2009
Jak 1:5–6
April 2009


Liy apre liy

Jak 1:5–6

Apot Jak te anseye nou kle pou resevwa sajès nan men Bondye a.

5 Si nenpòt nan nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.

6 Men se pou li mande ak lafwa, san doute. Paske moun ki doute, li tankou vag lanmè van ap boulvèse.

Mande Bondye

Lekti vèsè sa a te mennen Joseph Smith al priye nan Boskè Sakre a, kote li te fè eksperyans Premye Vizyon an (gade Joseph Smith—Istwa 1:11–17). Èske nou ka panse sou kèk egzanp fanmi nou oubyen pwòp eksperyans pa nou kote yon moun ki t ap chèche konesans te resevwa yon repons pou yon priyè? Ekri sou sa nan jounal ou.

Li bay tout moun

“Se privilèj pitit Bondye yo pou yo vin jwenn Bondye pou yo gen revelasyon. … Bondye pa gade figi moun; nou tout gen menm privilèj la.”

Pwofèt Joseph Smith Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (klas Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou, 2007), 132.

Liberalman

Liberalman—san konte, avèk jenewozite, avèk abondans.

Repwòch

Repwòch—kritik, reprimand, blam. Sa vle di, Bondye ap reponn ou e li pa p janm fache avèk ou paske w priye l sensèman pou jwenn repons pou yon kesyon.

L ap ba li l

Papa nou ki nan Syèl la koute epi li reponn priyè nou yo. Repons li vini nan tan pa li ak nan plizyè kalite fason—pa egzanp, nan sikonstans lavi ou, atravè zak jantiyès lòt moun, oubyen atravè ti vwa dous Sentespri a. Men kèk fason nou kapab prepare nou pou n resevwa gidans atravè Lespri a (nan “Revelasyon,” Ankre nan lafwa [2004], 141–43):

  • Priye pou n jwenn gidans.

  • Gen reverans.

  • Gen imilite.

  • Respekte kòmandman yo

  • Pran Sentsèn diyman.

  • Etidye ekriti yo chak jou.

  • Pran tan pou medite.

  • Lè w ap chèche gidans espesifik, etidye bagay la nan lespri ou.

  • Avèk pasyans chèche volonte Bondye.

Mande ak lafwa

“Pwofèt [Joseph Smith] te di ke apre l fin li vèsè sa a li te konnen pou sèten ke li te dwe oubyen mete Bondye aleprèv epi mande li oubyen petèt chwazi pou l rete nan fènwa nèt ale. … Li te li ekriti a, li te konprann ekriti a, li te mete konfyans nan Bondye Papa Etènèl li; epi apre li te mete l ajenou epi l te priye, konesan ke Bondye t ap bali eklerasyon li t ap chèche si sensèman an. Pwofèt Joseph Smith te anseye nou prensip lafwa a—pa legzanp.”

Prezidan Thomas Monson, “The Prophet Joseph Smith: Teacher by Example,” Tambuli, Jen 1994, 5; Ensign, Jen 1994, 4.

Detay soti nan Frè Joseph, pa David Lindsley; foto pa David Newman

Enprime