Travay Tanp ak Istwa Familyal la—Yon Sèl e Menm Travay la
Youn nan objetif prensipal nan plan Papa nou ki nan Syèl la se ini fanmi yo nan lavi sa a ak pou tout letènitè.
Mwen vrèman rekonesan pou konstriksyon tanp yo k ap kontinye san rete nan “dispensasyon plenitid tan sa a” (Doktrin ak Alyans 128:18. Depi premye jou Retablisman yo, Sen fidèl yo te konn fè anpil sakrifis pou yo te resevwa òdonans ak alyans tanp yo. Pandan n ap suiv bèl egzanp yo an, an 1975, aprè anpil sakrifis ekonomik pou vwayaje soti depi Mexico City, madanm byenneme mwen, Evelia, avèk mwen, akonpanye pa chè paran nou yo, nou te sele kòm mari ak madanm etènèl nan Tanp Mesa Arizona a. Jou sa a, pandan nou t ap ini pa otorite prètriz la nan kay Senyè a, nou te vrèman fè eksperyans yon apèsi sou syèl la.
Travay ak Objektif Tanp yo
Eksperyans sa a te pèmèt mwen pi plis apresye kòman, aprè twazan travay di ak gwo sakrifis, Sen nan Kirtland, Ohio yo te finalman fini bèl tanp yo a nan prentan 1636—premye tanp nan dispansasyon sa a. Nan mwa Mas nan menm lane a, plis pase mil moun te rasanble nan tanp lan ak nan pòt antre l yo pou sèvis konsekrasyon an. Pwofèt Joseph Smith te kanpe pou l te ofri priyè konsekrasyon an, ke l te resevwa pa revelasyon (gade nan Doktrin ak Alyans 109). Ladan l yo te dekri anpil nan benediksyon ekstraòdinè ki devèse sou moun ki diy pou rantre nan tanp Senyè a yo. Apresa, koral la te chante kantik “L’esprit du Dieu Saint” an epi kongregasyon an te kanpe epi yo te pouse kri Ozana a “avèk sitèlman anpil [fòs ke l te] sanble … tankou yo t ap leve plafon edifis la” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 307).
Yon semèn aprè, Pwofèt la te dekri aparisyon Senyè a nan tanp lan. li te di:
“Se poutèt sa, m aksepte kay sa a, epi non mwen ap la; epi m ap manifeste tèt mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd nan kay sa a. …
Epi non kay sa a pral gaye nan peyi etranje; epi se kòmansman benediksyon ki pral tonbe sou tèt pèp mwen an. Se konsa sa ye. Amèn. (Doktrin ak Alyans 110:7, 10).
Aprè vizyon sa a ak lòt vizyon, Eli, pwofèt la, yo te pran monte nan syèl la san l pa t goute lanmò a, te parèt devan Pwofèt Joseph Smith ak Oliver Cowdery epi l te di:
“Gade, lè a totalman rive, lè Malachi te pale a—ki te temwaye ke Bondye t ap voye [Eli pwofèt la], anvan gran jou terib Senyè a rive—
“Pou retounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou zansèt yo, pou tout tè a pa frape avèk yon malediksyon—
“Se poutèt sa, m remèt kle dispansasyon sa a nan men nou; epi konsa n ap konnen gran jou tèrib Senyè a pwòch, li nan pòt la menm.” (Doktrin ak Alyans 110:14–16).
Tanp ak Istwa Familyal
Aprè Senyè a te fin retabli kle sèlman yo bay Joseph Smith, travay sali a nan de bò vwal la te kòmanse nan dispansasyon pa nou an (gade nan 1 Korentyen 15:22, 29; Doktrin ak Alyans 128:8–18).
Prezidan Boyd K. Packer te ansenye ke “Evenman remakab sa a te pase inapèsi pou mond lan, men li t ap pral gen gwo enfliyans sou destine chak nanm k ap jamè viv oubyen ki pral viv. Bagay yo te kòmanse rive tou dousman. Legliz la te vin konsantre l sou konstwi tanp.
“Nan mond lan, tanzantan nou te wè bagay ki parèt isit oubyen lòt bò, nan yon fason nou te panse ki te spontane, moun yo ak òganizasyon yo ansanm ak asosyasyon yo te vin enterese nan fè jeneyaloji. Tout bagay sa yo te dewoule apre lè Eli te fin parèt nan tanp Kirtland lan” (Sen Tanp lan [1980], 141).
“Apati jou sa a menm, 3 Avril 1836, kè pitit yo te kòmanse retounen vè papa yo. Depi lè sa a òdonans yo pa t pwovizwa, men yo te pèmanan. Pouvwa sèlman an te avèk nou. Pa gen otorizasyon ki ka depase l nan valè li. Pouvwa sa a bay fondman ak karaktè etènèl a tout òdonans ki akonpli avèk bon jan otorite a pou ni vivan yo ni mò yo” (Prepare pou Antre nan Tanp Sakre a [2002], 27–28).
Chè frè m ak sè m yo, konstriksyon ak itilizasyon kòrèk tanp yo nan kèlkeswa dispansasyon an se te yon siy konsènan vrè Legliz Jezikri a. Aprè konsekrasyon Tanp Salt Lake City a an 1893, Prezidan Wilford Woodruff te ankouraje manm yo nan Legliz la pou yo te chèche jwenn rejis zansèt yo epi pou yo te ekri jeneyaloji yo pandan yo t ap remonte osi lwen ke sa te posib pou yo te ka pote non yo nan tanp lan epi pou fè òdonans sali ak egzaltasyon yo pou yo (gade Enseignements des Présidents de l’Église: Wilford Woodruff [2004], 174).
Travay Tanp ak Istwa Familyal la—Yon Sèl Travay
Yon ane aprè (1894), menm Prezidan Woodruff sa a te sipèvize kreyasyon Sosyete Jeneyaloji Utah a. Yon santèn ane aprè, an 1994, Èldè Russell M. Nelson, ki te yon manm nan kolèj Douz Apot yo lè sa a te di, “Evenman yo nan ane istorik sa a te etabli rechèch istwa familyal la ak sèvis nan tanp lan antanke yon sèl travay nan Legliz la” (“Espri Eli a,” Ensign, Nov. 1994, 85).
Travay Istwa Familyal
Chè frè m ak sè m yo, Senyè a ankouraje nou antanke manm Legliz li a pou nou prezève pwòp istwa familyal nou, pou nou aprann nan men zansèt nou yo, epi pou nou fè aranjman ki nesesè pou yo ka resevwa òdonans levanjil yo nan tanp pou ede yo pwogrese sou chemen alyans lan, ki pral beni yo avèk yon fanmi etènèl. Sa se atansyon prensipal plan Papa nou ki nan Syèl la: ini fanmi yo pou lavi sa a ak pou letènitè.
Pou sila nan pami nou yo ki pa santi yo an mezi pou fè travay sa a, nou dwe konnen ke nou pa poukont nou. Nou tout kapab itilize zouti Legliz la prepare yo ke n ap jwenn nan sant FamilySearch yo, ke nou rekonèt kòm sant istwa familyal yo. Sant FamilySearch sa yo te kreye yon fason pou prèske tout moun, avèk yon ti èd, kapab jwenn enfòmasyon sou zansèt yo epi òganize l byen pou yo ka pote l nan kay Senyè a. Tanpri kontakte konsiltan istwa familyal ki nan pawas ou a oubyen branch ou a, ki pral gide nou nan chak etap sou chemen an.
Pandan n ap suiv enstriksyon pwofèt yo epi aprann kòman pou nou fè istwa familyal nou epi akonpli òdonans tanp yo pou zansèt nou yo, n apral fè eksperyans gwo lajwa nan yon pwen ke nou pa pral vle kanpe. Nou pral santi Lespri a byen fò nan kè nou, l ap reveye kapasite nou pou nou fè sa, epi l ap gide nou pandan n ap chèche non zansèt nou yo. Men annou sonje ke istwa familyal la se plis pase jis chèche non yo, dat yo, ak lye yo. Li se pou ini fanmi yo ak pou nou ka santi lajwa n ap resevwa lè nou pote òdonans levanjil yo ba yo.
Mwen renmen ansèyman enspire pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, ki te di: “Tanp lan sitiye nan sant ranfòsman lafwa nou ak kouraj espirityèl pa nou paske Sovè a ak doktrin Li a se egzakteman kè tanp lan menm. Tout sa yo anseye nan tanp lan, atravè enstriksyon e atravè Lespri a, ogmante konpreyansyon nou sou Jezikri. òdonans esansyèl Li yo liye nou avèk Li atravè alyans prètriz sakre yo. Konsa, pandan n ap kenbe alyans yo, Li dote nou avèk pouvwa gerizon ak pouvwa fòtifyan Li a” (“Tanp lan ak Fondasyon Espirityèl Nou an,” Lyawona, Nov. 2021, 93–94).
Asireman, travay tanp ak istwa familyal la se yon sèl e menm travay la nan Legliz la.
Mwen temwanye konsènan verite sa yo. Mwen konnen ke sa a se Legliz Senyè a, Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou an, limenm ke n ap sonje epi venere pandan epòk Pak sa a. Mwen konnen ke Li vivan, epi sinou respekte alyans nou yo epi nou mete konfyans nou nan Li, L ap dote nou avèk pouvwa gerisè ak fòtifyan Li. Nan non Jezikri, amèn.