Konferans Jeneral
Èske M Vrèman Jwenn Padon?
Konferans jeneral avril 2023


Èske M Vrèman Jwenn Padon?

Pwomès on padon konplè ak pafè a te ofri a tout moun—nan epi atravè Ekspyasyon enfini Jezikri a.

Sa gen kèk ane, sè Nattres avèk mwen t al viv Idaho, kote nou te ouvri yon nouvo biznis. Mwen te pase anpil jounen ak nuit byen long nan biwo a. Erezman, nou te viv kèk blòk toupre travay nou. Chak semèn, Shawna ak twa pitit fi nou yo—tout pi piti pase sizan—te konn vini nan biwo a pou nou te ka manje a midi ansanm.

Yon jou konsa, apre nou te fin manje an fanmi, mwen te remake ke pitit fi senkan nou an, Michelle, te kite yon mesaj pèsonèl pou mwen, ki te ekri sou yon nòt adezif ke l te kole sou telefòn biwo m nan.

Li te di tou senpleman: “Papa, sonje pou w renmen mwen. Avèk amou, Michelle.” Se te yon rapèl puisan pou yon jèn papa sou bagay ki pi enpòtan yo.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la toujou sonje nou epi Li renmen nou pafètman. Kesyon mwen se: Èske nou sonje Li? E èske nou renmen Li?

Sa gen kèk ane, m te sèvi kòm dirijan Legliz lokal. Youn nan jènjan nou yo, Danny, te remakab nan tout fason. Li te obeyisan, janti, bon moun, epi li te gen yon gran kè. Sepandan, lè l te gradye nan lekòl segondè, li te kòmanse asosye l avèk yon foul moun ki pa t bon. Li te tonbe nan dwòg, espesyalman methamphétamine, epi li te desann pant la glise al nan depandans ak destriksyon. Anvan lontan, aparans li te chanje nèt. Li pa t rekonesab. Chanjman ki pi enpòtan an sete nan je l —limyè ki te nan je l la te diminye. Plizyè fwa mwen te lonje lamen ba li, men li pa t okipe m. Li pa t enterese.

Sa te difisil pou nu te wè jèn gason enkwayab sa a soufri epi vin mennen yon vi ki pa t limenm! Li te ka fè sitèman plis pase sa.

Yon jou, mirak li a te kòmanse.

Li te asiste yon reyinyon Sentsèn kote ti frè l la te pataje temwayaj li anvan l te pati al nan misyon. Pandan reyinyon an, Danny te santi yon bagay li pa t santi depi lontan. Li te santi lanmou Senyè a. Finalman, li te gen espwa.

Byenke li te gen dezi pou l te chanje, sa te difisil pou Danny. Depandans li yo akonpaye avèk kilpabilite l te prèske plis pase sa li te kapab sipòte.

Yon aprèmidi, pandan m t ap koupe gazon, Danny te rive sou mwen nan machin li san anonse. Li t ap lite anpil. Mwen te fèmen tondèz la, epi nou te chita ansanm nan lonbraj sou pewon galri a. Se lè sa a li te devèse tout sa k te nan kè li. Li te vrèman anvi retounen. Sepandan, vire do bay depandans li yo ak stil de vi l la te trè difisil. Mete sou sa, li te santi l koupab, konsa li te wont paske l te tonbe ba konsa. Li te mande: “Èske m ka vrèman jwenn padon? Èske gen reyèlman yon chemen retou?”

Apre li te vide kè l ak enkyetid sa yo, nou te li Alma chapit 36 ansanm:

“Wi, m te sonje tout peche ak inikite m yo. …

Wi, … lè m te sèlman panse pou m ta vin nan prezans Bondye, sa te toumante nanm mwen anba yon doulè m pa kapab eksplike”(vèsè 13–14).

Apre vèsè sa yo, Danny te di, “Se egzakteman konsa m santi m!”

Nou te kontinye:

“… Epi sete konsa m t ap … kòde anba touman, pandan rapèl pakèt peche m yo t ap toumante m, reyèlman, m sonje m te tande pwofesi papa m devan pèp la … konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki gen pou l ekspye peche mond lan.

O, gade yon lajwa, ak yon limyè mèveye m te wè” (vèsè 17, 20).

Pandan n t ap li pasaj sa yo, dlo nan je te kòmanse koule. Jwa Alma a se te lajwa sa a li t ap chèche a!

Nou te pale de Alma ki te eksepsyonèlman mechan. Sepandan, yon fwa l te fin repanti, li pa t janm gade dèyè. Li te vin yon disip devwe Jezikri. Li te vin yon pwofèt! Je Danny te louvri byen gran. “Yon pwofèt?” li te di.

Mwen te tou senpleman reponn: “Wi, yon pwofèt. Okenn presyon sou ou!”

Nou te diskite ke pandan peche l yo pa t rive nan nivo Alma a, menm pwomès pafè a fèt pou tout moun—nan ak atravè Ekspyasyon enfini Jezikri a.

Danny te konprann kounye a. Li te konnen sa l te bezwen fè: li te bezwen kòmanse vwayaj li a nan mete konfyans li nan Senyè a epi padone tèt li!

Gran chanjman kè Danny an pa t lòt bagay pase yon mirak. Avèk letan, li te chanje, e limyè nan je l la te retounen. Li te vin diy pou tanp! Li te finalman retounen!

Apre plizyè mwa, mwen te mande Danny si l ta renmen soumèt yon aplikasyon pou sèvi yon misyon aplentan. Repons li se te yon repons chòk ak admirasyon.

Li te di: “Mwen ta renmen sèvi yon misyon, men ou konnen ki kote mwen te ye ak ki bagay mwen te fè! Mwen te panse ke m pa t kalifye.”

Mwen te reponn: Ou ka gen rezon. Sepandan, pa gen anyen ki anpeche nou fè yon demann. Si yo pa aksepte li, omwen wa va konnen ke w te eksprime yon dezi sensè pou sèvi Senyè a.” Je l briye. Li te kontan anpil avèk ide sa a. Pou li sete yon gwo defi men li te dispoze pran chans la.

Kèk semèn apre, on gwo sezisman, gen yon lòt mirak ki te fèt. Danny te resevwa yon apèl pou sèvi yon misyon aplentan.

Kèk mwa apre Danny te rive nan chan misyon an, mwen te resevwa yon apèl telefòn. Prezidan misyon l lan te tou senpleman di: “Ki kalite jèn gason sa a? Li se misyonè ki pi enkwayab mwen te janm wè!” Ou wè, prezidan sa a te resevwa yon Alma modèn tankou Alma, pitit la.

Dezan apre, Danny te retounen lakay li avèk onè, li te sèvi Senyè a ak tout kè l, tout pouvwa li, ak tout fòs li.

Apre rapò misyonè li nan reyinyon Sentsèn nan, mwen te retounen lakay mwen, epi m tande yon frape nan pòt devan an. Sete Danny ak dlo nan je l. Li te di: “Èske nou ka pale pou yon minit?” Nou te ale deyò sou menm pewon galri a.

Li te di: “Prezidan, ou panse mwen vrèman jwenn padon?”

Kounyea, dlo nan je m te akonpaye pa l yo. Devan m nan, te kanpe yon disip devwe Jezikri ki te bay tout limenm pou l te anseye ak temwaye konsènan Sovè a. Li te pèsonifye pouvwa gerizon ak fòtifyan Ekspyasyon Sovè a.

M te di “Danny! Èske w te gade nan glas? Èske w te wè je ou? Yo ranpli avèk limyè, epi ou reyone avèk Lespri Senyè a. Natirèlman ou jwenn padon! Ou fòmidab! Kounyea, sa w bezwen fè se avanse pou pi devan avèk lavi ou. Pa gade dèyè! Gade pou pi devan ak lafwa pou al nan pwochen òdonans lan.”

Mirak Danny an kontinye jodi a. Li te marye nan tanp epi l te retounen lekòl, kote l te resevwa yon metriz. Li kontinye sèvi Senyè a avèk onè ak diyite nan apèl li yo. Sa k pi enpòtan an, li vin yon mari enkwayab ak yon papa ki fidèl. Li se yon “disip devwe Jezikri.”

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “San Ekspyasyon enfini [Sovè a], tout limanite t ap pèdi ireparableman.”1 Danny pa t pèdi, e ni nou pa pèdi pou Senyè a. Li kanpe nan pòt la pou L leve nou, pou L fòtifye nou e pou L padone nou. Li toujou sonje pou L renmen nou!

Yon demonstrasyon enkwayab sou lanmou Sovè a pou pitit Bondye yo ekri nan Liv Mòmon an: “Lè Jezi te pale konsa, li te voye je l sou foul moun yo, epi yo te wè dlo nan je yo, epi yo te fikse l tankou si yo ta mande l pou l rete yon ti tan avèk yo” (3 Nefi 17:5).

Sovè a te deja pase yon jounen ap sèvi pèp la. Ankò, li te gen plis pou L fè—Li te gen pou L t al vizite lòt brebi L yo; Li te gen pou L t ale jwenn Papa li.

Malgre obligasyon sa yo, Li te disène ke pèp la te vle pou L te rete yon ti tan ankò. Konsa, avèk kè Sovè a plen konpasyon, youn nan pi gwo mirak nan istwa mond lan te rive:

Li te rete.

Li te beni yo.

Li te sèvi pitit yo youn pa youn.

Li te priye pou yo; Li te kriye avèk yo.

Epi L te geri yo. (Gade 3 Nefi 17)

Pwomès Li etènèl: L ap geri nou.

Pou moun ki kite chemen alyans lan, tanpri konnen toujou gen espwa, toujou gen gerizon, e toujou gen yon fason pou w retounen.

Mesaj etènèl lespwa a se pomad gerizon pou tout moun k ap viv nan yon mond twouble a. Jezi te anseye, “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a” (Jan 14:6).

Frè m ak sè m yo, ann sonje pou nou chèche Li, renmen Li, epi toujou sonje Li.

Mwen temwaye ke Bondye vivan epi Li renmen nou. Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè mond lan. Li se yon gerisè puisan. Mwen konnen Redanmtè m nan vivan. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Prepare pou Benediksyon Tanp yo,” Ensign, Mas. 200, 21.

Enprime