2009
Limen limyè Espwa a
April 2009


Limen limyè Espwa a

Pou milye Sen Dènye Jou nan Brezil, Fon Edikasyon Pèpetyèl la se yon benediksyon ki chanje lavi.

Lè Dilson Maciel de Castro Jr. te pèdi travay li nan São Paulo, li menm avèk madanm ni te deplase ale Recife, yon gran vil sou kot nòdès Brezil la, pou yo t al viv avèk paran li. Malgre eksperyans Dilson nan endistri telekominikasyon an, sèl travay li te kapab jwenn nan Recife sete yon seri vye djòb.

Dilson raple l, “Bagay yo te trè difisil pou nou nan moman an.” Difikilte yo te soti nan pa bon al nan pi mal lè koup la te pèdi tout sa yo te posede nan yon inondasyon.

Nan nivo depresyon sa a, Dilson, ki te sèvi nan misyon Sid São Paulo Brezil la, te rankontre avèk Eldè Gutenberg Amorim, yon Swasanndis Otorite Zòn ak direktè enstiti relijyon, pou pale sou karyè ak posiblite pou etidye. Pandan Dilson t ap pale sou sa k te enterese li, li te resevwa yon enpresyon espirityèl ke l ta dwe etidye medsin. Gras avèk Fon Edikasyon Pèpetyèl (FEP) la ki te fèk enplante lè sa a, an 2003, Dilson te chanje enpresyon sa a vin fè l tounen yon pwofesyon lè l t al suiv yon klas enfimyè pandan 18 mwa.

Dilson k ap travay pou yon lopital piblik nan Recife di, “si se pa t fon sa a, li t ap enposib pou m pran klas m te bezwen yo.” Menmjan tou, madanm ni, Aleksandra, pa t ap gen posiblite pou l te jwenn yon prè pou etid li te bezwen pou l te ka vin yon pwofesè lekòl.

Dilson di, “Sizan desa, nou pa t gen travay.” “FEP la te esansyèl nan tout sa nou te gen posiblite akonpli. Li chanje lavi nou.”

Yon repons nan men Senyè a

Lè manm Legliz nan Brezil yo ap dekri Fon Edikasyon Pèpetyèl la, yo pa ka anpeche tèt yo itiilize kalifikatif tankou: gwo mirak, trè enspire, trè mèvèye. Se paske fon an ap akonpli sa prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) te predi a: “Li pral tounen yon benediksyon pou tout moun li touche lavi yo—pou jèn gason ak jèn fi, pou fanmi yo demen, pou legliz la ki va jwenn benediskyon nan yon lidèchip lokal solid,” epi li pral leve “dèmilye soti nan fon labou povrete pou ale nan limyè solèy konesans ak pwosperite.”1

Lè prezidan Hinckley te anonse pwogram nan, dirijan legliz yo, tankou Paulo R Grahl, dirèktè seminè ak enstiti relijyon zòn nan Brezil, t ap debat anba enkyetid konsènan edikasyon ak travay pou Sen Dènye Jou Brezilyen yo —espesyalman pou jèn ansyen misyonè yo.

Frè Grahl di, “men nou pa t gen yon repons jiskaske Senyè a te revele Prezidan Hinckley pou l te etabli fon mèvèye sa a.” “Anvan sa, anpil nan jèn nou yo te konn retounen soti nan misyon san yo pa gen posiblite pou kontinye ale lekòl oswa gen yon pwofesyon. Kounyeya yo konnen lè yo retounen, fon an la si yo bezwen li. Se yon gran benediksyon ak avantaj pou jèn yo. Li ofri espwa.”

Apeprè 10.000 Sen dènye jou nan Brezil aktyèlman konte sou lajan yo prete nan FEP pou peye lekòl yo epi, konsa, pare pou travay. Brezil gen yon ekonomi solid, epi pa manke opòtinite pou moun ki fòme—espesyalman lè fòmasyon an marye avèk kalite jèn yo devlope nan chan misyon yo.

Pòt yo louvri

Eldè Pedro Panha, Swasanndis Otorite Zòn ak dirèktè enstiti relijyon nan Nò Recife, di ansyen misyonè yo gen kalifikasyon ke anplwayè yo vle yo. Li di, “Pòt yo ouvri rapid pou opòtinite travay akoz eksperyans yo, abitid etid yo, prezantasyon yo, ak bonjan konduit yo.” “Yo avanse rapid, epi konduit yo atire moun nan legliz la.”

Apre li te fin sèvi nan Misyon Nò São Paulo Brezil la an 2002, Ricardo Aurélio da Silva Fiusa te itilize lajan l prete nan FEP la pou l peye kat ane etid nan jesyon adiministratif.

Ricardo di, “Fon an te ede m grandi, prepare m pou travay ak maryaj, epi sèvi pi byen nan legliz la.” Tankou anpil benefisyè FPE la, yo te ofri l travay anvan menm li te fini etid li. “Fon an reprezante yon benediksyon nan lavi mwen. Mwen rekonesan pou m ranbouse prè m nan chak mwa pou lòt moun kapab itilize fon an tou.”

Nan misyon li Ricardo te aprann pale avèk moun, etidye anpil, epi obeyi—kalite ki te fè l vin yon bon elèv ak anplwaye.

Ricardo, ki travay nan lojistik pou yon konpayi nan Pò Suape, nan Sid Recife, di, “Anpil nan pwofesè m yo te di gen yon bagay diferan nan mwen menm ke yo pa t ka eksplike.” “M te di yo se akoz prensip relijye m yo.” Repons sa a te kreye opòtinite pou Ricardo pale avèk pwofesè l yo ak lòt moun konsènan legliz la.

Mauricio A. Araújo, youn nan premye ansyen misyonè ki te beni pa FEP la ajoute, “Avèk avansman nan karyè mwen, m gen plis opòtinite pou enfliyanse moun pa egzanp mwen. Pafwa moun di mwen, ‘hey, ou diferan. Ou fidèl anvè madanm ou. Ou mezire pawòl ou.‘Nan pran avantaj de FEP epi fè pati pa nou an, nou resevwa benediksyon epi nou beni lòt moun.”

Mauricio, ki te sèvi nan Misyon Rio de Janeiro Brezil nan fen ane 90 yo, resevwa yon seri pwomosyon depi l fin konplete yon pwogram jesyon relasyon avèk kliyan—FEP la soti nan demachè rive nan responsab jesyon komite direktè yon konpayi fòmasyon nan jesyon tan nan São Paulo.

Li di, “Fon Edikasyon Pèpetyèl la enspire pa Bondye.” “Fon an se kle m te bezwen pou konplete fòmasyon mwen ak avanse nan karyè mwen.”

Yon bon envestisman

Malgre Gabriel Salomão Neto pa yon Sen dènye jou, li santi l beni pa Fon Edikasyon Pèpetyèl la tou. Li di, nan non anpil anplwayè nan Brezil, “Se yon gwo bagay legliz ou a ap fè.”

Mesye Neto, yon manadjè ak ko-pwopriyetè yon gwo konpayi machin otomatik pou vann pwodui, gen rezon pou l rekonesan. Li te tèlman enpresyone devan kalifikasyon Silvia O. H. Para, yon manm legliz la ki te pran yon diplòm nan jesyon administratif avèk èd lajan prete nan FEP a, ke li te anplwaye l kòm sekretè egzekitif li.

“Nou renmen jan l travay. Li travay di epi li efikas” Mesye Neto di, “nou kwè nan li, epi nou fè l konfyans.” “Envestisman legliz la nan li pote rezilta—pou ou, pou li, ak pou nou.”

Kòm rekonesans pou Fon Edikasyon Pèpetyèl la ak paske li se manm Legliz la, Silvia anseye klas Anglè nan pawas li São Paulo pou manm ak moun ki pa manm. Li di, “jan m te resevwa a, m vle bay tou.”

Jan siksè Silvia montre sa a, se pa jèn gason yo sèlman ki tire pwofi nan Fon Edikasyon Pèpetyèl la nan Brezil. Pou rezon ekonomik, anpil fi Sen Dènye Jou nan Brezil oblije chèche travay tou.

Lorival Viana de Aguirra, responsab sant resous pou anplwa Legliz la nan Curitiba, nan zòn sid Brezil di, “Pifò fi nan Brezil travay non pa paske yo vle yon machin nèf oubyen rad chè men pito pa nesesite.” “Yo vle fanmi yo manje pi byen epi pitit yo gen rad yo bezwen ak bon kalite edikasyon.”

Pi plis bonè, temwayaj pi solid

Keite de Lima A. Ahmed ak Viviana Torres Noguera t ap redi pou kouvri depans yo chak mwa malgre mari yo t ap travay di pou fanmi yo. Pou toulède, FEP la sete yon gwo benediksyon.

Sepandan, manm fanmi Keite yo ki p at aktif te gen dout, lè l te enskri pou yon pwogram 18 mwa pou teknisyen nan sekirite. Men li te eksele nan etid li yo epi yo te ofri l yon pozisyon aplentan nan domèn ni an 2007.

Keite, youn nan premye fi ki te anplwaye pou dirije enspeksyon, fòmasyon ak enplatasyon sekirite pa yon konpayi nan São José dos Pinhais, tou pre Curitiba, di “fon an te fè plis pase jis ede m resevwa fòmasyon ak anplwa; li te ede m santi m pi byen nan po mwen epi grandi avèk plis konfyans nan kapasite mwen.” Li di, “pwogram enspire sa a pote pi plis bonè ak temwayaj pi solid nan fanmi nou.”

Paran ak fanmi Keite yo, enpresyone pa pèfòmans li ak detèminasyon li ak pa fason FEP la te beni fanmi li, te retounen aktif legliz la. Li di, “Yo te vin sonje ke legliz la leve moun epi li ede yo grandi nan anpil fason—pa sèlman espirityèlman men tou nan tout fason ki enpòtan pou yon lavi konplè.”

Viviana ak mari li, Rafael, te deplase soti Kolonbi ale Manaus, yon sant endistriyèl enpòtan nan zòn nò Brezil, an 2002 pou te chanje sitiyasyon ekonomik yo. Viviana, ki te pouse pou itilize lajan li prete nan FEP la pou etidye Biznis Entènasyonal, di “Priyè, reyinyon familyal, gidans dirijan Prètriz yo, ak klas atelye pwofesyonèl yo te ede nou konnen sa Papa nou ki nan Syèl la te vle pou nou epi pran bon desizyon an nan bon moman an.”

An 2007 Viviana te al sipève enpòtasyon pou yon Sipèmakèt nan Manaus. Fanmi li te bezwen revni anplis la, men avèk yon bebe ki ta pral fèt, li te oblije demisyone. Kèk mwa apre katriyèm—pitit—koup la te fèt, Viviana te jwenn yon djòb kòm dirèktè komès entènasyonal pou yon lòt konpayi. Rive lèsa a li te gen tan aprann pale Pòtigè, epi Espanyòl natifnatal li a te ogmante valè li nan fè biznis avèk vwazen k pale Espanyòl nan Brezil yo.

“Lè yo te ofri m djòb la, m te di, ‘M gen kat pitit.” Viviana di, “M pa ka angaje m pou travay 8:00 dimaten rive 6:00 diswa.” “Bòs mwen te di ke l te gen anpil konfyans nan kapasite mwen, avèk pawòl sa yo, ‘Mwen bezwen yon moun m ka konte sou li. Travay lakay.‘Sete yon sipriz pou mwen.”

Avèk entènèt ak yon òdinatè, Viviana travay lakay li pandan pi gran timoun li yo ale lekòl epi bebe li a ap dòmi. Sèlman pa okazyon li gen pou ale nan ofis li.

Pou Rafael benediksyon familyal sa a se plis pase yon aza. Li di: “Benediksyon nou resevwa yo vini soti nan yon seri desizyon nou te pran nan lapriyè ak nan aksyon ki te posib pa zouti Legliz la te bay yo.”

Limyè Lespwa

Gilmar Dias da Silva, direktè FEP la nan Brezil, di ke gen kèk Sen Dènye Jou Brezilyen ki fè fas ak difikilte pou travay apre yo fin pran fòmasyon, “men pifò nan patisipan FEP yo ap pwogrese nan travay yo epi amelyore lavi yo. Fon an se yon siksè isit la.”

Siksè sa a, dapre pawòl prezidan Thomas S. Monson, te limen limyè lespwa a nan je sila yo ki te santi yo kondane nan medyokrite yo men ki kounyeya gen yon opòtinite pou yon avni pi briyan.2

Nòt

  1. Gordon B. Hinckley, “Fon Edikasyon Pèpetyèl,” Liahona, Jiyè 2001, 62; Ensign, Me 2001, 52; “The Need for Greater Kindness,” Lyawona ak Ensign, Me 2006, 61.

  2. Thomas S. Monson, “They Marked the Path to Follow,” Liahona, Oktòb 2007, 6; Ensign, Oktòb 2007, 8.

Foto pa Michael R. Morris

Anblèm FEP pa Beth M. Whittaker

Avèk èd Fon Edikasyon Pèpetyèl la, Dilson Maciel de Castro Jr. te chanje yon enpresyon espirityèl vin tounen yon pwofesyon, pou l vin yon enfimyè nan Recife, Brezil. Pi ba a: Yon foto Recife nan vil kolonyal Olinda a.

Soti anwo: Fasad prensipal nan Largo da Ordem, sant istorik Curitiba. Fon Edikasyon Pèpetyèl la sete kle pou Ricardo Aurélio da Silva Fiusa avanse lekòl ak nan pwofesyon l; Mauricio A. Araújo, ap kondi yon reyinyon biznis avèk zanmi Sen Dènye Jou Renato A. Romero (agoch) ak João B. Moreira (omilye); ak Silvia O. H. Parra, nan foto avèk Adan Tallmann, sekretè zòn nan pou seminè ak enstiti relijyon.

Anlè: Keite de Lima A. Ahmed diskite pwoblèm sekirite avèk Lorival Viana de Aguirra, direktè sant resous anplwa legliz la nan Curitiba. Anba: Viviana Torres Noguera travay apati lakay li nan Manaus. Andedan: Viviana avèk mari li, Rafael, ak pitit yo.

Enprime