Konferans Jeneral
Rapò Depatman Odit Legliz la pou 2022
Konferans jeneral avril 2023


Rapò Depatman Odit Legliz la pou 2022

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè m yo: Dirije pa revelasyon, jan sa anrejistre nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy pou Dispozisyon Dim yo—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—ki otorize depans ki fèt nan fon Legliz la. Antite yo nan Legliz la depanse fon yo an konfòmite avèk bidjè, règ, ak pwosedi ki apwouve.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze avèk pwofesyonèl ki sètifye epi ki endepandan de tout lòt depatman ak antite nan Legliz la, gen responsabilite pou fè odit nan onjektif pou bay asirans rezonab konsènan kontribisyon ki te resevwa yo, depans ki te fèt yo, ak pwoteksyon byen Legliz la.

Baze sou odit ki te fèt yo, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè enpòtan yo, kontribisyon yo te resevwa yo, depans ki te fèt yo, ak byen Legliz la pou ane 2022 a te anrejistre ak administre an konfòmite avèk bidjè, pratik kontabilite, ak r&gleman ke Legliz la apwouve yo. Legliz la suiv prensip li anseye manm li yo pou yo viv nan limit yon bidjè, evite dèt, ak fè ekonomi pou lè yo nan bezwen.

Soumèt avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Jared B. Larson

Direktè Jeneral

Enprime