Konferans Jeneral
Jezikri se Fòs Paran yo
Konferans jeneral avril 2023


Jezikri se Fòs Paran yo

Ede pitit ou yo bati lafwa nan Jezikri, renmen levanjil Li a ak Legliz Li a, epi prepare pou tout lavi pou yo fè chwa ki jis.

Yon lè, yon papa t ap prepare pou l t ale nan yon reyinyon episkopa yon jou swa. Pitit fi l la ki te gen katran te vin kanpe devan l, abiye avèk pijama epi l te gen yon liv Istwa Liv Mòmon yonan men l.

Tifi a te mande “Poukisa w oblije al nan yon reyinyon?”

Papa a te reponn, “Paske m se yon konseye nan episkopa a.”

Pitit fi lla pwoteste, “Men, ou se papa m.”

Li te ajenou devan pitit la. Li te di “Ti cheri, m konnen ou vle pou m li pou ou epi ede w al dòmi, men, aswè a m bezwen ede evèk la.”

Piti fi a te reponn, “Èske evèk la pa gen yon papa pou ede l al dòmi?”

Nou etènèlman rekonesan pou kantite enfini nan pami manm yo k ap sèvi avèk dilijans nan Legliz Jezikri a chak jou. Sakrifis nou an reyèlman sakre.

Men, jan tifi sa a sanble l konprann nan, gen yon bagay ki egalman sakre—yon bagay iranplasab—konsènan yon paran k ap eleve yon timoun. Li reflete modèl syèl la.1 Papa nou ki nan syèl la, Paran Diven nou an, asireman rejwi lè paran sou latè yo anseye ak elve pitit Li yo.2

Paran, mèsi pou tout bagay n ap fè pou eleve pitit nou yo. Epi timoun yo, mèsi pou tout bagay n ap fè pou eleve paran nouyo, paske, kòm tout paran konnen, nou souvan aprann otan nan men pitit nou yo sou lafwa, esperans, ak lacharite pandan y ap aprann nan men nou!3

Paran yo gen yon Devwa Sakre

Èske nou pa janm panse a risk ekstraòdinè Papa nou ki nan Syèl la pran chak fwa Li voye yon pitit sou tè a? Pitit sa yo, se pitit gason ak pitit fi espri Li. Potansyèl yo san limit. Yo destine pou yo vin tounen èt glorye ki plen bonte, gras, ak verite. Epoutan, yo vin sou tè a konplètman enpuisan, yo pa ka prèske fè anyen eksepte apèn kriye pou èd. Souvni tan yo te pase nan prezans Bondye a kouvri avèk yon vwal, ansanm avèk konesans konsènan kiyès yo reyèlman ye ak kiyès yo ka vin tounen. Yo fòme konpreyansyon yo de lavi a, de lanmou, de Bondye, ak plan L la baze sou sa yo obsève nan moun ki bò kote yo—espesyalman paran yo, ki, onètman, ap kontiny eseye figire lavi a pou tèt pa yo.

Imaj
Yon tibebe ki fèk fèt

Bondye bay paran yo “devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak jistis, pou satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo, epi pou anseye yo … pou yo obsève kòmandman Bondye yo”4

Sa ase pou kenbe menm paran ki pi bon yo reveye lannuit.

Mesaj mwen pou tout paran yo, se sa a:

Senyè a renmen nou.

Li avèk nou.

Li kanpe bòkote nou.

Li se fòs nou lè n ap gide pitit nou yo pou yo fè chwa ki jis.

Aksepte privilèj ak responsablite sa a avèk kouraj ak lajwa. Pa eseye pase sous benediksyon selès sa a bay okenn lòt moun. Nan kad valè ak prensip levanjil yo, ou gen responsablite devan Bondye pou w gide pitit ou nan detay lavi kotidyèn yo. Ede pitit ou yo bati lafwa nan Jezikri, renmen levanjil Li a ak Legliz Li a, epi prepare pou tout lavi pou yo fè chwa ki jis. An efè, se plan Bondye pou paran yo.

Satan pral opoze w, distrè w, eseye dekouraje w.

Men, chak timoun resevwa Limyè Kris la kòm yon liy dirèk avèk syèl la. Epi, Sovè a ap ede w, gide w, ak ankouraje w. Chèche èd Li Mande Senyè a!

Imaj
Senyè a, Jezikri

Menm jan Jezikri se fòs jèn yo, Jezikri se fòs paran yo tou.

Li Agrandi Lanmou

Kèkfwa, nou ta ka mande tèt nou si yon lòt moun pa ta pi byen kalifye pou gide ak anseye pitit nou yo. Men, kèlkeswa jan ou santi ou pa alawotè, ou gen yon bagay unique ki kalifye w:

Lanmou yon paran pou yon pitit se yonn nan fòs ki pi solid nan linivè a. Se yonn nan kèk bagay sou latè ki ka reyèlman etènèl.

Kounyea, petèt ou santi ke relasyon w avèk pitit ou a mwens pase ideal. Se la a pouvwa Sovè a vini. Li geri malad, epi L ka geri relasyon. Li miltipliye pen ak pwason, epi Li ka miltipliye amou ak lajwa nan fwaye ou.

Amou w pou pitit ou yo kreye yon anviwònman ki rich pou anseye laverite ak bati lafwa. Fè fwaye w tounen yon kay lapriyè, yon kay apranntisaj, ak yon kay lafwa; yon kay pou eksperyans ki bay lajwa; yon lye apatenans; yon kay Bondye.5 Epi “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou [nou] kapab chaje avèk lanmou [L], Li [devèse] sou … disip Pitit Gason Li a, Jezikri.”6

Li agrandi Efò ki Piti ak Senp yo

Yon lòt fòs ou genyen, kòm yon paran, se opòtinite pou w gen enfliyans chak jou. Enfliyans kanmarad, pwofesè, ak entènèt yo ale vini. Men, ou ka enfliyans ki pi konstan ak pi regilye a nan lavi pitit ou a.

Efò w ka sanble l piti an konparezon avèk vwa fò pitit ou yo tande nan mond lan. Kèkfwa, ou ka santi ou p ap akonpli anyen. Men, sonje “atravè bagay ki piti, Senyè a ka akonpli gran bagay.”7 Yon sware familyal, yon konvèsasyon levanjil, oubyen yon bon egzanp gen dwa pa ka chanje pitit ou a nan yon moman, pa plis ke yon gout lapli ka koze yon plant grandi imedyatman. Men, konsistans nan bagay pitit ak senp yo, jou apre jou, nouri pitit ou yo pibyen pase delij okazyonèl.8

Sa se Fason Senyè a. Li pale avèk ou ak pitit ou a avèk yon ti vwa dousman, ki pa yon vwa loray.9 Li te geri Naaman non pa atravè “yon gran bagay” men, atravè senp aksyon lavaj repete.10 Pitit Izrayèl yo te rejwi nan fèt manje poul la nan dezè a, men, sa k te kenbe yo vivan sete ti mirak senp lamán nan—pen kotidyen yo a.11

Frè m ak sè m yo, pen kotidyen pi byen prepare ak pi byen sèvi lakay nou. Lafwa ak temwayaj pi byen ankouraje nan fason nònal ak natirèl, yon bouche alafwa, nan ti moman ki senp, nan flo konstan lavi jounalye kotidyèn nan.12

Chak moman se yon moman pou anseye. Chak pawòl ak aksyon kapab yon gid pou fè chwa.13

Ou ka pa wè efè imedyat efò w yo. Men, pa lage. Senyè a di “Tout bagay dwe rive nan tan pa yo.” “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske [n ap] poze fondasyon yon gwo travay.”14 Ki travay ki ta ka pi gran pase ede pitit presye Bondye yo aprann kiyès yo reyèlman ye ak bati temwayaj yo nan Jezikri, nan levanjil Li a, ak nan Legliz Li a? Jezikri ap beni ak agrandi efò konstan w yo.

Li Bay Revelasyon

Yon lòt fason puisan Senyè a itilize pou sipòte paran yo se atravè don enkonparab revelasyon pèsonèl la. Bondye vle grandman devèse Lespri L pou gide paran yo.

Si w priye epi w sansib a Lespri a, L ap avèti w sou danje ki kache yo15 L ap revele don pitit ou yo, fòs yo, ak sousi yo ke yo pa devwale.16 Bondye ap ede w wè pitit ou yo jan L wè yo a—pi lwen pase aparans fizik ak sa ki nan kè yo.17

Avèk èd Bondye, ou ka aprann pou w konnen pitit ou yo nan yon fason pur e selès. Mwen envite w pou w aksepte òf Bondye a pou gide fanmi w atravè revelasyon pèsonèl la. Chèche direksyon Li nan priyè w yo.18

Yon Chanjman Puisan

Petèt, èd ki pi enpòtan Jezikri ofri paran yo se “gran chanjman” nan kè a.19 Se yon mirak chak moun bezwen.

Pou yon moman, imajine sityasyon sa a: Ou nan Legliz la, w ap koute yon diskou sou fanmi. Oratè a dekri yon fwaye pafè ak yon fanmi ki ankò pi pafè. Mari ak madanm pa janm fè lobo. Timoun yo sispann li ekriti yo sèlman lè l lè pou yo fè devwa yo. Epi kantik ki di “Aimez vos frères”20 la ap jwe tou ba. Avan oratè a rive nan pati pou tout moun reyini pou jwayezman netwaye twalèt la, ou deja ap panse, “Pa gen espwa pou fanmi m.”

Chè frè m ak sè m yo, rilaks! Chak moun nan kongregasyon ap panse menm bagay la! Men, an reyalite, tout paran enkyete yo paske yo panse yo pa bon ase.

Erezman, gen yon sous èd diven pou paran: Se Jezikri. Li se chanjman puisan nan kè a.

Pandan w ap apwoche pi pre Sovè a ak ansèyman L yo, L ap montre w feblès ou. Si w konfye nan Jezikri avèk yon kè ki gen imilite, L ap fè bagay ki fèb yo vin fò.21 Li se pwofèt Bondye.

Èske sa vle di oumenm ak fanmi w ap vin yon fanmi pafè? Non. Men, w ap vin pi bon. Atravè gras Sovè a, tikal pa tikal, ou pral devlope plis nan kalite paran yo bezwen yo: lanmou pou Bondye ak pou pitit Li yo, pasyans, jenewozite, lafwa nan Kris la, ak kouraj pou w fè chwa ki jis.

Jezikri Ofri Sipò atravè Lelgiz Li a

Efò nou pou bati lafwa nan Jezikri santre sou fwaye a, li konsantre sou chak moun. Epi Legliz la sipòte l. Apa ekriti sakre ak pawòl pwofèt yo, Legliz Sovè a ofri anpil resous pou ede paran yo ak pitit yo fè chwa ki jis:

Imaj
Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa
  • Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa a pa bay yon lis bagay pou nou fè ak bagay pou nou pa fè. Li anseye verite etènèl pou ede nou fè chwa ki santre sou lavi ak ansèyman Jezikri yo. Li l avèk pitit ou yo. Kite yo pale de li. Ede yo jwenn verite etènèl ak divin sa yo pou gide chwa yo.22

  • Konferans PFJ yo se yon lòt resous mèveye. M swete ke chak jèn yo patisipe ladan yo. M envite jèn adilt sèl yo pou yo asiste konferans sa yo kòm gid ak konseye. M envite paran yo pou yo bati sou elan spirityèl jèn pitit yo pote nan fwaye a lè yo soti nan konferans PFJ yo.

  • Timoun ak jèn moun nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen enstriktè, konseye, ak gid. Souvan, ou antre nan lavi yon jèn nan yon moman kritik pou w bati ak sipòte lafwa ak temwayaj nan li. Gen kèk nan pami nou ki se adilt selibatè. Gen kèk ki pa t janm fè pitit. Sèvis plen lajwa w pou pitit Bondye yo sakre devan je Bondye.23

Pa Janm Renonse a Mirak

Chè zanmi m yo, chè frè m ak sè m yo, bati lafwa nan yon timoun se tankou ede yon flè grandi. Ou pa ka rale tij la pou fè l vin pi wo. Ou pa ka fòse boujon an ouvri pou w gen flè a pi vit. Epi w pa ka neglije flè a epi w atann ke l ap grandi oubyen devlope soudènman.

Sa w ka fè ak sa w dwe fè pou jenerasyon k ap grandi a, se founi yon teren rich, nourisan, ki gen aksè a dlo selès k ap koule. Retire raje ak tout bagay ki ta ka bloke limyè solèy selès la. Kreye bi bon kondisyon posib pou devlopman yo. Avèk pasyans, kite jenerasyon k ap grandi a fè chwa enspire epi kite Bondye fè mirak Li. Rezilta a ap pi bèl ak pi etonan ak pi jwaye pase nenpòt bagay ou ta ka akonpli sèlman poukont ou.

Nan plan Papa nou ki nan Syèl la, relasyon familyal fèt pou yo etènèl. Se poutèt sa, kòm yon paran, ou pa dwe janm lage, menm lè w pa fyè de fason bagay yo te dewoule nan lepase.

Avèk Jezikri, Mèt Gerisè ak Sovè a, ka toujou gen yon nouvo kòmansman; Li toujou bay esprans.

Jezikri se fòs fanmi yo.

Jezikri se fòs jèn yo.

Jezikri se fòs paran yo.

Konsènan sa, mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Prèske tout paran fèt avèk volonte pou anseye pitit yo vèti moral. Pati sa a se mirak plan Papa nou ki nan Syèl la. Li vle pitit Li yo vin sou latè a, suivan modèl fanmi ki ekziste nan syèl la. Fanmi se inite òganizasyonèl debaz wayòm etènèl la, epi konsa, Li vle pou yo inite debaz sou latè a tou. Malgre fanmi yo lwen pèfeksyon, yo bay pitit Bondye yo pi bon chans pou yo jwen envitasyon nan mond lan avèk sèl amou sou latè a ki vini pre sa nou santi nan syèl la—amou paran. Fanmi tou, se meyè fason pou prezève ak pase vèti moral ak vrè prensip ki plis kapab gide nou retounen jwenn Bondye” (Henry B. Eyring, “Rasanble Fanmi Bondye a,” LiahonaMay 2017, 20).

  2. Natirèlman, nou konnen ke volonte Bondye pa toujou akonpli “sou latè a tankou nan syèl la” (Matye 6:10). Akonplisman parantal nan mòtalite a sètènman pal konpare avèk ideyal Bondye. Li sètènman wè sa. Li dwe kriye lè L wè tout tristès ak chagren nan relasyon familyal yo. Epi poutan, Li pa renonse a fanmi yo. Epi Li pap fè sa, paske Bondye gen yon plan gloriye pou destine etènèl pitit Li yo. Epi nan mitan plan sa a se fanmi an.

  3. Gade nan Matye 18:1–5; Mozya 3:19.

  4. Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org; gade tou nan Doktrin ak Alyans 68:25–28.

  5. Gade nan “Aprann nan Fwaye Fonde sou Relasyon,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun K ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022), 30–31; gade tou nan Doktrin ak Alyans 109:8.

  6. Mowoni 7:48.

  7. 1 Nefi 16:29; gade tou nan Alma 37:6–7.

  8. Gade nan“Aprann nan Fwaye Fèt avèk Ti Efò Senp ki Konsistan,” Anseye nan Fason Sovè a, 31. Prezidan David O. McKay te anseye: “An nou pa panse ke, poutèt kèk [bagay] … sanble yo piti, ak banal, [ke] yo pa enpòtan. Apre tou, livi a fèt avèk ti bagay. Lavi nou, èt nou, fizikman, fèt avèk ti batman kè. Si ti batman kè sa a rete, lavi nan mond sa a sispann. Gran solèy la se yon fòs puisan nan linivè a, men, nou resevwa benediksyon reyon [li] paske yo vin jwenn nou tankou ti limyè, ki rasanble, pou ranpli tout mond lan avèk limyè solèy. Nannuit fènwa a vin plezan akoz ti limyè bagay ki sanble ti etwal; epi se konsa, lavi vrè kretyen an fèt avèk ti aksyon kretyèn k ap fèt kounyea, nan minit sa a menm—nan fwaye a” (Enseignements des présidents del’église: David O. McKay [2003], 219).

  9. Gade nan Elaman 5:30.

  10. Gade nan 2 Wa 5:9–14.

  11. Gade nan Egzòd 16.

  12. Gade nan“Prepare Pitit ou yo Pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023, appendiks (dijital sèlman)).

  13. Gade nan“Aprann nan Fwaye ka Planifye, men Tou, soudènman,” Anseye nan Fason Sovè a, 31; 1 Pyè 3:15.

  14. Doktrin ak Alyans 64:32–33.

  15. Gade nan Matye 2:13.

  16. Gade nan Alma 40:1; 41:1; 42:1.

  17. Gade nan 1 Samyèl 16:7.

  18. Gade nan 1 Nefi 15:8.

  19. Alma 5:13.

  20. Gade nan “Aimez vos frères,” Cantiques, no. 200.

  21. Gade nan Etè 12:27.

  22. Nan ka timoun yo, responsblite pou bay direksyon moral la repoze sou paran yo. Yo konnen dispozisyon, konpreyansyon, ak entèlijans chak pitit. Paran pase tout lavi yo ap chèche etabli ak kenbe bon kominikasyon avèk chak nan pitit yo. Yo nan meyè pozisyon pou pran pi gran desizyon moral yo konsènan byennèt ak bon-tretman piti yo” (James E. Faust,“Bagay ki Gen Plis Valè pou Lwa a: Jijman, Mizèrikòd, ak Lafwa,” Ensign, Nov. 1997, 54).

  23. De lòt resous ki diy pou mansyone: Vèsyon dijital ane sa a pou resous Vini, Suiv Mwen, an gen yon nouvo seksyon tou ki gen tit “Prepare Pitit ou Yo pou tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.” Li sigjere ide senp, ki santre-sou fwaye pou ede timoun prepare pou batèm ak lòt alyans ak òdonans yo. Epi nouvo Anseye nan Fason Sovè a ki revize a gen yon seksyon ki gen tit “Fwaye ak Fanmi” ki dekri kòman prensip ansèyman Kris yo aplike nan fwaye a (gade nan paj 30–31).

Enprime