2009
Kesyon ak repons konsènan òganizasyon legliz la
April 2009


Kesyon ak repons konsènan òganizasyon legliz la

Poukisa Legliz la pote non Jezi?

Jezi te di li pote non li paske se legliz li (gade 3 Nefi 27:8). Li te òganize li pou ede nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Jezikri se tèt legliz la.

Kisa “dènye jou” vledi?

Jezi te di, “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vle di legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.” (D&C 115:4). “Dènye jou” vledi dènye jou yo, epòk n ap viv kounyeya a.

Kisa “Sen” vledi?

“Sen” vledi manm legliz Kris la. Ekriti yo pale konsènan Sen yo nan anpil peryòd.

Epòk Ansyen Testaman: Detewonòm 33:3; Sòm 30:4

Epòk Nouvo Testaman: 1 Korentyen 1:2

Epòk Liv Mòmon an: 1 Nefi 14:14; Mowoni 8:26

Epòk Joseph Smith la: Doktrin ak Alyans 57:1; 84:2

Jodia, manm legliz yo pote non Sen tou.

Kijan Jezikri te òganize legliz li a?

Jezi te òganize legliz li a lè l te viv sou tè a, lè l te vizite kontinan Ameriken an, ak lè l te retabli li atravè pwofèt Joseph Smith. Chak fwa li te chwazi Douz Apot oswa disip pou ede l bati wayòm Bondye a sou tè a nan anseye levanjil la (gade Mak 16:14–15; 3 Nefi 12:1).

Jezi aple yon pwofèt tou pou dirije legliz la. Prezidan legliz la se pwofèt la. Jezi te aple Joseph Smith kòm premye pwofèt nan dènye jou yo. Thomas S. Monson se 16yèm Prezidan Legliz la. Pwofèt la se sèl moun ki ka resevwa revelasyon pou tout legliz la.

Douz Apot nan epòk Nouvo Testaman an

Douz Apot nan epòk Liv Mòmon an

Pwofèt dènye jou yo

Imaj
Prophet Joseph Smith

Joseph Smith, premye Prezidan Legliz la.

Imaj
President Thomas S. Monson

Thomas S. Monson, 16yèm Prezidan Legliz la

Kijan dirijan nan legliz nou yo ede Jezi?

Tout dirijan Legliz yo ede Jezi nan sèvi lòt manm yo nan legliz la.

Pwofèt la dirije Douz Apot yo.

Apot yo dirije Kolèj Swasanndis yo.

Kolèj Swasanndis yo ede Apot yo anseye prezidan pye ak distri yo.

Prezidan pye ak distri yo ede anseye evèk yo ak prezidan branch yo.

Nan pawas yo ak branch yo, evèk yo ak prezidan branch yo dirije prezidan Sosyete Sekou yo, prezidan Jènjan yo ak Jènfi yo, prezidan Primè yo, prezidan Lekòl Didimanch yo, enstriktè ak enstriktris nan fwaye yo, ak lòt dirijan yo.

Dirijan ak enstriktè nan pawas yo ak branch yo sèvi nou tout.

Kijan w ka ede Jezi?

Ou ede Jezi lè w kenbe kòmandaman l yo. Ou ede li nan suiv pwofèt la. Ou ede li lè w aprann sou li nan ale Legliz la ak li ekriti yo. Ou ede li lè w chwazi bon bagay. Lè w fè bagay sa yo, w ap prepare w pou w vin yon fiti dirijan Legliz li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Gade mwen ak pye mwen, pa Harry Anderson; Twa Nefit yo, pa Gary L. Kapp; ilistrasyon foto pa Welden C. Anderson; detay sou Joseph Smith Jr., koutwazi Community of Christ Archives, Independence, Missouri; foto Prezidan Monson pa David Newman

Enprime