2009
Kesyon ak repons
April 2009


Kesyon ak repons

“Paran m pa aktif nan legliz la. Kijan m kapab kanpe solid san sipò yo?

Se yon sitiyasyon difisil paske paran yo abityèlman se moun nou chèche pou gidans ak direksyon. Men gen bagay ou kapab fè pou rete solid, e bagay sa yo ap ede ou rete yon bon egzanp pou paran ou.

Pou envite enspirasyon nan lavi ou, kontinye priye ak etidye ekriti yo. Papa nou ki nan Syèl la tande priyè w yo e l ap reponn yo.

Tounen vè lòt fanmi oswa vè manm Legliz yo pou w ka jwenn egzanp ak sipò ou ka bezwen an. Pa egzanp, mande enstriktè nan fwaye yo oswa evèk ou oswa prezidan branch ou yon benediksyon Prètriz si pa gen detantè Prètriz ki diy lakay ou.

Ou ka fòfifye frè w ak sè w yo ak paran ou pa egzanp lafwa ou. Ou gen dwa kapab fè sware familyal, priyè familyal, oubyen etid ekriti familyal avèk frè w ak sè w yo. Paran ou gen dwa menm anvi asiste.

Sa ki pi enpòtan, kontinye renmen paran ou. Pa jije yo. Men, rete janti ak pasyan. Yo toujou bezwen lanmou ou ak sipò ou, menmjan ou bezwen pa yo a.

Priye pou paran ou

Envite yo pou yo fè priyè familyal. Envite yo nan aktivite legliz yo. Òganize sware familyal. Priye pou yo anpil, epi eseye rete yon bon egzanp. Nan fason sa a w ap fòtifye fanmi ou ak pwòp temwayaj pa ou, w ap vin santi w pi byen, epi Senyè a ap ede ou rete solid nan Legliz la. Fè sa avèk lafwa ak devouman, e l ap reponn priyè w yo.

Sonia B., 20, Yucatán, Meksik

Pa lage

Papa m pa manm, e manman m ak sè m yo pa aktif. Sa fè m mal paske yo meprize kwayans mwen yo. Men lafwa m te grandi pandan m ap ale nan seminè, legliz, ak nan Mityèl epi pandan m ap priye ak li ekriti yo. Pi bon konsèy mwen ka bay se pa lage.

Amanda B., 16, Nevada, Etazini

Fason pou rete aktif

Mwen konn yon jènfi ekstraòdinè ki ekstrèmman solid nan legliz la malgre ke paran l pa aktif. Li se yon enspirasyon pou lòt jènfi yo paske li deja pran meday Jènfi a. Li di ke sipò lòt jènfi yo, ale legliz regilyèman, ak reyèlman kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la tout sa se gwo mwayen ki ede l rete aktiv.

Chelsea C., 17, Oklahoma, Etazini

Yon refij an sekirite

Mwen konte sou lapriyè ak etid ekriti yo pou fòtifye temwayaj mwen, e mwen jwenn yon refij an sekirite nan patisipe nan Eskout ak pwogram Jènjan yo osibyen nan mayifye apèl mwen. Suiv konsèy pwofèt yo ak chwazi bon zanmi ede anpil tou. Sonje pou w toujou tabli yon gwo egzanp pou fanmi ou nan montre yo amou sensè, sousi, ak respè. Si w fè pati pa w la, Senyè a ap fè pa li.

Èldè Whigham, 21, Misyon San Francisco nan Kalifòni

Kouraj nan egzanp yo

Manman m se yon inaktiv, e lòt fanmi m yo pa manm. Sa m fè se mete konfyans nan dirijan m yo ak zanmi m yo; yo toujou ede mwen. Yo se moun ki enpòtan anpil pou mwen nan lavi m paske yo kontribye nan fason m ap viv ak bi mwen pou al fè yon misyon. Yo ban m anpil kouraj atravè egzanp yo. Ou bezwen apresye amitye moun k ap ede w fòtifye ou antanke manm yo epi pase plis tan avèk yo, paske sètènman w ap toujou gen yon bagay anplis pou aprann.

Ivana S., 20, Buenos Aires, Ajantin

Eksprime lanmou pou paran ou

Kontinye pale avèk paran ou, epi eseye jwenn sipò yo. Eksprime lanmou ou ak apresyasyon ou pou yo, epi di yo kijan sa enpòtan pou ou ke yo ale legliz. Mande dirijan yo transpò, epi gade si evèk ou ta ka eseye pale avèk paran w yo. Priye epi mande Papa nou ki nan Syèl la sipò, ep priye pou paran ou ka kòmanse wè ke rete aktif enpòtan pou ou. Ou gen dwa vin pi solid tou nan li Liv Mòmon an chak jou ak nan kenbe kòmandman yo.

Craig L., 16, Missouri, Etazini

De sistèm sipò

Mwen wè sitiyasyon sa a anpil nan misyon mwen, epi timoun ki fè fas ak sa yo plen kouraj anpil. Kijan yo fè sa? Nan devlope yon sistèm sipò andedan Legliz la atravè zanmi ak dirijan epi nan devlope yon sistèm sipò avèk Senyè a atravè lapriyè, lekti ekriti yo chak jou, ak ale legliz. Ou ka reyisi si w fè bagay sa yo!

Èldè Jones, 21, Misyon Papeete nan Tayiti

Enprime