2009
Fè lapè avèk lenmi l yo
April 2009


Soti nan lavi pwofèt Joseph Smith

Fè lapè avèk lenmi l yo

Adapte soti nan Teachings of Presidents of the Church: Joseph Smith (materyèl pou etid Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou 2007), 339–41.

Yon jou Pwofèt la t ap vizite kay paran li nan far West, yon gwoup bandi te pete pòt kay la yo antre.

Kiyès nan nou ki Joe Smith la?

Nou vini pou touye l!

Joseph te avanse imedyatman, li souri bay mesye yo, epi l bayo lanmen.

Mwen se Joseph. M kontan rankontre nou. Tanpri, rantre vin chita.

Mesye t ap fikse pwofèt la andout pandan l te kontinye pale.

Nou menm Mòmon nou kwè nan Jezikri e nou sèlman vle lapè. Men nou te gen anpil pèsekisyon nan mwa pase yo depi nou deplase vin Missouri a. Daprè sa m konnen, okenn nan nou pa janm kraze yon lwa. Men si nou fè sa, nou pare pou lalwa jije nou.

Manman, m panse m pral lakay mwen. Emma ap ret tann mwen.

Ou pa prale pou kont ou, paske pa gen sekirite.

Nou prale avèk ou pou pwoteje ou.

Mèsi.

Nou pwomèt n ap kraze gwoup bandi k sou kont nou yo epi n ap rantre lakay nou.

Si w ta bezwen nou, n ap retounen vin fè sa w mande nou an.

Deyò kay paran Joseph yo, rès mesye yo t ap pale sou rankont yo avèk pwofèt la.

Eske ou pa t santi w dwòl lè l te kenbe men w lan? M pa t janm santi m konsa nan lavi mwen.

M te santi kòmsi m pa t ka bouje. Anyen nan mond lan pa ka fè m touche yon branch cheve nan tèt mesye sa a.

Se dènye fwa w ap janm wè m vin eseye touye Joe Smith oswa mòmon yo.

Ilistrasyon pa Sal Velluto ak Eugenio Mattozzi

Enprime