2009
Kisa Ekspyasyon an vle di pou ou?
April 2009


Kisa Ekspyasyon an vle di pou ou?

Soti nan yon diskou ki te fèt pou Konferans Fi yo nan Inivèsite Brigham Young jou 5 Me 2006.

Ekspyasyon an entanseman pèsonèl e li patikilyèman apwopriye pou sitiyasyon ak sikonstans endividyèl nou chak.

Imaj
Elder Cecil O. Samuelson Jr.

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Prensip fondamantal relijyon nou yo se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ki te mouri, ki te antere, epi ki te leve ankò nan twazyèm jou an, epi ki te monte nan syèl; e tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou yo se derive li.”1

Prensip fondamantal yo baze sou Ekspyasyon Jezikri a. Mo Ekspyasyon an “dekri rekonsilyasyon moun ki te separe, epi li endike rekonsilyasyon lòm avèk Bondye. Peche se koz separasyon an, epi konsa bi ekspyasyon an se pou korije oubyen simonte konsekans peche.”2 Mwen kwè li posib pou vin separe avèk Bondye pou plis rezon pase sèlman peche aklè yo.

Risk pou nou vin lwen Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a enpòtan epi yo antoure nou tout tan. Erezman, Ekspyasyon an te fèt pou tout sitiyasyon sa yo tou. Se poutèt sa Jakòb, frè Nefi a, te dekri Ekspyasyon an kòm yon bagay “enfini” (2 Nefi 9:7), ki vle di san limitasyon oswa kontrent nan antouraj nou. Se poutèt sa Ekspyasyon an remakab ak nesesè anpil. Konsa, se pa etonan ke nou non sèlman bezwen apresye kado enkonparab sa a men nou bezwen konprann ni klèman tou.

Jezikri sete sèl moun ki te kapab akonpli Ekspyasyon mayifik sa a paske li sete sèl moun pafè ak sèl Pitit Gason Literal Bondye Papa a. Li te resevwa manda pou fè travay esansyèl sa a nan men Papa li anvan mond lan te etabli. Lavi mòtèl pafè li te san peche, san li ki te koule, soufrans li nan jaden an ak sou kwa a, lanmò volontè li, ak Rezirèksyon kò li soti nan tonm nan te rann posib yon total Ekspyasyon pou moun tout jenerasyon ak tout tan.

Ekspyasyon an fè Rezirèksyon an vin yon reyalite pou tout moun. Sepandan, konsènan transgresyon ak peche endividyèl nou, aspè kondisyonèl Ekspyasyon an mande lafwa nou nan Senyè Jezikri, repantans nou, ak akòde nou avèk lwa ak òdonans yo nan levanjil la.

Imòtalite ak lavi etènèl

Petèt vèsè yo pi souvan site nan reyinyon nou yo ak nan diskou nou yo se bèl vèsè byen klè sa a nan Liv Moyiz la: “Paske, gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen---pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Gras ak Rezirèksyon an, nou tout ap gen imòtalite. Gras ak Ekspyasyon an, moun ki gen ase lafwa nan Senyè Jezikri pou pran non li sou tèt yo, ki repanti epi ki viv ann akò avèk levanjil li a, ki kenbe alyans yo fè avèk li ak Papa li, epi ki patisipe nan òdonans sali yo ki disponib nan fason sakre ak nan kote sakre yo ap fè ekspeyrans lavi etènèl e y ap jwi lavi etènèl.

Mwen pa sonje m rankontre yon moun ki di l gen lafwa solid nan Jezikri ki bay tèt li pwoblèm sou Rezirèksyon an. Wi, nou tout ka gen anpil kesyon sou detay yo, men nou konprann ke pwomès debaz la enkli tout moun epi li sèten.

Paske lavi etènèl la sou kondisyon epi li mande efò nou ak akò nou, anpil nan nou menm ap lite de tanzantan, petèt regilyèman —tout tan menm—avèk kesyon konsènan viv fason nou konnen nou ta dwe viv. Jan Èldè David A. Bednar nan Kolèj Douz Apot yo te mande: “[Èske] pa erè nou kwè nou dwe fè vwayaj la soti nan bon vin nan pi bon epi vin yon sen poutèt pa nou atravè detèminasyon, volonte, ak disiplin”?3

Si sali nou sete yon zafè pwòp efò pa nou sèlman, nou t ap nan gwo pwoblèm paske nou tout enpafè epi nou youn pa kapab konfòme nou totalman nan tout bagay tout tan. Konsa, kijan nou ka atenn èd ak asistans nou mande a? Nefi te klarifye dilèm sou relasyon ant gras ak zèv la lè l te temwaye: “Paske nou konnen se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè” (2 Nefi 25:23).

Diksyonè Bib la raple nou ke gras vle di yon metòd oswa yon mekanis divin ki pote fòs oubyen ki ede atravè mizèrikòd ak lanmou Jezikri ki te rann disponib pa Ekspyasyon l lan.4 Konsa, se atravè gras Kris la ke n ap resisite, epi se gras li, amou li, ak Ekspyasyon an k ap ede nou akonpli bon zèv epi fè pwogrè nesesè a ki otreman t ap enposib si yo te kite nou poukont nou avèk pwòp kapasite ak pwòp resous pa nou.

Bonè atravè Ekspyasyon an

Pami anpil bagay mwen admire nan Nefi yo gen atitid li. Lavi li pa t fasil, patikilyèman lè n konpare l avèk konfò anpil nan nou pran san apresyasyon an jodi a. Nefi ak fanmi li te viv pandan dèzane nan dezè a anvan yo te rive nan tè pwomiz la. Yo te soufri grangou, swaf ak danje. Nefi te oblije fè fas ak gwo pwoblèm familyal ki te agrave pa Laman ak Lemyèl, finalman li te separe tèt li ansanm avèk moun ki te suiv li yo, ak moun ki te patizan Laman ak Lemyèl yo.

Anfas tout privasyon ak difikilte sa yo, Nefi te di kanmèm: “Epi, sete konsa, nou te viv nan bonè” (2 Nefi 5:27).

Li te konprann ke gen yon modèl pou viv ki mennen nan bonè, malgre difikilte, pwoblèm, ak desepsyon ki vini nan lavi nou yo. Li te gen posiblite fokis sou sa ki esansyèl nan plan Bondye a pou li ak pou pèp li a epi konsa li te kapab anpeche fristrasyon l yo oswa obsèvasyon klè ke lavi a pa jis yo fè l pèdi espwa. Li pa jis, men li menm ak pèp li a te gen kontantman malgre sa. Yo te konprann ke Ekspyasyon an t ap gen pou fèt, epi yo te gen konfyans ke li t ap enkli yo.

Nefi te poze tèt li kèk kesyon enpòtan ke nou gen dwa mande tèt nou tou lè n ap konsidere plas Ekspyasyon Kris la nan pwòp lavi pa nou:

“Enben, si m te wè bagay ki gran konsa, si nan kondesandans li pou pitit lèzòm, Senyè a te vizite lèzòm avèk mizèrikòd sa a, poukisa kè m dwe kriye e nanm mwen dwe rete nan vale tristès la, epi kò m depafini, epi fòs mwen febli, poutèt afliksyon m yo?

“Epi poukisa m ta bay peche premye plas, poutèt kò mwen? Wi, poukisa mwen ta lage m bay tantasyon, pou malen an gen plas nan kè m, pou l eetwi lapè m e pou l aflije nanm mwen? Poukisa m fache poutèt enmi mwen? (2 Nefi 4:26–27).

Apre li te fin lamante li te reponn pwòp kesyon l yo, konesan ki apwòch pou l te pran pou pwoblèm li yo: “Reveye w, nanm mwen! Pa rete drive nan peche. Rejwi ou, O kè mwen, e pa bay plas pou enmi nanm mwen an ankò. … O Senyè a, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan” (2 Nefi 4:28, 34).

Èske sa vle di ke Nefi pa t gen pwoblèm ankò? Èske sa vle di ke li te totalman konprann tout sa k t ap rive l yo? Sonje repons li te bay yon zanj plizyè ane anvan kote li te poze yon kesyon enpòtan sou Ekspyasyon Kris la, ki te gen pou rive alavni an: “M konnen [Bondye] renmen pitit li yo; men, m pa konn siyifikasyon tout bagay” (1 Nefi 11:17).

Nou menm tou nou pa kapab ni nou pa p konnen siyifikasyon tout bagay, men nou kapab e nou dwe konnen ke Senyè a renmen pitit li yo epi nou kapab benefisye tout lagras Kris la ak Ekspyasyon an nan lavi nou ak nan difikilte nou yo. Menmjan tou, nou konnen e nou dwe sonje foli ak danje ki genyen nan bay malen an plas nan kè nou.

Menm lè nou totalman konprann epi angaje nou nan evite mal la ak malen an nan kè nou ak nan lavi nou, nou konn echwe paske twò souvan nou se gason ak fi “natirèl” (gade Mozya 3:19). Konsa, nou dwe rekonesan pou prensip repantans lan epi nou dwe pratike li. Pandan ke nou souvan pale sou repantans kòm yon evenman, ke li ye pafwa, pou pifò nan nou li se yon pwosesis konstan, ki dire tout yon lavi.

Natirèlman, gen peche omisyon ak peche komisyon pou ki nou kapab imedyatman kòmanse pwosesis repantans lan. Gen kalite inikite ak erè patikilye ke nou ka abandone kounyeya epi nou pa janm fè yo ankò. Pa egzanp, nou kapab vin peye dim total pou rès lavi nou, menmsi se pa t toujou sa nou te konn fè. Men gen lòt dimansyon nan lavi nou ki mande amelyorasyon kontini ak atansyon konstan, tankou espirityalite nou, charite, sansiblite pou lòt moun, konsiderasyon pou manm fanmi nou, sousi pou pwochen nou, konprann ekriti yo, patisipe nan tanp, ak kalite priyè pèsonèl nou.

Nou kapab rekonesan dèske Sovè a, ki konprann nou pi byen pase nou konprann tèt nou, te mete Sentsèn nan pou nou kapab regilyèman renouvle alyans nou yo nan pran anblèm sakre yo avèk angajman pou nou pran non sen l lan sou tèt nou, pou n toujou sonje li, epi kenbe kòmandman l yo. Si nou suiv chema ki pèmèt nou “viv nan bonè” a, repantans nou ak aksyon nou ap montre yon pi gwo kalite, epi kapasite nou pou n konprann ak apresye Ekspyasyon an ap ogmante.

Repantans ak obeyisans

Nan semèn anvan òganizasyon Legliz la an 1830, Pwofèt Joseph Smith te resevwa yon revelasyon remakab ki ajoute sou fason nou konprann Ekspyasyon an paske sete Sovè a li menm ki te pale ak ansenye. Li te dekri tèt li kòm “Redanmtè mond lan” (D&A 19:1), li te rekonèt ke li te suiv volonte Papa a epi li te di: “Mwen kòmande ou pou ou repanti, epi pou ou respekte kòmandman ou te resevwa yo” (D&A 19:13).

Chema senp repantans ak obeyisans sa a se reyèlman baz pou yon moun “viv nan bonè.” Nou konnen se sa nou bezwen fè, menmsi pafwa nou ka bliye poukisa. Senyè a raple nou poukisa nan pawòl sa yo ki nan menm revelasyon an:

“Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti;

“Men si yo pa vle repanti yo dwe soufri tankou m;

“Soufrans sa a ki te fè, mwen menm Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m—epi m te swete pou m pa t bwè tas anmè a, epi tou m pa t fè bak—

“Men, laglwa pou Papa a, m te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm” (D&A 19:16–19).

Ala yon leson remakab. Mwen si ke okenn nan nou pa kapab imajine siyifikasyon ak entansite doulè Senyè a lè l te akonpli gwo Ekspyasyon an. Mwen doute ke Joseph Smith nan moman sa a te konplètman konprann soufrans Sovè a, malgre Pwofèt la te vin gen pi gwo apresyasyon ak konpreyansyon apati pwòp eprèv ak mati pa l yo nan ane apre yo. Panse sou enstriksyon revitalizan Jezi li menm te ba li a lè l t ap konsole epi rekonfòte Joseph nan moman sonb anprizonman li nan Prizon Libète a. Lè sa a, Senyè a te senpleman di: “Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase l?” (D&A 122:8).

Kesyon sa a li te poze Joseph la se yon kesyon pou nou chak tou nan pwòp lit ak pwoblèm pèsonèl pa nou yo. Okenn nan nou menm pa dwe janm doute repons kòrèk la.

Ke Jezi te pase sa l te pase a, non pa paske li pa t kapab evite li men paske li renmen nou, se yon bagay ki anfèt pote nou reflechi. Jezi renmen epi li onore Papa li tou avèk yon pwofondè ak lwayote ke nou ka sèlman imajine. Si nou santi pou n onore ak renmen Sovè a an retou, nou pa dwe janm bliye ke l te fè sa l te fè pou nou an pou nou ka pa soufri nan menm degre sa jistis poukont li ta ka mande nou an.

Kout fwèt, privasyon, abi, kloure, ak presyon ak soufrans nou pa ka konsevwa, you tout te mennen nan agoni atwòs li ke okenn moun pa t ap kapab tolere san pouvwa li ak san detèminasyon li pou rete sou chemen an epi andire tout sa yo te fè li.

Globalite Ekspyasyon an

Lè nou konsidere globalite Ekspyasyon an ak volonte Redanmtè a pou soufri pou tout peche nou yo, nou dwe rekonèt avèk rekonesans ke sakrifis ekspyatwa a kouvri sitèlman plis toujou! Konsidere pawòl sa yo Alma te di moun fidèl nan Jedeyon yo prèske yon syèk anvan Ekspyasyon an te reyalize:

“Epi [Jezi] prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki te di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l.

“Epi, li pral pran lanmò sou tèt li, pou l kapab lage kòd lanmò ki mare pèp li a; e li pral pran enfimite yo sou tèt li, pou zantray li kapab plen mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo.

“Kounyeya Lespri a konnen tout bagay, poutèt sa, Pitit Gason Bondye a soufri nan kò fizik la pou l kapab pran peche pèp li a sou tèt li, pou l kapab efase transgresyon yo dapre pouvwa delivrans li a; s kounyeya gade, sa a se temwayaj ki nan mwen an” (Alma 7:11–13).

Panse ak yon remèd konplè ak efikas pou doulè, afliksyon, tantasyon, maladi, peche, desepsyon, ak transgresyon nou yo. Èske w ka imajine yon bagay ki ka ranplase Ekspyasyon Jezi a? Epi apre ajoute Rezirèksyon enkonparab la sou sa, epi n ap kòmanse konprann sèlman ase pou n chante: “Merveilleux l’amour que Jésus, le Christ m’a donné.”5

Kisa Ekspyasyon an vle di pou ou menm avèk mwen? Li vledi tout bagay. Jan Jakòb te eksplike a, nou kapab “rekonsilye nou avèk li pa mwayen ekspyasyon Kris la, Sèl Pitit Gason Literal li a” (Jakòb 4:11). Sa vle di ke nou kapab repanti, vin nan amoni total ak apwobasyon konplè avèk li, epi evite erè oswa malkonprann ki “niye mizèrikòd Kris la, epi bay ekspyasyon li a ak pouvwa redanmsyon l lan okenn valè” (Mowoni 8:20).

Nou evite dezonore ak derespekte Ekspyasyon Sovè a lè nou koute konsèy Elaman an, ki jodia gen menm enpòtans ke l te genyen nan ane ki te imedyatman presede vini Senyè a sou tè a: “O pitit gason m yo, … pa gen okenn lòt chemen ni mwayen pou lèzòm sove, eksepte nan san ekspyatwa Jezikri ki gen pou l vini an; wi, sonje li gen pou l vin rachte mond lan” (Elaman 5:9).

Ekspyasyon l lan anfèt kouvri mond lan ak tout moun depi nan kòmansman rive jiskalafen. Men, an nou pa bliye ke nan globalite li ak totalite li li entanseman pèsonèl tou epi li inikman fèt pou l pafètman byen tonbe epi pafètman adrese chak nan sikonstans endividyèl nou yo. Papa a ak Pitit Gason an konnen nou chak pi byen pase nou konnen tèt nou e yo te prepare yon Ekspyasyon pou nou ki totalman an akò avèk bezwen nou, pwoblèm nou, ak posiblite nou.

Ann di Bondye mèsi pou don Pitit Gason l lan, epi ann di l mèsi pou Sovè a pou Ekspyasyon l lan. Li vrè epi li efektif epi l ap mennen nou kote nou bezwen ak kote nou vle ale.

Nòt

  1. Joseph Smith, Teachings of Presidents of the Church: Joseph Smith (Melchizedek Priesthood and Relief Society course of study, 2007), 49.

  2. Bible Dictionary, “Atonement,” 617; see also Guide to the Scriptures, “Atone, Atonement,” 22.

  3. David A. Bednar, “In the Strength of the Lord,” nan Brigham Young University 2001–2002 Speeches (2002), 123.

  4. See Bible Dictionary, “Grace,” 697; see also Guide to the Scriptures, “Grace,” 103.

  5. “Merveilleux l’amour,” Cantiques, no. 117.

Goch: Priyè nan Jetsemani, pa Del Parson

Dènye Soupe a, pa Simon Dewey, koutwazi Altus Fine Art, American Fork, Utah

Foto ilistrasyon pa Frank Helmrich

Enprime