2010–2019
Chwazi jodi a menm
Oktòb 2018


Chwazi jodi a menm

Grandè bonè etènèl la ap depann de si nou chwazi Bondye vivan an ak si nou ini avèk li nan travay li a.

Pèsonaj fiktif Mary Poppins lan se yon modèl gouvènant Anglè—sèl sa ki diferan sè ke li gen pouvvwa pou l fè bagay ki enposib.1 Li sèvi avèk van pou l vole epi li rive ede fanmi Banks ki te gen pwoblèm e ki te rete nan 17 Cherry Tree Lane, nan Londres ane 1900 yo. Li te responsab timoun yo, Jàn ak Mikayèl. Li te kòmanse anseye yo leson valab nan yon fason inik ak majik sou yon ton fèm akanchante alafwa.

Jàn ak Mikayèl te fè gwo pwogrè, men Mari te deside ke lè a rive pou l mache pòs li. Nan vèsyon teyatral la, Bert, yon zanmi Mari ki te konn travay nan netwayaj chemine, te eseye dekouraje l kite djòb la. Li te di l: “Men, yo se bon timoun, Mari.“

Mari te reponn: “Èske m t ap sousye de yo si yo pa t bon timoun?“ Men mwen pa ka ede yo si yo pa pèmèt mwen fè sa, epi pa gen okenn moun ki pi difisil pou anseye pase yon timoun ki panse li konn tout bagay.

Bert te mande l: “Epi?“

Mari te reponn: “Y ap oblije fè etap suivan yo poukont yo.“2

Frè m ak sè m yo, menm jan ak Jàn ak Mikayèl Banks, nou se “bon timoun“ ki merite pou yo sousye de nou. Papa Nou Ki Nan Syèl la vle ede nou epi beni nou, men nou pa toujou pèmèt Li fè sa. Pafwa, nou menm aji kòmsi nou konn tout bagay. E noumenm tou, nou bezwen fè etap suivan yo poukont nou. Se poutèt sa nou te kite fwaye selès premòtèl la pou nou te vin sou tè a. Etap suivan nou yo mande pou nou fè chwa.

Antanke paran, objektif Papa nou ki nan syèl la se pa pou fè pitit Li yo fè sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis pou yo ka finalman vin tankou L. Si l te senpleman vle pou nou obeyisan, Li tap itilize rekonpans ak pinisyon imedyat pou enfliyanse konpòtman nou.

Men Bondye pa vle pou pitit Li yo sèlman vin tounen “animal domestic“ byen elve ak obeyisan, ki pa pral moulen sapat Li nan salon selès la.3 Non, Bondye vle pou Pitit Li yo grandi spirityèlman epi ini avèk Li nan biznis familyal la.

Bondye te tabli yon plan pou nou kapab vin eritye nan Wayòm Li an, yon chemen alyans ki fè nou vin tankou L, vin gen tip lavi Li genyen an, epi viv pou tout tan kòm fanmi nan prezans Li. 4 Chwa pèsonèl te—e li toujou—endispansab pou plan sa a, ke nou te aprann depi nan egzistans premòtèl nou. Nou te asepte plan an e nou te chwazi pou nou te vin sou tè a.

Pou asire nou ke nou tap egzèse lafwa epi aprann sèvi avèk libabit nou jan nou dwe fè l la, Bondye te plase yon vwal oubli sou lespri nou pou nou pat sonje plan L lan. San vwal sa a, bi Bondye yo pa tap kapab akonpli paske nou pa tap kapab pwogrese epi vin tounen eritye fyab Li vle nou ye a.

Pwofèt Leyi te di: “Se poutèt sa, Senyè Bondye a te pèmèt lèzòm chwazi pou tèt pa yo. Men, lèzòm pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo si yo pa t nan mitan de bagay opoze.“5 Nan yon nivo fondamantal, yon opsyon reprezante pa Jezikri, Premyene Papa a. Lòt opsyon an reprezante pa Satan, Lisifè ki vle detwi lib abit epi pran pouvwa.6

Nan Jezikri, “nou gen yon avoka bò kote Papa a.“7 Apre Li te fin fè sakrifis ekspyatwa L la, Jezi “te monte nan syèl la… pou l reklame nan men Papa a dwa mizèrikòd li genyen sou pitit lèzòm.“ Epi, lè l te fin reklame dwa mizerikòd, “li plede kòz pitit lèzòm.“8

Wòl Kris la kòm avoka bò kot Papa a pa fè l yon advèsè pou sa. Jezikri, ki te aksepte pou volonte l soumèt anba volonte Papa a,9 pa tap pran defans pou okenn lòt bagay eksepte sa k konfòm avèk volonte Papa a. San okenn dout, Papa Nou Ki Nan Syèl la rejwi e aplodi siksè nou yo.

Wòl avoka Kris la, omwen an pati, se pou fè nou sonje ke L te peye pou peche nou epi pèsonn pa ekskli nan mizerikòd Bondye. 10 Pou moun ki kwè nan Jezikri, ki repanti, ki batize, epi ki pèsevere jiska lafen—yon pwosesis ki mennen nan rekonsilyasyon11—Sovè a padone, li geri, epi l defann yo. Li se soutyen nou, konsolatè nou, ak defansè nou—ki sètifye e pote garanti pou rekonsilyasyon nou avèk Bondye.12

Nan yon kontras frapan, Lisifè se yon akizatè oswa yon moun k ap travay kont nou. Jan, Revelatè a, te dekri dènye defèt Lisifè a: “Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t’ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li.“ Poukisa? Paske “moun ki t’ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l’ deyò nan sièl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t’ap pibliye a.“13

Se Lisifè ki te akizatè a. Li te pale kont nou nan egzistans premòtèl la, e li kontinye ap denonse nou nan lavi sa a. Li ap chèche trennen nou desann. Li vle pou nou malere ajamè. Se limenm ki di nou ke nou pa alawotè, se limenm ki di nou ke nou pa bon ase, se limenm ki di nou pa gen okenn fason nou ka korije erè nou. Li se towo bèf siprèm nan, ki frape nou lè nou deja tonbe atè a.

Si Lisifè tap montre yon timoun mache epi timoun nan te manke tonbe, li tap rele sou timoun nan, li tap pini l, epi li tap di l pou l sispann eseye. Metòd Lisifè yo fini pa pote dekourajman ak dezespwa—finalman epi toujou. Papa tout manti sa a se founisè tout sa ki pa vre epi li travay an mètdam pou twonpe nou14 ak distrè nou “paske l ap chèche pou l fè tout moun mizerab tankou l.“15

Si Kris la tap montre yon timoun mache epi timoun nan manke tonbe, Li tap ede timoun nan leve epi L tap ankouraje l kontinye mache.16 Kris la se yon soutyen ak yon konsolatè. Metòd li toujou pote lajwa ak espwa—alafen e pou toujou.

Plan Bondye a enkli direksyon pou nou, ke yo rele kòmandman nan ekriti yo Kòmandman sa yo se pa yon ansanm règ fantezis ni yon koleksyon règ abitrè yo enpoze nou e ki la sèlman pou montre nou kijan pou nou obeyisan. Gen yon lyen ant yomenm ak jan nou devlope vèti divin nou yo, pou retouen al jwenn Pè Selès la, ak resevwa lajwa etènèl. Obeyi kòmandman L yo se pa yon bagay nou fè konsa konsa. Modèl li ba nou an se menm modèl li te bay Adan ak Èv la, kote “Bondye te ba yo kòmandman yo apre li te fin pale yo de plan redanmsyon an.“17 Malgre Bondye vle pou mache nan chemen alyans lan, Li ba nou diyite pou nou chwazi.

Anfèt, Bondye vle, Li atann, e Li kòmande pou chak pitit Li chwazi pou tèt pa yo. Li pap fòse nou. Gras a don libabit la, Bondye pèmèt pitit Li yo “chwazi pou tèt pa yo, non pa pou moun fè yo chwazi.“18 Libabit la pèmèt nou chwazi pou nou mache sou chemen alyans la, ou non. Li pèmèt soti sou li, ou non. Menm jan yo pa kapab fòse nou obeyi a, se menmjan tou yo pa kapab fòse nou dezobeyi. Pèsonn pa kapab retire nou sou wout la san kolaborasyon nou. (Nou pa dwe konfonn sa k di la a avèk sitiyasyon moun yo vyole libabit yo. Yo pa deyò chemen an; se viktim yo ye. Yo gen konpreyansyon, lanmou, ak konpasyon Bondye).

Lè nou kite wout la, Bondye tris paske L konnen ke yon jou, sa ap finalman mennen nan diminisyon bonè ak pèdi benediksyon. Nan ekriti yo, lè moun kite wout la, yo rele sa peche, e diminisyon bonè ak pèt benediksyon sa lakoz la rele pinisyon. Nan sans sa a, se pa Bondye ki ap pini nou; pinisyon se yon konsekans chwa nou, se pa chwa pa L.

Lè nou dekouvri ke nou pa sou wout la, nou kapab rete lwen oubyen, gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka chwazi retounen sou pa nou epi reprann wout la. Nan ekriti yo, you rele pwosesis pou moun deside chanje ak retounen sou wout la repantans. Lè nou pa repanti, sa vle di nou chwazi pou nou diskalifye tèt nou pou benediksyon Bondye vle ba nou yo. Si nou “pa dispoze pou nou jwi sa nou ta kapab resevwa a,“ n ap retounen nan pwòp lye pa nou pou nou jwi sa nou dispoze pou nou resevwa a.“19

Kèlkeswa kantite tan nou te pase lwen wout la oswa distans kote nou echwe a, nan moman nou deside chanje a, Bondye ap ede nou retounen.20 Dapre pèspektiv Bondye, atravè repantans sensè ak efò pou nou avanse avèk fèmte nan Kris la, depi nou fin tounen sou wout la, se kòm si nou pat janm kite l.21 Sovè a peye pou peche nou yo epi Li libere nou anba efè diminisyon bonè ak benediksyon ki menase nou yo. Nan ekriti yo sa rele padon. Apre batèm, tout manm fè ti fo pa—gen nan nou ki menm tonbe—byen lwen wout la. Se poutèt sa, egzèse lafwa nan Jezikri, repanti, resevwa èd nan men L, ak jwenn padon se pa evénman ki rive yon sèl grenn fwa, men yo se yon pwosesis tout yon lavi, pwosesis ki rive souvan e ki repete. Se konsa nou “pèsevere jiska lafen.“22

Nou bezwen chwazi kiyès n ap sèvi.23 Gwosè bonè etènèl nou an depann de si nou chwazi Bondye vivan an epi nou asosye avèk Li nan travay Li a. Pandan nou ap fè efò pou “nou fè etap suivan yo“ poukont nou, n ap fè pratik sèvi avèk libabit nou kòrèkteman. Jan de ansyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a te di, nou pa ta dwe “tibebe ki bezwen atansyon ak koreksyon tout tan.“24 Non, Bondye vle pou nou gen matirite epi pou n gouvène tèt nou.

Chwazi pou n suiv plan Papa a se sèl jan nou kapab vin eritye nan wayòm ni an; se sèlman lè sa a li ka fè nou konfyans ke nou pa menm mande sa ki kontrè a volonte L.25 Men nou bezwen sonje ke “pa gen okenn moun ki pi difisil pou anseye pase yon timoun ki panse l konn tout bagay.“ Epi nou dwe dispoze pou nou resevwa enstriksyon nan fason Senyè a, nan men Senyè a ak sèvitè L yo. Nou bezwen kwè ke nou se pitit byenneme Paran Selès epi nou merite pou yo “sousye de nou“ epi gen asireans ke fè etap yo “poukont nou“ an pap janm vle di nou “poukont“ nou.26

Jan pwofèt Liv Mòmon an te di a, m ap repete:

“Se poutèt sa, fè kè nou kontan, e sonje nou lib pou nou aji pou tèt pa nou—pou nou chwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl.

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, rekonsilye nou avèk volonte Bondye, non pa avèk volonte dyab la e sonje lè nou fin rekonsilye nou avèk Bondye, se sèlman nan e pa mwayen lagras Bondye nou sove.“ 27

Kidonk, chwazi lafwa nan Kris la; chwazi repantans; chwazi pou nou batize epi resevwa Sentespri a; chwazi pou nou prepare nou ak dilijans pou nou pran sentsèn nan diyman; chwazi pou nou fè alyans nan tanp; epi chwazi pou nou sèvi Bondye vivan an ak pitit Li yo. Chwa nou yo detèmine kimoun nou ye ak kimoun nou ap vin devni.

M ap fini avèk rès benediksyon Jakòb la: “Se poutèt sa, se pou Bondye leve nou sòti … anba lanmò etènèl la avèk pouvwa ekspyasyon an, pou yo kapab resevwa nou nan wayòm etènèl Bondye a.“28 Nan non Jezikri, Amèn.