TJS, Matye 4:1, 5–6, 8–9. Konpare avèk Matye 4:1, 5–6, 8–9; kèk chanjman sanblab te fèt nan Lik 4:2, 5–11
Se Lespri a ki te dirije Jezi, se pa t Satan.
1 Apre sa, Lespri a te dirije Jezi al nan dezè a, pou l te kapab avèk Bondye.
5 Apre sa, Lespri a te leve Jezi al nan vil sen an, epi Lespri a te mete l sou pwent flèch tanp la.
6 Lè sa a, dyab la te vin kote l, epi l te di l konsa, Si w se Pitit Gason Bondye a, lage kò w anba, paske ekriti yo te di: Li t ap pase zanj li yo lòd pou yo responsab ou, epi y ap pote w nan men yo, pou nan nenpòt moman ou pa ta frape pye w nan yon wòch.
8 Epi ankò, Lespri ki te nan Jezi a te pote l monte sou yon mòn ki te wo anpil, epi li te montre l tout wayòm yo mond lan te genyen ak laglwa yo.
9 Epi dyab la te vin kote l ankò, epi l te di konsa, M ap ba w tout bagay sa yo, si w bese pou w adore m.
TJS, Matye 4:11. Konpare avèk Matye 4:11
Jezi voye zanj yo pou al sèvi Janbatis.
11 Epi kounyeya, Jezi te konnen yo te mete Jan nan prizon, epi l te voye zanj yo, epi reyèlman, yo te vini epi yo te sèvi l.
TJS, Matye 4:18. Konpare avèk Matye 4:19
Pwofèt Ansyen Testaman yo pale konsènan Jezi.
18 Epi li te di yo konsa, se konsènan mwen menm pwofèt yo te ekri a; suiv mwen, epi m ap fè nou tounen pechè lèzòm.
TJS, Matye 4:22. Konpare avèk Matye 4:23
Jezi geri moun nan pami sila yo ki te kwè nan non Li yo.
22 Epi Jezi t al nan tout Galile pou l preche nan sinagòg yo, epi pou l preche levanjil wayòm nan; epi pou l geri tout kalite maladi, nan pami moun ki te kwè nan non li.