2010–2019
Vin tounen Sen Dèvye-jou Egzanplè
Oktòb 2018


Vin tounen Sen Dènye Jou Egzanplè

M ap kite lanmou ak benediksyon m sou nou, pou nou fè yon festen sou pawòl Seyè a epi aplike ansèyman Li yo nan lavi pèsonèl nou.

Sa sete yon konferans enspiran ak istorik. Nou ap gade lavni avèk antouzias. Nou te jwenn motivasyon pou pi byen epi pou vin pi bon moun. Mesaj mèvèye ki te delivre apati pipit sa pa Otorite Jeneral ak Ofisye Jeneral yo ansanm ak mizik la te siblim! Mwen egzòte nou pou n etidye mesaj sa yo, apati semèn sa menm.1 Yo eksprime panse ak volonte Seyè a pou pèp Li a, jodia.

Nouvo pwogram santre sou fwaye a, entegre ke Legliz la sipòte a gen potansyèl pou libere pouvwa fanmi yo, pandan chak fanmi pran desizyon pou konsyaman e ak atansyon transfòme fwaye yo an yon sanktyè lafwa. Mwen pwomèt ke pandan nou dilijaman travay pou remodle fwaye nou pou tounen yon sant aprantisaj levanjil la, avèk letan jou Saba nou yo pral tounen yon delis. Pitit nou yo pral kontan pou aprann epi viv ansèyman Sovè a, epi enfliyans advèsè a nan laviak nan fwaye nou pral diminye. Chanjman nan fanmi yo pral dramatik ak dirab.

Pandan konferans sa nou te ranfòse rezolisyon nou pou itilize efò ki esansyèl pou onore Seyè a Jezikri chak fwa nou fè referans ak Legliz Li a. Mwen pwomèt nou ke atansyon soutni nou nan itilize non kòrèk Legliz Sovè a ak manm li yo pral mennen plis lafwa ak aksè nan pi gran pouvwa espirityèl pou manm Legliz Li a.

Kounya ann vire pou n pale sou tanp yo. Nou konnen tan nou pase nan tanp la esansyèl pou sali ak egzaltasyon nou ak pou fanmi nou yo.

Apre nou resevwa pwòp òdonans tanp pa nou epi fè alyans sakre avèk Bondye, nou chak bezwen sipò ak akonpayman espirityèl sanrete ki posib sèlman nan kay Seyè a. Epi zansèt nou yo bezwen nou sèvi pa pwokirasyon pou yo.

Reflechi sou gran mizerikòd ak jistis Bondye ki, depi avan fondasyon mond lan, te founi yon mwayen pou pote benediksyon tanp yo pou moun ki te mouri san konesans sou levanjil la. Rityèl tanp sakre yo trè asnsyen. Pou mwen aspè ansyen sa sansasyonèl epi se yon lòt evidans sou otantisite yo.2

Chè frè ak sè m yo, atak advèsè a ap ogmante eksponansyèlman, nan entansite ak nan varyete.3 Nesesite pou nou ale nan tanp sou yon baz regilye pa t janm osi gran. Mwen sipliye nou pou nou konsidere nan lapriyè fason nou itilize tan nou. Envesti tan nan avni nou ak nan avni fanmi nou. Si ou gen aksè rezonab nan yon tanp, mwen egzòte nou jwenn yon fason pou pran randevou regilyèman avèk Seyè a—anndan kay sakre Li a— epi kenbe randevou sa avèk fidelite ak lajwa. Mwen pwomèt nou ke Seyè a pral akonpli mirak li konnen nou bezwen yo lè nou fè sakrifis pou sèvi ak adore nan tanp Li yo.

Aktyèlman nou genyen 159 tanp ki dedikase. Swen ak antretyen apwopriye pou tanp sa yo trè enpòtan pou nou. Pandna tan ap pase, tanp yo inevitableman gen nesesesite pou rafrechi ak renouvle. Nan objektif sa, genyen plan k ap fèt kounya pou renove ak aktyalize Tanp Salt Lake la ak lòt tanp jenerasyon pyonye yo. Detay sou pwojè sa yo pral pataje lè yo fin devlope.

Jodia mwen kontan anonse plan konstriksyon 12 tanp anplis. Tanp sa yo pral bati nan lokalite sa a yo: Mendoza, Ajantin; Salvadò, Brezil; Yuba City, Kalifònya; Phnom Penh, Cambodia; Praia, Cape Verde; Yigo, Guam; Puebla, Meksiko; Auckland, New Zealand; Lagos, Nijerya; Davao, Filipin; San Juan, Puerto Rico; ak Washington County, Utah.

Konstriksyon ak antretyen tanp ka pa chanje lavi nou, men pase tan nan tanp lan pral fè sa sètènman. Pou moun ki gen lontan depi yo pa ale nan tanp, mwen ankouraje nou prepare epi retounen pi vit posib. Apresa mwen envite nou adore nan tanp lan epi priye pou nou santi pwofondeman lanmou enfini Sovè a pou nou, pou nou chak ka akeri pwòp temwayaj nou ke Li kontinye dirije travay sakre ak etènèl sa.4

Frè ak sè, Mwen remèsye nou pou lafwa ak efò kontini nou yo. M ap kite lanmou ak benediksyon m sou nou, pou nou fè yon festen sou pawòl Seyè a epi aplike ansèyman Li yo nan lavi pèsonèl nou. Mwen asire nou ke revelasyon ap kontinye nan Legliz la epi pral kontinye jistan “objektif Bondye yo fin akonpli, epi Gran Jewova a di travay la fini.”5

Mwen beni nou avèk plis lafwa nan Li ak nan travay sakre Li a, avèk lafwa ak pasyans pou andire defi pèsonèl yo nan lavi a. Mwen beni nou pou nou vin Sen Dènye-jou egzanplè. Mwen beni nou konsa epi rann temwayaj mwen ke Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz pa li. Nou se pèp Li, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade mesaj konferans jeneral yo anliy nan LDS.org ak sou aplikasyon Bibliyotèk Levanjil la. Yo pral enprime nan Ensign ak Lyawona. Revi Legliz la, ki enkli New Era ak Zanmi an ki disponib atravè lapòs oswa pou telechaje anliy, se pral eleman enpòtan nan pwogram levanjil ki santre sou fwaye a.

  2. Gade, paegzanp, Egzòd 28;29; Levitik 8.

  3. Gade Mozya 4:29.

  4. Gade Wilford Woodruff, “The Law of Adoption,” diskou ki te delivre nan konferans jeneral Legliz la, 8 Avril, 1894. Prezidan Woodruff te di: “Revelasyon poko ap sispann [pou] nou. Nou poko fini [avèk] travay Bondye a. … Pa p gen fen nan travay sa jistan li vin pafè” (Deseret Evening News, 14 Avril, 1894, 9).

  5. Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 142.