2009
Fè bout chemen anplis la
April 2009


Fè bout chemen anplis la

Pafwa fè yon tikras efò pwodui gwo bagay.

Lè Stein Arthur Andersen te apeprè nan laj 15 zan, li pa t aktif nan Legliz la. Ni fanmi li tou. Yo te bwote plizyè fwa nan diferan zòn nan Nòvèj. Fwa sa a yo t ap viv nan Stanvanger. Se katriyèm pi gran vil nan peyi a epi li sitiye sou kot sidwès la. Stein te konn ale legliz la nan Stanvanger kèk fwa epi li te rankontre kèk nan lòt jèn Sen Dènye Jou yo nan zòn nan. Yon jèn gason an patikilye te fè yon gwo enpresyon anpil sou Stein—non li sete Tor Lasse Bjerga.

Sete pandan youn nan ra vizit sa yo legliz la ke Stein te rankontre Tor Lasse. Stein di, “Li te gen kèk ane anplis mwen, epi li te reyèlman enpresyone m.” “M te santi yon bon espri lè m te bò kote l, epi m panse li te yon bon gason.” Si Stein pa t enpresyone pa Tor Lasse, li te ka pa gen volonte pou tande l lè Tor Lasse te deplase ale lakay Stein avèk yon envitasyon espesyal.

Envitasyon sa a te vini nan mitan ane 1970 yo, lè pwogram seminè te kòmanse nan Nòvèj epi Tor Lasse te aple kòm premye enstriktè pou seminè. Puiske li te gen 18 tan sèlman nan moman sa a, Tor Lasse te yon tijan sou tansyon pou pran yon gwo responsablite konsa sou do li. Li sonje, “M te vrèman priye konsènan sa.” Yon bagay li te konnen sètènman sete volonte l pou kontakte tout jèn ki te mwens aktif yo nan zòn ni an. Tor Lasse di, “M te ka santi lamenm ke m te dwe ale vizite Stein Arthur.”

Stein di, “M te pwobableman youn nan non sou lis yo.” Men pou Tor Lasse, Stein te plis pase jis yon non sou yon lis. Tor Lasse sonje ke li te enpresyone pa entelijans Stein ak karaktè kalm ak detèmine li. Konsa Tor Lasse te deside fè yon vizit pèsonèl pou envite Stein patisipe nan nouvo pwogram seminè a.

Tor Lasse te telefone alavans epi pale avèk paran Stein pou asire l ke li t ap lakay li pandan vizit la. Pou rive lakay Stein, Tor Lasse te gen pou monte abò yon bis pou 35 minit pou l rive nan yon estasyon bato. Apresa li te pran 45 minit sou yon bato. Finalman, li te gen pou mache yon lòt 30 minit. Stein di, “M reflechi sou sa tout tan.” “Sa Tor Lasse te fè a sete vrèman fè bout chemen anplis la.”

Toude mesye yo toujou byen sonje espri yo te santi a pandan rankont sa a prèske 35 kan pase. Pandan yo te chita nan salamanje a, lespri Stein t ap repase tout bagay li te enplike ladan yo. “M te okipe anpil avèk foutbòl ak Eskout epi jwe twonpèt, m t ap fè tout kalite bagay.” “M te okipe anpil.”

“Tor Lasse te vire gade m pandan l t ap pale konsènan seminè, epi li te di, ‘Stein Arthur, eske w ap enskri pou pwogram seminè a epi kòmanse etidye ekriti yo avèk mwen?’ M te chita bò fwaye dife a, epi m te di wi.” Dapre tout rezònman lojik, m te sipoze refize paske m pa t gen tan. Men m te di wi. Epi se konsa tout bagay la te kòmanse.”

“Tout bagay” la enkli leve chak maten pou etidye ekriti yo ak leson seminè yo pou kont li lakay li. Apresa ti gwoup kat oswa senk elèv yo te reyini ansanm chak semèn. Stein di, “Gradyèlman m te kòmanse santi Lespri a nan maten sa yo, nan li pou kont mwen, epi m te leve chak maten.” “Apre yon ti tan m te santi kòmsi jounen an pa t ap konplè si m pa t etidye nan maten. Epi m te kòmanse akeri yon temwayaj san m pa menm rann mwen kont de sa.”

Stein eksplike ke “apre yon ti tan m te konprann kisa santiman sa yo te ye. M te santi m byen konsènan sa m t ap aprann nan, epi m te santi Lespri a. M te santi ke sa te kòrèk. Epi m te konnen ke sa sete yon bagay m te vle bati lavi m sou li.”

Men poukisa Stein te di wi pandan l te santi l tèlman okipe konsa? Li di, “M panse enfliyans Sentespri a te travay nan mwen. ” “Antouka m te asireman prepare. Konsa lè Tor Lasse te vini avèk lafwa, li te fè bout chemen anplis la, epi m te pare pou resevwa envitasyon an. Sa se fason Senyè a travay. ”

Apreprè yon ane apresa, Tor Lasse te deside ale nan misyon epi li te aple pou sèvi nan Nòvèj. Pandan tan sa a Stein te kontinye fòtifye pwòp temwayaj li sou levanjil la. Stein di, “Lè Torn te retounen soti nan misyon li, sa te vrèman fè m kòmanse panse sou yon misyon tou.” “M te vin konkli ke m ta dwe ale paske m te vle sèvi Senyè a, epi m te panse si m pa t ale, m ta ka regrèt sa pou tout rès lavi m.”

Stein sonje ke apre l te fin pale avèk dirijan prètriz li yo konsènan ale an misyon, li te santi kòmsi pye l pa t ap menm touche tè a pandan lè l t ap retounen lakay li. Anvan l te pati al nan misyon (nan Nòvèj), Stein te rankontre Hilde, ki te pral madanm ni, nan yon konferans pou jèn yo nan Oslo. Youn te ekri lòt pandan misyon li, epi apre l te retounen lakay li, yo te marye. Kounyeya yo gen kat pitit: de gason, ki toude te marye nan tanp, ak de tifi ki pi jèn, ki toujou lakay yo epi aktiv nan seminè.

Stein di, “Jou swa sa a lè Tor Lasse te vin lakay nou an —sa te fondamantalman chanje tout lavi m.” Vizit sa a te fè l derape sou wout kote li te rankonte madanm ni, sèvi yon misyon, epi fonde yon fanmi, tout sa avèk pye li plante fèm sou teren levanjil la. “M te sèvi kòm prezidan branch, prezidan distri, evèk— tout sa paske Tor Lasse te vini lakay mwen epi m te kòmanse pwogram seminè a.” Tout sa paske Tor Lasse te gen volonte pou l te fè bout chemen anplis la.

Ilistrasyon pa Gregg Thorkelson

Foto pa Paul VanDenBerghe

Ida Andersen (adwat) avèk sè li, Ane, ak paran yo, Hilde ak Stein

Enprime