Kolòn ak Reyon Limyè
Nou menm tou nou ka gen pwòp kolòn limyè pa nou—yon reyon alafwa.
Mesaj mwen an se pou moun ki enkyete yo pou temwayaj yo paske yo pa t fè eksperyans espirityèl ekstraòdinè. Mwen priye pou m ka bay yon ti lapè ak asirans.
Retablisman levanjil Jezikri a te kòmanse avèk yon eksplozyon limyè ak verite! Yon adolesan nan nò Eta New York, ki gen yon non trè òdinè Joseph Smith, antre nan yon ti forè pou l priye. Li enkyete l pou nanm li ak kijan l kanpe devan Bondye. Li chèche padon pou peche l yo. E li pa konnen nan ki legliz pou l rantre. Li bezwen klète ak lapè—li bezwen limyè ak konesans.1
Pandan Jozèf mete l ajenou pou l priye epi “ofri dezi kè [li] bay Bondye,” yon fènwa pwès anvlope l. Yon bagay ki move, opresif, e ki vrèman reyèl ap eseye anpeche l — mare lang li pou l pa ka pale. Fòs tenèb yo vin tèlman entans ke Joseph panse li pral mouri. Men, li “egzèse tout pouvwa [li] pou l mande Bondye pou l delivre [li] anba pouvwa ènmi sa a ki [te] pran [li]”. Epi lè sa a, “nan moman lè [li] pare pou l desann nan dezespwa epi abandone [tèt]li pou destriksyon,” lè li santi li pat ka kenbe ankò, yon bèl limyè plen forè a, gaye fènwa ak ènmi nanm li.2
Yon “kolòm limyè” ki pi klere pase solèy la ki desann tikras pa tikras sou li. Yon pèsonaj parèt, epi ansuit yon lòt.3 Ekla yo ak laglwa yo depase tout deskripsyon yo.” Premye a, Papa nou ki nan Syèl la, di non li, “li montre lòt la—[Jozef!] Sa se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!”4
Epi avèk eklatman limyè ak verite irezistib sa a, Retablisman an te kòmanse. Yon devèsman vrè revelasyon ak benediksyon diven pral suiv: nouvo ekriti, kle pretriz retabli, apot ak pwofèt, òdonans ak alyans, ak retablisman Legliz vrè ak vivan Senyè a, ki pral yon jou ranpli tè a avèk limyè ak temwayaj Jezikri ak levanjil retabli L la.
Tout sa, ak plis ankò, te kòmanse avèk lapriyè dezespere yon ti gason ak yon kolòm limyè.
Nou menm tou nou gen pwòp bezwen dezespere pa nou. Nou menm tou nou bezwen libète anba konfizyon espirityèl ak tenèb mond lan. Noumenm tou nou bezwen konnen pou tèt pa nou.5 Se youn nan rezon ki fè Prezidan Russell M. Nelson envite nou pou nou “plonje [tèt nou] nan bèl limyè Retablisman an.”6
Youn nan gwo verite Retablisman an sèke syèl la louvri—nou menm tou nou ka resevwa limyè ak konesans ki soti anwo a. Mwen temwanye sa se verite.
Men, nou dwe fè atansyon ak yon pyèj espirityèl. Pafwa manm fidèl Legliz yo vin dekouraje e yo menm elwanye yo paske yo pa t fè eksperyans espirityèl ekstraòdinè—paske yo pa t fè eksperyans pwòp kolòm limyè pa yo. Prezidan Spencer W. Kimball te avèti ke “Paske yo toujou ap tann sa ki espektakilè, anpil moun ap rate tout flo konstan kominikasyon revele a.”7
Prezidan Joseph F. Smith te raple menmjan ke “Senyè a te kenbe mèvèy pou mwen [lè m te jèn], e li te montre m verite a, liy sou liy, presèp sou presèp, yon ti kras isit la epi yon ti kras la.”8
Sa se modèl tipik Senyè a, frè m ak sè m yo. Olye ke l voye yon kolòm limyè pou nou, Senyè a voye yon reyon limyè, epi ansuit yon lòt, epi yon lòt.
Reyon limyè sa yo kontinye ap vide sou nou. Ekriti yo anseye ke Jezikri se “limyè ak … lavi mond lan,” 9 ke “Lespri Li bay tout gason [ak fanm] ki vin nan mond lan limyè,”10 e ke limyè li a “ranpli imansite lespas” la, pou bay “lavi a tout bagay.”11 Limyè Kris la literalman toutotou de nou.
Si nou te resevwa don Sentespri a epi n ap fè efò pou nou egzèse lafwa, repanti, ak onore alyans nou yo, lè sa a nou ap diy pou nou resevwa reyon diven sa yo toutan. Nan fraz memorab Èldè David A. Bednar la, “n ap ‘viv nan revelasyon.’”12
Epoutan, nou chak diferan. Pa gen de moun ki fè eksperyans limyè ak verite Bondye a egzakteman menm jan an. Pran yon ti tan pou w reflechi sou fason w fè eksperyans limyè ak Lespri Senyè a.
Ou te ka fè eksperyans eksplozyon limyè ak temwayaj sa yo kòm “lapè [ki pale] nan lespri w konsènan [yon] pwoblèm” ki te enkyete w.13
Oswa kòm yon enpresyon—yon ti vwa dous—ki te rete “nan lespri w ak nan kè w”14 e ki te ankouraje w pou w fè yon bagay ki bon, tankou ede yon moun.
Petèt ou te nan yon klas nan legliz la—oswa nan yon kan pou jèn yo—epi w te santi yon gwo dezi pou w suiv Jezikri ak rete fidèl.15 Petèt ou menm te kanpe epi pataje yon temwayaj ke ou te espere ke sete vre epi apresa ou te santi ke li te vre.
Oswa petèt ou t ap priye epi w te santi yon asirans kè kontan ke Bondye renmen w.16
Petèt ou te tande yon moun rann temwayaj konsènan Jezikri e sa te touche kè w e li te ranpli w ak espwa.17
Petèt ou t ap li nan Liv Mòmon an epi yon vèsè te pale nan kè w, kòmsi Bondye te mete l la jis pou ou—epi lè sa a ou te reyalize ke se sa L te fè.18
Petèt ou te santi lanmou Bondye pou lòt moun pandan w t ap sèvi yo.19
Oswa petèt w ap lite pou w santi Lespri a nan moman sa a akoz depresyon oswa anksyete, men ou gen don presye ak lafwa pou w gade dèyè epi rekonèt “tand mizèrikòd Senyè a” nan pase w yo.20
Sa m vle diw sèke gen anpil fason pou nou resevwa reyon selès temwayaj. Sa se jis kèk ladan yo, natirèlman. Yo gen dwa pa spektakilè, men yo tout fè pati temwayaj nou.
Frè m ak sè m yo, mwen pa t wè yon kolòm limyè, men, menm jan avèk nou, mwen te fè eksperyans anpil reyon diven. Atravè ane yo, mwen eseye apresye eksperyans sa yo. Mwen rann mwen kont ke pandan m ap fè sa, mwen rekonèt epi m sonje menm plis nan yo. Men kèk egzanp nan pwòp lavi pa m. Yo gen dwa pa trè enpresyonan pou kèk moun, men yo gen anpil valè pou mwen.
Mwen sonje yon lè pandan m te yon adolesan epi m t ap fè dezòd nan yon seremoni batèm. Pandan reyinyon an ta pral kòmanse, mwen te santi Lespri a te pouse m pou m te chita avèk reverans. Mwen te chita epi mwen rete trankil pou rès reyinyon an.
Anvan misyon mwen, mwen te pè pou temwayaj mwen pa t ase solid. Okenn moun nan fanmi m pa t janm sèvi yon misyon, e mwen pa t konnen si m te kapab fè sa. Mwen sonje mwen te etidye ak priye dezespereman pou m te resevwa yon temwayaj ki pi sèten sou Jezikri. Epi yon jou, pandan m te sipliye Papa nou ki nan Syèl la, mwen te santi yon limyè ak chalè puisan. Epi m te konnen. Mwen jis te konnen.
Mwen sonje ke, kèk ane apre, mwen te reveye yon jou swa pa yon santiman “entelijans pur” ki te di m ke yo ta pral aple m pou m te sèvi nan kowòm ansyen an.21 De semèn apre yo te aple m.
Mwen sonje yon konferans jeneral kote yon manm byeneme Kolèj Douz Apot yo te di pawòl temwayaj egzat ke m te di yon zanmi mwen te espere pou m ta tande yo.
Mwen sonje mwenmenm ki te ajenou avèk plizyè santèn frè pou nou te priye pou yon bon zanmi ki te kouche san konesans anba yon aprèy respiratwa nan yon ti lopital byen lwen apre yon kriz kadyak. Pandan nou te ini pwòp kè nou pou nou te sipliye pou lavi l la, li te reveye epi li te retire respiratè a nan gòj li. Jodia l ap sèvi kòm yon prezidan pieu.
Epi, mwen sonje m te reveye yon jou swa avèk enpresyon espirityèl fò apre yon rèv klè sou yon bon zanmi ak konseye ki te mouri twò bonè, ki te kite yon gwo vid nan lavi mwen. Li t ap souri ak kè kontan. Mwen te konnen li te OKE.
Sa yo se kèk nan reyon m yo. Ou te fè pwòp eksperyans pa w—pwòp eksplozyon temwayaj ranpli limyè pa w. Pandan n ap rekonèt, sonje, epi rasanble reyon sa yo “ansanm fè youn,”22 yon bèl bagay puisan kòmanse rive. “Limyè kole ak limyè”—“laverite anbrase laverite.”23 Reyalite ak pouvwa yon reyon temwayaj ranfòse ak konbine avèk yon lòt, epi yon lòt, ak yon lòt apresa. Liy sou liy, presèp sou presèp, yon reyon isit ak yon reyon lòtbò—yon ti moman espirityèl trè presye alafwa—n ap santi yon nwayo eksperyans espirityèl ranpli limyè k ap grandi andedan nou. Petèt yon sèl reyon poukont li pa ase fò pou konstitye yon temwayaj konplè, men ansanm, yo ka vin yon limyè ke tenèb dout pa ka nwasi.
“O konsa, èske sa pa reyèl?” Alma mande. “M di nou, wi, paske se limyè.”24
“Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè,” Senyè a ansenye nou, “epi yon moun ki resevwa plis limyè; epi limyè sa a ap grandi pi klere ak pi klere jouk jou pafè a.”25
Sa vle di, frè m ak sè m yo, avèk letan epi atravè ““gwo dilijans,”26 noumenm tou nou ka gen pwòp kolòm limyè pa nou—yon reyon alafwa. Epi nan mitan kolòm sa a, noumenm tou nou va jwenn yon Papa eman ki nan Syèl la ki renmen nou, k ap rele nou pa non nou, k ap montre nou Sovè nou an, Jezikri, epi envite nou pou nou “Koute Li!”
Mwen rann temwayaj konsènan Jezikri, ke Li se limyè ak lavi tout mond lan—ak mond pèsonèl pa w la ak pa m nan.
Mwen temwaye ke Li se vrè Pitit Gason vivan vrè Bondye vivan an, epi Li kanpe alatèt Legliz vrè ak vivan sa a, gide ak dirije pa vrè pwofèt ak apot Li.
Se pou nou rekonèt epi resevwa limyè laglwa L la epi apresa chwazi Li olye de fènwa mond lan—toujou ak pou tout tan. Nan non Jezikri, amèn.