Konferans Jeneral
Yon Pwofèt Vivan pou Dènye Jou yo
Konferans jeneral avril 2023


Yon Pwofèt Vivan pou Dènye Jou yo

Pè Selès la te chwazi yon metòd pou revele verite a ak pitit li yo atravè yon pwofèt.

Lè m te yon jèn tigason, mwen te renmen Samdi paske tout sa m te fè nan jou sa a te sanble tankou yon avanti. Men, kèlkeswa sa m te fè, li te toujou anvan bagay ki te pi enpòtan nan tout la—gade tikomik nan televizyon. Yon samdi maten konsa, pandan m te kanpe bò kote televizyon an epi m t ap plede chanje chèn yo, mwen te dekouvri ke tikomik mwen t ap atann pou jwenn nan te ranplase pa yon retransmisyon konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Pandan m t ap gade televizyon an epi m t ap plenyen paske pa t gen okenn tikomik, mwen te wè yon mesye ak cheve blan ki mete yon kostim ak kòl ki te chita nan yon bèl chèz.

Te gen yon bagay diferan konsènan li, konsa, mwen te mande pi gran frè m nan, “Kiyès moun sa a ye?”

Li te di: “Sa se Prezidan David O. McKay; li se yon pwofèt.”

Mwen sonje m te santi yon bagay epi yon fason kanmenm mwen te konnen ke li se te yon pwofèt. Epi, paske mwen te yon jèn tigason ki te yon malad pou tikomik, mwen te chanje chèn nan. Men, mwen pa t janm bliye sa m te santi pandan moman kout sa a, yon moman revelasyon sanzatann. Apwopo yon pwofèt, pafwa sa sèlman pran yon ti tan pou w vin konnen.1

Paske nou konnen pa revelasyon ke gen yon pwofèt vivan sou tè a, sa vin chanje tout bagay.2 Sa lakoz yon moun ka dezenterese nan deba konsènan kilè yon pwofèt pale antanke yon pwofèt oubyen si yon moun ka janm rive jistifye tèt li pou l chwazi rejte kèk konsèy pwofetik.3 Kalite konesans sa a ki te revele a envite yon moun pou mete konfyans nan konsèy yon pwofèt vivan, menmsi nou pa fin byen konprann ni konplètman.4 Apretou, yon Papa byeneme ki nan Syèl la ki pafè te chwazi modèl pou revele verite bay pitit Li yo atravè yon pwofèt, yon moun ki pa t janm chèche yon apèl sakre konsa epi ki pa bezwen èd pa nou pou li rekonèt pwòp enpèfeksyon pa li.5 Yon pwofèt se yon moun ke Bondye pèsonèlman prepare, aple, korije, enspire, reprimande, sanktifye, ak soutni.6 Se sa k fè nou pa janm gen risk espirityèl lè n ap suiv konsèy pwofèt yo.

Mensi nou renmen l ou pa, nou tout te chwazi nan yon fason kèlkonk nan lavi premòtèl la pou nou vin fèt nan dènye jou sa yo. Gen de reyalite ki asosye avèk dènye jou yo. Premye reyalite a sèke Legliz Kris la ta pral retabli sou tè a. Dezyèm reyalite a sèke bagay yo ta pral vin vrèman difisil. Ekriti yo revele ke nan dènye jou yo pral gen “gwo lagrèl k ap vini pou detwi rekòt tè a,”7 flewo,8 “lagè ak bri lagè, epi tout tè a pral nan gwo boulvès, … epi inikite pral fè mikalaw.”9

Lè m te yon timoun, pwofesi sa yo sou dènye jou yo te konn fè m pè epi sa te lakoz mwen te konn priye pou Dezyèm Retou an pa rive pandan tan m ap viv la—avèk siksè mwen ta ka ajoute. Men kounyeya, mwen priye pou opoze a, menmsi difikilte yo anonse nan pwofesi yo gen pou yo rive kanmenm,10 paske lè Kris la retounen pou l renye, tout kreyasyon L yo pral “koube an tout sekirite.”11

Kondisyon aktyèl mond lan lakoz kèk moun panike. Antanke pitit alyans Bondye, nou pa bezwen kouri dèyè sesi sela pou nou konnen kijan pou nou navige atravè moman difisil sa yo. Nou pa bezwen pè.12 Doktrin ak prensip nou dwe suiv pou nou rive siviv espirityèlman epi pou andire fizikman yo, nou jwenn yo nan pawòl yon pwofèt vivan.13 Se poutèt sa Prezidan M. Russell Ballard te deklare ke “se pa yon bagay ki piti … pou nou gen yon pwofèt Bondye nan pami nou.”14

Prezidan Russell M. Nelson te temwaye ke “modèl Bondye te etabli depi lontan an pou anseye pitit Li yo atravè pwofèt yo asire nou ke L ap beni chak pwofèt epi l ap beni moun sa yo ki koute konsèy pwofèt yo tou.”15 Konsa, kle a se pou nou suiv pwofèt vivan an.16 Frè m ak sè m yo, kontrèman ak ansyen liv tikomik ak machin klasik yo, ansèyman pwofèt yo pa vin gen plis valè avèk laj. Se sa k fè nou pa dwe chèche itilize pawòl pwofèt tan lontan yo pou nou rejte ansèyman pwofèt ki vivan yo.17

Mwen renmen parabòl Jezikri te itilize pou ansenye prensip levanjil yo. Mwen ta renmen pataje yon parabòl sou lavi reyèl avèk nou maten sa a.

Yon jou, mwen te mache nan kafeterya syèj Legliz la pou m te pran yon ti manje a midi. Aprè m te fin pran yon plato manje, mwen te rantre nan salamanje a epi m te remake yon tab kote toulètwa manm Premye Prezidans lan te chita ansanm, ak yon chèz ki vid. Timidite mwen te lakoz ke m te fè yon detou rapid ale byen lwen tab sa a, epi, m te tande vwa pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, ki te di: “Allen, gen yon chèz vid la a. Vin chita avèk nou.” Epi mwen te fè sa.

Prèske nan fen dine a, mwen te etone lè m tande bri yon bagay yo t ap krake byen fò, epi lè m te leve tèt mwen, mwen te wè Prezidan Nelson te leve boutèy dlo plastik li a kanpe epi aprèsa li te plati l epi li te remete bouchon an.

Prezidan Dallin H. Oaks te poze kesyon m te anvi poze a: “Prezidan Nelson, poukisa w plati boutèy dlo plastik ou a?”

Li te reponn: “Sa fè l vin pi fasil pou moun k ap jere materyèl resiklaj yo paske li pa p pran anpil espas nan bwat resiklaj la.”

Pandan m t ap medite sou repons sa a, mwen te tande menm bri a ankò. Mwen te gade sou bò dwat mwen, epi Prezidan Oaks te plati boutèy dlo plastik li a menm jan ak Prezidan Nelson. Aprèsa, mwen te tande yon bri sou bò gòch mwen an, epi Prezidan Henry B. Eyring te plati boutèy dlo plastik li a tou, byenke li te adopte yon estrateji ki diferan kote li te fè l pandan boutèy la te orizontal, sa ki te pran plis efò pase lè boutèy la te kanpe dwat la. Lè l te remake sa, Prezidan Nelson te sajman montre l teknik pou l te plati boutèy la tou dwat la pou l te ka rive plati boutèy la pi fasil.

Nan pwen sa a, mwen te panche kote Prezidan Oaks epi m te mande l tou dousman, “Èske plati boutèy dlo plastik ou a se yon nouvo prensip resiklaj nan kafeterya a?”

Prezidan Oaks te reponn, avèk yon souri sou figi l: “Ebyen, Allen, ou bezwen suiv pwofèt la.”

Mwen sèten ke Prezidan Nelson pa t deklare yon nouvo doktrin baze sou resiklaj nan kafeterya a jou sa a. Men nou ka tire leson nan repons rapid18 Prezidan Oaks ak Prezidan Eyring te bay pou egzanp Prezidan Nelson nan avèk atansyon Prezidan Nelson te bay pou ede anseye moun ki te patisipe yo yon pi bon fason.19

Sa fè kèk ane, Èldè Neal A. Maxwell te pale konsènan kèk bagay li te obsève ak kèk konsèy pwofetik ki egzakteman pou epòk pa nou an.

“Nan mwa ak ane k ap vini yo, evenman yo gen anpil chans pou yo mande pou chak manm deside si wi oubyen non [li] ap suiv Premye Prezidans lan. Manm yo ap vin wè ke sa pi difisil pou yo ezite anpil tan ant de opinyon. …

“… Annou kite yon rejis pou ke chwa yo ka klè, pandan n ap kite lòt moun yo fè jan yo vle lè yo resevwa konsèy pwofèt yo. …

“Jezi te di lè pye figye a mete fèy yo, ‘ete a tou prè.’ … Konsa, yo te avèti nou ke ete a rive sou nou, annou pa plenyen pou chalè a!”20

Jenerasyon k ap grandi a ap grandi nan yon epòk kote gen plis fèy figye epi gen plis chalè. Reyalite sa a mete yon responsablite ki pi lou sou jenerasyon sa a ki deja ap grandi a, espesyalman lè l gen pou wè avèk suiv konsèy pwofèt yo. Lè paran yo neglije konsèy pwofèt vivan an, yo non sèlman pèdi benediksyon ki pwomèt pou yo yo, men, nan yon fason ki ankò pi trajik, yo anseye pitit yo ke sa yon pwofèt di ensiyifyan oubyen yo ka chwazi nan pami konsèy pwofèt yo tankou se nan yon restoran (buffet) yo ye san yo pa enkyete yo pou rezilta malnitrisyon espirityèl la.

Èldè Richard L. Evans te obsève yon fwa: “Gen kèk paran ki pa erè panse ke yo ka fè yon ti relache nan konduit yo ak obsèvans yo… ke yo ka mwens sevè prensip debaz yo san sa pa afekte fanmi yo oubyen avni fanmi yo. Men, si yon paran detounen l yon ti kras de enstriksyon yo, timoun yo gen anpil chans pou yo depase move egzanp paran sa a.”21

Antanke yon jenerasyon ki gen chaj sakre pou prepare jenerasyon k ap grandi a pou wòl ki pwofetize sou li a nan dènye jou yo,22 yon wòl ki dwe ranpli nan yon epòk kote advèsè a nan nivo ki pi puisan nan enfliyans li,23 nou pa ka yon sous konfizyon sou enpòtans pou suiv konsèy pwofèt yo. Se konsèy sa yo menm ki pral pèmèt jenerasyon k ap grandi a wè “enmi an pandan [li] lwen toujou; epi aprèsa [yo ka vin] prepare” pou reziste anba atak enmi an.24 Ti devyasyon ki sanble tou piti nou yo, neglijans diskrè nou yo, oubyen kritik nou chichote an repons a konsèy pwofèt yo ka lakoz ke nou sèlman ap mache danjerezman tou pre rebò chemen alyans lan; men, lè yo mayifye pa advèsè a nan lavi jenerasyon k ap grandi a, aksyon sa yo ka enfliyanse yo pou yo kite chemen sa a nèt ale. Yon kalite rezilta konsa se yon pri ki twò wo pou jenerasyon k ap grandi a.25

Gen kèk nan nou ki petèt santi ke nou pa fè ase efò pou nou suiv konsèy Prezidan Russell M. Nelson an. Si se konsa sa ye, ebyen, repanti, kòmanse suiv konsèy pwofèt Bondye chwazi a ankò. Mete distraksyon tikomik anfanten sa yo sou kote epi mete konfyans nou nan moun Senyè a wen an. Rejwi paske yon lòt fwa ankò “gen yon pwofèt nan Izrayèl.”26

Menm si w pa sèten, mwen temwanye ke nou ka reziste anba chalè dènye jou yo epi nou ka menm rive pwospere ladan l. Nou se Sen dènye jou, epi jou sa yo se gwo jou. Nou pa t ka tann pou nou te vin sou tè a nan epòk sa a, paske nou te gen konfyans ke yo pa t ap kite nou bite lè n ap konfwonte pa bwouya nwasè ak konfizyon advèsè a yo27 men pito nou t ap ka suiv konsèy ak enstriksyon nan men moun ki patikilyèman otorize pou di noumenm ansanm ak tout mond lan, “Se konsa, Senyè Bondye a di.”28 Nan non sakre pwofèt Bondye te leve a, Sen Izrayèl la,29 ki se Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Prezidan Russell M. Nelson dènyèman an te envite etidyan nan Inivèsite Brigham Young yo pou yo te fè menm eksperyans revelasyon pèsonèl la: “Mande Papa nou ki nan Syèl la si nou vrèman se apot ak pwofèt Senyè a. Mande si nou te resevwa revelasyon sou sa a ak sou lòt bagay yo” (“Lanmou ak Lalwa Bondye a” [Devosyon Inivèsite Brigham Young, 17 Septanm 2019], speeches.byu.edu). Gade tou Neil L Andersen, “Pwofèt Bondye a,” Lyawona, Me 2018, 26-27: “Nou gen privilèj kòm Sen Dènye Jou yo pou resevwa yon temwayaj pèsonèl ke Prezidan Nelson aple pa Bondye.” Istwa konvèsyon Alma a, ki te rive fèt paske li te koute pwofèt Abinadi a, bay plis prèv ke revelasyon konsènan yon pwofèt disponib pou nou tout (gade Mozya 13:5; 17:2).

  2. “Se oubyen nou gen yon pwofèt oubyen nou pa gen anyen menm; epi genyen yon pwofèt, vle di ke nou gen tout bagay” (Gordon B. Hinckley, “Nou Remèsye W, O Bondye, pou yon Pwofèt,” Ensign, Jan. 1974, 122).

  3. “Yo te kòmanse pa kwè nan lespri pwofesi ak nan lespri revelasyon; epi jijman Bondye t ap fikse yo gade yo nan je” (Elaman 4:23; gade tou Doktrin ak Alyans 11:25). “Nou chante epi nou te fè sa toutan, ‘Nou remèsye W, O Bondye, pou yon Pwofèt k ap gide nou nan dènye jou sa yo.’ Gen yon gwo kantite moun ki [ta dwe] mete yon pòs sou sa epi di: ‘Li prevwa gide nou pou satisfè pwòp kapris nou ak pwòp dezi nou yo’” (Ansèyman Prezidan Legliz yo: Heber J. Grant [2002], 80).

  4. “Pafwa n ap resevwa konsèy ke nou pa ka konprann oubyen ki sanble pa aplike avèk nou, menm aprè lapriyè ak panse ki sensè. Pa jete konsèy la, men kenbe l touprè nou. Si yon moun ou te fè konfyans pote ba ou yon bagay ki ta vle sanble plis pase sab tandiske li gen pwomès ki vo lò ladan l, ou ta ka petèt kenbe l nan men w pou yon ti tan, souke li avèk jantiyès. Chak fwa mwen te fè sa avèk konsèy ki soti nan men yon pwofèt, aprè yon tan plak lò yo te kòmanse parèt epi mwen te rekonesan” (Henry B. Eyring, “Jwenn Sekirite nan Konsèy yo,” Ensign, 26 Me 1997; gade tou 3 Nefi 1:13; Doktrin ak Alyans 1:14.

  5. Gade 2 Nefi 4:17-18. Pa kondane m poutèt enpèfeksyon m, ni papa m tou, poutèt enpèfeksyon l, … ni moun ki te ekri anvan m yo tou; men okontrè bay Bondye remèsiman poutèt li te fè nou konnen enpèfeksyon nou pou nou kapab aprann vin pi saj pase jan nou te ye” (Mormon 9:31.

  6. Gade Doktrin ak Alyans 3:6-8; gade tou Doktrin ak Alyans 93:47.

  7. Doktrin ak Alyans 29:16.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 84:97; gade tou Doktrin ak Alyans 87:6.

  9. Doktrin ak Alyans 45:26–27.

  10. Gade Doktrin ak Alyans 1:38.

  11. Oze 2:18. “Paske m pral revele tèt mwen depi nan syèl la avèk pouvwa epi gwo laglwa, avèk tout lame syèl yo, pou m rete nan lajistis avèk lèzòm sou tè a pandan mil ane, epi mechan yo p ap kapab kanpe” (Doktrin ak Alyans 29:11).

  12. Gade 1 Nefi 22:16–17; gade tou Doktrin ak Alyans 59:23.

  13. “Epi, se konsa, yo te rejte pawòl pwofèt yo. Se poutèt sa, si papa m ta rete nan peyi a apre yo fin resevwa lòd pou l kouri kite peyi a, gade, li t ap peri” (1 Nefi 3:18; gade tou 2 Nefi 26:3; Doktrin ak Alyans 90:5).

  14. M. Russell Ballard, “Pawòl Li Nou Dwe Resevwa,” Lyawona, Jiyè 2001, 65.

  15. Russell M. Nelson, “Mande, Chèche, Frape,” Lyawona, Nov. 2009, 82. “Pèsonn pa ka gen plis kè kontan pase lè yo obeyi konsèy pwofèt vivan an” (Ansèyman Lorenzo Snow, ed. Clyde J. Williams [1996], 86).

  16. “Fikse je w sou moun ki prezide nan Legliz la jodi a, oubyen demen, epi modle lavi w sou yo olye pou ou depann sou kijan pwofèt ansyen yo te sanble oubyen panse oswa yo te pale” (Ansèyman Harold B. Lee [1996], 525).

  17. Prezidan Spencer W. Kimball yon fwa te obsève ke “moun ki dekore tonm pwofèt ki mouri yo kòmanse kounyeya pa lapide ak wòch pwofèt ki vivan yo” (Ansèyman Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball [1982], 462). “Mo ki pi enpòtan nou ka tande, medite, epi suiv yo se mo sa yo ki revele atravè pwofèt vivan nou an” (Ronald A. Rasband, “Bagay Nanm Mwen yo,” Lyawona, Nov. 2021, 40).

  18. “Lè nou tande konsèy Senyè a te eksprime atravè pawòl Prezidan Legliz la, repons nou an ta dwe pozitif ak rapid” (M. Russell Ballard, Nou Pral Resevwa Pawòl Li,” Liahona, Jiyè 2001, 65).

  19. “Legliz Jezikri a te toujou dirije pa pwofèt ak apot vivan. Byenke yo se mòtèl epi yo sijè ak enpèfeksyon antanke imen, sèvitè Senyè yo enspire pou ede nou evite obstak ki espirityèlman menase lavi nou ak pou ede nou travèse mòtalite a an sekirite pou n ka ale nan destinasyon selès final nou an” (M. Russell Ballard, “Bondye Alat↕t,” Liahona, Nov. 2015, 24).

  20. Neal A. Maxwell, “Yon Disip Ki Pi Byen Detèmine,” Ensign, Fev. 1979, 69, 70.

  21. Richard L. Evans, “Fondasyon yon Kay ki gen Lajwa,” nan Conference Report, Okt. 1964, 135–36.

  22. Gade Doktrin ak Alyans 123:11gade tou Robert D. Hales, “Devwa nou anvè Bondye: Misyon Paran yo ak Dirijan yo ak Jenerasyon k ap grandi an,” Lyawona, Me 2010, 95–98.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 52:14.

  24. Doktrin ak Alyans 101:54.

  25. Gade Mozya 26:1–4.

  26. 2 Wa 5:8.

  27. “Ou dwe koute tout pawòl li yo ak kòmandman li dwe ba nou yo jan l resevwa yo an, … pandan n ap fè bagay sa yo … Senyè Bondye a pral dispèse pouvwa fènwa devan nou, epi li pral fè syèl la souke pou byen nou, ak pou laglwa non li” (Doktrin ak Alyans 21:4, 6. “Pa janm gen pèsonn ki te suiv ansèyman yo oubyen ki te pran konsèy oubyen rekòmandasyon nan men moun ki kanpe kòm reprezantan Senyè a pa janm pèdi” (Doktrin Sali a: Diskou ak Ekri Joseph Fielding Smith, ed. Bruce R. McConkie [1998], 243).

  28. Ezekyèl 3:27. “Paske, nou pral resevwa pawòl li, kòm si li te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa” (Doktrin ak Alyans 21:5.

  29. Gade 1 Nefi 22:20–21; gade tou 3 Nefi 20:23.