“Rete nan Mwen, e Mwen nan Ou; Se Poutèt sa, Mache avèk Mwen”
Epi mwen temwaye ke pwomès Sovè a pou demere nan nou an se verite epi li disponib pou chak manm k ap kenbe alyans nan Legliz retabli L la.
Ansyen pwofèt Enòk, ke yo dekri nan Ansyen Testaman an, nan Doktrin ak Alyans, ak nan Pèl Gran Pri a,1 te enstrimantal nan etabli vil Siyon an.
Istwa biblik apèl Enòk pou l sèvi a endike ke “li tande yon vwa soti nan syèl la, li te di: Enòk, pitit gason m nan, pwofetize devan pèp sa a, epi di yo—Repanti, … paske kè yo vin di, epi zòrèy yo bouche pou yo pa tande, epi je yo pa kapab wè lwen.”2
“Epi lè Enòk te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan Senyè a, li te di: Poukisa m jwenn favè devan ou, epi m se sèlman yon timoun epi tout pèp la rayi m; paske m pale dousman; epi m se sèvitè ou?”3
Tanpri, remake ke nan moman apèl Enòk pou l sèvi a, li te vin pran konsyans de enkapasite l ak limitasyon pèsonèl li. Epi, mwen sispèk ke nou tout nan yon moman oswa yon lòt nan sèvis nou nan Legliz la konn santi nou tankou Enòk. Men, mwen kwè ke repons Senyè a siplikasyon Enòk la enstriktif epi li aplike pou nou chak jodi a.
“Epi Senyè a te di Enòk: ale epi fè jan m kòmande ou, epi pèsonn p ap kapab pèse w. Louvri bouch ou, epi l ap ranpli, epi m ap ba w enspirasyon. …
“Gade, Lespri m sou ou, se sa ki fè, m ap jistifye tout pawòl ou; epi mòn yo pral kouri devan w, epi rivyè yo pral detounen nan chemen yo; epi ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou menm; se poutèt sa, mache avèk mwen.”4
Finalman, Enòk te vin yon pwofèt puisan e li te yon zouti nan men Bondye pou akonpli yon gwo travay, men li pa t kòmanse ministè l la konsa! Okontrè, kapasite li te vin mayifye avèk letan pandan l t ap aprann demere epi mache avèk Pitit Gason Bondye a.
Mwen priye sensèman pou èd Sentespri a pandan ansanm n ap konsidere konsèy Senyè a te bay Enòk la ak kisa sa ka vledi pou oumenm avèk mwen jodi a.
W ap Demere nan Mwen
Senyè Jezikri lanse bay nou chak envitasyon pou demere nan Li.5 Men, kijan nou aktyèlman aprann epi vin demere nan Li?
Mo demere a endike rete fiks oubyen estab ak andire san nou pa flechi. Èldè Jeffrey R. Holland te eksplike ke “demere” kòm yon aksyon vledi “[pou] rete—men [pou] rete pou tout tan.’ Sa se apèl mesaj levanjil la pou … tout moun … nan mond lan. Vini, men vini pou w rete. Vini avèk konviksyon ak pèseverans. Vini definitivman, pou byennèt ou ak byennèt tout jenerasyon ki dwe suiv ou yo.”6 Konsa, nou demere nan Kris la lè nou fèm ak inebranlab nan devosyon nou pou Redanmtè a ak objektif sakre L yo, nan bon ak nan move moman.7
Nou kòmanse demere nan Senyè a lè nou egzèse libète moral nou pou nou pran jouk Li sou nou8 atravè alyans ak òdonans levanjil retabli yo. Koneksyon alyans nou genyen avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason resisite L la se sous selès pèspektiv, espwa, pouvwa, lapè, ak lajwa dirab; li se fondasyon wòch-solid9 sou ki nou ta dwe bati lavi nou an tou.
Nou demere nan Li lè nou fè tout efò pou nou ranfòse lyen alyans endividyèl nou avèk Papa a ak Pitit Gason an. Pa egzanp, priye Papa Etènèl la sensèman nan non Pitit Gason Byeneme L la apwofondi ak fòtifye koneksyon alyans nou avèk Yo.
Nou demere nan Li lè nou vrèman fè festen avèk pawòl Kris la. Doktrin Sovè a atire nou, antanke pitit alyans lan, pi pre Li10 epi l ap di nou tout sa nou ta dwe fè.11
Nou demere nan Li lè nou prepare nou sensèman pou n patisipe nan òdonans sentsèn nan, lè nou revize ak reflechi sou pwomès alyans nou yo epi nou repanti sensèman. Patisipe diyman nan sentsèn nan se yon temwayaj pou Bondye ke nou dispoze pran non Jezikri epi fè efò pou nou “toujou sonje li”12 apre brèf peryòd tan ki nesesè pou nou patisipe nan òdonans sakre sa a.
Epi nou demere nan Li lè nou sèvi Bondye pandan n ap sèvi Pitit Li yo ak sèvi frè ak sè nou yo.13
Sovè a te di: “Si w obeyi kòmandman m yo, w ap demere nan amou mwen; menmjan m te obeyi kòmandman Papa m yo, epi m demere nan amou Li a.”14
Mwen sot briyèvman dekri plizyè nan fason Sovè a ka demere nan oumenm avèk mwen. Epi kounyeya, mwen envite nou chak kòm disip Li pou nou mande, chèche, frape, epi aprann pa pouvwa Sentespri a lòt fason siyifikatif nou ka fè Kris la vin sant lavi nou nan tout sa n ap fè.
E Mwen nan Ou
Pwomès Sovè a fè disip Li yo doub: si nou demere nan Li, L ap demere nan nou. Men, èske li vrèman posib pou Kris la demere nan oumenm avèk mwen—endividyèlman e pèsonèlman? Repons pou kesyon sa a se yon “wi” retantisan!
Nan Liv Mòmon an, nou aprann apwopo Alma ki t ap anseye ak temwaye bay pòv yo ke afliksyon yo te oblije yo vin enb yo. Nan enstriksyon l la, li te konpare pawòl la avèk yon semans ki dwe plante ak nouri, epi li te dekri “pawòl la” kòm lavi, misyon, ak sakrifis ekspyatwa Jezikri a.
Alma te di, “Kòmanse kwè nan Pitit Gason Bondye a, kwè li gen pou l vin rachte pèp li a, li gen pou l soufri epi pou l mouri pou l kapab ekspye pou peche yo; epi li gen pou l leve ankò nan pami mò yo, se sa ki pral reyalize rezirèksyon an; tout moun gen pou yo kanpe devan l nan dènye jou jijman an pou l jije yo daprè zèv yo.”15
Etandone deskripsyon sa a Alma bay sou “pawòl la”, tanpri konsidere koneksyon enspiran li idantifye apresa a.
“Epi kounyeya, frè m yo, m vle pou nou plante pawòl sa nan kè nou, epi lè l kòmanse grandi, nouri l avèk lafwa nou. Epi gade, l ap vin tounen yon pyebwa, k ap grandi nan nou jis nan lavi etènèl. M mande Bondye pou l fè chay nou yo kapab vin lejè nan lajwa Pitit Gason L la. Epi nou kapab fè tout bagay sa yo si nou vle.”16
Semans nou ta dwe fè efò pou nou plante nan kè nou an se pawòl la—menm lavi, misyon, ak doktrin Jezikri a. Epi si pawòl la nouri pa lafwa li kapab vin yon pyebwa k ap grandi nan nou rive jis nan lavi etènèl.17
Kisa senbòl pyebwa a ki te nan vizyon Leyi a ye? Nou ka konsidere pyebwa a kòm yon reprezantasyon Jezikri.18
Frè ak sè byeneme m yo, èske Pawòl la nan nou? Èske verite levanjil Sovè a ekri sou tab lachè kè nou?19 Èske nou vini jwenn Li epi gradyèlman vin pi plis tankou Li? Èske pyebwa Kris la ap grandi nan nou? Èske nou fè efò pou nou vin “nouvo [kreyati]”20 nan Li?21
Petèt, potansyèl mirakile sa a te enspire Alma pou l te mande: “Èske nou fèt espirityèlman nan Bondye? Èske nou gen imaj li nan figi nou? Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”22
Nou ta dwe toujou sonje enstriksyon Senyè a te bay Enòk la: “Ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou.”23 Epi mwen temwaye ke pwomès Sovè a pou demere nan nou an se verite epi li disponib pou chak manm k ap kenbe alyans nan Legliz retabli L la.
Se poutèt sa; Mache avèk Mwen.
Apot Pòl te egzòte kwayan yo ki te resevwa Senyè a: “Konsa, mache nan Li.”24
Mache nan epi avèk Sovè a mete aksan sou de aspè enpòtan nan lavi disip nou: 1) obeyi kòmandman Bondye yo, epi 2) sonje ak onore alyans sakre ki konekte nou avèk Papa a ak Pitit Gason an.
Jan te deklare:
“Epi, nou konnen ke nou konnen Li, si nou respekte kòmandman L yo.
“Moun ki di, mwen konnen l, epi l pa respekte kòmandman l yo, se yon mantè, epi verite a pa nan li.
“Men, moun ki kenbe pawòl li, nan li an verite gen lanmou pafè Bondye: se konsa nou ka konnen ke nou nan li.
“Moun ki di ke li rete nan li a ta dwe ”limenm tou mache avèk li, menm jan li te mache a.25
Jezi sipliye nou chak, “Vini, suiv Mwen”26 epi “mache avèk Mwen.”27
Mwen temwaye ke si nou avanse nan lafwa epi nou mache nan imilite lespri Senyè a,28 n ap beni avèk pouvwa, gidans, pwoteksyon, ak lapè.
Temwayaj ak Pwomès
Alma dekri yon siplikasyon plen lanmou Senyè a pou tout kretyen vivan:
“Gade, li voye yon envitasyon bay tout moun, paske ponyèt mizèrikòd li lonje pou yo, epi li di: Si nou repanti m ap resevwa nou.
“… Wi, li di: vin jwenn mwen e n ap manje nan fwi pyebwa ki bay lavi a; wi, n ap manje e n ap bwè nan pen ak dlo ki bay lavi a gratis,”29
Mwen mete aksan sou karaktè absoliman angloban siplikasyon Sovè a. Avèk gras Li ak mizèrikòd Li, Li anvi beni chak grenn moun ki vivan kounyea, ki te janm viv, epi ki ap gen pou viv sou tè a.
Kèk manm nan Legliz la aksepte kòm verite doktrin, prensip, ak temwayaj nou bay tout tan sou chè sa a nan Sant Konferans lan ak nan kongregasyon lokal yo atravè mond lan—men yo petèt toujou ap lite pou yo kwè ke verite etènèl sa yo aplike espesyalman a lavi yo ak sikonstans pa yo. Yo kwè sensèman epi yo sèvi ak tout kè yo, men koneksyon alyans yo avèk Papa a ak Pitit Gason Redanmtè L la poko vin yon reyalite vivan ak transfòman nan lavi yo.
Mwen pwomèt ke, pa pouvwa Sentespri a, ou ka konnen ak santi ke verite levanjil mwen te eseye dekri yo se pou ou—pou oumenm endividyèlman ak pèsonèlman.
Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè ak Redanmtè eman ak vivan nou. Si nou demere nan Li, L ap demere nan nou.30 Epi pandan n ap mache nan Li epi avèk Li, n ap beni pou n pote anpil fwi. Mwen temwaye konsa, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.