2009
Pa pèdi nuit
April 2009


Pa pèdi nuit

Lè moman gradayasyon nan kolèj la te rive, m te reyalize ke prensip levanjil yo te beni lavi tanporèl mwen—osibyen ke lavi espirityèl—mwen.

Menm lè m te jènfi, pifò nan apèl mwen te genyen yo nan legliz la te konsène anseye timoun nan Primè, epi sa te enfliyanse desizyon mwen pou m te pran yon diplòm nan ansèyman lekòl elemantè. Men chwa yon pwofesyon se pa t sèl fason ansèyman legliz la te afekte edikasyon mwen. Sa te vin trè klè lè m t ap prepare pou gradye.

Dènye pwojè m te genyen pou m te fè sete yon tèz final m ta pral soutni nan yon egzamen oral devan twa jij. Jij yo sete kèk nan enstriktè ki te anseye klas mwen yo.

Lè m te fin byen prepare tèz mwen an, m te pase yon pati nan apremidi anvan egzamen oral la avèk fanmi mennaj mwen. Lè m t ap deplase tounen lakay mwen, manman l te di li espere tout bagay ta pral anfòm epi li te deklare, “Si ou prepare ou pa p pè” D&A 38:30

Demen te rive. Plizyè douzèn souvni te pase nan lespri mwen. M te sonje kijan m te deside kite vil kote m te grandi a pou m te kontinye lekòl mwen; m sonje tout sakrifis fanmi m te fè pou finanse etid mwen. M pa t ka fè yo wont. Dènye egzamen m nan te dwe yon siksè.

Kamarad klas mwen yo t ap tann egzamen pa yo tou. Nou tout t ap panse ak kesyon jij yo ta ka poze, men m te santi m an konfyans paske m te priye pou èd epi paske m te konnen Bondye konnen efò m te fè pou òganize, fè rechèch ak ekri tèz mwen an.

Tou pa m te rive. Apre m te fin eksplike tèz mwen an bay jiri a, m te kòmanse reponn kesyon yo. Apre m t fin reponn plizyè kesyon sou sijè m te kouvri a, youn nan jij yo te mande, “Ki kantite travay ou te fè pou w prepare tèz sa a?”

M te reponn “Yon bon valè.” “M te mete tout mwen menm ladan paske m te vle l orijinal.”

“Ou konn pèdi nuit?”

M te di, “Non, dabitid m pa rete ta lannuit pou fè devwa.” “M planifye jounen m pou m ka akonpli travay mwen.”

Figi jij yo te klèman eksprime etonman. Menm jij la te deklare, “M touve sa etranj pou w admèt ou pa rete ta lannuit. Nou konnen kamarad ou yo fè sa, pandan anpil nuit.”

Youn nan jij yo te di, “Kite m pale nou de elèv sa a. Li gen tan pou tout bagay. M ka di sa paske m konnen li. Li gen tan pou etid li, pou zanmi li, pou fanmi li, epi li menm ale legliz.”

“Vrèman?” lòt jij la te etone ankò. “Ki legliz ou ale?”

“Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.”

Youn te di, “Oh, wi, m konnen legliz sa a.”

“Epi yo anseye nou pou n dòmi bonè pou nou kapab gen enèji pou jou apre a.”

M te santi m kalm ak an konfyans osijè levanjil la, malgre m te etone ke yo te poze m kesyon sou relijyon nan yon egzamen pwofesyonèl.

“Tèz ou a ekri avèk anpil atansyon. Li ekselan. M sipoze sa se rezilta abitid legliz ou a enplante nan ou yo tou.”

M te di, “Wi.” “Nan legliz la yo anseye m kijan pou m anseye timoun yo, epi sa reyèlman ede m nan karyè m nan.”

Yon jij te fè yon blag, “Ou te bwè sa tankou dlo.” “Nou espere ou pa p sispann ale legliz, paske ou gen anpil redevans anvè prensip ou te akeri yo.”

Epi yo te mande m pou m te kite sal la pou jij yo te kapab pran yon desizyon. De minit apre yo te fè m tounen rantre.

“Sa pa t difisil pou nou pou n te jwenn yon akò. Parapò avèk konduit egzanplè ou, bèl nòt ou yo, ak tèz ou te soutni jodia, vèdik nou tout ansanm ale anfavè gradyasyon ou, avèk mansyon onorab. Felisitasyon!”

Lè m te rakonte fanmi mwen, yo te kriye ak lajwa.

Mwen temwaye ke lè Papa nou ki nan Syèl la kòmande nou pou “kouche nan kabann nou bonè, pou nou kapab pa fatige; leve bonè, pou kò nou ak panse nou kapab refrechi” a D&A 88:124), Li fè sa paske li vle beni nou. Mwen rekonesan anvè li paske li pèmèt levanjil la pote bonè pou nou nan tout aspè lavi nou.

Ilistrasyon foto pa Christina Smith

Enprime