Konferans Jeneral
Yon Vwa Kontantman!
Konferans jeneral avril 2023


Yon Vwa Kontantman!

Bati tanp te toujou yonn nan pi gwo priyorite tout pwofèt yo depi epòk Pwofèt Joseph Smith la.

“Kounyeya, kisa nou tande nan levanjil nou te resevwa a? Yon vwa kontantman! Yon vwa mizèrikòd ki soti nan syèl la; epi yon vwa verite ki soti nan tè a; bòn nouvèl pou mò yo; yon vwa kontantman pou vivan yo ak mò yo; bòn nouvèl ki pote gran lajwa.”1

Frè m ak sè m yo, li prèske enposib pou nou tande pawòl sa yo Pwofèt Joseph Smith te di yo epi pou nou pa ben yon gwo gwo souri!

Ekspresyon rejwisan Joseph la vrèman dekri lajwa total ki plen majeste nou jwenn nan Gran plan bonè Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, paske jan Li asire nou an, “lèzòm egziste pou yo ka gen lajwa.”2

Nou tout te pouse kri lajwa3 nan lavi premòtèl nou lè nou te tande plan bonè Bondye a, epi nou kontinye pouse kri lajwa isit la pandan n ap viv dapre plan L lan. Men, nan ki kontèks egzakteman Pwofèt la te fè deklarasyon kontantman sa a? Kisa k te motive santiman pwofon ak sensè sa yo?

Pwofèt Joseph t ap anseye sou batèm pou mò yo. Sa te vrèman yon revelasyon gloriye ki te akeyi avèk anpil jwa. Lè manm Legliz yo te fèk aprann yo te ka batize pou moun pwòch yo ki mouri yo, yo te rejwi. Wilford Woodruff te di, “Menm moman m te tande l la, nanm mwen te ponpe [avèk] lajwa!”4

Batèm pou moun byenneme nou yo ki te mouri yo se pa t sèl verite Senyè a te revele ak retabli. Te gen yon pakèt lòt don, oubyen dotasyon, ke Bondye te dispoze vide sou pitit gason ak pitit fi L yo.

Nan pami lòt don sa yo te gen otorite prètriz la, alyans ak òdonans, maryaj ki ta ka dire pou tout tan, lye oubyen sele pitit avèk paran yo nan fanmi Bondye a, epi finalman benediksyon pou retounen lakay nan prezans Bondye, Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Tout benediksyon sa yo te posib gras ak Ekspyasyon Jezikri a.

Paske Bondye te konsidere sa yo kòm pami benediksyon ki pi sakre L,5 Li te enstwi ke batiman sakre ta dwe bati kote Li te ka konfere don presye sa yo sou pitit Li yo.6 Batiman sa yo se kay Li sou tè a. Batiman sa yo se tanp kote bagay ki te sele oubyen lye sou tè a nan non Li, atravè pawòl Li, epi avèk otorite Li, y ap lye nan syèl la.7

Antanke manm Legliz la jodi a, kèk nan nou gen dwa twouve l fasil pou nou pran verite etènèl ki gloriye sa yo alalejè. Yo vin sanble bagay ki tou natirèl pou nou. Pafwa li ta bon pou nou ta gade yo menmjan avèk moun k ap aprann konsènan yo vrèman pou lapremyè fwa. Sa te parèt klè pou mwen atravè yon eksperyans ki sot pase.

Ane pase a, jis anvan yo te rekonsakre tanp Tokyo Japon an, anpil envite ki pa manm Legliz nou an te vizite tanp sa a. Nan youn nan vizit sa yo, te gen yon dirijan relijye ki te soti nan yon lòt relijyon. Nou te anseye envite nou an sou plan bonè Papa nou ki nan Syèl la, sou wòl redanmsyon Jezikri nan plan sa a, ak sou doktrin ke fanmi yo ka ini etènèlman atravè òdonans sèlman an.

Nan fen vizit la, m te envite zanmi nou an pou l te pataje sa l te santi. An referans a ini fanmi yo—pase, prezan ak lavni—òm debyen sa a te mande avèk anpil senserite, “Èske manm legliz ou yo reyèlman konprann kijan doktrin sa a pwofon?” Li te ajoute: “Sa gen dwa youn nan sèl ansèyman ki ka ini mond sa a ki sitèlman divize a.”

Ala yon obsèvasyon puisan. Se pa t bèl bagay atistik ki te anplwaye pou bati tanp lan ki te enpresyone mesye sa a, men, olyesa, sete doktrin etonan ak pwofon ke fanmi yo ini ak sele a Pè Selès ak Jezikri pou tout tan an.8

Konsa, nou pa dwe sezi lè menm yon moun ki pa manm Legliz nou an rekonèt majeste sa k ap pase nan tanp lan. Bagay ki ta ka vin òdinè oubyen woutin pou nou an, pafwa lòt moun ki tande l oubyen santi l pou lapremyè fwa ka wè bote ak majeste li.

Byenke tanp te egziste nan tan lontan yo, avèk Retablisman levanjil Jezikri a, bati tanp se youn nan pi gwo priyorite tout pwofèt yo depi nan epòk Pwofèt Joseph Smith la. Epi li fasil pou nou konprann poukisa.

Lè Pwofèt Joseph t ap anseye sou batèm pou mò yo, li te revele yon lòt gwo verite. Li te anseye: “Kite m ba nou asirans ke sa yo se prensip an relasyon avèk mò yo ak vivan yo, ke nou pa ka pran yo pou anyen, nan sa ki gen pou wè ak sali nou. Paske sali yo nesesè ak esansyèl pou sali pa nou, … —yo pa kapab vin pafè san nou—ni tou nou pa kapab vin pafè san mò nou yo.”7

Kòm nou ka wè, nesesite pou tanp yo ak travay ki fèt pou ni vivan yo ak mò yo vin trè klè.

Advèsè a resevwa alèt la. Òdonans ak alyans ki akonpli nan tanp yo menase pouvwa l, epi li fè tout sa l kapab eseye pou kanpe travay la. Poukisa? Paske li konnen pouvwa ki soti nan travay sakre sa a. Amezi chak nouvo tanp ap konsakre, pouvwa sali Jezikri a ap repann atravè tout mond lan pou kontrekare efò advèsè a ak pou rachte nou lè nou vin jwenn Li. Amezi tanp yo ak moun k ap kenbe alyans yo ap ogmante nan kantite, advèsè a ap ogmante nan feblès.

Nan kòmansman Legliz la, kèk moun te konn enkyete lè yon nouvo tanp te anonse, paske yo te di, “Nou pa janm kòmanse bati yon tanp san klòch lanfè yo pa kòmanse sonnen.” Men, Brigham Young te reponn avèk kouraj, “M vle tande yo sonnen ankò.”10

Nan lavi mòtèl sa a, nou pap janm chape anba lagè, men nou ka gen pouvwa sou lenmi an. Pouvwa ak fòs sa a soti nan Jezikri pandan n ap fè ak kenbe alyans tanp yo.

President Russell M. Nelson te anseye: “Lè a ap vini kote moun ki pa obeyi Senyè a pral separe avèk moun ki fè sa yo. Asirans ki pi gran nou se kontinye vin diy pou nou antre nan kay sakre L la.”11

Men kèk nan benediksyon adisyonèl Bondye pwomèt nou atravè pwofèt Li a:

Èske ou bezwen mirak? Pwofèt nou an di konsa: “Mwen pwomèt nou ke Senyè a pral akonpli mirak Li konnen nou bezwen yo lè nou fè sakrifis pou sèvi ak adore nan tanp Li yo.”12

Èske ou bezwen pouvwa gerizon ak rekonfò Sovè a, Jezikri? Prezidan Nelson te reyasire nou ke “tout bagay ki anseye nan tanp la … ogmante konpreyansyon nou konsènan Jezikri. … Lè nou kenbe alyans nou yo, L ap dote nou avèk pouvwa gerizon ki fòtifyan Li a. Epi, o, nou pral bezwen pouvwa Li anpil nan jou k ap vini yo.”13

Nan premye Dimanch Ramo a, lè Jezikri t ap antre triyonfalman nan Jerizalèm nan, yon mltitid nan disip Li yo “[te] rejwi epi yo [te] louwe Bondye avèk yon vwa fò … yo te di, Beniswa Wa ki vini nan non Seyè a.”14

Ala sa te byen tonbe dèske nan Dimanch Ramo 1836 la, Tanp Kirtland nan te konsakre. Nan okazyon sa a, disip Jezikri yo t ap rejwi tou. Nan priyè konsekrasyon sa a, Pwofèt Joseph Smith te deklare pawòl louwanj sa yo:

“O Senyè Bondye Toupuisan, koute nou … epi reponn nou soti nan syèl la, … kote w chita sou twòn ou, avèk glwa, onè, pouvwa, majeste, [ak] pisans. …

”Ede nou avèk pouvwa Lespri ou, pou nou kapab melanje vwa nou avèk bèl vwa briyan serafen ki antoure twòn ou yo, avèk aklamasyon louwanj, pou nou chante Ozana pou Bondye ak Ti Mouton an!

“Epi kite … sen w yo leve vwa yo fò avèk lajwa.”15

Frè m ak sè m yo, jodia nan dimanch Ramo sa a, kòm disip Jezikri, an nou louwe Bondye Sen nou an epi rejwi nan bonte L pou nou. “Kisa nou tande nan levanjil nou resevwa a? Vrèman “yon vwa kontantman!”16

Mwen temwaye ke w ap santi lajwa plis anplis lè w antre nan tanp sakre Senyè a. Mwen temwaye ke ou pral fè eksperyans lajwa Li gen anretou pou ou a, nan non Jezikri, amèn.