2009
Li ekriti yo avèk dilijans
April 2009


Mesaj vizit nan fwaye

Li ekriti yo avèk dilijans

Anseye ekriti ak sitasyon ki ap ede sè w ap vizite yo konprann prensip sa yo. Envite moun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo te santi ak aprann.

Poukisa nou li ekriti yo?

Prezidan Howard W. Hunter (1907–95): “Mwen rekòmande nou revelasyon Bondye yo kòm prensip nou dwe viv lavi nou epi kòm prensip nou dwe mezire chak desizyon ak chak aksyon. Menmjan tou, lè nou gen sousi ak pwoblèm, pou nou fè fas avèk yo, tounen vè ekriti yo ak pawòl pwofèt yo” (“Fear Not, Little Flock,” in 1988–89 Diskou devosyon ak kwendfe [1989], 112).

Prezidan Ezra Taft Benson (1899–1994): “Siksè nan lajistis, pouvwa pou evite desepsyon epi pou reziste anba tantasyon, gidans nan lavi chak jou nou, gerizon nanm nou—bagay sa yo se kèk sèlman nan pwomès Senyè a bay moun ki vin tande pawòl li. … Gen kèk benediksyon ke nou jwenn sèlman nan ekriti yo, sèlman nan vin tande pawòl Senyè a epi kenbe l fèm. …

“… Reangaje tèt nou nan etid ekriti yo. Plonje nou nan yo chak jou pou nou kapab gen pouvwa Lespri a pou asiste nou nan apèl nou. Li yo nan fanmi nou epi anseye pitit nou yo pou yo renmen yo ak cheri yo” (“The Power of the Word,” Ensign, Me 1986, 82).

Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985): “Amezi n ap vin plis an plis familye avèk verite yo nan ekriti yo, n ap vin plis an plis efikas nan kenbe dezyèm gwo kòmandman an, ki se renmen pwochen nou menmjan ak tèt nou an. Se pou nou vin save nan ekriti yo—non pa pou kraze lòt moun, men pou elve yo! Apretou, kiyès ki gen pi gwo bezwen pou ‘cheri’ verite levanjil yo (ke yo ka aple nan moman bezwen yo) pase fi yo ak manman yo k ap fè sitèlman bagay pou nouri ak anseye?” (“The Role of Righteous Women,” Ensign, Nov. 1979, 102).

Nan ki fason m ka bay ekriti yo valè?

2 Nefi 4:15: “Paske nanm mwen pran plezi nan ekriti yo, e kè m medite sou yo, e m ekri yo pou konesans ak pwofi pitit mwen yo.”

Julie B. Beck, prezidant jeneral Sosyete Sekou: “Yon bon fason pou kòmanse etidye ekriti yo se ‘konpare’ yo avèk nou (gade 1 Nefi 19:23). Gen kèk moun ki kòmanse pa chwazi yon sijè nan Referans pa sijè a ke yo bezwen konnen plis sou li. Gen lòt ki kòmanse nan kòmansman yon liv ekriti epi ki chèche ansèyman espesifik. …

“Kèlkeswa fason yon moun kòmanse li ekriti yo, kle pou louvri konesans enpòtan an se kontinye li. Mwen pa janm bouke dekouvri bèl richès verite yo nan ekriti yo paske yo anseye yo ‘klè, menm pi klè nan jan yon pawòl ta kapab’ (2 Nephi 32:7). Ekriti yo temwaye de Kris la (gade Jan 5:39). Yo di nou tout bagay nou dwe fè (gade 2 Nefi 32:3). Yo ‘ba [nou] sajès ki mennen nan sali’ (2 Timote 3:15).

“Atravè lekti m fè nan ekriti yo ak priyè ki akonpaye etid mwen yo, mwen vin akeri konesans ki pote lapè pou mwen epi ki ede m kenbe enèji mwen santre sou priyorite etènèl yo. Paske m te kòmanse li ekriti yo byen bonè, mwen aprann konnen Papa m ki nan Syèl la, Pitit Gason l lan, Jezikri, ak sa m dwe fè pou m kapab menmjan avèk yo” (“My Soul Delighteth in the Scriptures,” Liahona ak Ensign, Me 2004, 108–9).

Prezidan Thomas S. Monson: Ekriti sent yo byen dekore bibliyotèk nou. Asire nou ke yo pote nouriti pou lespri nou ak gidans pou lavi nou” Ensign, Nov. 1997, 95).

Foto ilistrasyon pa Craig Dimond; fon an pa Shannon Gygi Christensen

Enprime