Èd pou Etid
TJS, Matye 3


TJS, Matye 3:4–6. Konpare avèk Matye 2:4–6

Pwofèt yo te predi ke Bètleyèm se t ap kote Mesi a t ap pran nesans.

4 Epi, lè l te fin reyini tout chèf prèt yo, ak direktè lalwa yo ki t ap dirije pèp la ansanm, li te mande yo: Kikote pwofèt yo ekri Kris la gen pou fèt la? Paske li te pè anpil, malgre li pa t kwè pwofèt yo.

5 Epi yo te reponn ni, Pwofèt yo ekri se nan lavil Bètleyèm nan peyi Jide li gen pou l fèt, paske se sa pwofèt yo di,

6 Pawòl Senyè a te vin sou nou, li te di, Epi oumenm, Bètleyèm, ki chita nan peyi Jida, yon prens gen pou l fèt lakay ou, ki se pa pi piti nan pami prens Jida yo; paske se lakay ou Mesi a va soti, ki pral sove pèp mwen an, Izrayèl.

TJS, Matye 3:24–26. Konpare avèk Matye 2:23

Jan plonje Jezi nan dlò pou l batize l, li wè Sentespri a desann sou fòm yon kolonb, epi li tande vwa Papa a.

24 Epi se te konsa, Jezi te grandi avèk frè l yo, epi l te vin fò, epi l te rete tann Senyè a pou lè ministè li a rive.

25 Epi l te travay sou direksyon papa li, epi l pa t pale tankou lòt moun, ni tou yo pa t ka anseye l; paske li pa t bezwen pou okenn moun anseye l.

26 Epi apre anpil ane, lè ministè li a te pwoche.

TJS, Matye 3:34–36. Konpare avèk Matye 3:8–9

Moun ki te rejte mesaj Jan Batis yo te rejte Kris la. Bondye kapab fè moun ki pa sòti nan Izrayèl yo vin yon pèp alyans.

34 Poukisa w pa resevwa pawòl moun Bondye voye a? Si w pa resevwa sa a nan kè w, ou pa resevwa m; epi si w pa resevwa m, ou pa resevwa moun ki voye m pou m rann temwayaj la; epi w pa gen okenn manto pou kouvri peche w.

35 Se poutèt sa, repanti, epi pwodui fwi ki mennen nan repantans;

36 Epi pa di nan tèt nou, Se pitit Abraram nou ye, epi se noumenm sèl ki gen pouvwa pou pote posterite pou Abraram; paske m ap di nou, Bondye kapab pran wòch sa yo pou l fè yo tounen pitit pou Abraram.

TJS, Matye 3:38–40. Konpare avèk Matye 3:11–12

Jan Batis temwaye ke Jezi gen pouvwa pou batize avèk Sentespri a epi ak dife.

38 Mwenmenm mwen batize nou ak dlo, pou mennen nou ala repantans; epi lè limenm mwen rann temwayaj la vini, ki pi puisan pase m nan, mwen pa menm diy pou m ta mete soulye ki nan pye l, (oubyen moun mwen pa kapab ranpli plas li a), jan m di a, mwen batize nou anvan li vini, pou lè l vini li ka batize nou avèk Sentespri a epi ak dife.

39 Epi se konsènan li menm mwen rann temwayaj la, l ap gen laye l nan men li, epi li pral netwaye glasi a, epi l ap rasanble ble a nan grenye a; men nan plenitid pwòp tan pa l, l ap boule pay la nan dife ki p ap janm mouri.

40 Epi se konsa Jan te vini, li t ap preche ak batize nan rivyè Jouden an; li t ap rann temwayaj ke moun ki te gen pou vini apre l la te gen pouvwa pou batize avèk Sentespri a epi ak dife.

TJS, Matye 3:43–46. Konpare avèk Matye 3:15–17

Jan batize Jezi pa imèsyon, li wè Sentespri a desann sou fòm yon kolonb, epi li tande vwa Papa a.

43 Epi Jezi te reponn, li te di l konsa, aksepte pou m batize nan men ou, paske se konsa pou nou akonpli lajistis la toutantye. Lè sa a, li te aksepte batize l.

44 Epi Jan te desann nan dlo a epi l te batize l.

45 Epi lè Jezi t ap batize a, li te leve kanpe tou dwat nan dlo a; epi Jan te wè, epi reyèlman syèl la te louvri devan li, epi li te wè Lespri Bondye ki t ap desann tankou yon pijon epi l te poze sou Jezi.

46 Epi reyèlman li te tande yon vwa ki soti nan syèl la, ki t ap di konsa, Se Pitit Gason byenneme m nan, ki fè m plèzi a. Koute l.