Konferans Jeneral
Jezikri nan Sant Lavi Nou
Konferans jeneral avril 2024


Jezikri nan Sant Lavi Nou

Kesyon pwofon nanm nou yo, ki monte alasifas nan moman ki pi nwa nou yo ak nan tribilasyon ki pi gwo nou yo, jwenn repons yo atravè amou inebranlab Jezikri.

Pandan n ap vwayaje nan mòtalite, kèkfwa nou plati anba tribilasyon: doulè pwofon poutèt moun nou renmen ki mouri, batay rèd kont maladi, enjistis k ap pike nou, eksperyans boulvèsan sou asèlman oubyen abi k ap antòtiye nou, menas chomaj, eprèv familyal, kri silansye nanm nou anba solitid, oubyen konsekans dechiran poutèt konfli avèk zam.1 Nan moman sa yo, nanm nou ap chèche refij.2 N ap chèche onètman pou n konnen: Kikote pou nou jwenn medikaman lapè a?3 Nan kiyès nou ka plase konfyans nou pou ede nou avèk konfyans ak fòs pou simonte obstak yo?4 Kiyès ki posede pasyans, amou absoli, ak men omnipotan pou leve nou ak soutni nou?

Kesyon pwofon nanm nou yo, ki monte alasifas nan moman ki pi nwa nou yo ak nan tribilasyon ki pi gwo nou yo, jwenn repons atravè amou inebranlab Jezikri.5 Nan Li, epi atravè benediksyon levanjil retabli Li a yo pwomèt nou yo,6 nou jwenn repons n ap chèche yo. Se atravè Ekspyasyon enfini Li a Li ofri nou kado ki depase tout mezi—yon kado esperans, gerizon, ak asirans prezans konstan, ak dirab Li nan lavi nou.7 Kado sa a disponib pou tout moun ki lonje men avèk lafwa, pou anbrase lapè ak redanmsyon Li ofri libreman an.

Senyè a lonje men Li bay nou chak, yon jès ki se esans amou diven L ak bonte Li. Envitasyon Li fè nou an depase yon senp apèl; se yon angajman diven, ki fanfòse pa pouvwa enfini lagras Li. Nan ekriti yo, Li asire nou avèk amou:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, na viv ak kè poze.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”8

Klarite envitasyon Li a “Vini jwenn mwen” epi “Pran jouk mwen” an se afime nati pwofon pwomès Li a—yon pwomès ki si gran ak si konplè ke li pèsonifye amou Li, epi ofri nou yon garanti solanèl: “N ap jwenn repo.”

Pandan n ap chèche direksyon espirityèl avèk dilijans,9 nou anbake nan yon vwayaj pwofondeman transfòmatif ki ranfòse temwayaj nou. Lè nou konprann grandè amou pafè Pè Selès ak Jezikri,10 kè nou ranpli avèk gratitid, imilite,11 ak yon santiman renouvle pou nou avanse sou chemen disip la.12

Prezidan Russell M. Nelson te anseye “Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oubyen sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa vini nan Li epi gras a Li.”13

Alma, ki t ap pale avèk pitit gason li an, Elaman, te deklare: “Kounyeya, pitit mwen an, Elaman, ou jèn toujou, se poutèt sa, m priye w pou w tande pawòl mwen yo, epi pou w aprann nan men m; paske m konnen, nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a.”14

Elaman, ki t ap pale avèk pitit gason li yo, te anseye konsènan prensip etènèl pou moun mete Sovè a nan sant lavi yo: “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an; ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou bati fondasyon nou.”15

Nan Matye 14 nou aprann, apre L te fin tande lanmò Jan Batis la, Jezi te chèche solitid. Sepandan yon gwo gwoup te suiv Li. Touche avèk konpasyon ak amou, epi pandan L pa t kite doulè L la distrè L nan misyon Li, Jezi te akeyi yo, Li te geri malad nan pami yo. Pandan sware a t ap apwoche, disip yo te rakontre yon gwo difikilte: yon miltitid moun avèk yon tikras manje ki te disponib. Yo te pwopoze pou Jezi voye foul la ale pou y ap chèche manje, men, avèk gran amou ak gran antisipasyon, Jezi te pito mande disip yo pou te bay foul la manje.

Pandan disip yo te preyokipe avèk difikilte imedyat la, Jezi te demontre konfyans ak amou Li pou Papa Li, ansanm avèk amou inebranlab Li pou pèp la. Li te mande foul la pou yo te chita sou gazon an, epi pandan ke L te pran senk pen ak de pwason sèlman, Li te chwazi pou L te bay Papa L remèsiman, pou L te rekonèt kapasite Papa Li pou reponn a sitiyasyon an odela pwòp otorite ak pouvwa pa Li.

Apre L te fin bay remèsiman, Jezi te kase pen an, epi disip yo te distribye l bay pèp la. Mirakilezman, non sèlman manje a te sifi, men tou, li te an abondans, te gen 12 panye ki te rete. Nan pami gwoup ki te nouri a te gen senk mil gason ansanm avèk fi ak timoun.16

Mirak sa a anseye nou yon leson pwofon: lè nou rankontre difikilte, li fasil pou nou tou natirèlman konsantre sou difikilte nou yo. Sepandan, Jezikri egzanplifye pouvwa pou konsantre sou Papa Li, pou ofri gratitid, ak rekonèt ke solisyon pou tribilasyon nou yo pa toujou chita andedan nou men, nan Bondye.17

Lè nou rankontre difikilte, nou gen tandans natirèl pou nou konsantre sou obstak ki devan nou yo. Pwobl◘m nou yo reyèl epi yo mande atansyon nou, men se nan atansyon nou prensip pou simonte yo a chita. Lè nou plase Kris la nan mitan panse nou ak aksyon nou, nou aliyen tèt nou avèk pèspektif Li ak fòs Li.18 Ajisteman sa a pa devalorize efò nou yo; okontrè, li ede nou navige atravè yo sou direksyon divin.19 Kòm rezilta, nou dekouvri solisyon ak sipò ki soti nan yon sajès ki pi wo. Lè nou adpte pèspektif ki santre sou Kris sa a, sa ranfòse nou avèk enèji ak vizyon pou nou transfòme tribilasyon nou yo an viktwa,20 pou raple nou ke avèk Sovè a, sa ki sanble yon gwo pwoblèm ka vin tounen yon santye ki mennen nan pi pigran pwogrè espirityèl.

Istwa jèn Alma ki nan Liv Mòmon an prezante yon naratif konvenkan sou redanmsyon ak enpak pwofon ki genyen nan santre lavi nou sou Kris la. Nan kòmansman, Alma te kanpe kòm yon opozan Legliz Senyè a, li te rale anpil moun soti sou chemen lajistis la. Sepandan, yon entèvansyon diven, ki te fèt atravè yon vizit anjelik, te reveye l nan mechanste l yo.

Nan moman ki te pi fènwa sa a, toumante anba remò epi dezespere pou l te jwenn yon mwayen pou l te soti nan angwas espirityèl li a, Alma te sonje ansèyman papa l yo konsènan Jezikri ak pouvwa Ekspyasyon Li a. Avèk yon kè ki t ap jemi pou redanmsyon, li te repanti avèk senserite epi l te plede pou mizèrikòd Senyè a avèk fèmte. Moman vital kote l te livre tèt li konplètman an, pou l te mete Kris la nan santral panse l yo, pandan Alma t ap chèche mizèrikòd Li avèk senserite, te pote yon transfòmasyon remakab. Chenn remò ak dezespwa ki te lou a te disparèt epi yon santiman lapè ak lajwa te ranplase yo.21

Jezikri se esperans nou ak repons pigran doulè ki nan lavi nou. Atravè sakrifis Li a, Li te peye pou peche nou epi L te pran tout soufrans nou yo sou tèt pa L—doulè, enjistis, tristès, ak lakrent—epi Li padone ak geri nou lè nou konfye nan Li epi nou chèche chanje lavi nou pou l vin pibon. Li se Gerisè nou,22 ki rekonfòte ak repare kè nou atravè amou ak pouvwa Li, menmjan Li te geri anpil moun pandan epòk Li a sou latè a.23 Li se dlo vivan an, pou satisfè bezwen ki pi pwofon nanm nou avèk amou konstan L ak jantiyès Li. Se tankou pwomès Li te fè fi Samaritè nan bò pui a, lè L te ofri “yon sous dlo k ap monte nan lavi etènèl.”24

Mwen rann temwayaj soIanèl ke Jezikri vivan, L ap prezide sou Legliz sa a, Legliz sakre Li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jjou yo.25 Mwen temwaye ke Li se Sovè mond la, Prens Lapè a,26 Wa tout wa yo, Senyè tout senyè yo,30 Redanmtè mond lan. Mwen afime avèk sètitid ke nou ajamè prezan nan panse L ak nan kè Li. Kòm yon testaman sou sa, Li retabli Legliz Li a nan dènye jou sa yo epi L aple Prezidan Russell M. Nelson kòm pwofèt ak Prezidan Legliz la nan tan sa a.28 Mwen konnen Jezikri te bay lavi L pou nou ka gen lavi etènèl.

Lè nou efòse nou pou nou plase L nan sant lavi nou, revelasyon ouvri pou nou, lapè pwofon Li anvlope nou, epi Ekspyasyon enfini L la pote padon ak gerizon pou nou.29 Se nan Limenm nou dekouvri fòs pou nou simonte, kouraj pou nou pèsevere, ak lapè ki depase tout konpreyansyon. Mwen swete nou efòse nou chak jou pou n apwoche pipre Li,30 sous tout bagay ki bon an, banyè esperans nan vwayaj nou pou retounen nan prezans Pè Selès nou an. Nan non sakre Jezikri, amèn.