2009
Aprann ak Sen Dènye Jou yo
April 2009


Aprann ak Sen Dènye Jou yo

Akeri konesans se yon aktivite sakre ki dire tout yon lavi, epi ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi epi ke sèvitè l yo privilejye.

Prezidan J. Reuben Clark Jr. di: “Moun ki swete antre nan domèn konesans yo dwe apwoche li jan Moyiz te vini nan ti touf bwa dife a; li kanpe sou kote ki sen; li akeri bagay sakre.” (1871–1961), li te yon manm Premye Prezidans lan, ki t ap pale nan inogirasyon yon nouvo prezidan nan Inivèsite Brigham Young “Nou dwe antre nan fè rechèch laverite sa a—nan kèlkeswa domèn konesans imèn, non sèlman avèk reverans, men avèk yon espri adorasyon tou.”1

Antanke Sen Dènye Jou nou kwè nan edikasyon, e nou gen yon filozofi sou kijan ak poukisa nou dwe pousuiv edikasyon. Lafwa relijye nou anseye nou ke nou dwe chèche aprann pa Lespri a epi nou gen responsablite pou n itilize konesans nou an pou benefis limanite.

Rechèch laverite nou

Prezidan Brigham Young (1801–77) te anseye nou: “Relijyon [nou] … pouse [nou] pou n chèche konesans avèk dilijans.” “Pa gen okenn lòt moun k ap viv ki pi anvi chèche, tande, aprann ak konprann laverite pase nou.”2

Rechèch nou sou laverite dwe osi varye ke aktivite lavi nou yo epi osi pwofon ke sikonstans nou pèmèt nou. Yon Sen Dènye Jou dwe chèche konprann pwoblèm enpòtan ki relijye, fizik, sosyal, ak politik aktyèl yo. Plis konesans nou akeri sou lwa selès yo ak sou bagay terès yo, se pi gwo enfliyans nou kapab egzèse pou byen sou moun ki bò kote nou epi n ap pi an sekirite nan mitan enfliyans vilgè ak mechan yo ki ka pote konfizyon epi detwi nou yo.

Nan rechèch nou pou laverite a, nou bezwen chèche èd Papa eman nou an ki nan Syèl la. Lespri li kapab dirije nou epi entansifye efò nou pou aprann ak ogmante kapasite nou pou n asimile laverite. Aprantisaj sa a avèk Lespri a pa rete nan klas oubyen nan prepare pou egzamen lekòl. Li aplike ak tout sa n ap fè nan lavi epi ak chak kote n ap fè li —lakay, nan travay, ak legliz.

Pandan ke n ap chèche resevwa ak aplike gidans Lespri a nan yon mond ki motive pa mòd ak tandans epòk yo, ak mouvman sosyal ak pwoblèm epòk yo, nou konfwonte avèk yon avalanch enfòmasyon ki pa kòrèk epi ki pa enpòtan ke teknoloji modèn nan ap vide sou nou. Nou riske vin sa yon obsèvè te rele “’moun—ki pa posede konesans pwofon epi ki trè limite sou sijè yo pandan ke nou konekte ak gwo rezo enfòmasyon sa a ke nou ka gen aksè avèk li a nan senpleman peze yon bouton an.”3

Nou bonbade pa pwogram radyo ak televizyon, sikològ nan televizyon, magazin lamòd, ak repòtè nan medya tou, ke prensip defòme yo ak pratik sispèk yo kapab enfliyanse opinyon nou ak konpòtman nou. Pa egzanp, Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te di: “Pa t janm gen yon tan nan mond lan kote wòl [fi ak gason] te janm pi gen konfizyon pase tan kounyeya.”4

Nan sikonstans sa a, konfizyon, dekourajman, ak ensètitid gen dwa kòmanse ap wonje lafwa nou epi detounen nou de Sovè a ak konstriksyon wayòm ni an sou tè a. Si nou konsantre desizyon nou sou tandans ak direksyon mond lan yo, n ap “tankou moun k ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn kijan pou yo pran tèt moun nan bay manti” (Efezyen 4:14).

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pa enfliyanse pa opinyon popilè, li anseye prensip. Diferans lan pwofon anpil. Tandans, lamòd, ak ideyoloji popilè yo tanporè epi pasaje. Prensip yo sèvi kòm refij pou sekirite, direksyon, ak laverite. Si nou fikse ideyal nou ak direksyon nou sou doktrin ak prensip, tankou lafwa nan Senyè Jezikri epi suiv pwofèt la, n ap gen yon gid totalman fyab, enchanjab pou desizyon lavi nou yo.5

Nou pa bezwen pè. Prezidan Henry B. Eyring, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan te anseye: “Senyè a konnen kisa l ap bezwen ou fè ak sa l bezwen ou konnen. Li janti epi li konn tout bagay. Konsa ou kapab avèk konfyans atann ke l ap prepare opòtinite pou ou pou w aprann an preparasyon pou sèvis ou pral bay la. Ou pa p rekonèt opòtinite sa yo pafètman. … Men lè w mete bagay espirityèl yo anpremye nan lavi ou, w ap jwenn benediksyon pou santi w dirije vè aprantisaj sèten, epi w ap gen motivasyon pou w travay pi di.”6

Diyite pèsonèl

Efò nou pou aprann dwe konbine avèk diyite pèsonèl pou nou kapab resevwa gidans Sentespri a. Nou dwe evite enpite seksyèl, pònografi, ak depandans osi byen ke santiman negatif kont lòt moun oswa kont tèt nou. Peche chase Lespri Senyè a, e lè sa rive, ekleraj espesyal Lespri a ale epi lanp aprantisaj la tranble.

Nan revelasyon modèn nan nou gen yon pwomès ke si je nou fikse sèlman sou laglwa Bondye, ki enkli diyite pèsonèl, “tout [kò] nou ap ranpli avèk limyè, epi pap gen tenèb nan nou; epi kò sa a ki ranpli avèk limyè a konprann tout bagay” (D&A 88:67).

Nou kapab verifye prensip etènèl sa a pa eksperyans pèsonèl imedyat. Raple w yon moman kote w te fache, ofanse, oubyen anvi chèche kont. Èske ou te kapab li avèk efikasite? Èske w te resevwa eklèsisman pandan peryòd sa a?

Peche ak fache nwasi lespri. Yo pwodui yon kondisyon kontrè ak limyè ak laverite ki karakterize entelijans, ki se laglwa Bondye a (gade D&A 93:36). Konsa, repantans, ki kapab pwòpte nou soti anba peche atravè sakrifis ekspyatwa Jezikri a, se yon etap esansyèl toutolon chemen aprantisaj la pou tout moun k ap chèche limyè ak laverite atravè pouvwa Sentespri a pou anseye a.

Nou se moun enpafè, men nou chak kapab efòse nou pou n diy pou n ka gen konpayi Lespri a, ki ap ogmante disènman pèsonèl nou epi ki ap prepare nou pou n kapab pi byen defann laverite, pou n kapab kanpe devan presyon sosyal yo, epi pou n kapab pote kontribisyon pozitif.

Edikasyon

Nan chwa nou yo sou edikasyon nou dwe prepare pou n sipòte tèt nou ak moun ki kapab vin depann sou nou yo. Li nesesè pou nou gen kapasite k ap pèmèt nou travay. Edikasyon obligatwa pou sekirite ak byennèt pèsonèl nou.

Papa nou ki nan Syèl la atann pou nou itilize libabit nou ak enspirasyon nou pou egzamine tèt nou ak abilte nou epi deside nan ki sans nou dwe ale ak fòmasyon. Sa espesyalman enpòtan pou jèn yo ki fini lekòl segondè yo ak misyon yo epi k ap fè fas kounyeya ak desizyon sou aprann ak anplwa pi devan. Paske chwa gason yo ak fi yo ap fè fas kapab diferan youn ak lòt, nou kòmanse pa pran egzanp sou eksperyans kontradiktwa nou yo, kwayan ke yo vrè pou anpil Sen Dènye Jou.

Èldè Oaks: Menmjan ak pa pifò jènjan, demach mwen nan zafè edikasyon te entans, konstan epi yo te motive pa bezwen pou kalifye tèt mwen pou m kapab pran swen yon fanmi. Apre kolèj m te ale nan inivèsite. Sa te finanse pa travay demi tan ak prè pou m te remèt lè m te vin gen kapasite pou fè plis lajan ke m te akeri gras avèk fòmasyon mwen. Pandan tan sa a m te marye, epi nou te kòmanse gen pitit. Sipò yon madanm ak responsablite yon fanmi k t ap ogmante te amelyore pèfòmans mwen nan lekòl epi te ban m motivasyon puisan pou m te diplome epi avanse avèk travay mwen nan lavi. Nan fen fòmasyon ofisyèl mwen, mwen te dedye kèk nan ti tan m te jwenn pou lwazi yo pou m te kontinye fòmasyon nan pwofesyon mwen ak pou lekti adisyonèl nan istwa ak fòmasyon jeneral Legliz la m te anvi fè depi lontan.

Sè Oaks: Chemen ak eksperyans fòmasyon fi yo souvan diferan ak pa gason yo. M te grandi nan yon epòk kote fi te sanble yo te gen sèlman de opsyon pou okipe tèt yo —ansèyman ak enfimyè. “Pwoblèm” mwen sete ke m pa t janm te konsidere youn nan opsyon sa yo. Sipòte tèt mwen finansyèman sete yon bagay m pa t konsidere kòm posib oswa nesesè. M te renmen aprann, e m te konn travay; anfèt, m te renmen travay. M te konn travay anpil an ete, e m te bon nan lekòl. Lè m te reyalize ke m te bezwen pran chaj tèt mwen totalman, m te panike, prèske paralize, pa difikilte m pa t wè yo ki te sanble chita ap tann mwen pi devan yo. M pa t gen okenn diplòm pou travay. Etid mwen sou konesans jeneral te ranpli nanm mwen, men kounyeya m te bezwen ranpli bous mwen.

M te retounen lekòl pou aprann talan pou okipe tèt mwen. M te renmen chak minit m te pase ap aprann epi m te dekouvri non sèlman nouvèl ide men pwòp sa m te kapab tou. Kote m te konn santi m timid ak yon ti jan fèb yo, m te vin santi m kapab ak konpetan kounyeya pou m fè fas ak lavi a.

Moman desizif yo

Nou konnen ke pa gen anyen ki pi dewoutan pase pa konn kisa pou n fè avèk demen nou, men pa gen anyen ki pi rekonpansan pèsonèlman pase dekouvri pwòp kapasite nou. Li benediksyon patriyakal ou, konsidere aptitid ak talan natirèl ou, epi avanse. Fè premye etap la, epi pòt yo va louvri. Pa egzanp, lè Sè Oaks te kòmanse ak literati Anglèz la, li pa t janm te reve ke sa t ap mennen l nan yon mezon piblikasyon nan Boston. Lè Èldè Oaks te etidye kontablite a, li pa t janm te sipoze ke sa t ap mennen li nan edikasyon sou lalwa, nan Inivèsite Brigham Young, epi apre nan Lakou Siprèm Uta a. Avèk Senyè a, “tout bagay travay ansanm pou byen [nou]” (Women 8:28), epi edikasyon nou resevwa vin yon etap gradyèl pandan lavi nou ap deplwaye devan nou.

Nou dwe chwazi sa n ap aprann avèk swen paske aprann gen yon benefis etènèl, epi tout konesans itil oswa sajès oswa “prensip entèlijans” nou akeri nan lavi sa a “ap leve avèk nou nan rezirèksyon an” (D&A 130:18).

Sa twoublan ke anpil moun, espesyalman fi, gen dout sou tèt yo ak kapasite yo pou reyisi. Pandan l t ap pale ak etidyan fi yo nan matematik, syans, ak jeni yo an Mas 2005 la, Prezidan Inivèsite Brigham Young nan, Èldè Cecil O. Samuelson Jr. Nan Swasanndis yo te di: “Youn nan pwofesè nou yo te rapòte m … ke gen kèk nan pami nou ki gen mwens konfyans nan kapasite yo ak pèspektiv yo pase gason yo, menm prèv montre ke bagay sa a pa jistifye. Nou bezwen rekonèt talan nou, don nou, aptitid nou, ak fòs nou epi pa gen konfizyon osijè don Bondye ba nou yo.”7

Fi yo espesyalman kapab resevwa retonbe negatif lè yo aspire ak okipasyon pwofesyonèl. Yon jèn sè ki te fon nan 20 tèn ni epi ki t ap fè fas ak sityasyon okipe tèt li te ekri pou l te mande konsèy. Li te di ke li t al kot yon dirijan legliz pou l te mande l konsèy sou etidye lalwa epi l te dekouraje li. Nou pa konn kapasite li ni limitasyon li; konsèy li te resevwa a te gen dwa baze sou yo oubyen sou enspirasyon anrapò avèk sitiyasyon li. Men nou te ka santi detèminasyon li atravè paj lèt li yo, e sa te klè ke li te dwe jwenn konsèy pou atenn nivo total potansyèl li.

Nan yon pati nan mesaj li nan konferans jeneral Sosyete Sekou a ki te fèt 29 Septanm 2007 la, Prezidan Thomas S. Monson te di fi yo: “Pa priye pou tach ki egal ak kapasite nou, men priye pou kapasite egal avèk tach nou. Epi lè sa a akonplisman tach nou se pa p mirak, men se nou k ap mirak la.”8

Nou avèti ke avèk bezwen pou fini lekòl la ak etabli sekirite finansye a, gason oubyen fi ka vin tante pou pa bay maryaj gwo priyorite. Se yon bagay ki etènèlman pa saj pou yon moun pousuiv yon karyè pwofesyonèl ki anpeche l disponib pou maryaj, yon valè etènèl, senpleman paske maryaj pa antre nan planifikasyon pwofesyonèl li, yon valè monden.

Yon zanmi te akonpaye pitit fi li pou al chèche inivèsite nan lès Etazini. Pitit fi byen motive epi plen talan sa a te konnen ke si l t al nan lekòl pi kalifye sa a l te chwazi a, li t ap oblije prete anpil lajan pou fòmasyon li. Se pou nou saj. Nou chak diferan. Si nou chèche konsèy, Senyè a ap fè nou konnen sa ki pi bon pou nou. Souvan sa vo lapèn pou n peye pou pi bon fòmasyon nou kapab, men nan ka sa a, pitit fi l la te priye epi li te santi ke pandan ke yon gwo dèt te gen dwa pa anpeche l marye, sa ta ka finalman anpeche l sispann travay pou l te ka rete lakay avèk pitit li. Se pou nou saj. Nou chak diferan. Si nou chèche konsèy, Senyè a ap fè nou konnen sa ki pi bon pou nou.

Swaf pou aprann

Èldè Jay E. Jensen nan Prezidans Swasanndis yo te anseye ke nou toujou bezwen “kontinye ogmante limit konesans nou.”9 Limit sa a dwe egize pa yon dezi pou aprann, dirije pa priyorite etènèl.

Anplis ogmantasyon kalifikasyon pwofesyonèl nou, nou dwe anvi aprann kijan pou n vin pi akonpli emosyonèlman, gen plis talan nan relasyon pèsonèl, ak pi bon paran ak sitwayen. Pa gen anpil bagay ki pi enteresan ak pi amizan pase aprann yon bagay nouvo. Gwo lajwa, satisfaksyon, ak rekonpans finansye vini soti nan sa. Yon edikasyon pa limite ak etid ofisyèl. Aprantisaj tout yon lavi kapab ogmante kapasite nou pou apresye ak jwi travay ak bote mond lan ki bò kote nou yo. Kalite aprantisaj sa a ale odela liv ak itilizasyon limite nouvèl teknoloji, tankou Entènèt. Li enkli akonplisman atistik. Li enkli eksperyans avèk moun ak kote tou: konvèsasyon avèk zanmi, vizit nan mize ak konsè, ak opòtinite pou sèvi. Nou dwe devlope tèt nou epi jwi vwayaj la.

Nou dwe lite pou atenn bi nou yo, men lit nou yo kapab pwodui menm valè pwogrè ak sa nou aprann. Fòs nou devlope nan simonte difikilte yo ap rete avèk nou nan etènite ki gen pou vini yo. Nou pa dwe gen lanvi pou moun resous entelektyèl yo oswa finansye yo rann bagay yo fasil pou yo. Faktè devlopman an pa t janm vle di fasilite, e moun ki gen lavi fasil yo ap bezwen fè eksperyans avèk devlopman yo nan lòt sakrifis oubyen y ap rate avansman ki se objektif lavi a.

Sa ki pi enpòtan, nou gen obligasyon pou kontinye fòmasyon espirityèl nou nan etidye ekriti yo ak literati Legliz yo epi nan ale legliz ak nan tanp. Fè fèt ak pawòl lavi yo ap anrichi nou, ogmante kapasite nou pou anseye moun nou renmen yo, epi prepare nou pou lavi etènèl.

Bi final yon edikasyon se pou rann nou pi bon paran ak pi bon sèvitè nan wayòm nan. Nan kous long sa a gen devlòpman, konesans, ak sajès nou atenn k ap devlope nanm nou epi prepare nou pou letènite, non pa nòt nan kanè kolèj yo. Bagay Lespri yo se bagay ki etènèl, e relasyon familyal nou, sele pa pouvwa Prètriz la, se fwi final Lespri a. Edikasyon se yon don Bondye; se fondman relijyon nou an lè nou itilize l pou benefis lòt moun.

Nòt

  1. J. Reuben Clark Jr., “Charge to President Howard S. McDonald,” Improvement Era, Jan. 1946, 15.

  2. Brigham Young, “Remarks by President Brigham Young,” Deseret News, Mas. 14, 1860, 11.

  3. Richard Foreman, site nan Nicholas Carr, “Is Google Making Us Stupid?” Atlantic Monthly, July/Aug. 2008, 63.

  4. Spencer W. Kimball, Teachings of Presidents of the Church: Spencer W. Kimball (Melchizedek Priesthood and Relief Society course of study, 2006), 222.

  5. Pwen prensipal yo nan paragraf sa a ak nan plizyè lòt paragraf nan atik la soti nan Kristen M. Oaks, A Single Voice (2008).

  6. Henry B. Eyring, “Education for Real Life,” Ensign, Okt. 2002, 18–19.

  7. Cecil O. Samuelson Jr., “What Will Be Relevant,” diskou ki pa pibliye.

  8. Thomas S. Monson, “Three Goals to Guide You,” Liahona ak Ensign, Nov. 2007, 120.

  9. Letter from Jay E. Jensen to Dallin H. Oaks, dated Apr. 23, 2008.

Agoch: foto pa Craig Dimond; adwat: foto ilistrasyon pa John Luke, Matthew Reier, ak Christina Smith

Foto ilistrasyon pa Robert Casey, Marina Lukach, ak Craig Dimond

Foto ilistrasyon pa Matthew Reier, Craig Dimond, ak Christina Smith

Aprann avèk Lespri a pa rete nan klas oswa nan preparasyon pou egzamen nan lekòl. Li aplike ak tout bagay n ap fè nan lavi ak tout kote nou fè yo—lakay, nan travay, ak nan legliz.

Yon edikasyon pa limite ak etid ofisyèl. Aprantisaj tout yon lavi kapab ogmante kapasite nou pou apresye ak jwi travay ak bote mond lan ki bò kote nou yo.

Enprime