Ozana pou Bondye ki Pi Wo a
Antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan avèk evenman ki te pase nan semèn ki te suiv la ba nou egzanp doktrin nou ka aplike nan lavi nou jodi a.
Jodi a, jan sa te deja di, nou rejwenn Kretyen yo atravè mond lan pou nou onore Jezikri nan Dimanch Ramo sa a. Sa gen prèske de mil ane, Dimanch Ramo sete kòmansman dènye semèn ministè Jezikri nan mòtalite a. Sete semèn ki te pi enpòtan nan istwa lèzòm.
Sa ki te kòmanse avèk anons Jezi kòm Mesi yo te pwomèt la nan antre triyonfal Li nan Jerizalèm nan te fèmen avèk Krisifiksyon ak Rezirèksyon L la.1 Pa dekrè diven, sakrifis ekspyatwa L la te konkli ministè mòtèl Li, sa ki rann posib pou nou viv avèk Papa nou ki nan Syèl la pou letènite.
Ekriti yo di nou ke semèn nan te kòmanse avèk foul moun ki te kanpe nan pòt vil la pou yo te ka wè “Jezi pwofèt Nazarèt nan Galile a.”2 Yo te “pran branch pye palmis, epi yo te ale rankontre l, epi kriye: Ozana: Benediksyon pou Wa Izrayèl la ki vini nan non Senyè a.”3
Istwa biblik tan lontan sa a raple m lè m t al ranpli yon tach pou Legliz la nan Takoradi, Gana. Sa ki remakab, mwen te la nan Dimanch Ramo a.
Mwen te gen pou m te divize Pieu Takoradi Ghana a pou kreye Pieu Mpintsin Ghana a. Jodi a, gen plis pase san mil manm Legliz la nan Gana.4 (Nou swete byenveni a sa majeste, Ga Mantse, Wa Nii Tackie Teiko Tsuru II a ki soti Akra, Gana, ki avèk nou jodia.) Pandan m te reyini avèk Sen sa yo, mwen te santi lanmou pwofon yo ak atachman yo pou Senyè a. Mwen te eksprime gwo lanmou m pou yo, epi m te di yo ke Prezidan Legliz la renmen yo. Mwen te pale de pawòl Sovè a ke Jan te ekri yo: “Se pou nou youn renmen lòt, jan m renmen nou an.”5 Yo te rele konferans sa a “Konferans mwen renmen w lan.”6
Pandan m t ap gade ranje chè frè ak sè sa yo ak fanmi yo nan chapèl la, mwen te kapab wè nan figi yo reflè temwayaj yo ak lafwa yo nan Jezikri. Mwen te santi dezi yo pou yo te konte kòm yon pati nan gwo Legliz Li a. Epi, lè koral la te chante, yo te chante tankou zanj.
Tankou Dimanch Ramo otrefwa a, moun sa yo sete disip Jezikri ki te rasanble pou rann ni omaj, menmjan avèk moun ki te nan pòt Jerizalèm yo ki, avèk fèy palmis nan men yo, te di a: “Ozana …: Benediksyon pou limenm ki vini nan non Senyè a.”7
Te gen menm pawasyen ki te nan yon lòt legliz toupre a ki t ap onore Dimanch Ramo a tou. Pandan m t ap pale sou chè a, mwen te remake atravè fenèt la ke yo t ap mache ak kè kontan desann lari a pandan yo t ap ajite fèy palmis nan men yo, prèske tankou moun yo nan foto sa a. Se te yon espektak mwen p ap janm bliye, nou tout jou sa a t ap adore Wa tout wa yo.
Prezidan Russell M. Nelson te egzòte nou pou nou fè Dimanch Ramo a “vrèman sen nan sonje, pa sèlman fèy palmis yo ke moun yo te ajite pou onore antre Jezi nan Jerizalèm nan, men tou, nan sonje pla men Li.”” Apresa Prezidan Nelson te pale de Ezayi, ki te pale de pwomès Sovè a sa a: ”Mwen pap janm bliye nou,’ avèk pawòl sa yo: “Gade, mwen grave ou nan pla men m.”8
Senyè a konnen pèsonèlman ke mòtalite a difisil. Blesi L yo raple nou ke li te “desann pi ba pase… yo tout”9 pou L te ka pote nou sekou lè n ap soufri epi pou L se egzanp nou nan “rete sou wout nou,”10 wout pa L la, ke “Bondye ap avèk [nou] pou tout tan.”11
Dimanch Ramo a se p at sèlman yon evenman, yon lòt paj nan listwa avèk yon dat, yon tan, ak yon kote. Antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan avèk evenman ki te pase nan semèn ki te suiv la ba nou egzanp doktrin nou ka aplike nan lavi nou jodi a.
An nou egzamine kèk nan doktrin etènèl ki te akonpli atravè konklizyon ministè L la nan Jerizalèm nan.
Premyèman, pwofesi. Pa egzanp, Zakari pwofèt Ansyen Testaman an te pwofetize konsènan antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan, li te menm dekri ke Li t ap sou yon bourik.12 Jezi te predi Rezirèksyon L lan pandan L t ap prepare pou L antre nan vil la, li te di:
“Gade, n ap monte nan Jerizalèm; kote yo pral lage Pitit lòm nan nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo, epi yo pral kondane l amò,
“Epi yo pral lage Li bay Janti yo pou yo pase l nan rizib, pou yo bat li ak kout fwèt, apresa pou yo kloure L sou yon kwa. Men sou twa jou L ap leve soti vivan nan lanmò.”13
Dezyèmman, konpayi Sentespri a. Joseph Smith te anseye: “Pèsonn pa ka konnen ke Jezi se Senyè a, men pa Sentespri a.”14 Sovè a te pwomèt disip Li yo15 nan Dènye Soupe a16 nan chanmòt anwo a,17 “Mwen pa p kite nou òfelen.”18 Yo pa t ap poukont yo pou yo te fè verite levanjil yo avanse men yo t ap gen don siprèm Sentespri a pou gide yo. “M ap ba nou kè poze, m ap fè kè nou poze nan jan pa mwen,” Li te pwomèt yo, “Mwen p ap fè li pou nou dapre lemonn.”19 Avèk don Sentespri a nou gen menm asirans sa a; ke nou kapab toujou gen Lespri li avèk [nou]”20 epi “pa pouvwa Sentespri a [nou] kapab konnen verite tout bagay.”21
Twazyèmman, disip. Pou yon moun se vrè disip, sa mande yon angajman san fay, obeyisans pou lwa etènèl yo, ak lanmou pou Bondye, premyeman e avantou. San doute. Foul moun ki te rann omaj avèk fèy palmis yo te salye Li kòm Mesi a. Se te egzakteman sa L te ye. Yo te atire sou Li, sou mirak Li yo, ak ansèyman L yo. Men, pou anpil moun, adorasyon sa a pa t dire. Kèk nan moun ki avansa te rele, “Ozana”22 yo te vire byen vit epi yo te rele, “Krisifye Li. ”23
Katriyèmman, Ekspyasyon Jezikri a.24 Nan dènye jou L yo, apre Dimanch Ramo a, Li te akonpli Ekspyasyon remakab Li a, soti nan agoni Jetsemane a rive nan mokri pwosè L la, tòti L sou kwa a, ak antere Li nan yon tonm yo te prete. Men sa pa t rete la. Avèk majeste apèl Li kòm Redanmtè tout pitit Papa l yo, twa jou apre, Li te leve soti nan tonm sa a, resisite,25 jan Li te pwofetize a.
Èske nou toujou rekonesan pou Ekspyasyon enkonparab Jezikri a? Èske nou santi pouvwa pirifikatè Li, kounyea? Se poutèt sa Jezikri, Otè a ak Finisè sali nou an, te ale Jerizalèm, pou L te sove nou tout. Èske pawòl Alma sa yo touche nou: “Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo, si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante chan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”26 Mwen ka vrèman di, koral la nan Takoradi a jou Dimanch Ramo sa a te chante “kantik amou redanmè a.”
Nan dènye semèn fatidik ministè Li nan mòtalite a, Jezikri te bay parabòl dis vyèj yo.27 Li t ap anseye sou retou Li vin jwenn moun ki te prepare pou resevwa Li, non pa avèk fèy palmis nan men yo men avèk limyè levanjil la andedan yo. Li te itilize imaj lanp limen k ap brile, ak luil siplemantè pou alimante flanm nan, kòm yon deskripsyon sou volonte nou pou nou viv selon fason Li, selon verite Li, ak pataje limyè Li.
Nou konn istwa a. Dis vyèj yo reprezante manm Legliz yo, epi lemarye a reprezante Jezikri.
Dis vyèj yo te pran lanp yo epi yo “te ale rankontre lemarye a.”28 Senk te gen sajès, yo te prepare avèk luil nan lanp yo ak luil an rezèv, epi senk ki te fòl yo, lanp yo te etenn san yo pa t gen luil an rezèv. Lè apèl la te vini, “Gade, lemarye a vini; ale pou rankontre l”29 la, senk ki te “saj epi ki [te] resevwa laverite, epi ki [te] pran Sentespri a pou gid yo”30 a, yo te pare pou “wa yo a ak lejislatè yo a”31 ke “laglwa li [ta] dwe sou yo.”32 Lòt senk yo t ap eseye jwenn luil tout kote. Men li te twò ta. Pwosesyon an te ale san yo. Lè yo te frape epi yo te sipliye pou yo antre, Senyè a te reponn: “Mwen pa konnen nou.”33
Kijan nou t ap santi nou si li te di nou, “Mwen pa konnen nou!”
Noumenm, tankou dis vyèj yo, gen lanp; men èske nou gen luil? Mwen pè ke gen kèk moun k ap fonksyone jis avèk yon ti kras luil, paske yo twò okipe pa presyon mond lan pou yo prepare yo konvenableman. Luil soti nan kwè ak aji selon pwofesi ak pawòl pwofèt vivan yo, Prezidan Nelson an patikilye, Konseye l yo, ak Douz Apot yo. Luil ranpli nanm nou lè nou tande ak santi Sentespri a epi nou aji sou gidans divin sa a. Luil vide nan kè nou lè chwa nou montre ke nou renmen Senyè a epi nou renmen sa Li renmen. Luil soti nan repanti ak chèche gerizon Ekspyasyon Jezikri a.
Si gen kèk nan nou k ap chèche ranpli sa kèk moun rele “yon lis bagay pou nou fè,” men konsèy mwen ba nou: Ranpli bokit nou avèk luil sou fòm dlo lavi Jezikri a,34 ki se yon reprezantasyon lavi L ak ansèyman L yo. An kontras, derape apati yon pozisyon byen lwen oswa yon evenman espektakilè pa p janm kite nanm ou santi l ranpli ni satisfè; viv doktrin Jezikri te anseye a ap fè sa. Mwen te mansyone kèk egzanp talè a: anbrase pwofesi ak ansèyman pwofèt yo, aji selon enspirasyon Sentespri a, vin yon vrè disip, epi chèche pouvwa gerizon Ekspyasyon Senyè nou an. Lis bagay pou w fè sa a ap mennen w nan yon kote w vle ale a—retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.
Dimanch Ramo sa a nan Takoradi a sete yon eksperyans trè espesyal pou mwen paske m te pataje l avèk yon kongregasyon frè ak sè fidèl. Se konsa sa te ye sou kontinan ak zile yo toupatou nan mond lan. Kè mwen ak nanm mwen, tankou pa nou, anvi rele, “Ozana pou Bondye ki Pi Wo a.”35
Menm si nou pa kanpe nan pòt Jerizalèm yo jodia avèk fèy palmis nan men nou, lè a ap vini kote, jan yo pwofetize nan Revelasyon an, “yon gwo foul moun pèsonn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang, [pral kanpe] devan twòn nan, ak devan ti Mouton an, abiye ak rad blan, ak fèy palmis nan men yo.36
M ap kite avèk nou benediksyon mwen kòm yon Apot Jezikri, pou nou ka fè efò avèk dilijans pou n viv yon lavi jis epi pou nou pami moun ki, avèk fèy palmis nan men yo, pral anonse Pitit Gason Bondye a, Gran Redanmtè nou tout la. Nan non Jezikri, Amèn.