Apèl Misyon
Chapit 3: Envitasyon pou Batize ak Konfime


“Chapit 3: Envitasyon pou Batize ak Konfime,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Envitasyon pou Batize ak Konfime,” Preche Levanjil Mwen an

Chapit 3

Envitasyon pou Batize ak Konfime

Imaj
Come into the Fold of God (Vini nan Bèjri Bondye a), pa Walter Rane

Fondasyon Doktrinal

Nou tout se pitit Papa nou ki nan Syèl la. Nou vini sou tè a pou nou ka jwenn opòtinite pou nou aprann, epi vin plis menm jan avèk Li pou nou ka retounen nan prezans Li (gade nan Moyiz,1:39). Nou pa ka vin menm jan avèk Li ni retounen al jwenn Li san èd divin. Papa nou ki nan Syèl la te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou ekspye pou nou ak pou kase kòd lanmò (gade nan 3 Nefi 27:13–22).

Pou nou gen aksè a pouvwa redanmtè Kris la, nou dwe egzèse lafwa nan Li ki ap mennen nan repantans, batize, resevwa don Sentespri a atravè konfimasyon, epi pèsevere jiskalafen. KeNe alyans batèm nan se premye etap pou nou liye nou avèk Bondye pou Sentespri a ka pwòpte, fòtifye, ak chanje nati nou pou nou vin pi bon. Fè eksperyans avèk enfliyans sanktifikatè sa a rele renesans espirityèl. (Gade 2 Nefi 31:7, 13–14, 20–21; Mozya 5:1–7; 18; 27:24; 3 Nefi 27:20; Jan 3:5.)

Renesans espirityèl kòmanse lè nou batize nan dlo ak nan Lespri a. Batèm se yon òdonans ki pote lajwa ak lespwa. Lè nou batize avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, nou kòmanse yon nouvo lavi avèk pouvwa Bondye pou soutni nou. Apre nou fin batize ak konfime, nou ka kontinye fòtifye nan pran sentsèn diyman. (Gade 2 Nefi 31:13; Mozya 18:7–16; Mowoni 6:2; Doktrin ak Alyans 20:37.)

Lanse envitasyon

Si w santi Lespri a gide ou pou w fè sa, envite moun yo pou yo batize ak konfime. Sa gen dwa fèt pandan yon leson.

Anseye doktrin batèm nan epi ede moun yo konprann doktrin Kris la (gade leson 3). Anseye sou enpòtans ak lajwa ki genyen nan alyans batèm nan, sou resevwa yon remisyon pou peche, ak sou resevwa don Sentespri a atravè konfimasyon.

Prepare moun yo pou envitasyon pou yo batize a nan asire w ke yo konprann sa w te anseye yo ak alyans yo pral fè a. Men sa ki nan alyans batèm nan:

  • Dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou.

  • Respekte kòmandman Bondye yo.

  • Sèvi Bondye ak lòt moun.

  • Pèsevere jiskalafen. (Gade leson 4.)

Ou gen dwa di bagay sa yo tou:

Lè nou batize, nou temwaye devan [Bondye] ke [nou] antre nan yon alyans avèk Li, ke [nou] pral sèvi li ak respekte kòmandman L yo. Pandan n ap fè alyans sa a, Li pwomèt ke L ap vide Lespri Li sou [nou] avèk plis abondans (Mozya 18:10).”

Envitasyon pou batize a dwe presi ak dirèk. Ou gen dwa di:

“Èske w vle suiv egzanp Jezikri pou w batize pa yon moun ki gen otorite pou l akonpli òdonans sa a? N ap ede w prepare w pou batèm. Nou kwè ke w ka pare nan [dat]. Èske w pral prepare w pou w batize nan dat sa a?”

Kòm pou tout envitasyon ou bay, pale de gran benediksyon moun yo ap resevwa lè yo aksepte envitasyon pou yo batize ak respekte alyans ki asosye avèk batèm yo. Pataje temwayaj ou konsènan benediksyon sa yo.

Anseye ke batèm ak konfimasyon se pa yon destinasyon final. Olyesa, yo se yon etap sou chemen konvèsyon an ki pote lespwa, lajwa, ak pouvwa Bondye pi totalman nan lavi yon moun (gade Mozya 27:25–26). Apre yo fin batize ak konfime, yo ka atann pou yo sanktifye pa Lespri a pandan y ap pwogrese sou chemen alyans lan.

Si posib, envite moun w ap anseye yo pou yo asiste yon sèvis batèm ak yon reyinyon sentsèn kote y ap konfime yon moun.

Ide pou Envitasyon pou Batèm nan

Panse pou w li resi sou Jezi k ap batize a nan ekriti yo (gade Matye 3:13–17). Ou gen dwa pase video Bib ki dekri batèm Sovè a oubyen video Liv Mòmon ki dekri batèm kèk disip Sovè a.

Ou gen dwa li resi Nefi a sou batèm Jezi a (gade 2 Nefi 31:4–12). Li istwa sou batèm Jezikri yo kapab fòtifye moun w ap anseye yo.

Etid Ekriti

Etidye ekriti sa yo:

Ekri yon rezime sou sa w aprann yo.

Enprime