Mirak yo, Zanj yo ak Pouvwa Pretriz la
Si w vle benediksyon pretriz yo, enkli mirak ak ministè zanj, mwen envite w pou w mache nan chemen alyans Bondye mete disponib pou nou an.
Jounen jodi a gen anpil moun k ap di mirak pa egziste ankò, zanj se pa bagay toutbon, epi syèl la fèmen. Mwen temwanye ke mirak pa sispann, zanj yo pami nou, epi syèl la vrèman ouvè.
Lè Sovè nou an, Jezikri, te vin sou tè a, li te bay Pyè ki se te Apot anchèf la kle pretriz yo.1 Atravè kle sa yo, Pyè ak lòt Apot yo te dirije Legliz Sovè a. Men lè Apot sa yo te mouri, yo te retire kle prètriz yo sou latè.
Mwen temwanye ke ansyen kle pretriz yo retabli. Pyè, Jak ak Jan ak lòt ansyen pwofèt te parèt kòm moun resisite epi yo te bay Pwofèt Joseph Smith sa Senyè a te dekri kòm “kle wayòm mwen an, ak dispansasyon levanjil la.”2
Menm kle sa yo pase de pwofèt an pwofèt jiska jodi a. 15 mesye nou soutni kòm pwofèt, vwayan ak revelatè yo itilize yo pou dirije Legliz Jezikri a. Menm jan ak tan ansyen yo, gen sèlman yon Apot ki kenbe epi ki otorize pou dirije tout kle prètriz yo. Se Prezidan Russell M. Nelson, pwofèt ak Prezidan Legliz Jezikri a ki retabli nan tan nou an: Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo.
Atravè Legliz Sovè a, nou resevwa benediksyon pretriz yo—snkli pouvwa Senyè a pou ede nou nan lavi nou. Anba kle prètriz otorize, nou fè pwomès sakre avèk Senyè a, epi nou resevwa òdonans sakre k ap prepare nou pou nou al viv nan prezans Li. Kòmanse avèk batèm ak konfimasyon, epi apresa nan tanp, nou kontinye mache nan yon chemen alyans k ap pèmèt nou retounen ale jwenn Li.
Lè yo depoze men yo sou tèt nou, nou resevwa benediksyon prètriz yo tou, enkli direksyon, rekonfò, konsèy, gerizon, ak pouvwa pou suiv Jezikri. Pandan tout lavi m, m te beni pa kalite pouvwa sa a. Jan yo di l nan ekriti yo, nou fè referans avèk li kòm pouvwa Pretriz Mèlkisedèk sakre a.3
Lè m te jèn, mwen te akeri yon gwo respè pou pouvwa sa a, sitou lè l te manifeste nan benediksyon prètriz. Pandan m t ap sèvi kòm yon jèn misyonè nan Chili, yo te arete m ansanm ak konpanyon mwen, epi yo te separe nou. Yo pa t janm di nou poukisa. Se te yon epòk ki te gen gwo boulvès politik. Polis militè a te mete plizyè milye moun nan prizon epi yo pa janm tande yo ankò.
Aprè yo te fin poze m kesyon, mwen te chita nan yon selil, san m pa t konnen si m t ap janm wè moun mwen renmen yo ankò. Mwen te pale avèk Papa m ki nan Syèl la, mwen te sipliye l avèk yon kè fèvan: “Papa, yo te toujou anseye m ke w ap veye sou nou pandan misyon an. Tanpri Papa, mwen pa anyen espesyal, men mwen toujou obeyisan epi mwen bezwen èd ou aswè a.”
Semans èd sa te plante depi plizyè ane anvan sa a. Apre batèm mwen, yo te konfime m kòm manm Legliz la epi m te resevwa don Sentespri a. Pandan mwen t ap priye poukont mwen dèyè bawo yo, Sentespri a te imedyatman vin jwenn mwen epi Li te rekonfòte mwen. Li te mete nan lespri m yon pasaj trè espesifik ki nan benediksyon patriyakal mwen, ki se yon lòt benediksyon prètriz. Ladan l, Bondye te pwomèt mwen ke atravè fidelite m, m ap kapab sele nan tanp pou letan ak letènite avèk yon fi ki ranpli ak bote, vèti ak lanmou, epi n ap vini paran pitit gason ak pitit fi presye, epi, ke m t ap beni ak mayifye kòm yon papa an Izrayèl.
Pawòl enspiran sa yo sou fiti m nan te ranpli nanm mwen ak lapè. Mwen te konnen ke yo te soti kote Papa eman m nan ki nan Syèl la, ki toujou kenbe pwomès Li yo.4 Nan moman sa a, mwen te gen asirans ke m t ap libere epi m t ap viv pou m wè pwomès sa yo akonpli.
Anviwon, yon lane apre, Pè Selès la te beni m avèk yon fi ki bèl anpil, ki gen vèti epi ki gen lanmou. Lynette avèk mwen te sele nan tanp. Nou te beni avèk twa pitit gason ak kat pitit fi presye. Mwen te vin yon papa, jan Bondye te fè m pwomès la nan benediksyon patriyakal mwen te resevwa lè m te yon jèn gason ki te gen 17 an an.
“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, èske mirak yo sispann poutèt Kris la te monte nan syèl la? …
“… Non; ni tou zanj yo pa sispann travay pou pitit lèzòm.”5
Mwen temwye ke mirak ak entèvansyon divin kontinyèlman ap manifeste nan lavi nou, anpil fwa li se rezilta dirèk pouvwa pretriz la. Gen kèk benediksyon pretriz ki konn manifeste tousuit, nan fason nou kapab wè ak konprann. Genyen ki fèt piti piti epi ki p ap reyalize nèt nan vi sa a. Men Bondye toujou kenbe pwomès Li, jan sa ilistre nan resi sa a ki soti nan istwa familyal nou:
Granpè patènèl mwen, Grant Reese Bowen se te yon gason ki gen gwo lafwa. Mwen sonje klèman lè m t ap tande li ki t ap rakonte fason li te resevwa benediksyon patriyakal pa li a. Li te ekri nan jounal li: “Benediksyon pratriyakal la te pwomèt mwen don gerizon. Li te di, ‘Malad va geri. Wi, mò va resisite anba men w.’”
Plizyè ane apre, granpè m t ap anpile pay lè l te santi dezi pou l te retounen lakay li. Li te jwenn papa l ki t ap vin rankontre l. Papa l te di l: “Grant, manman w fèk mouri.”
M ap site ankò sa ki soti nan jounal granpè m nan: “Mwen pa t kanpe, men mwen te kouri rantre nan kay la, epi mwen te kouri al sou galri devan an kote li te kouche sou yon ti kabann. Mwen te gade l epi mwen te wè li pa gen okenn siy lavi. Mwen te sonje benediksyon patriyakal mwen an ak pwomès li te fè m ke si m te rete fidèl, atravè lafwa mwen, moun ki malad ap geri; epi moun ki mouri ap resisite. Mwen te mete men m sou tèt li, epi mwen te di Senyè a ke si pwomès li te fè m atravè patriyach la sete verite, pou l te fè l manifeste kounye a nan moman sa a, epi pou l te fè manman m retounen viv. Mwen te pwomèt li si l fè sa, mwen p t ap janm ezite fè tout sa ki nan pouvwa m pou m konstwi wayòm Li a. Pandan m t ap priye a, li te ouvè zye l epi li te di, ‘Grant ou leve mwen. Mwen te nan Mond Dèzespri a, men ou te rele m fè m retounen. Ke sa toujou rete yon temwayaj pou oumenm ak rès fanmi an.’”
Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou pou nou chèche epi atann mirak yo.6 Mwen temwaye ke paske pretriz la te retabli, pouvwa ak otorite Bondye sou tè a. Atravè apèl ak konsèy, gason ak fi, jèn ak granmoun, kapab patisipe nan travay prètriz la. Se yon zèv mirakile, ke zanj yo ap asite. Se zèv syèl la, epi li beni tout pitit Bondye yo.
Nan lane 1989, fanmi nou ki gen sèt moun t ap retounen soti nan yon aktivite pawas. Li te byen ta. Lynette avèk mwen te ap tann sizyèm pitit nou. Li te santi yon dezi fò pou li te mete senti sekirite a, sa li te bliye fè. Yon ti tan aprè pandan nou t ap vire sou wout la, yon machin te franchi liy ki separe wout la epi li te vin ateri sou wout pa nou an. Mwen t ap kondui ak 70 miles (112 km), e mwen te fè yon eka pou evite frape ak machin ki t ap vini an. Ti bis nou an te chavire, glise desann sou wout la, epi li te fini pa soti sou wout la kote li te finalman kanpe, li te ateri sou bò pasaje a nan pousyè a.
Pwochen sa m te tande sete vwa Lynette ki te di: “Shayne, nou bezwen soti nan pòt pa w la.” Mwen te pandye anlè nan senti sekirite m nan. Sa te pranm kèk segond pou m te oryante m. Nou te kòmanse mete chak timoun deyò machin nan atravè fenèt mwen an, ki te vin tounen do machin nan kounyea. Yo t ap kriye, paske yo t ap mande sa ki te pase.
Nou te vit reyalize ke pitit fi nou an, Emily ki te gen 10 an, pa t la. Nou te rele non l, men nou pa t jwenn repons. Kèk manm pawas ki t ap retounen lakay yo, te vini epi yo t ap chèche l tou. Li te fènwa anpil. Mwen te gade nan machin nan ankò avèk yon flach, epi anba gwo sezisman, mwen te wè ti kò Emily ki te pran nan pyèj anba machin nan. Mwen te kriye ak dezespwa, “Nou dwe leve machin nan sou Emily.” Mwen te rale tèt machin nan epi m te rale l dèyè. Te gen sèlman kèk grenn moun pou te leve l, men, mirakilezman, machin nan te vire sou kawoutchou l yo, epi li te montre kò Emily ki te san vi.
Emily pa t ap respire. Vizaj li te gen koulè yon fwi vyolèt. Mwen te di, “Nou dwe ba li yon benediksyon.” Yon bon zanmi ki te yon manm pawas la te mete ajenou avèk mwen epi pa otorite Pretriz Mèlkisedèk la, nan non Jezikri, nou te kòmande l pou l te viv. Nan moman sa a Emily, te rale yon gwo souf long.
Apre sa ki te sanble ak yon pakèt èdtan, anbilans lan te finalman rive. Yo te kouri avèk Emily lopital. Li te gen yon poumon ki te frape ak yon ripti tandon jenou. Yo te pè pou l pa t gen domaj nan sèvo, poutèt tan l te pase san oksijèn nan. Emily te rete nan koma pandan yon jou edmi. Nou te kontinye priye ak jene pou li. Li te jwenn benediksyon pou l te refè nèt. Jodi a, Emily avèk mari l Kevin se paran sis pitit fi.
Mirakilezman, tout moun te kapab mache apye. Bebe Lynette te ansent lan se te Tyson. Li menm tou li te epanye, epi li te fèt nan mwa Fevriye apre a. Uit mwa apre, apre li te resevwa kò terès li a, Tyson te retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Li se pitit gason ki se zanj gadyen nou. Nou santi enfliyans li nan fanmi nou, epi n ap tann pou nou al wè l ankò.7
Moun ki te leve machin nan sou Emily yo te obsève ke machin nan pa t peze anyen. Mwen te konnen zanj yo te mete ansanm ak zanj sou latè yo pou te ede nou leve machin nan sou kò Emily. Mwen konnen tou ke Emily te retounen viv gras ak pouvwa pretriz sakre a.
Senyè a revele verite sa a bay sèvitè li yo: “Epi nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”8
Mwen temwaye ke “Prètriz Sakre a, daprè Lòd Pitit Gason Bondye a”9—Prètriz Mèlkisedèk la— avèk kle, otorite ak puisans li te retabli sou tè a nan dènye jou sa yo. Mwen konnen ke, menm si tout sikonstans yo pa rive jan nou swete l la ak fason nou te priye a, mirak Bondye yo toujou rive selon jan Li deside, moman Li deside, ak plan Li gen pou nou.
Si w dezire benediksyon pretriz yo, enkli mirak ak ministè zanj, mwen envite w pou w mache nan chemen alyans Bondye mete disponib pou nou chak la. Manm ak dirijan legliz Jezikri a ki renmen w ap ede w franchi pwochen etap la.
Mwen temwanye ke Jezikri, Pitit Gason Bondye a, vivan epi L ap dirije Legliz li a atravè pwofèt vivan ki kenbe epi dirije kle prètriz yo. Sentespri a reyèl. Sovè a te bay lavi L pou geri nou, reklame nou epi mennen nou tounen lakay.
Mwen temwanye ke mirak yo pa sispann, zanj yo pami nou, epi syèl la vrèman ouvè. Epi o, li ouvè anpil! Nan non Jezikri, amèn.