“Nefi, Pwofèt la,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)
Nefi Pwofèt la
Jwenn gwo pouvwa nan men Senyè a
Yon gwoup ki te rele Gadyanton t ap dirije vil Zarahemla a. Yo te pwomèt pou youn ede lòt fè move bagay. Yo te vòlè moun yo epi yo te blese moun pou yo jwenn lajan ak pouvwa. Pifò nan Nefit yo te al ini avèk vòlè yo. Yo te vle vin rich.
Pwofèt Nefi t ap viv nan Zarayemla. Nefi te priye Bondye paske li te tris dèske moun yo pa t ap suiv kòmandman Bondye yo. Nefi te mande pèp la pou yo te sonje tout sa Bondye te fè pou yo. Men moun yo pa t koute li. Yo te sousye plis de lajan ak puisans olye de obeyi Bondye.
Nefi te avèti pèp la konsènan vòlè yo. Li te di ke yo te bezwen repanti. Kèk nan jij Nefit yo te al ini avèk vòlè yo tou. Yo te fache kont Nefi epi yo te di li t ap bay manti. Yo te vle pou pèp la fache kont Nefi tou.
Nefi te di ke Bondye di pwofèt li yo anpil bagay. Nefi te di yo ke tout pwofèt yo te anseye konsènan vini Jezikri. Li te di pwofèt yo te avèti moun yo ke Jerizalèm t ap detwi si yo pa t repanti. Li te ede yo sonje ke Jerizalèm te detwi.
Nan demen, jij yo te poze Nefi kesyon pou eseye pyeje l. Nefi te pale yo de sa ki mal nan mitan yo. Kèk moun te kwè Nefi epi yo te konn li se yon pwofèt.
Gen lòt moun ki pa t kwè. Tout moun te diskite epi apresa yo te ale. Nefi te reflechi sou sa Senyè a te anseye li. Li te tris akoz move aksyon pèp la.
Senyè a te pale avèk Nefi. Li te kontan dèske Nefi te anseye pèp la. Poutèt jan Nefi te obeyisan, Senyè a te ba li pouvwa espesyal sou bagay ki sou tè a ak nan syèl la. Senyè a te konnen ke Nefi t ap itilize pouvwa a pou ede moun yo repanti.
Senyè a te di Nefi pou l retounen al jwenn pèp la epi di yo pou yo repanti. Nefi te ale tousuit. Men pèp la te fache avèk li epi yo pa t koute.
Yo te eseye mete Nefi nan prizon. Men Lespri Bondye te ede Nefi chape.
Nefi te kontinye anseye pawòl Bondye a. Pèp la te toujou pa t koute. Yo te kòmanse diskite epi goumen youn ak lòt. Vòlè yo te fè batay la vin pi mal. Byen vit, te gen lagè nan chak vil. Anpil moun te blese oubyen yo te touye yo. Nefi te tris. Li pa t vle pou moun yo detwi pa lagè.
Nefi te mande Bondye pou l te voye yon gwo grangou pou moun yo te ka sonje Senyè a epi repanti. Pa t gen lapli pandan plizyè ane. Tè a te sèk, epi rekòt yo pa t ka grandi. Pèp la te grangou. Yo te sispann goumen epi yo te kòmanse sonje Senyè a. Pèp la te repanti epi yo te debarase yo de vòlè yo.
Pèp la te mande Nefi pou l te priye Senyè a. Nefi te wè ke yo te repanti epi vòlè yo te ale. Li te mande Senyè a pou L te voye lapli. Senyè a te reponn priyè Nefi a. Lapli a te tonbe, epi rekòt yo te kòmanse grandi. Pèp la te remèsye Bondye. Yo te konnen Nefi se te yon pwofèt e l te resevwa gwo pouvwa nan men Bondye.