Temwayaj de Jezi
Envitasyon m se pou nou aji kounyea pou sekirize plas nou kòm yon moun ki vanyan nan temwayaj de Jezi a.
An 1832, Joseph Smith ak Sidney Rigdon te resevwa yon vizyon remakab konsènan destine etènèl pitit Bondye yo. Revelasyon sa a te pale de wayòm selès yo. Prezidan Dallin H. Oaks te pale konsènan “wayòm laglwa” sa yo Oktòb ki sot pase a,1 e note ke “akoz triyonf ak laglwa Anyo a,”2 tout moun, eksepte relativman kèk grenn moun, evantyèlman ap rachte pou rantre andedan youn nan wayòm sa yo, “selon dezi yo te manifeste atravè chwa yo.”3 Plan redanmsyon Bondye a ofri yon opòtinite inivèsèl pou tout pitit Li yo, kèlkeswa lè ak kèlkeswa kote yo ka te viv sou tè a.
Pandan ke laglwa menm sa ki pi piti a nan twa wayòm sa yo, telès la, “depase tout konpreyansyon,”4 an, espwa Papa a sèke nou pral chwazi—epi, atravè gras Pitit Gason Li a kalifye pou—pi elve ak pi gloriye a nan wayòm laglwa sa yo, selès la, kote nou ka jwi lavi etènèl kòm “ko-eritye avèk Kris la.”5 Prezidan Russell M. Nelson te ankouraje nou pou n “panse selès,” nan fè wayòm selès la tounen objektif etènèl nou epi apresa “atantivman konsidere kote chak nan desizyon [nou] yo pandan nou sou tè a pral pozisyone [nou] nan pwochen mond lan.”6
Moun ki nan wayòm selès la se “moun ki te resevwa temwayaj de Jezi, … ki se moun jis ki te vin pafè atravè Jezi medyatè nouvèl alyans la.”7 Abitan dezyèm wayòm nan, oswa terès la, dekri kòm bon moun esansyèlman, ki enkli “mesye onorab yo sou tè a, ki te avegle pa riz lèzòm.” Prensipal trè limitatif yo sèke yo “pa t vanyan nan temwayaj Jezi a.”8 Pa kontras, moun yo ki nan pi ba a, wayòm telès la, se sila yo ki pa “t resevwa ni levanjil la, ni temwayaj de Jezi a.”9
Note ke karakteristik ki distenge abitan nan chak wayòm yo se kalite relasyon yo te genyen ak “temwayaj de Jezi a,” ki soti nan (1) devosyon san rezèv pase nan (2) pa t vanyan rive nan (3) rejè kategorik. Avni etènèl chak moun chita sou fiti etènèl li.
I.
Kisa temwayaj de Jezi a ye?
Li se temwayaj Sentespri a banou pou fè n konnen ke Li se Pitit Gason diven Bondye a, Mesi ak Redanmtè a. Se temwayaj Jan ke Jezi te nan kòmansman an avèk Bondye, Kreyatè syèl ak tè a epi “nan li nou jwenn levanjil la, epi nan levanjil la genyen lavi, epi lavi li se limyè pou lèzòm.”10 Li se “temwayaj Apot ak Pwofèt yo, … ke Li te mouri, te antere, epi te leve nan twayèm jou a, epi te monte nan syèl la.”11 Li se konesans ke “pa gen okenn lòt non k ap pote sali.”12 Li se “temwayaj la, dènye nan tout yo,” Pwofèt Joseph Smith te bay “ke li vivan! … Ke li se Sèl Pitit Gason Literal Papa a—ke pa li, epi atravè li, epi nan li, mond yo egziste e te kreye, epi abitan ladan yo se pitit gason ak pitit fi literal pou Bondye.”13
II.
Odela temwayaj sa a genyen yon kesyon: kisa nou fè konsènan li?
Eritye yo nan wayòm selès la “resevwa” temwayaj de Jezi nan sans pi konplè li nan resevwa batèm, resevwa Sentespri a, epi simonte pa lafwa.14 Prensip ak verite yo nan levanjil Jezikri a gouvène priyorite yo ak chwa yo. Temwayaj de Jezi a manifeste nan sa yo ye ak sa yo pral devni. Motivasyon yo se charite, “lanmou pur Kris la.”15 Fokis yo se pou egzèse “tout mezi plenitid Kris la.”16
Omwen kèk nan moun ki pral twouve yo nan wayòm terès la te aksepte levanjil Jezi a tou, men yo distenge yo pa sa yo pa fè konsènan li. Paa rete vanyan nan temwayaj sou Sovè a sigjere yon degre apati oswa ensousyans—rete “san antouzyas”17— ki se opoze avèk pèp Amon an nan Liv Mòmon, pa egzanp, ki te “distenge yo akoz zèl yo anvè Bondye.”18
Abitan yo nan wayòm selès la se moun ki rejte temwayaj de Jezi a ansanm avèk levanjil Li a, alyans Li yo, ak pwofèt Li yo. Abinadi te dekri yo kòm “moun ki te mache daprè pwvòp volonte ak dezi chanèl yo; ki pa t janm rele Senyè a lè ponyèt mizèrikòd li te lonje ba yo; paske ponyèt mizèrikòd li te lonje ba yo, epi yo pat rele l.”19
III.
Kisa sa vledi pou nou rete vayan nan temwayaj sou Jezi?
Genyen anpil posiblite ke n ta ka konsidere nan reponn kesyon sa a. M ap mansyone kèk. Rete vayan nan temwayaj sou Jezi a asireman enkli nouri ak fòtiftye temwayaj sa a. Vrè disip yo pa inyore bagay aparaman senp yo ki soutni ak ranfòse temwayaj yo de Jezi a, tankou lapriyè, etidye ekriti yo, obsève Saba a ak pran senstsèn, fè sèvis pastoral, sèvi, ak adore nan kay Senyè a. Prezidan Nelson raple nou ke “avèk vitès efreyan, yon temwayaj ki pa nouri chak jou ‘avèk bon pawòl Bondye a’ [Moroni 6:4ka deteryore. Pousa, … nou bezwen nou bezwen eksperyans kotidyen nan adore Senyè a ak etidye levanjil Li a. Mwen priye nou pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi ou. Ba Li yon bon pati nan tan nou. Lè nou fè sa, note kisa k rive avèk elan spirityèl pozitif nou an.”20
Rete vayan tou sigjere pou yon moun rete ouvè ak piblik konsènan temwayaj li. Nan batèm, nou konfime volonte nou “pou kanpe kòm temwen pou Bondye nan tout tan ak nan tout bagay, epi tout kote ke [nou] kapab ye, menm jistan lè nou mouri.”21 Nan sezon Pak sa a espesyalman, nou pwoklame jwayezman, piblikman, epi san okenn rezèv temwayaj nou sou Kris resisite, vivan an.
Youn nan aspè nan rete vanyan nan temwayaj de Jezi a se pou koute mesaje Li yo. Bondye pa fòse nou monte sou pi bon wout la, chemen alyans la, men Li enstwi pwofèt yo pou ede nou pran konsyans totalman sou konsekans chwa nou yo. Epi se pa jis pou manm Legliz Li a. Atravè pwofèt ak apot Li yo, Li jantiman ankouraje tout mond lan pou prete atanshyon ak verite a ki pral rann yo lib,22 epanye yo soufrans initil, epi pote lajwa dirab pou yo.
Rete vanyan nan temwayaj Jezi a vledi ankouraje lòt yo, pou yo vanyan tou, espesyalman moun yo ki se pwòp fanmi nou. Eldè Neal A. Maxwell yon fwa te pale “esansyèlman avèk manm ‘onorab’ yo [nan Legliz la] ki rete flote sou sifas olye yo plonje nan angajman yo kòm disip epi angaje ak ensousyans olye yo ‘angaje anksyezman’ (Doktrin ak Alyans 76:75; 58:27]; 23 Pandan l note ke tout moun lib pou chwazi, Eldè Maxwell te deplore: “Malerezman, toutfwa, lè kèk moun chwazi neglijans, y ap chwazi non sèlman pou tèt pa yo, men pou pwochèn jenerasyon an ak lòt apre a. Ti mankman kay paran yo ka pwodui gwo devyasyon lakay pitit yo! Jenerasyon avan yo nan yon fanmi ka te reflete angajman, pandan kèk nan jeenrasyon aktèl la montre gwo ezitasyon. Tristeman, nan pwochen an, kèk ka chwazi dezakò pandan ewozyon ap fè ravaj.”24
Sa gen dèzane, Èldè John H. Grobert te rakonte istwa yon jèn fanmi ki t ap viv nan yon ti branch nan Hawaii nan kòmansman ane 1900 yo. Yo sete manm Legliz la depi apeprè dezan lè youn nan pitit fi yo te tonbe malad anba yon maladi yo pa t ka dyagnostike epi li te ospitalize. Nan legliz dimanch apre a, papa a ak pitit gason li te prepare sentsèn nan jan yo t ap p fè l preske chak semèn, men lè jèn papa a te ajenou pou beni pen an, prezidan branch lan ki te soudènman reyalize kiyès ki te devan tab sentsèn nan, te sote epi l te kriye, “Kanpe. Ou pa ka touche sentsèn nan. Pitit fi w la genyen yon maladi enkoni. Deplase imedyatman pandan yon lòt moun ap prepare nouvo pen pou sentsèn nan. Nou pa ka aksepte w isist la. Ale.” Ak gran etonman nan rega li pou chèche konprann, papa a te gade prezidan branch lan epi kongregasyon an epi apre l te fin reyalize jan tout moun te twouble ak anbarase, li te fè fanmi li siy, epi jantiman yo te glise kite chapèl la.
Yo pa t rache yon mo pandan, ak dekourajman, fanmi an te mache sou ti santye ki te kondui al nan ti kay yo a. La yo te chita an wonn, epi papa a te di, “Tanpri rete ansilans jiskaske m pare pou m pale.” Jèn pitit gason an t ap mande kisa yo ta pral fè pou pran revanj pou wont yo te sibi a: èske yo ta pral touye kochon prezidan branch la, oswa boule kay li, oubyen ale nan yon lòt legliz? Senk, dis, kenz, vennsenk minit tre pase an silans.
Apresa ponyèt papa a ki te mare a te kòmanse relache, epi dlo t ap koule. Manman an te kòmanse kriye, epi tousuit apre chak nan timoun yo te kriye ansilans. Papa te vire gade madanm li epi l te di, “Mwen renmen w” epi apresa li te repete menm pawòl sa yo pou chak nan pitit li yo. “Mwen renmen nou tout e mwen vle rete ansanm avèk nou, pou tout tan, kòm yon fanmi. Epi yon sèl fason sa ka fèt se pou nou tout rete bon manm Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo epi sele pa prètriz sen an nan tanp lan. Sa a se pa legliz prezidan branch lan. Se Legliz Jezikri l ye. Nou pa p kite okenn moun ni okenn ofans oswa anbarasman ni ògèy anpeche nou rete ansanm pou tout tan. Dimanch pwochen n ap retounen legliz la. N ap rete ansanm jiskaske limyè fèt sou maladi pitit fi nou an, men, n ap retounen.”
Yo te retounen legliz la, pitit fi yo te geri, epi fanmi an te sele nan Tanp Laie Hawaii a lè l te fini. Jodia, plis pase 100 nanm konsidere papa yo, granpapa yo, ak aryè granpapa yo kòm yon benediskyon paske li te fikse je li yo sou letènite.25
Youn dènye aspè nan rete vanyan nan temwayaj de Jezi a ke m ap mansyone se efò endividyèl nou pou n jwenn sentete pèsonèl. Jezi se Redanmtè siprèm nou,26 epi li sipliye nou, “Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.”27
Pwofèt Mòrmon dekri yon gwoup Sen ki te pèsevere nan fason sa a malgre yo te oblije “travèse anpil afliksyon”28
“Men, yo te jene e yo te priye souvan, yo te vin gen plis fòs nan imilite yo e yo te vin pi fèm nan lafwa Kris la jistan nanm yo te ranpli ak lajwa ak konsolasyon, wi, menm jistan kè yo te pirifye e li te sanktifye; sanktifikasyon sa a te fèt paske yo te lage kè yo bay Bondye.”29 Se chanjman puisan nan kè sa a, remèt kènou bay Bondye epi renèt de nouvo spirityèlman atravè gras Sovè a, ke n ap chèche.30
Envitasyon m se pou nou aji kounyea pou sekirize plas nou kòm yon moun ki vanyan nan temwayaj de Jezi a. Paske repantans kapab nesesè, “pa ranvwaye jou repantans,”31 nou pou ke “nan yon lè nou pa panse ete a pral pase, epi rekòt la pral fini, epi nanm nou p ap sove.”32 Montre anprèsman nan kenbe alyans ou yo avèk Bondye. Pinga ou santi w “ofanse poutèt pawòl [la] te dirèk.”33 “Sonje pou nou toujou kenbe non [Kris] la nan kè nou, pou nou kapab pa gen plas bò kote goch Bondye, men pou nou tande ak konnen vwa a k ap rele nou an, epi tou, nan non yo pral rele nou an.”34 Finalman, “regle sa nan kè nou, pou nou ka fè bagay [Jezi] anseye, ak kòmande nou yo.”35
Papa nou vle tout piti Li ki vle pou yo jwi lavi etènèl avèk Li nan wayòm selès Li a. Jezi te soufri, mouri, epi te resisite pou rann sa a posib. Li “te monte nan syèl la, e li chita bò kote dwat Bondye, pou l reklame nan men Papa a, dwa mizèrikòd li genyen sou pitit lèzòm.”36 Mwen priye pou nou tout ka beni avèk yon temwayaj brilan sou Senyè a Jezikri, rejwi ak rete vayan nan temwayaj sa a, epi goute fwi lagras Li nan lavi nou kontinyèlman. Nan non Jezikri, amèn.