Konferans Jeneral
Anglouti nan Lajwa Kris la
Konferans jeneral avril 2024


Anglouti nan Lajwa Kris la

Mwen temwaye ke Pè Selès la tande siplikasyon ak dlo nan je nou yo epi L ap toujou reponn nan sajès pafè.

Nou renmen ou, Elder Kearon. Èske m ka prete aksan sa a pou 10 minit?

Swaf pou Mirak

Nan Nouvo Testaman an, nou aprann konsènan yon avèg Batimeyis, ki te kriye nan pye Jezi paske l te vle yon mirak. “Jezi te di l, Leve non. Ou mèt ale. Lafwa ou nan Bondye fè w geri. Epi imedyatman li te resevwa vizyon l.”1

Nan yon lòt okazyon, yon mesye nan Betseda te swaf gerizon. An kontras, mirak sa a pat fèt imedyatman. Okontrè, Jezi te beni l defwa anvan li “te retabli.”2

Nan yon twazyèm egzanp, Apot Pòl “te sipliye Seyè a defwa” nan afliksyon li,3 epi malgresa, daprè sa nou konnen, Seyè a pat akòde l petisyon sensè li a.

Twa moun diferan. Twa eksperyans san parèy.

Men yon kesyon: Poukisa kèk moun resevwa mirak yo swaf-anpil yo rapidman, pandan lòt moun dwe reziste pou rete tann Senyè a?4 Nou ka pa konnen rezon an, men, avèk rekonesans, nou konnen Li ki “renmen [nou]”5 an epi ki “[fè] tout bagay pou byennèt ak lajwa [nou],”6

Objektif Diven

Bondye, ki wè lafen depi nan kòmansman an,7 reyasire nou, “Advèsite w la se pral pou yon ti moman,”8 epi yo pral konsakre “pou byen ou.”9

Pou te ede nou wè plis sans nan eprèv nou yo, Èldè Orson F. Whitney te anseye: “Okenn doulè nou soufri, okenn eprèv nou travèse pa gaspiye. Sa travay sou edikasyon nou. … Tout … bagay nou sipòte avèk [pasyans] … , bati karaktè nou, pirifye kè nou, elaji nanm nou, epi yo fè nou vin pi dou ak charitab. … Se atravè tristès ak soufrans, travay ak tribilasyon, nou vin gen edikasyon nou te vin isit la pou n jwenn nan epi ki pral fè nou vin plis tankou [paran selès] nou yo.”10

Paske l te Konprann “pouvwa Kris la [t ap] repoze sou [li]” nan afliksyon l yo, Apot Pòl te di avèk imilite, “Paske lè m fèb, se lè sa a mwen fò.”11

Eprèv lavi yo pase nou aleprèv.10 Menm Sovè a te “aprann … obeyisans atravè soufrans” epi Li te vin “pafè atravè soufrans.”13

Epi yon jou, Li pral deklare avèk konpasyon, “Gade, Mwen rafine ou, Mwen chwazi ou nan founo afliksyon an.”14

Lè nou konfye nan objektif diven Bondye, sa respire esperans andedan nanm ki fatige yo epi sa limen detèminasyon nan sezon angwas ak kèfèmal.15

Pèspektif Diven

Sa gen kèk ane, Prezidan Russell M. Nelson te pataje refleksyon presye sa a: “Lè nou gade tout bagay avèk yon pèspektif etènèl, sa ap aleje fado nou anpil.”16

Imaj
Holly ak Trey Porter.

Madanm mwen, Jill avèk mwen te temwen verite sa a dènyèman nan lavi fidèl Holly ak Rick Porter, ki te gen pitit gason 12-zan-yo a, Trey, ki te mouri nan yon dife trajik. Avèk men ak pye l yo boule anba efò eroyik li pou l sove pitit gason li a, Holly te kanpe nan reyinyon sentsèn nan pawas la epi l te temwaye avèk pouvwa konsènan gran lapè ak lajwa Seyè a te vide sou fanmi an nan angwas yo, li te itilize mo tankou mirakile, enkwayab, ak etonan.

Imaj
Bay lamen gerizon.

Chagren ensipòtab manman presye sa a te imedyatman ranplase pa yon lapè ekstrèm avèk panse sa a: “Men m yo pa men ki sove moun; men sa yo se men Sovè a. Men sa yo se men Sovè a! Olye pou m gade sikatris mwen yo kòm yon rapèl sou sa m pa t kapab fè, m sonje sikatris Sovè m nan pote yo.”

Temwayaj Holly a akonpli pwomès pwofèt nou an: “Lè nou panse selès, n ap wè tribilasyon ak opozisyon yo nan yon nouvo vizyon.”17

Elder D. Todd Christofferson te deklare: “Mwen kwè tès pou nou simonte ak grandi nan advèsite a te enterese nou lè Bondye te prezante plan redanmsyon Li a nan mond premòtèl la. Nou ta dwe apwoche tès sa a kounyea konesan ke Pè Selès nou an pral soutni nou. Men, li nesesè pou nou vire jwenn Li. San Bondye, eksperyans fènwa soufrans ak advèsite yo gen tandans mennen nan dekourajman, dezespwa, ak menm rayiman.”18

Prensip Diven

Pou evite nwasè mekontantman epi olyesa jwenn pi gwo lapè, espwa, ak menm lajwa pandan pwoblèm difisil lavi yo, m ap pataje twa prensip diven.

Premyeman—pigran lafwa vini lè nou mete Jezikri an premye.19 “Gade sou mwen nan chak panse,” Li te deklare; “pa doute, pa pè.”20 Prezidan Nelson te ansenye:

“Lavi etènèl [nou] depann de lafwa [nou] nan [Kris] la ak Ekspyasyon Li a,”21

Pandan m t ap lite anba gwo doulè yon blesi te ban mwen dènyèman, m te santi apresyasyon ki pi pwofon pou Jezikri ak kado enkonpreyansib Ekspyasyon lI a. Panse sou sa! Sovè a te soufri ‘doulè ak afliksyon ak tantasyon sou tout fòm’ pou L ka rekonfòte nou, geri nou, [ak] sekouri nou nan tan bezwen.”22

Blesi m nan te lakòz mwen reflechi anpil sou “grandè Sen Izrayèl la’ Pandan m ap geri, Senyè a te manifeste pouvwa diven Li nan fason pèzib ak evidan.”23

“Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray,” Sovè a te ankouraje nou; “lemonn deja pèdi devan mwen.”24

De—pi gwo lespwa vini lè nou vizyone destine etènèl nou.25 Pandan l t ap pale de pouvwa ki genyen nan kenbe “yon vizyon de benediksyon enkwayab Papa nou pwomèt nou yo … devan je nou chak jou,”, Sè Linda Reeves te temwaye: “M pa konnen poukisa nou gen tout eprèv nou genyen yo, men,pèsonèlman, m santi ke rekonpans lan si gran, si etènèl, ak enfini, si jwaye e depase tout konpreyansyon ke, nan jou rekonpans sa a, nou gen dwa santi n ta di Papa eman ak mizèrikòdye nou an: ‘Èske se sèlman sa yo te egzije m?’… Kisa sa ta fè si … sa nou te soufri isit la si, alafen, eprèv sa yo … kalifye nou pou lavi etènèl … nan wayòm Bondye a?”26

Konsidere repons Senyè a pou Joseph Smith lè li te sipliye pou pote l sekou nan Prizon Liberty. Seyè a te anseye Pwofèt la ke tretman inimen l lan t ap ba li eksperyans epi se t ap pou byen li. ‘Si ou sipòte byen,’ Seyè a te pwomèt,‘Bondye ap leve ou anlè.’ Senyè a t ap anseye Joseph pou l te panse selès epi vizyone yon rekonpans etènèl olye l te konsantre sou difikilte atwòs yo nan moman an.”27

Chanjman pèspektif sa a pote satisfaksyon pwofon pou Joseph, jan sa te reflete nan lèt sa a yon zanmi: “Apre m te fin fèmen dèyè yon pòt prizon pou senk mwa, sanble kè mwen pral vin toujou pi adousi apresa pase l te janm ye anvan. … M panse m pa t ap janm ka santi sa m santi kounyea si m pat soufri anba mechanste m te soufri yo.”28

Twa—pi gwo pouvwa vini nan konsantre nou sou lajwa.29 Nan moman agoni ki te pi terib nan letènite yo, Sovè nou an pa t fè bak, men, Li te bwè koup anmè a.30 Kijan l te fè sa? Nou aprann, “Pou lajwa ki te pi devan L [Kris] la te sipòte kwa a,”31 volonte Li te “anglouti nan volonte Papa a.”32

Imaj
Kris la nan Jetsemane

Fraz “anglouti” sa a touche m pwofondeman. Enterè m nan li te ogmantelè m te aprann ke an Espayòl, “anglouti” tradui kòm i “konsome; an Alman, kòm “devore”; epi an Chinwa, kòm “anglouti.” Konsa, lè difikilte lavi yo pote plis doulè epi m ap sikonbe, m sonje pwomès Seyè a— ke nou “dwe pa t ap soufri okenn kalite afliksyon, eksepte pou l [ta] anglouti, [konsonmen, devore, ak anvayi] nan lajwa Kris la.”33

Mwen wè lajwa sa a nan anpil nan nou, lajwa ki “[defye] … konpreyansyon mòtèl la,”34 menmsi koup anmè nou an pa retire. Mèsi paske nou kenbe alyans nou yo epi nou kanpe kòm temwen pou Bondye.35 Mèsi paske nou lonje lamen pou beni nou tout, pandan ke “nan kè [nou] gen doulè ki kache ke je pa kapab wè.”36 Paske, lè nou pote sekou Sovè a bay lòt moun, n ap jwenn li pou tèt pa nou, Prezidan Camille Johnson te anseye.37

Pwomès Divin

Kounyea, retounen avèk mwen nan reyinyon sentsèn kote nou te temwen mirak fanmi Holly Porter ke Senyè a te sekouri a.38 Pandan m te chita sou chè a ap reflechi sou sa m ta ka di pou m ofri rekonfò a fanmi fidèl sa a epi a zanmi yo, enpresyon sa a te vini: “Itilize pawòl Sovè a.”39 Konsa, m ap fèmen jodia jan m te fè nan jou Saba sa a, avèk pawòl Li yo, “ki geri nanm ki blese.”40

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba nou soulajman.”41

“Epi, m ap fè chay ki sou zèpòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou, menm lè nou nan esklavaj; … e m ap fè sa, pou nou kapab sèvi m temwen apre sa, e pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo.”42

“M pap kite nou san rekonfò: M ap vin jwenn nou.”43

Temwayaj Mwen

Avèk yon reverans plen lajwa, mwen temwaye ke Sovè nou an vivan epi pwomès Li yo asire!44 Pou noumenm ki twouble oswa “aflije nan kèlkeswa fason an,”45 Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la tande siplikasyon ak dlo nan je nou yo46 epi L ap reponn avèk sajès pafè.47 “Ke Bondye fè pou ou,” jan L konn fè pou fanmi nou yo nan epòk gwo nesesite yo, “pou fadon w yo ka vin lejè,”48 epi “anglouti nan lajwa Kris la.”49 Nan non sakre Jezikri, amèn.