Konferans Jeneral
Senyè a jije l saj ke nou ta Dwe Genyen Liv Mòmon an
Konferans jeneral avril 2024


Senyè a jije l saj ke nou ta Dwe Genyen Liv Mòmon an

Se priyè mwen pou lekti Liv Mòmon an ane sa a vin yon lajwa ak yon benediksyon pou nou chak.

Chè frè m ak sè m yo, nou rekonesan anpil pou efò n ap fè nan li ekriti yo avèk Vini, Suiv Mwen an. Mèsi pou tout sa n ap fè. Koneksyon nou chak jou avèk Bondye ak pawòl li a gen konsekans pwofon. “W ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.”1

Lekti ansèyman Sovè a nan ekriti yo ede nou transfòme fwaye nou vin tounen sanktyè lafwa ak sant aprantisaj levanjil la.2 Li envite Lespri a antre lakay nou. Sentespri a ranpli nanm nou ak lajwa3 e li konvèti nou vin tounen disip Jezikri pou tout lavi.

Pandan plizyè ane sa yo, pandan n ap li liv ekriti yo, nou te obsève panorama ansèyman Bondye bay pitit li yo nan tout gwo dispansasyon levanjil yo.4

Nan chak dispansasyon, nou wè yon modèl ki familye. Bondye retabli oswa revele levanjil Jezikri a atravè pwofèt li yo. Pèp la suiv pwofèt yo epi yo jwenn anpil benediksyon. Sepandan, avèk letan, gen kèk moun ki sispann koute pawòl pwofèt yo epi pran distans de Senyè a ak levanjil li a. Se sa nou rele apostazi. Levanjil la te revele premyèman bay Adan, men kèk nan pitit Adan ak Èv yo te vire do bay Senyè a nan apostazi.5 Nou wè yon modèl retablisman ak apostazi ki te repete nan dispansasyon Enòk, Noye, Abraram, Moyiz, ak lòt pwofèt yo.

Kounye a, jodi a, n ap viv nan dispansasyon plenitid tan yo.6 Sa a se sèl dispansasyon ki p ap fini nan yon apostazi.7 Se dispansasyon sa a ki pral inogire Dezyèm Vini Sovè a Jezikri ak rèy milenè li a.

Konsa, kisa ki diferan apwopo dispansasyon sa a? Kisa Senyè a ban nou jodi a, espesyalman pou epòk nou an, ki pral ede nou pwoche pre Sovè a epi pa janm kite l?

Yon repons ki vin nan tèt mwen se ekriti yo—patikilyèman Liv Mòmon an: Yon lòt Testaman konsènan Jezikri.

Byenke Bondye te pwomèt ke pap janm gen yon lòt apostazi jeneral, nou bezwen pran prekosyon pou n evite yon apostazi pèsonèl—sonje, jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye a, “Nou chak responsab pou devlopman espirityèl endividyèl nou.”8 Etidye Liv Mòmon an, jan n ap fè ane sa a, ap toujou mennen nou pi pre Sovè a—epi li ede nou rete pre li.

Nou rele li “etid,” e sa bon paske li enplike efò. Men, nou pa toujou bezwen aprann kèk nouvo reyalite. Pafwa li Liv Mòmon an se jis pou santi w konekte avèk Bondye jodi a—nouri nanm nan, fòtifye n espirityèlman anvan ou al fè fas ak mond lan, oswa jwenn gerizon apre yon jounen difisil nan mond lan.

Nou etidye ekriti yo pou ke Sentespri a, gwo enstriktè a, kapab apwofondi konvèsyon nou nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri epi ede nou vin menm jan ak yo.9

Avèk panse sa yo nan tèt nou, nou te kapab konsidere, “Kisa Sentespri a te anseye nou semèn sa a pandan etid nou an sou Liv Mòmon an?” epi “Ki jan sa fè nou vin pi pre Sovè a?”

Sa yo se bon kesyon pou etid ekriti lakay nou. Yo se kesyon ekselan tou pou kòmanse yon klas Dimanch nan legliz la. Nou amelyore ansèyman nou nan legliz nan jou dimanch lè nou amelyore aprantisaj nou lakay nou pandan semèn nan. Se poutèt sa, nan klas dimanch nou yo, “yon moun ki preche epi yon moun ki tande, youn dwe konprann lòt, epi yo tou de dwe edifye epi yo dwe rejwi ansanm.”10

Men kèk vèsè Lespri a te enpresyone nan lespri m nan etid Liv Mòmon an semèn sa a:

  • Nefi te enstwi Jakòb pou l te “konsève plak sa yo epi remèt yo … de jenerasyon an jenerasyon. E si ta gen predikasyon ki sakre, oswa revelasyon … , oswa pwofesi,” Jakòb ta dwe “grave … yo sou plak sa yo … pou benefis pou pèp [li].”11

  • Apre sa, Jakòb te temwaye: “Nou chèche [ekriti yo], … e paske nou gen tout temwanyaj sa yo nou jwenn yon espwa, e lafwa nou te vin tèlman solid.”12

kounye a, vèsè sa yo te fè m sonje sa Nefi te di anvan konsènan plakderen yo:

Epi nou te pran rejis yo … epi nou te fouye yo e nou te wè yo … te tèlman gen gran valè pou nou, toutotan nou ta prezève kòmandman Senyè a yo pou pitit nou yo.

“Konsa, se te daprè sajès Senyè a pou nou te pote yo avèk nou, pandan nou t ap vwayaje nan dezè a pou nou ale nan tè pwomiz la.”13

Kounye a, si se te sajès pou Leyi ak fanmi l pou yo te genyen ekriti yo, li saj pou nou tou jodi a. Gwo valè ak pouvwa espirityèl ekriti yo ap kontinye klere nan lavi nou jodi a.

Pa janm gen yon pèp nan listwa ki gen aksè a Liv Mòmon an ak lòt ekriti ke n ap jwi jodi a.14 Wi, Leyi ak fanmi l te gen benediksyon pou yo te pote plakderen yo avèk yo, men yo pa t gen yon kopi pou chak tant! Kopi Liv Mòmon ki pi enpòtan an se kopi pèsonèl nou an. Se kopi nou li a.

Nan vizyon Leyi a sou pyebwa lavi a, Leyi te anseye nou enpòtans eksperyans pèsonèl ak lanmou Bondye. Apre li fin manje nan fwi a, Leyi te wè madanm li, Sarya, ak pitit gason l yo, Nefi ak Sam, yon ti distans.

“Yo te kanpe tankou si yo pa t konnen ki kote yo ta dwe ale.

“… Mwen te fè yo siy,” Leyi te di, “e m te di yo avèk yon vwa fò pou yo vin jwenn mwen pou yo te kapab manje nan fwi a, ki te pi dezirab pase tout lòt fwi.

“Epi… yo te vin jwenn mwen e yo te manje nan fwi a.”15

Mwen renmen egzanp Lehi sou modèl elve timoun nan. Sariah, Nefi, ak Sam t ap viv yon lavi ki bon, ki jis. Men, Seyè a te gen yon bagay ki te pi bon, yon bagay ki te pi dous pou yo. Yo pa t konnen ki kote pou yo te jwenn li, men Lehi te konnen. Se konsa li te rele yo, “ak yon vwa byen fò,” pou yo vin bò pyebwa lavi a e pou yo goute fwi a pou tèt yo. Direksyon li te klè. Pa ta ka gen okenn enkonpreyansyon.

Mwen se pwodui kalite paran ki gen menm kalite entansyon an.16 Lè m te yon jèn tigason, petèt gen 11 oswa 12 an, manman m te mande m: “Mak, èske w konnen pou tèt ou, grasa Sentespri a, ke levanjil la vre?”

Kesyon l lan te etone m. Mwen te toujou eseye pou m yon “bon ti gason,” e mwen te panse sa te ase. Men, manman m, menm jan ak Lehi, te konnen ke te m te bezwen plis pase sa. Mwen te bezwen aji ak konnen pou tèt pa mwen.

Mwen te reponn ke mwen poko fè eksperyans sa a. E Li pa t sanble etone ditou pa repons mwen an.

Lè sa a, li te di yon bagay mwen pa janm bliye. Mwen sonje pawòl li yo jiska jounen jodi a: “Papa nou ki nan Syèl la vle ou konnen pou tèt pa w. Men, ou dwe fè efò. Ou bezwen li Liv Mòmon an epi priye pou w konnen pa Sentespri a. Papa nou ki nan Syèl la ap reponn priyè w yo.”

Ebyen, mwen pa t janm li Liv Mòmon an anvan sa. Mwen pa t panse mwen te gen ase laj pou m te fè sa. Men manman m te konnen pi byen.

Kesyon l la te limen nan mwen yon dezi pou m te konnen pou tèt pa mwen.

Konsa, chak swa, nan chanm mwen te pataje avèk de frè m yo, m te limen limyè ki anlè kabann mwen an epi m te li yon chapit nan Liv Mòmon an. Apre sa, mwen te etenn limyè a, mwen te glise desann kabann mwen sou jenou mwen epi mwen te priye. Mwen te priye pi sensè e ak plis dezi pase m te janm genyen anvan. Mwen te mande Papa nou ki nan Syèl la tanpri fè m konnen verite Liv Mòmon an.

Depi lè m te kòmanse li Liv Mòmon an, mwen te santi Papa nou ki nan Syèl la te okouran de efò m yo. E mwen te santi ke mwen te enpòtan pou li. Pandan m t ap li e m t ap priye, santiman lapè ak konfò te poze sou mwen. Chapit pa chapit, limyè lafwa a t ap vin pi klere nan nanm mwen. Avèk letan, mwen te reyalize ke santiman sa yo te konfimasyon verite ki soti nan Sentespri a.17 Mwen te vin konnen pou tèt pa mwen ke Liv Mòmon an se verite, e ke Jezikri se Sovè mond lan. Ala mwen rekonesan pou envitasyon enspire manman m.

Eksperyans li Liv Mòmon an kòm yon tigason an te kòmanse yon modèl etid ekriti ki te kontinye beni m jouk jounen jòdi a. Mwen toujou li Liv Mòmon an epi mete m ajenou nan lapriyè. Epi Sentespri a konfime verite li yo plizyè fwa.

Nefi te di sa byen. Se nan sajès Senyè a ke nou ta dwe pote ekriti yo avèk nou pandan tout lavi nou. Liv Mòmon an se “kle” ki fè dispansasyon sa a diferan de tout dispansasyon anvan yo. Pandan n ap etidye Liv Mòmon an epi suiv pwofèt vivan an, pap gen apostazi pèsonèl nan lavi nou.18

Envitasyon pou vin nan pye bwa lavi a nan kenbe fèm nan pawòl Bondye a se pa sèlman yon envitasyon Leyi bay fanmi l, epi se pa sèlman yon envitasyon manman m pou m li epi priye apwopo Liv Mòmon an. Se yon envitasyon pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, bay pou nou chak tou.

“Mwen pwomèt,“”” li te di, “ke si nou etidye Liv Mòmon an nan lespri lapriyè chak jou, n ap ka pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt ke si nou medite sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo ap ouvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou yo ak direksyon pou lavi nou.”19

Priyè mwen se pou lekti Liv Mòmon an ane sa a vin yon lajwa ak yon benediksyon pou nou chak epi pou l rale nou toujou pi pre Sovè a.

Pè Selès la Vivan. Jezikri se Sovè ak Redanmtè nou. Liv Mòmon an gen pawòl li yo epi li transmèt lanmou Li. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt vivan Senyè a sou tè a jodia. Mwen konnen bagay sa yo se verite grasa temwayaj Sentespri a konfime, yon temwayaj mwen te resevwa pandan m tap li Liv Mòmon an lè m te piti. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 64:33

  2. “Nouvo pwogram santre sou fwaye a, entegre ke Legliz la sipòte a gen potansyèl pou libere pouvwa fanmi yo, pandan chak fanmi pran desizyon pou konsyaman e ak atansyon transfòme fwaye yo an yon sanktyè lafwa. Mwen pwomèt ke pandan nou dilijaman travay pou remodle fwaye nou pou tounen yon sant aprantisaj levanjil la, avèk letan jou Saba nou yo pral tounen yon delis. Pitit nou yo pral kontan pou aprann epi viv ansèyman Sovè a, epi enfliyans advèsè a nan laviak nan fwaye nou pral diminye. Chanjman nan fanmi w yo ap espektakilè ak dirab” (Russell M. Nelson, “Vin tounen Sen Dènye jou Egzanplè,” LyawonaNov. 2018, 113).

  3. “Anverite, anverite, m di ou, m ap ba ou yon mòso nan Lespri m, ki pral klere panse ou, ki pral ranpli nanm ou avèk lajwa” (Doktrin ak Alyans 11:13).

  4. “Dispansasyon yo se peryòd tan kote Senyè a gen omwen yon sèvitè otorize sou tè a ki detni Sen Prètriz la ak kle yo, epi ki gen yon komisyon diven pou l pataje bay moun ki sou tè a levanjil la” (Topik ak kesyon yo, “Dispansasyon,” Bibliyotèk Levanjil).

  5. Gade Moyiz 5:12–16.

  6. Pwofèt Danyèl te wè jou nou an, dispansasyon nou an, lè li te entèprete rèv Nèbikadneza a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wòch ki nan rèv sa a, li koupe nan mòn lan san men an, li woule pou l ranpli tout tè a (gade Danyel 2:34–35, 44–45; Doktrin ak Alyans 65:2).

  7. “Bondye Papa a ak Jezikri te aple Pwofèt Joseph Smith pou l te vin pwofèt dispansasyon sa a. Tout pouvwa diven dispansasyon anvan yo te dwe retabli atravè limenm. Dispansasyon plenitid tan yo pa t ap limite nan tan ni nan lokasyon. Li pa t ap fini nan apostazi, epi li t ap ranpli mond lan” (Russell M. Nelson, “Rasanbleman Izrayèl dispèse,” LiahonaNovanm 2006, 79–80).

  8. Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Liyawona, Nov. 2018, 8.

  9. Gade “Konvèsyon Se Objektif Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024, v.

  10. Doktrin ak Alyans 50:22; gade tou vèsè 17–21.

  11. Jakòb 1:3-4.

  12. Jakòb 4:6.

  13. 1 Nefi 5:21–22.

  14. Yo te fèk anonse ke 200 milyon kopi Liv Mòmon an te distribye nan dispansasyon sa a. Sa vrèman remakab. Liv Mòmon an kounye a te tradui nan 113 lang, ak 17 nouvo tradiksyon an pwosesis. Ala yon benediksyon pou nou gen Liv Mòmon an nan fòma enprime, dijital, odyo, videyo, ak lòt fòma. (Gade Ryan Jensen, “Legliz distribye 200 milyonyèm kopi Liv Mòmon an,” Novèl legliz la, 29 desanm 2023, thechurchnews.com.)

  15. 1 Nefi 8:14–16; italik ajoute.

  16. “Enfliyans espirityèl ki pi puisan nan lavi yon timoun se egzanp paran ak granparan ki dwat, ki renmen youn lòt epi ki fidèlman kenbe alyans sakre yo fè yo. Paran yo dwe entansyonèlman anseye timoun yo lafwa nan Senyè a Jezikri pou ke yo menm tou ‘kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo’ [2 Nef 25:26]. Lè nou respekte alyans yo nan yon fason ki vag epi ki pa regilye, sa kapab lakoz yon deklen spirityèl. Domaj espirityèl yo souvan pi gwo sou pitit nou yo ak pitit pitit nou yo” (Kevin W. Pearson, “Èske w toujou vle?,” Liyawona, Novanm 2022, 69).

  17. See Doktrin ak Alyans 6:22–23.

  18. Pwofèt Joseph Smith te di: “M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun swiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l swiv presèp nenpòt lòt liv.“ (nan entwodiksyon Liv Mòmon an).

  19. RussellM. Nelson, “Liv Mòmon an: kisa lavi w t ap ye san li?LiahonaNov. 2017, 62–63.