Konferans Jeneral
Tanp yo, Kay Senyè a Ap Ranpli Tè a
Konferans jeneral avril 2024


Tanp yo, Kay Senyè a Ap Ranpli Tè a

Si w vini diy nan kay sakre L la nan yon espri lapriyè, w ap ame avèk pouvwa Li.

Èske nou pa renmen bèl pawòl sa yo nou sot chante a? “M ap fòtifye w, ede w, epi fè w kanpe, … Avèk men jis e omnipotan mwen.”1 Senyè a ap fòtifye Sen L yo nan tout laj pandan y ap vini nan kay sakre L la. Soti Kinshasa ale Zollikofen pase Fukuoka rive Oakland, jèn yo, pa pwòp inisyativ pa yo, anvayi sal batèm nou yo. Nan lepase, pifò nan ouvriye tanp byeneme nou yo te gen cheve blan—men pa gen sa ankò. Nou wè misyonè ki fèk aple, misyonè sèvis, ak misyonè ki retounen, nan chak kwen. Toupatou nan mond lan, gen yon santiman grandisan ki atire nou nan kay Senyè a.

Sa gen jis yon lane, yon bon zanmi fanmi mwen, nan laj 95 ane, ki ap viv nan kot lès Etazini, ke misyonè yo te anseye pandan 70 ane, te di pitit fi li, “Mwen vle ale nan tanp avèk ou.”

Pitit fi l la te reponn: “Enben, manman, ou bezwen batize toudabò.”

Imaj
Batèm yon sè granmoun.

Li te reponn, “OKE,” “ebyen, mwen vle batize.” Li te batize. Kèk jou apre, li te rantre avèk reverans nan sal batèm tanp lan. Epi, sa gen jis yon mwa, li te antre nan tanp pou pwòp dotasyon ak sèlman pa li. “Konesans ak pouvwa Bondye ap elaji; Vwal la sou tè a kòmanse louvri (Et tout se ressent de sa pure influence: Le voile commence à s’ouvrir à nos yeux.”2

Imaj
Yon sè granmoun deyò tanp lan

Èske w janm mande tèt ou poukisa Senyè a dirije pwofèt Li a kounyea pou l anvayi tè a avèk tanp sakre L yo?3 Poukisa, nan moman presi sa a, Li bay pèp Li a pwosperite ki nesesè pou ke, gras ak dim sakre yo a, yo bati dè santèn kay Senyè a?

Maten an, Prezidan Oaks te montre yon bèl vi sou tanp k ap konstwi nan tout mond lan. Kathy avèk mwen te nan Filipin dènyèman. Panse a mirak sa a: Tanp Manila a te konsakre an 1984. Sa te pran 26 ane anvan dezyèm tanp lan, nan Vil Cebu a, te fin bati an 2010. Kounyea, 14 ane apre, 11 tanp an konstriksyon, an konsepsyon, oubyen an preparasyon pou konsekrasyon. Soti nan nò rive nan sid: Laoag, Tuguegarao, Santiago, Urdaneta, Alabang, Naga, Tacloban City, Iloilo, Bacolod, Cagayan de Oro, ak Davao. Sa ekstraòdinè pou nou wè travay mèveye Bondye!

Imaj
Tanp nan Filipin.

Atravè tout glòb la, kay Senyè a yo ap rapwoche pi pre nou. Poukisa nan epòk nou an?

Dènye Jou yo

Senyè a te avèti ke nan dènye jou yo, t ap gen detrès nan mitan nasyon yo,4 moun yo t ap “renmen pwòp tèt yo,”5 tout bagay [pral] toumante,”6 pral plen konfizyon,7 epi “kè lèzòm [pral] manke yo.”8 Nou sètènman wè gason ak fi ki san kè: atirans mond lan, distraksyon vwa atiran yo, neglijans nouriti espirityèl, fatig anba egzijans lavi disip yo.9 Petèt ou te santi w tris pou w te wè yon moun ou renmen, ki yon fwa te konn pale sensèman de lafwa li nan Jezikri, te rann temwayaj konsènan Liv Mòmon an, epi te detèmine pou ede bati wayòm Bondye a, elwanye l, omwen pou lemoman, de kwayans li epi rete lwen Legliz la. Konsèy mwen pou ou se sa a, pa dezespere! Tout bagay byen! Avèk Bondye, anyen pa enposib.10

Avèk ajitasyon ak enkwayans ki te pwofetize sa a nan mond lan, Senyè a te pwomèt ke t ap gen yon pèp ki jis, yon pèp ki ap tann retou Li avèk enpasyans; yon pèp ki ap kanpe nan kote ki sen epi ki p ap deplase soti nan plas yo.11 Li te pale de yon pèp alyans ki ap reziste anba flèch advèsè a, disipline lafwa yo, ki ap panse selès, epi ki ap kwè totalman nan Sovè a, Jezikri.

Poukisa Senyè a kounyea ap pote dè santèn tanp Li vin pi pre nou? Youn nan rezon an sèke nan mitan ajitasyon ak tantasyon mond lan, Li pwomèt pou L fòtifye ak beni Sen alyans Li yo.

Pwomès nan Tanp Kirtland nan

Nan ki sans kay sakre sa yo fòtifye, rekonfòte, ak pwoteje nou? Nou jwenn yon repons nan siplikasyon Pwofèt Joseph Smith la nan konsekrasyon Tanp Kirtland nan. Sete nan tanp sa a ke Sen yo te pou lapremyè fwa te chante, “Chantons à la gloire du Très-Haut dans les cieux.”12 Sovè a Limenm te parèt, epi ansyen pwofèt te retounen, pou te pote kle pretriz yo pou levanjil retabli a.13

Nan okazyon sakre sa a nan Tanp Kirtland nan, pwofèt la te priye pou ke nan kay Senyè a, Sen yo te ame avèk pouvwa Bondye, pou ke non Jezikri te sou yo, pou ke zanj Li yo t ap gen responsablite sou yo, epi pou yo te grandi nan Senyè a ak “resevwa yon plenitid Sentespri a.”14 Siplikasyon puisan sa yo akonpli nan lavi nou pandan n ap fidèlman adore nan kay Senyè a.

Ame avèk lajistis

Nan kay Li a, nou literalman dote avèk pouvwa selès.15 Lafwa nou nan Jezikri ak lanmou nou pou Li konfime ak fòtifye. Nou espirityèlman asire de veritab idantite nou ak bi nou nan lavi a.16 Si nou fidèl, nou beni avèk pwoteksyon kont tantasyon ak distraksyon yo. Nou santi lanmou Sovè a pandan L ap soulaje nou anba difikilte nou ak pwoblèm nou yo. Nou ame avèk pouvwa Bondye.

Non Li sou Nou

Nan kay sakre L la, nou pran non Li pi konplètman sou nou. Lè nou batize nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou deklare kwayans nou nan Li ak volonte nou pou n kenbe kòmandman L yo. Nan tanp lan, atravè alyans nou yo, nou fè pwomès sakre pou nou Li ajamè.

Imaj
Reprezantasyon Tanp Heber Valley Utah a.

Jèn yo nan Legliz sa a enkwayab. Nan yon mond difisil, yo pran non Kris la sou tèt yo. Nan Heber City, Utah, yon reyinyon piblik te fèt pou yo te diskite sou detay konsènan yon tanp ki planifye pou konstiksyon. Twasan jèn te ranpli pak sou kote a pou yo te montre sipò yo pou tanp ki te pwopoze a. Yon jenòm, ki t ap adrese l a dirijan gouvènman yo nan yon fowòm piblik, te eksplike ak kouraj, “Mwen espere pou m marye nan tanp sa a. [Tanp lan ap ede] m kenbe tèt men pwòp ak pur.” Yon lòt te dekri tanp lan kòm yon senbòl limyè ak lespwa. Jènjan ak jènfi Legliz la toupatou nan mond lan ap montre dezi yo pou yo anbrase non Jezikri.17

Imaj
Jèn ki ranpli yon pak nan Heber City.

Zanj yo nan mitan Nou

Nan Tanp Kirtland nan, Pwofèt Joseph te priye pou “zanjou yo [gen] responsablite sou [Sen yo].”18 Mwen kwè fèm ke tan nou pase kontinyèlman nan tanp lan ap akonpli òdonans pou zansèt nou yo pote yon konfimasyon dous ak sèten ke lavi kontinye odela vwal la.

Byenke anpil nan eksperyans nou nan kay Senyè a twò sakre pou n pibliye yo piblikman, gen kèk ke nou ka pataje. Sa gen karantan, pandan nou t ap viv an Florid, Kathy avèk mwen te vwayaje al nan tanp Atlanta a nan Georgia. Yon Mèkredi swa, 9 Me 1984, pandan nou t ap fini yon sesyon nan tanp lan, yon ouvriye òdonans te pwoche kote nou epi l te mande si m te gen tan pou m te fè jis yon òdonans inisyasyon preparatwa ankò. Non moun nan m te reprezante a pa t abityèl. Li te rele Eleazer Cercy.

Nan demen, tanp lan te ranpli ak Sen. Pandan m t ap prepare pou m te fè dezyèm dotasyon m nan jou sa a, yo te ban m non moun mwen ta pral reprezante a. Mwen te etone wè ke non an sete non menm moun m te jwenn jou anvan an, Eleazer Cercy. Mwen te santi Lespri Senyè a pandan m t ap fini dotasyon an. Pita nan aprèmidi sa a, pandan nou te ankò nan tanp lan, Kathy te wè yon zanmi aje fanmi an, Sè Dolly Fernandez, ki t ap viv nan Atlanta lèsa a. Paske l pa t gen okenn manm gason fanmi an avèk li, li te mande si m te ka asiste sèlman papa l avèk paran papa l yo. Natirèlman, m te santi m onore.

Pandan m te mete ajenou sou lotèl la pou òdonans sakre sa a, mwen te tande yon fwa ankò non sa a ki te kounyea enskri nan lespri m nan, papa li, Eleazer Cercy. Mwen kwè totalman ke apre lavi sa a, mwen pral rankontre ak anbrase yon mesye ke moun te rekonèt nan lavi li kòm Eleazer Cercy.

Pifò nan eksperyans nou yo nan kay Senyè a pote lapè jwaye ak revelasyon trankil plis pase entèvansyon spektakilè. Men rete asire: zanj yo anchaj pou veye sou nou!

Yon Plenitid Don Sentespri a.

Yo ba nou don Sentespri a lè nou konfime kòm manm Legliz la. Chak semèn, pandan n ap diyman pran pen an ak dlo a an souvni Sovè nou an, yo pwomèt nou ke Lespri Li ap toujou avèk nou.19 Pandan n ap vini avèk kè nou byen dispoze nan kay Senyè a, kote ki pi sakre sou tè a, n ap grandi nan Senyè a epi n ap “resevwa yon [pi gwo] plenitid Sentespri a.”20 Atravè pouvwa Sentespri a, nou ranpli ak lapè ak lajwa ak yon esperans san parèy.21 Nou resevwa fòs pou nou rete disip Li menm lè nou twouve nou deyò lye sakre yo.

Prezidan Nelson te anseye ke “Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, ap akonpli kèk nan travay ki pi puisan ant kounyeya ak lè L vini ankò.” N ap wè endikasyon mirakileke Bondye Papa a ak … Jezikri, … prezide sou Legliz sa a an majeste ak laglwa.”22 Simaye kay Senyè a sou tè a se yon travay puisan ak yon endikasyon mirakile.23

Zanmi byeneme m yo, si nou kapab e si nou pa deja ogmante asistans nou nan tanp lan, an nou regilyèman jwenn plis tan pou nou sèvi nan kay Senyè a. An nou priye pou tanp ki anonse yo atravè tout mond lan—pou ke nou ka achte teren yo, pou gouvènman yo ka apwouve plan yo, pou ke travayè plen talan ka wè don yo mayifye, epi pou konsekrasyon sakre yo pote apwobasyon syèl la ak vizit zanj yo.

Pwomès

Tanp lan se literalman kay Senyè a. Mwen pwomèt nou ke si nou ale diyman epi nan yon espri lapriyè nan kay Senyè a, n ap ame avèk pouvwa Li, non Li ap sou nou, zanj Li yo ap pran nou anchaj, epi n ap grandi nan benediksyon Sentespri a.

Senyè a te pwomèt: “Tout nanm ki abandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki rele non mwen, epi ki obeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap wè fas mwen epi l ap konnen m egziste.”24 Gen plizyè fason diferan pou nou wè fas Kris la, e pa gen pi meyè andwa pase nan kay sakre L la.25

Nan epòk konfizyon ak ajitasyon sa a, mwen temwaye ke chak nan tanp nou yo se kay Li epi y ap ede prezève nou, pwoteje nou, ak prepare nou pou jou gloriye kote, avèk tout zanj sen l yo, Jezikri va retounen an majeste, pouvwa ak gwo laglwa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 85.

  2. “L’Esprit du Dieu saint,” Cantiques, no. 2

  3. Genyen aktyèlman 182 tanp ki an fonksyonman. Sis anba renovasyon. Sèt k ap tann konsekrasyon avèk youn k ap tann pou yo rekonsakre li. Gen 45 ki an konstriksyon ak 94 plis ki te anonse oubyen ki an planifikasyon ak konsepsyon.

  4. Gade Lik 21:10.

  5. 2 Timote 3:2.

  6. Doktrin ak Alyans 88:91.

  7. Èldè David A. Bednar te di: “Prensip levanjil yo se, pou mwenmenm avèk nou, sa yon gouvènay reprezante pou yon bato. Prensip ki kòrèk ede nou jwenn chemen nou pou nou kanpe fèm, tennfas, ak inebranlab pou nou pa pèdi ekilib nou epi tonbe nan move tan fènwa ak konfizyon k ap fè raj nan dènye jou yo” (“Prensip Levanjil Mwen yo,” Lyawona, Me 2021).

  8. Doktrin ak Alyans 45:26.

  9. “Si yon moun vle vin jwenn mwen, se pou l renonse a limenm, epi pran kwa li, epi suiv mwen” (Matye 16:24).

  10. Gade Lik 1:37.

  11. Gade Doktrin ak Alyans 87:8.

  12. Cantiques, no. 2.

  13. Gade Gade Doktrin ak Alyans 110. Anvan epòk sa a, Pwofèt Joseph Smith te resevwa Prètriz Aawon an ak kle l yo nan men Jan Batis, epi li te resevwa Pretriz Mèlkisedèk la ak kle l yo nan men Apot Pyè, Jak, ak Jan (gade Dokrrin ak Alyans 13:1; 27:12–13).

  14. Doktrin ak Alyans 109:15; gade tou vèsè 22.

  15. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Tanp lan ka ede nou nan rechèch nou an. Ladan l, nou dote avèk pouvwa Bondye, ki ba nou kapasite pou nou venk Satan, enstigatè tout kontansyon” (“Nou Bezwen Atizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 101).

  16. Gade Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), Bibliyotèk Levanjil.

  17. Elder Colin Stauffer, korespondans pèsonèl, Janv. 30, 2024.

  18. Doktrin ak Alyans 109:22.

  19. (Gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79.

  20. Doktrin ak Alyans 109:15.

  21. Gade Women 15:13.

  22. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nouLyawona, Me 2018, 96.

  23. Brigham Young te di: “Nou va gen dè santèn tanp ak dè milye gason ak fi ki ap ofisye ladan yo pou moun ki mouri san yo pa t gen privilèj pou yo te tande ak obeyi Levanjil la” (Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 312). Epi Ezra Taft Benson te di: “Predesesè nou yo te pwofetize ke tanp ta pral kouvri peyizaj Nò ak Sid Amerik la, zile Pasifik yo, Lewòp, ak tout lòt kote. Si travay redanmsyon sa a fèt nan nivo l dwe fèt la, n ap bezwen dè santèn tanp” (The Teaching of Ezra Taft Benson [1988], 247).

  24. Doktrin ak Alyans 93:1.

  25. Èldè David B. Haight te di:

    “Se vre ke kèk moun te vrèman wè Sovè a men, lè yon moun konsilte diksyonè a, li aprann ke gen anpil lòt siyifikasyon pou mo a, tankou vin konnen Li, disène Li, rekonèt Limenm ak travay Li, pèsevwa enpòtans Li, oubyen konprann Li.

    Kalite eklèsisman ak benediksyon sa yo disponib pou nou chak” (“Le temple et l oeuvre qui s y accomplitL Etoile, Janv. 1991, 58).