yo, pandan n ap gen konfyans ke y ap vini selon volonte Li ak selon tan Li (gade Mozya 7:33; Doktrin ak Alyans 88:68). Pou disène kèk benediksyon, nou bezwen espirityèlman atantif ak obsèvan. Sa espesyalman vrè pou benediksyon ki vini nan fason senp e aparaman òdinè yo.

Gen kèk benediksyon ki vin evidan sèlman apre yo fin pase. Gen lòt ki gen dwa vini jis apre lavi sa a. Kèlkeswa tan oswa nati benediksyon Bondye yo, nou kapab gen asirans ke y ap vini si nou fè efò pou nou viv levanjil Jezikri a (gade Doktrin ak Alyans 82:10).

Bondye renmen tout pitit Li yo pafètman. Li gen pasyans avèk feblès nou, epi L ap padone nou lè nou repanti.

De Gran Kòmandman yo

Lè yo te mande Jezi, “Ki pi gwo kòmandman ki genyen nan lalwa a?” Li te reponn, “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.”

Apresa Jezi te di ke dezyèm gran kòmandman an se menm ak premye a: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou” (Matye 22:36–39). “Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo” (Mak 12:31).

Antanke pitit lespri Bondye, nou gen yon gwo kapasite pou nou renmen. Sa fè pati eritaj espirityèl nou. Viv de gran kòmandman yo—renmen Bondye toudabò epi renmen pwochen nou—se yon karakteristik ki defini disip Jezikri yo.

Lanmou pou Bondye

Gen anpil fason nou ka montre lanmou nou pou Bondye. Nou ka kenbe kòmandman L yo (gade Jan 14:15, 21). Nou ka mete L anpremye nan lavi nou, pandan n ap soumèt nou anba volonte Li. Nou ka santre dezi nou, panse nou, ak kè nou sou Li (gade Alma 37:36). Nou ka viv ak rekonsans pou benediksyon Li ba nou yos—epi nou gen jenewozite pou pataje benediksyon sa yo (gade Mozya 2:21–24; 4:16–21). Atravè priyè ak sèvi lòt moun, nou kapab eksprime ak apwofondi lanmou nou pou Li.

Tankou lòt kòmandman yo, kòmandman pou renmen Bondye a se pou benefis nou. Sa nou renmen detèmine sa n ap chèche. Sa n ap chèche detèmine sa nou panse ak sa n ap fè. Epi sa nou panse ak sa n ap fè detèmine kiyès nou ye—ak kisa nou ka devni.

Lanmou pou Lòt Moun

Renmen lòt moun se yon pwolonjman lanmou nou pou Bondye. Sovè a te anseye nou plizyè fason pou nou renmen lòt, moun (gade, pa egzanp, nanLik 10:25–37 ak Matye 25:31–46). Nou lonje lamen ba yo epi nou akeyi yo nan kè nou ak nan lavi nou. Nou renmen nan sèvi—nan bay tèt nou menm nan ti bagay piti yo. Nou renmen lòt moun nan itilize don Bondye ba nou pou beni yo a.

Renmen lòt moun mande pou nou gen pasyans, jantiyès, ak onètete. Sa enkli pou nou padone san rezèv. Sa vle di trete tout moun avèk respè.

Lè nou renmen yon moun, noumenm ak moun sa a beni. Kè nou grandi, lavi nou vin pi gen sans, epi lajwa nou ogmante.

Benediksyon

de gran kòmandman yo—renmen Bondye ak renmen pwochen nou—se fondasyon tout kòmandman Bondye yo (gade nan Matye 22:40). Lè nou renmen Bondye anpremye, epi nou renmen lòt moun tou, tout bagay nan lavi nou apral tonbe nan plas yo. Lanmou sa a ap afekte fason nou wè bagay yo, fason nou itilize tan nou, enterè n ap pousuiv, ak lòd priyorite nou.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Charite,” “Lanmou

  • Sijè Levanjil yo: “Charite,” “Lanmou

Suiv Pwofèt la

Bondye aple pwofèt yo pou yo se reprezantan Li sou tè a. Atravè pwofèt yo, Li revele verite epi Li bay èd ak avètisman.

Bondye te aple Joseph Smith pou l te premye pwofèt nan dènye jou yo (gade leson 1). Bondye te aple siksesè Joseph Smith yo menm jan an pou dirije Legliz Li a, sa enkli pwofèt ki ap dirije l jodi a. Nou dwe akeri yon konviksyon sou apèl diven pwofèt vivan an epi suiv ansèyman l yo.

Ansèyman pwofèt ak apot vivan yo pote yon ankraj verite etènèl nan yon mond kote valè yo ap chanje. Si nou suiv pwofèt Bondye yo, konfizyon ak konfli mond lan p ap anvayi nou. N ap jwenn pi gwo bonè nan lavi sa a epi n ap resevwa èd pou pati sa a nan vwayaj etènèl nou an.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Respekte Kòmandman yo

Bondye te revele Dis Kòmandman yo bay yon ansyen pwofèt ki te rele Moyiz pou l te gide pèp Li a. Kòmandman sa yo aplike menm jan an pou nou jodi a. Yo anseye nou pou nou adore ak montre reverans pou Bondye. Yo anseye nou tou kijan pou youn trete lòt.

  • “Nou pa dwe gen lòt bondye devan m” (Egzòd 20:3). Lòt “bondye” yo kapab enkli anpil bagay, tankou byen materyèl, pouvwa, oswa renome.

  • “Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a” (Egzòd 20:4).

  • “Piga nou sèvi mal ak non Senyè” (Egzòd 20:7).

  • “Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen” (Egzòd 20:8).

  • “Respekte manman nou ak papa nou” (Egzòd 20:12).

  • “Piga nou touye moun” (Egzòd 20:13).

  • “Piga nou fè adiltè” (Egzòd 20:14).

  • “Piga nou pran sa ki pa pou nou” (Egzòd 20:15).

  • “Piga nou bay manti sou frè parèy nou” (Egzòd 20:16).

  • “Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou” (Egzòd 20:17).

atid ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
yon gason ki ap pote yon fi

Viv Lwa Chastete a

Lwa chastete a se yon pati vital nan plan Bondye pou sali ak egzaltasyon nou. Se Bondye ki òdone entimite seksyèl ant mari ak madanm pou kreyasyon timoun epi kòm ekspresyon lanmou andedan maryaj la. Entimite sa a ak pouvwa pou kreye lavi imèn nan destine pou yo se yon bagay ki bèl ak sakre.

Lwa chastete Bondye a se abstinans nan relasyon seksyèl andeyò yon maryaj legal ant yon gason ak yon fi. Lwa sa a vle di tou fidelite ak lwayote total anvè konjwen moun nan apre maryaj.

Pou ede nou respekte lwa chastete a, pwofèt yo rekòmande nou pou nou pwòp nan panse nou ak pawòl nou pwòp. Nou dwe evite pònografi sou tout fòm. Konfòmeman a lwa chastete a, nou dwe modès nan konpòtman nou ak aparans nou.

Kandida pou batèm yo dwe viv lwa chastete a.

Repantans ak Padon

Nan je Bondye, vyole lwa chastete a se yon bagay trè grav (gade nan Egzòd 20:14; Efezyen 5:3). Se mal itilize pouvwa sakre ke L bay pou kreye lavi a. Men Li kontinye renmen nou menm si nou vyole lwa sa a. Li envite nou repanti epi vin pwòp gras a sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Dezespwa peche kapab ranplase pa lapè dous padon Bondye (gade nan Doktrin ak Alyans 58:42–43).

Benediksyon

Bondye bay lwa chastete a pou beni nou ak pou beni pitit lespri Li voye yo sou tè a. Obeyi lwa sa a endispansab pou lapè pèsonèl ak pou nou gen lanmou, konfyans ak inite nan relasyon familyal nou.

Si nou viv lwa chastete a, n ap pwoteje kont blesi espirityèl ki soti nan entimite seksyèl andeyò maryaj. N ap evite tou pwoblèm fizik ak emosyonèl ki akonpaye relasyon sa yo souvan. N ap grandi nan konfyans nou devan Bondye (gade nanDoktrin ak Alyans 121:45). N ap vin pi reseptif a enfliyans Sentespri a. N ap vin pi byen prepare pou nou fè alyans sakre nan tanp yo ki ini fanmi nou pou letènite yo.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Chastete

  • Sijè Levanjil: “Chastete

Obeyi Lwa Dim nan

Yon gwo privilèj moun genyen lè yo manm nan Legliz la se opòtinite pou yo peye dim nan. Lè nou peye dim, nou ede pou fè travay Bondye ale pi devan anonse ak pou beni pitit Li yo.

Lwa dim nan gen orijin li nan epòk Ansyen Testaman an. Pa egzanp, pwofèt Abraram te peye ladim sou tout sa l te posede (gade Alma 13:15; Jenèz 14:18–20).

Mo dim nan literalman vle di yon-dizyèm. Lè nou peye dim, nou bay Legliz la yon dizyèm nan revni nou (gade nan Doktrin ak Alyans 119:3–4; enterè is vle di revni la a). Tout sa nou genyen se yon kado Bondye ba nou. Lè nou peye dim, nou montre gratitid nou pou Li nan retounen yon pòsyon nan sa Li ba nou an.

Peye dim se yon ekspresyon lafwa. Se yon fason pou nou onore Bondye tou. Jezi te anseye ke nou dwe “chèche … wayòm Bondye a anpremye” (Matye 6:33), epi dim se yon fason pou nou fè sa.

Imaj
Pyès kòb vèv la, pa Sandra Rast

Itilize Fon Dim yo

Fon dim yo sakre. Nou remèt dim nou an bay yon manm episkopa a, oubyen nan plizyè kote, nou ka peye anliy. Lè episkopa a resevwa dim nan, yo transmèt li bay syèj Legliz la.

Yon konsèy ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an detèmine kijan pou itilize fon dim yo nan travay Bondye a (gade nan Doktrin ak Alyans 120:1). Itilizasyon sa a enkli:

  • Konstriksyon ak antretyen tanp ak chapèl.

  • Tradiksyon ak piblikasyon ekriti.

  • Finansman aktivite ak fonksyonman kongregasyon lokal yo nan Legliz la.

  • Soutni travay misyonè a nan tout mond lan.

  • Sipòte travay istwa familyal.

  • Finanse lekòl ak edikasyon.

Yo pa itilize dim pou peye dirijan lokal nan Legliz la. Yo sèvi kòm benevòl san resevwa okenn peman.

Benediksyon

Lè nou peye dim, Bondye pwomèt nou benediksyon ki gwo lontan pase sa nou bay la. L ap “ouvri … fenèt syèl yo, epi vide … benediksyon sou nou an kantite” (Malachi 3:10; gade nan vèsè 7–12). Benediksyon sa yo kapab alafwa espirityèl ak tanporèl.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Dim, Ladim

  • Sijè Levanjil: “Dim

Obeyi Pawòl Sajès la

Lwa Sante Senyè a

Kò nou se kado sakre Bondye ban nou. Nou chak gen yon kò fizik pou nou ka plis sanble avèk Li. Kò nou èlman enpòtan ke ekriti yo konpare l avèk tanp (gade nan 1 Korentyen 6:19–20).

Senyè a vle pou nou trete kò nou avèk respè. Pou ede nou fè sa, Li revele yon lwa sante ki rele Pawòl Sajès la. Revelasyon sa a anseye nou konsènan manje ki bon pou sante nou e ki pa itilize sibstans ki ka nui kò nou—espesifikman alkòl, tabak, ak bwason cho (ki vle di te ak kafe).

Nan espri Pawòl Sajès la, pwofèt modèn yo mete nou angad kont itilizasyon lòt sibstans ki ka danjere, ilegal, oswa mennen nan adiktif Pwofèt yo avèti nou tou kont abize medikaman yo preskri nou. (Prezidan misyon w lan ap reponn kesyon w genyen sou lòt sibstans nan zòn kote w ye a ki pa ta dwe itilize.)

Benediksyon

Senyè a ba nou Pawòl Sajès la pou byennèt fizik ak espirityèl nou. Li pwomèt gwo benediksyon si nou reskpete kòmandman sa a. Benediksyon sa yo enkli sante, sajès, trezò konesans, ak pwoteksyon (gade Doktrin ak Alyans 89:18–21).

Obeyi Pawòl Sajès la ap ede nou vin pi reseptif a enspirasyon Sentespri yo. Byenke nou tout konfwonte a pwoblèm sante, obeyi lwa sa a ap ede nou vin pi ansante nan kò nou, nan lespri nou ak nan panse nou.

Kandida pou batèm yo dwe obeyi Pawòl Sajès la.

Pou direksyon sou fason ede moun k ap lite anba adiksyon, gade nan chapit 10.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Pawòl Sajès

  • Sijè Levanjil: “Sante,” “Pawòl Sajès

  • Fè fas a Pwoglèm Lavi : “Adiksyon

Sanktifye Jou Saba a

Yon Jou Repo ak Adorasyon

Saba a se yon jou sen Bondye mete apa pou nou chak semèn pou nou repoze anba travay kotidyen nou epi pou nou adore Li. Youn nan Dis Kòmandman yo te bay Moyiz yo se “Sonje jou saba a, pou n sanktifye li” (Egzòd 20:8; gade tou vèsè 9–11).

Nan yon revelasyon modèn, Senyè a te reyafime ke Saba a “se yon jou ki tabli pou nou repoze nou apre travay nou yo, epi pou nou bay Bondye Ki Pi Wo a devosyon nou” (Doktrin ak Alyans 59:10). Li te di tou ke Saba a dwe yon jou rejwisans, priyè, ak remèsiman (gade nan vèsè 14–15).

Kòm yon pati nan adorasyon jou Saba a, nou asiste reyinyon sentsèn chak semèn. Nan reyinyon sa a, nou adore Bondye epi nou pran sentsèn pou nou sonje Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Lè nou pran sentsèn nan, nou renouvle alyans nou avèk Bondye epi nou montre ke nou dispoze pou nou repanti pou peche nou yo. Òdonans sentsèn nan se eleman santral nan obsèvans nou de jou Saba a.

Nan Legliz la, nou patisipe nan klas kote nou aprann plis sou levanjil Jezikri a. Lafwa nou ogmante pandan n ap etidye ekriti yo ansanm. Lanmou nou grandi pansan nou youn ap sèvi ak fòtifye lòt.

Anplis repoze anba travay nou nan jou Saba a, nou dwe evite fè acha ak lòt aktivite ki ka fè jou a vin sanble a nenpòt lòt jou yo. Nou mete aktivite mond lan yo akote epi nou konsantre panse nou ak aksyon nou sou zafè espirityèl.

Yon Jou pou Nou Fè Byen

Fè byen nan Jou Saba a tout osi enpòtan ke evite fè kèk bagay pou nou ka sanktifye li. Nou aprann levanjil la, nou fòtifye lafwa, bati relasyon, rann sèvis, e patisipe nan lòt aktivite edifyan avèk fanmi nou ak zanmi nou.

Imaj
yon koup k ap li ekriti yo

Benediksyon

Sanktifye jou Saba a se yon ekspresyon devosyon nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Si nou fè aktivite jou Saba nou yo konpatib avèk sa Bondye vle pou jou sa a, n ap santi lajwa ak lapè. N ap nouri espirityèlman e rafrechi fizikman. N ap vin pi pre Bondye tou epi n ap apwofondi relasyon nou avèk Sovè a. N ap vin pi totalman pwoteje tèt nou “kont salte mond lan” (Doktrin ak Alyans 59:9). Saba a ap vin “yon delis” (Ezayi 58:13; gade tou vèsè 14).

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Sijè Levanjil: “Jou Saba a

  • Gid Ekriti yo: “Jou Saba a

Obeyi ak Onore Lalwa

Sen Dènye Jou yo kwè nan obeyi lalwa ak nan rete bon sitwayen (gade nan Doktrin ak Alyans 134; Atik Lafwa 1:12). Yo ankouraje manm Legliz la pou yo rann sèvis pou amelyore kominote yo ak peyi yo. Yo ankouraje yo tou pou yo rete yon enfliyans pou ankouraje valè moral ki sen nan sosyete a ak nan gouvènman an.

Yo envite manm Legliz la pou yo patisipe nan zafè gouvènman an ak nan pwosesis politik konfòmeman a lalwa. Manm ki gen pozisyon nan gouvènman an dwe aji nan pozisyon sa yo kòm sitwayen angaje, e non pa kòm reprezantan Legliz la.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
The Greatest in the Kingdom (Pi Gran nan Wayòm nan), J. Kirk Richards

Alyans pou Nou Sèvi Bondye ak Lòt Moun

Sèvis

Lè nou batize, nou fè alyans pou nou sèvi Bondye ak lòt moun. Sèvi lòt moun se youn nan fason prensipal pou nou sèvi Bondye (gade nan Mozya 2:17). Pwofèt Alma te anseye moun ki te vle batize yo ke yo dwe “dispoze pou youn pote chay lòt, … kriye ak moun k ap kriye yo …, ak konsole moun ki bezwen konsolasyon” (Mozya 18:8–9).

Byenvit apre batèm nan, an règ jejeral, nouvo manm yoresevwa yon apèl pou yo sèvi nan Legliz la. Apèl sa yo volontè e yo pa peye pou yo. Lè nou aksepte yo epi nou sèvi avèk dilijans, n ap grandi nan lafwa, devlope talan, ak beni lòt moun.

Yon lòt pati nan sèvis nou nan Legliz la se sèvi kòm “frè sèvis pastoral” oswa “sè sèvis pastoral.” Nan responsablite sa a, nou sèvi fanmi ak moun endividyèl ke yo asiyen nou.

Antanke disip Jezikri, nou chèche opòtinite pou nou sèvi chak jou. Tankou Li, nou mache “toupatou ap fè byen” (Travay 10:38). Nou sèvi pwochen nou ak lòt moun nan kominote nou yo. Nou ka patisipe nan opòtinite sèvis atravè JustServe kote li disponib. Nou ka sipòte efò imanitè Legliz la ap fè yo ak patisipe nan repons pou dezas.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
moun ki ap pale

Pataje Levanjil la

Kòm pati nan alyans batèm nou, nou pwomèt pou nou “kanpe kòm temwen Bondye” (Mozya 18:9). Youn nan fason nou kanpe kòm temwen se nan pataje Levanjil Jezikri a. Ede lòt moun resevwa levanjil la se youn nan pi bèl sèvis nou kapab rann (gade Doktrin ak Alyans 18:15–16). Se yon ekspresyon puisan sou lanmou nou.

Lè nou fè eksperyans avèk benediksyon ki genyen nan viv levanjil la, nou tou natirèlman anvi pataje benediksyon sa yo. Manm fanmi, zanmi, ak konesans nou souvan vin enterese lè nou montre yon egzanp fidèl epi yo wè levanjil la ap beni lavi nou. Nou ka pataje levanjil la nan fason nòmal ak natirèl (gade Manyèl Jeneral, chapit 23).

Nou envite lòt moun pou yo patisipe avèk nou nan aktivite sèvis, aktivite nan kominote a, ak aktivite Legliz. Nou ka envite yo nan yon reyinyon Legliz oubyen yon sèvis batèm. Nou ka envite yo gade yon videyo anliy ki eksplike levanjil Jezikri a, li liv Mòmon an, oswa vizite yon pòt ouvèt yon tanp. Gen dè santèn envitasyon nou ka fè lòt moun. Byen souvan, envite senpleman vle di entegre fanmi nou, zanmi nou ak vwazen nan sa nou deja ap fè.

Si nou mande, Bondye ap ede nou rekonèt opòtinite pou nou pataje levanjil la ak di lòt moun kijan li beni lavi nou.

Pou plis enfòmasyon sou aplike prensip lanmou, pataj, ak envitasyon yo, gade “Inite avèk Manm yo” nan chapit 9 la.

Etid Eriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Jèn ak Ofrann Jèn

Bondye te etabli lwa jèn nan kòm yon mwayen pou nou devlope fòs espirityèl ak pou ede moun ki nan nesesite.

Jèn se rete san manje ak bwè pou yon peryòd tan. òdinèman, Legliz la mete premye Dimanch chak mwa apa kòm jou jèn. Yon jou jèn tipikman enkli rete san manje ni bwè pou yon peryòd 24 èdtan si nou fizikman kapab fè sa. Lòt pati enpòtan nan Dimanch jèn nan enkli priyèak rann temwayaj. Yo ankouraje nou tout pou nou jene lòt lè si nou santi nou bezwen sa.

Devlope Fòs Espirityèl

Jene kapab ede nou vin enb, rapwoche de Bondye, ak santi nou renouvle espirityèlman. Anvan L te kòmanse ministè L la, Jezikri te jene (gade nan Matye 4:1–2 Ekriti yo rapòte anpil istwaou pwofèt ak lòt moun ki te jene pou yo te ka ogmante fòs espirityèl yo ak pou yo te chèche benediksyon espesyal pou yomenm oswa lòt moun.

Jèn ak lapriyè mache men nan lamen. Lè nou jene ak priye avèk lafwa, nou pi kapab resevwa revelasyon pèsonèl. Nou pi dispoze pou nou rekonèt laverite ak konprann volonte Bondye tou.

Vizite Moun ki nan Bezwen

Lè nou jene, nou bay Legliz la lajan kòm don pou ede pran swen moun ki nan bezwen. Ofrann sa a rele ofrann jèn. Yo envite nou pou nou bay yon ofrann ki omwen egal a valè manje nou pa manje a. Yo ankouraje nou tou pou nou gen jenewozite epi bay plis pase valè sa manje sa yo t ap koute a si nou kapab. Bay yon ofrann jèn se youn nan fason nou ka sèvi lòt moun.

Yo itilize fon sa yo pou bay manje ak lòt nesesite a moun ki nan bezwen, lokalman ak nan tout mond lan. Pou enfòmasyon sou kijan pou kontribye nan ofrann jèn, gade nan “Don Ladim ak Lòt Ofrann

Etid Ekriti

Jèn

Pran Swen Moun ki nan Nesesite

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Jèn, Jene

  • Manyèl Jeneral: 22.2.2

  • Sijè Levanjil: “Jèn ak Ofrann Jèn

Imaj
fanmi ki deyò yon tanp

Alyans Pou Nou Pèsevere Jiskalafen

Lè nou batize, nou fè alyans avèk Bondye pou nou “pèsevere jiskalafen” nan viv levanjil Jezikri a (2 Nefi 31:20; gade tou Mozya 18:13). Nou fè fòse pou n rete disip Jezikri pou tout lavi nou.

Pwofèt Liv Mòmon an, Nefi, te dekri batèm kòm pòt pou nou antre sou chemen levanjil la (gade 2 Nefi 31:17). Apre batèm, nou kontinye “avanse avèk fèmte nan Kris la” (2 Nefi 31:20).

Pandan n ap “avanse” sou chemen disip la, n ap prepare pou n ale nan tanp. Nan kote sa a, n ap fè alyans avèk Bondye lè nou resevwa òdonans tanp yo. Nan tanp lan, nou pral dote avèk pouvwa epi n ap kapab sele antanke fanmi pou letènite. Si nou kenbe alyans nou fè nan tanp lan, sa ap ouvri pòt pou chak privilèj espirityèl ak benediksyon Bondye genyen pou nou.

Si nou kontinye avanse fidèlman sou chemen alyans lan, n ap finalman resevwa pi gwo kado Bondye a—kado lavi etènèl la (gade 2 Nefi 31:20; Doktrin ak Alyans 14:7).

Seksyon sa yo eksplike kèk aspè nan sa Bondye prevwa pou ede nou pèsevere jiskalafen nan vwayaj nou nan mòtalite a—ak jwenn lajwa ladan l.

Prètriz la ak Òganizasyon nan Legliz la

Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye. Atravè prètriz la, Pè Selès la akonpli travay li “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl ” pitit Li yo (Moyiz 1:39). Bondye akòde otorite ak pouvwa a pitit gason ak pitit fi L yo sou tè a pou ede yo reyalize travay sa a.

Prètriz la beni nou tout. Nou resevwa òdonans tankou batèm ak sentsèn yo gras a moun ki gen ofis nan prètriz la. Nou resevwa benediksyon prètriz pou gerizon, rekonfò ak direksyon tou.

Prètriz la ak Direksyon ak Apèl nan Legliz la

Legliz la dirije pa Jezikri atravè pwofèt ak apot. Se Bondye ki aple, òdone, ak bay dirijan sa yo otorite prètriz pou yo aji nan non Sovè a.

Nan tan lontan, Kris la te bay Apot Li yo menm otorite prètriz sa a, ki te pèmèt yo dirije Legliz Li a apre L te fin monte nan syèl la. Alafen otorite sa a te pèdi lè moun yo te rejte levanjil la epi Apot yo te mouri.

Mesaje selès te retabli prètriz la an 1829 atravè Pwofèt Joseph Smith, epi Senyè a te etabli Legliz Li a ankò avèk apot ak pwofèt. (Gade nan leson 1.)

Nan nivo lokal, evèk yo ak prezidan pieu yo gen otorite prètriz pou yo dirije kongregasyon Legliz yo.

Lè yo aple fi ak gason epi mete yo apa pou yo sèvi nan Legliz la, yo resevwa otorite nan men Bondye pou yo aji nan apèl sa a. Misyonè, dirijan, enstriktè, ak lòt moun kontiye resevwa otorite sa jiskaske yo relve nan apèl yo a. Li delege sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo.

Se nan lajistis sèlman moun ka itilize otorite prètriz sa a (gade nan Doktrin ak Alyans 121:34–46). Otorite sa a se yon konfyans sakre pou moun reprezante Sovè ak aji nan non Li. Li toujou genyen kòm bi pou beni ak sèvi lòt moun.

Imaj
jènjan nan lekòldidimanch

Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk

Nan Legliz la, prètriz la gen ladan l Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk. Yo konfere gason ki diy nan Legliz la Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisekèk la sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo,. Apre yo fin konfere yon moun prètriz apwopriye a, yo òdone l nan yon ofis nan prètriz sa a, kòm dyak oubyen kòm ansyen. Li dwe òdone pa yon moun ki gen otorite ki nesesè a.

Lè yon gason oswa yon jènjan resevwa prètriz la, li fè yon alyans avèk Bondye pou l ranpli devwa sakre, sèvi lòt moun, ak ede bati Legliz la.

Jènjan ka resevwa Prètriz Aawon an epi òdone kòm dyak apatide janvye nan ane ki ap fè yo 12 zan an. Yo ka òdone kòm enstriktè nan ane ki ap fè yo vin gen 14 zan an epi prèt nan ane yo vin gen 16 zan an. gason ki konvèti e ki gen laj nesesè a ka resevwa Prètriz Aawon an yon tikras tan apre batèm ak konfimasyon yo. Detantè Prètriz Aawon yo administre òdonans tankou sentsèn ak batèm.

Apre l fin sèvi pandan yon sèten tan kòm prèt nan Prètriz Aawon an, yon gason diy ki gen omwen 18 tan kapab resevwa Prètriz Mèlkisedèk la epi òdone kòm ansyen. Gason ki resevwa Prètriz Mèlkisedèk yo kapab akonpli òdonans prètriz tankou bay benediksyon gerizon ak rekonfò pou manm fanmi yo ak lòt moun.

Gade nan Manyèl Jeneral, 38.2.9.1, pou enfòmasyon sou nouvo manm k ap resevwa prètriz la.

Kowòm yo ak Òganizasyon nan Legliz la

Kowòm Prètriz Yon kowòm se yon gwop òganize detantè prètriz. Chak pawas gen yon kowòm ansyen pou gason adilt yo. Kowòm dyak, enstriktè, ak prèt yo se pou jènjan yo.

Sosyete Sekou Sosyete Sekou a genyen fi 18 tan ak fi ki gen plis laj. Manm Sosyete Sekou yo fòtifye fanmi, endividi, ak kominote a.

Jènfi Jènfi yo rantre nan òganizasyon Jènfi a apatide Janvye nan ane ki ap fè yo 12 zan an.

Imaj
yon fi k ap anseye yon klas

Primè. Timoun laj 3 zan pou rive nan 11 zan yo fè pati òganizasyon Primè a.

Lekòldidimanch Tout adilt yo ak tout jèn yo asiste Lekòldidimanch, kote yo reyini pou etidye ekriti yo ansanm.

Pou plis enfòmasyon sou prètriz la, gade Manyèl Jeneral, chapit 3.

Pou plis enfòmasyon sou kowòm prètriz ak òganizasyon nan Legliz la, gade nan Manyèl Jeneral, chapit 8–13.

Etid Eriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • ManYèl Jeneral, chapit 3: “Pensip Prètriz

  • Sijè Levanjil: “Prètriz Aawon,” “Prètriz Mèlkisedèk,” “Prètriz

Maryaj ak Fanmi

Maryaj

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone. Li se eleman santral plan L pou pwogresyon etènèl pitit Li yo.

Inyon yon mari ak yon madanm nan maryaj ta dwe relasyon ki pi presye pou yo sou tè a. Yo gen yon responsablite sakre pou youn lwayal anvè lòt ak fidèl nan alyans maryaj yo a.

Yon mari ak yon madanm egal nan je Bondye. Youn pa dwe domine lòt. Desizyon yo dwe pran nan inite ak lanmou, avèk patisipasyon total toulède.

Lè yon mari ak madanm gen lanmou youn pou lòt epi yo travay ansanm, maryaj yo a kapab sous pi gwo bonè ki egziste. Youn kapab ede lòt ak ede pitit yo pwogrese al nan lavi etènèl.

Fanmi an

Menm jan sa ye pou maryaj la, se Bondye ki òdone fanmi epi fanmi se eleman santral plan L pou bonè etènèl nou. Fanmi nou gen plis chans pou yo gen kè kontan lè nou viv selon ansèyman Jezikri yo. Paran yo dwe anseye pitit yo levanjil Jezikri a epi bay egzanp lan nan viv li. Fanmi yo bay opòtinite pou nou youn renmen ak sèvi lòt.

Paran yo dwe fè fanmi yo vin pi gwo priyorite yo. Se yon privilèj ak yon responsablite sakre pou paran yo pran swen timoun yo kapab fè oswa adopte.

Tout fanmi gen pwoblèm. Si nou chèche sipò Bondye epi nou respektekòmandman L yo, pwoblèm familyal yo kapab ede nou aprann ak pwogrese. Pafwa pwoblèm sa yo ede nou aprann repanti ak padone.

Imaj
yon papa ki ap anseye fanmi li

Dirijan Legliz la ankouraje manm yo pou yo fè sware familyal chak semèn. Paran yo dwe itilize tan sa a pou yo anseye pitit yo levanjil la, fòtifye relasyon familyal yo, ak amize yo ansanm. Dirijan Legliz la te pibliye yon pwoklamasyon ki anseye verite enpòtan apwopo fanmi (gade nan“Fanmi: Yon Deklarasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org).

Lòt mwayen pou fòtifye fanmi an enkli lapriyè, etid ekriti, ak adorasyon ansanm nan Legliz la. Nou ka fè rechèch istwa familyal, rasanble istwa fanmi an, ak sèvi lòt moun.

Anpil moun gen opòtinite limite pou maryaj oubyen pou relasyon familyal plen lanmou. Anpil moun ap fè eksperyans divòs ak lòt sikonstans familyal difisil. Sepandan, levanjil la beni nou endidyèlman kèlkeswa sikonstans familyal nou. Epi si nou fidèl, Bondye ap ba nou yon mwayen pou nou gen benediksyon familyal plen lanmou, swa nan lavi sa a oubyen nan lavi ki ap vini an.

Etid Ekriti

Maryaj

Fanmi

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Travay Tanp ak Istwa Familyal pou Zansèt ki Mouri

Papa nou ki nan Syèl la renmen tout pitit Li epi Li vle sali yo ak egzaltasyon yo. Men, gen dè milya moun ki mouri san yo pa t tande levanjil Jezikri a ni resevwa òdonans sali levanjil la. Òdonans sa yo genyen ladan batèm, konfimasyon, òdinasyon nan prètriz pou gason yo, dotasyon nan tanp, ak maryaj etènèl.

Atravè gras Li ak mizèrikòd Li, Senyè a bay yon lòt mwayen pou moun sa yo resevwa levanjil la ak òdonans li yo. Nan mond dèzespri a, yo preche levanjil la bay sila yo ki te mouri san yo pa t resevwa l yo (gade nan Doktrin ak Alyans 138). Nan tanp yo, nou ka akonpli òdonans nan non zansèt nou ki mouri yo ak lòt moun. Moun mouri sa yo ki nan mond dèzespri a kapab aksepte oubyen rejte levanjil la ak òdonans yo akonpli pou yo yo.

Imaj
yon fanmi ki ap li ekriti yo

Anvan nou ka akonpli òdonans sa yo, nou bezwen idantifye zansèt nou ki poko resevwa yo. Idantifye manm fanmi nou pou yo ka resevwa òdonans yo se objektif prensipal travay istwa familyal la. Lè nou jwenn enfòmasyon sou yo, nou ajoute yo nan baz done Legliz la nan FamilySearch.org. Apre sa, noumenm (oswa lòt moun) kapab akonpli òdonans pa pwokirasyon pou yo nan tanp lan.

Amezi n ap idantifye zansèn nou yo epi akonpli òdonans pou yo, fanmi nou ap vin ini pou letènite.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Manyèl Jeneral, chapit 28: “Òdonans Tanp pou Moun ki Mouri

  • Sijè Levanjil: “Batèm pou Mò yo,” “Istwa Familyal

Tanp, Dotasyon an, Maryaj Etènèl, ak Fanmi Etènèl

Tanp

Tanp lan se kay Senyè a. Se yon andwa sakre kote nou ka fè alyans avèk Bondye pandan n ap resevwa òdonans sakre L yo. Lè nou respekte alyans sa yo, n ap gen pouvwa divinite ki ap manifeste nan lavi nou (gade nanDoktrin ak Alyans 84:19–22; 109:22–23).

Dotasyon

Youn nan òdonans nou resevwa nan tanp lan se dotasyon. Mo dotasyon an vle di “yon kado.” Se nan men Bondye kado konesans ak pouvwa sa a soti. Pandan dotasyon an, nou fè alyans avèk Bondye ki liye nou avèk Li ansanm ak Pitit Gason L lan, Jezikri (gade nan chapit 1).

Adilt yo kapab elijib pou yo resevwa pwòp dotasyon tanp pa yo apre omwen ennan lkòm manm Legliz la. Pou plis enfòmasyon sou dotasyon, gade nan Manyèl Jeneral, 27.2.

Maryaj Etènèl ak Fanmi Etènèl

Plan bonè Bondye a pèmèt relasyon familyal yo kontinye menm apre lanmò. Nan tanp lan, nou ka marye pou letan ak letènite. Sa rann li posib pou fanmi yo rete ansanm pou tout tan.

Apre koup marye yo fin resevwa dotasyon tanp yo, yo ka sele oubyen marye pou letènite. Pitit yo kapab sele avèk yo.

Yon mari ak madanm ki sele nan tanp dwe respekte alyans yo fè lè yo resevwa benediksyon maryaj etènèl.

Imaj
yon koup k ap mache nan lari

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Enprime