Konferans Jeneral
Rejwi nan Kado Kle Prètriz yo
Konferans jeneral avril 2024


Rejwi nan Kado Kle Prètriz yo

Kle prètriz yo gouvène fason prètriz Bondye a ka sèvi pou akonpli objektif Senyè a epi beni tout moun ki aksepte levanjil retabli Jezkri a.

Chè frè m ak sè m yo, jodia se yon jou istorik pou Prezidan Dallin H. Oaks avèk mwen. Sa fè 40 an, jou 7 Avril, 1984, depi yo te soutni nou nan Kolèj Douz Apot yo.1 Nou rejwi nan chak grenn konferans jeneral depi lèsa a, enkli sa jodia. Yon lòt fwa ankò nou beni avèk yon devèsman sakre Lespri a. Mwen espere ke nou pral etidye mesaj yo bay nan konferans sa a regilyèman pandan mwa k ap vini yo.

Lè m te fèt,2 te genyen sis tanp an fonksyon nan Legliz la—youn te nan St. George, Logan, Manti, ak Salt Lake City, Utah; asanm ak nan Cardston, Alberta, Canada; ak Laie, Hawaii. De tanp avansa te fonksyone briyèvman nan Kirtland, Ohio, ak Nauvoo, Illinois. Lè tout Legliz la te deplase al nan lwès la, Sen yo te oblije kite de tanp sa yo dèyè.

Tanp Nauvoo a te detwi pa yon ensandi kriminèl. Li te rekonstwi epi apresa konsakre pa Prezidan Gordon B. Hinckley.3 Tanp Kirtland nan te pwofane pa enmi Legliz yo. Nan apre, Kominote Kris la te fè akizisyon Tanp Kirtlan lan, ke yo te posede pandan anpil ane.

Mwa pase a, nou te anonse ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo te achte Tanp Kirtland nan, ansanm avèk anpil sit istorik enpòtan nan Nauvoo. Nou grandman apresye diskisyon kòdyal ak resipwokman benefik nou te genyen avèk dirijan yo nan Kominote Kris la ki te mennen nan akò sa a.

Imaj
Tanp Kirtland nan

Tanp Kirtland nan genyen yon enpòtans patikilye nan Retablisman levanjil Jezikri a. Anpil evenman ki te rive la a te pwofetize pandan dè milenè epi te esansyèl pou Legliz retabli Senyè a te ranpli misyon l nan dènye jou yo.

Pi enpòtan an nan evenman sa yo te rive jou Dimanch Pak, 3 Avril 1836 la.4 Nan jou sa a, Joseph Smith ak Oliver Cowdery fè eksperyans yon seri vizit remakab. Toudabò, Senyè a, Jezikri, te parèt. Pwofèt la te ekri ke je Sovè a “sete tankou yon flanm dife; cheve nan tèt li te blan tankou lanèj pur; figi l te pi klere pase limyè solèy la; epi vwa l te tankou bri gwo dlo k ap deplase.”5

Pandan vizit sa a, Senyè a te afime idantite Li. Li te di, “M se premye a ak dènye a; Se mwen menm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a; m se avoka ou bò kote Papa a.”6

Jezikri te deklare apresa ke Li te aksepte tanp lan kòm kay Li epi te fè pwomès ekstraòdinè sa a: “M ap manifeste mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd nan kay sa a.”7

Pwomès enpòtans sa a `aplike pou chak tanp ki konsakre jodia. Jodia mwen envite w pou w medite sou sa pwomès Senyè a vledi pou ou pèsonèlman.

Apre vizit Sovè a, Moyiz te parèt. Moyiz te konfere kle pou rasanble Izrayèl yo ak retou dis tribi yo.8

Lè vizyon sa a te fini, “Elize te parèt, epi remèt dispansasyon levanjil Abraam nan” bay Joseph.9

Apresa Pwofèt Eli te parèt. Aparisyon l la te akonpli pwomès Malachi a ke avan Dezyèm Vini an, Senyè a t ap voye Eli pou “tounen kè papa yo kote pitit yo, epi pitit yo kote papa yo.”10 Elize te konfere kle pouvwa sèlman yo sou Joseph Smith.11

Nou pa ka janm egzajere sou enpòtans pou twa mesaje selès te retounen kle sa yo sou tè a anba direksyon Senyè a. Kle prètriz yo konstitye otorite ak pouvwa prezidans la. Kle prètriz yo gouvène fason nou ka itilize prètriz Bondye a pou akonpli objektif Senyè a epi beni tout moun ki aksepte levanjil retabli Jezkri a.

Li enpòtan pou note ke avan òganizasyon Legliz la, mesaje selès te konfere Prètriz Arawon ak Melkisedèk sou Pwofèt Joseph epi ba li kle yo pou toude prètriz yo.12 Kle sa yo te bay Joseph Smith otorite pou òganize Legliz la an 1830.13

Apresa nan Tanp Kirtland nan an 1836, atribisyon twa kle prètriz adisyonèl sa yo—ki se, kle rasanbleman Izrayèl la, kle levanjil Abraam nan, ak kle pouvwa sèlman yo—te esansyèl. Kle sa yo te otorize Joseph Smith—ak tout Prezidan ki siksede yo nan Legliz Senyè a—pou rasanble Izrayèl sou toude bò vwal la, pou beni tout timoun alyans yo avèk benediksyon Abraam yo, pou mete yon so ratifikasyon sou òdonans ak alyans prètriz yo, epi pou sele fanmi yo etènèlman. Pouvwa kle prètriz sa yo enfini ak mayifik.

Konsidere kijan lavi nou t ap diferan si kle prètriz yo pa t retabli sou tè a.14 San kle prètriz yo, nou pa tap ka dote avèk pouvwa Bondye.15 San kle prètriz yo, Legliz la ta ka sèvi sèlman kòm yon òganizasyon ansèyman ak imanitè enpòtan men anyen anplis. San kle prètriz yo, okenn nan nou pa t ap gen aksè nan òdonans ak alyans essansyèl ki lye nou avèk moun nou renmen yo etènèlman epi pèmèt nou alafen viv avèk Bondye.

Kle prètriz yo distenge Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo de tout lòt òganizasyon sou tè a. Anpil lòt òganizasyon kapab e anfèt amelyore lavi nou isit nan mòtalite a. Men okenn lòt òganizasyon pa kapab epi pa p gen enfliyans sou lavi nou apre lamò.16

Kle prètriz yo ba nou otorite pou ofri benediksyon yo te pwomèt Abraam yo bay chak gason ak fi k ap kenbe alyans yo. Travay tanp rann benediksyon mayifik sa yo disponib pou tout pitit Bondye, kèlkeswa kote oswa moman yo te viv, oswa ap viv kounyea. Se pou nou rejwi paske kle prètriz yo sou tè a yon lòt fwa ankò!

Mwen envite nou pou nou atantivman konsidere twa deklarasyon sa yo:

  1. Rasanbleman Izrayèl la se evidans ke Bondye renmen tout pitit Li toupatou.

  2. Levanjil Abraam nan se plis evidans toujou ki montre ke Bondye renmen tout pitit Li toupatou. Li envite tout moun pou vin jwenn Li—“nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; … tout se menm devan Bondye.”17

  3. Pouvwa sèlman an se evidans siprèm sou kijan Bondye renmen tout pitit Li tout kote epi Li vle pou chak nan yo chwazi pou retounen al jwenn Li.

Kle prètriz ki te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith yo rann posib pou chak gason ak fi k ap kenbe alyans yo benefisye privilèj pèsonèl ki enkwayab. La ankò, gen anpil bagay nou ka aprann nan istwa sakre sou Tanp Kirtland nan.

Priyè konsekrasyon Joseph Smith pou Tanp Kirtland nan se yon egzanp enstriktif sou fason tanp lan espirityèlman bay oumenm avèk mwen kapasite pou nou fè fas a pwoblèm lavi yo nan dènye jou sa yo. Mwen ankouraje nou pou n etidye priyè sa a ki nan Doktrin ak Alyans seksyon 109la. Priyè konsekrasyon sa a, ki te resevwa pa revelasyon, anseye ke tanp lan se “yon kay, yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay Bondye;”18

Lis kalite sa yo se plis pase yon deskripsyon sou yon tanp. Li se yon pwomès konsènan sa ki pral rive ak moun yo ki sèvi ak adore nan kay Senyè a. Yo ka atann pou yo resevwa repons pou priyè yo, revelasyon pèsonèl, pi gwo lafwa, plis fòs, rekonfò, ogmantasyon konesans, ak plis pouvwa.

Moman nan tanp lan pral ede ou pou w panse selès epi apresye kapte yon vizyon sou kimoun ou ye vrèman, kimoun ou ka devni, ak ki kalite lavi ou ka genyen pou tout tan. Adorasyon regilye nan tanp a amelyore fason ou wè tèt ou ak plas ou nan plan mayifik Bondye a. Mwen pwomèt ou sa.

Nou gen pwomès tou ke nan tanp lan nou ka “resevwa Sentespri a nan plenitid li.”19 Imajine kisa pwomès sa a vledi nan tèm pou syèl yo ka louvri pou chak moun ki ap sensèman chèche verite etènèl.

Nou jwenn enstriksyonu ke tout moun ki adore nan tanp lan ap gen pouvwa Bondye epi zanj yo ap gen “responsablite sou yo.”20 Nan ki nivo sa ogmante asisrans ou pou w konnen ke, kòm yon fi oswa gason dote ki ame avèk pouvwa Bondye, ou pa oblije fas a lavi a poukont ou? Ki kalite kouraj sa ba ou lè w konnen ke zanj yo ap ede w vrèman?

Finalman, nou jwenn pwomès ke “okenn konbinezon mechanste” pa p ka gen viktwa sou moun ki adore nan kay Senyè a.21

Konprann privilèj sprityèl ki posib nan tanp yo vital pou nou chak jodia.

Chè frè m ak sè m yo, men pwomès pa mwen. Anyen pa p ede nou plis kenbe ba fè a fèm22 pase adorasyon nan tanp osi regilyèman ke sitiyasyon nou pèmèt sa. Anyen pa p pwoteje nou plis lè n ap fè fas ak gouf tenèb mond lan. Anyen pap ranfòse temwayaj nou konsènan Senyè a Jezikri ak Ekspyasyon L lan oswa ede nou konprann plan mayifik Bondye a plis. Anyen pa p soulaje lespri nou plis pandan moman doulè yo. Anyen pa p louvri syèl yo plis. Anyen!

Tanp lan se pòt ki mennen nan pi gwo benediksyon Bondye genyen an rezèv pou nou chak, paske tanp lan se sèl andwa sou tè a kote nou ka resevwa tout benediksyon yo te pwomèt Abraam yo.23 Se pou rezon sa a n ap fè tout sa ki nan pouvwa nou, sou direksyon Senyè a, pou rann benediksyon tanp yo pi aksesib pou manm yo nan Legliz la. Konsa, mwen kontan pou anonse ke nou planifye pou bati yon nouvo tanp nan chak nan 15 kote sa yo:

  • Uturoa, Polynésie Française

  • Chihuahua, Meksik

  • Florianópolis, Brezil

  • Rosario, Ajantin

  • Edinburgh, Ekòs

  • Brisbane, Ostrali zòn sid

  • Victoria, Kolonbi Britanik

  • Yuma, Arizona

  • Youston, Tegzas zòn sid

  • Des Moines, Iowa

  • Sennsinati, Ohio

  • Honolulu, Awayi

  • Wès Jòdann, Utah

  • Lehi, Utah

  • Marakayibo, Venezyela

Chè frè m k ak sè m yo, mwen temwaye ke sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li kanpe alatèt li. Nou se disip Li.

Annou rejwi nan retablisman kle prètriz yo ki rann posib pou oumenm avèk mwen benefisye chak benediksyon spirityèl nou gen dezi ak diyite pou nou resevwa. Mwen temwaye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.