Konferans Jeneral
“Rete Trankil, epi Konnen M Se Bondye”
Konferans jeneral avril 2024


“Rete Trankil, epi Konnen M Se Bondye”

Nou toujou kapab konnen ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou.

Nan yon pòt ouvèt ak jou pou medya pou yon nouvo kay Senyè a, mwen te dirije vizit yon gwoup jounalis atravè estrikti sakre a. M te dekri bi tanp yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo a epi m te reponn anpil bon kesyon yo te genyen.

Anvan nou te rantre nan sal selès la, m te eksplike ke sal patikilye sa a nan kay Senyè a senbolikman reprezante lapè ak bote nan fwaye selès nou an kote nou ka retounen apre lavi sa a. M te endike pou envite nou yo, ke nou pa p pale pandan nou nan sal selès la, men ke m ap kontan reponn nenpòt kesyon apre nou avanse ale nan lòt pwen nan vizit gide a.

Apre nou te fin soti nan sal selès la epi pandan nou te rasanble nan pwochen pwen an, m te mande envite yo si yo te gen okenn obsèvasyon yo ta renmen pataje. Youn nan jounalis yo te di avèk gwo emosyon, “M pa janm te fè eksperyans okenn bagay konsa nan tout lavi m. M pa t konnen serenite sa a te egziste nan mond lan; m senpleman pa ka kwè ke trankilite sa a te posib.”

M te frape alafwa pa senserite ak senplisite deklarasyon moun sa a. Epi reyaksyon jounalis la te soulinye yon aspè enpòtan sou trankilite—pou simonte epi dekonekte avèk ajitasyon nan anvironman ki antoure nou an.

Pandan ke nan apre m t ap medite sou kòmantè jounalis la epi reflechi sou vitès souvan akselere lavi modèn nou—aktivite, bwi, divèsyon, distraksyon, ak detou ki sanble yo souvan egzije atansyon nou—yon ekriti te vin nan panse m: “Rete trankil, epi konnen se mwen menm ki Bondye.”1

M priye pou Sentespri a ilimine nou chak pandan n ap konsidere yon dimansyon nan trankilite ki pi elve ak pi sakre nan lavi nou—yon trankilite espirityèl entèn nan nanm nou ki pèmèt nou konnen ak sonje ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou. Benediksyon remakab sa a disponib pou tout manm Legliz la ki ap fè efò fidèlman pou yo vin “pèp alyans Senyè a.”2

Rete Trankil

An 1833, Sen nan eta Missouri yo te sibi yon pèsekisyon entans. Popilas la te chase yo soti lakay yo nan Konte Jackson nan, epi kèk manm Legliz te eseye etabli tèt yo nan lòt konte ki te alantou yo. Men pèsekisyon an te kontinye, epi te gen anpil menas lanmò. Nan sikonstans difisil sa yo, Senyè a te revele enstriksyon sa a bay Pwofèt Joseph Smith nan Kirtland, Ohio:

“Se poutèt sa, konsole kè ou konsènan Siyon; paske tout chè nan men m; rete trankil epi konnen m se Bondye.”3

Mwen kwè ke avètisman Senyè a pou “rete trankil” la enplike plis pase jis pa pale oubyen pa bouje. Petèt entansyon Li se pou nou sonje epi konte sou Li ak sou pouvwa Li “tout tan, nan tout bagay, e tout kote [nou] ta kapab ye.”4 Konsa, “rete trankil” gendwa yon jan pou raple nou pou n toujou konsantre nou sou Sovè a kòm sous prensipal trankilite espirityèl nan nanm nou ki fòtifye nou pou n fè ak simonte bagay ki difisil yo.

Bati sou Wòch la

Vrè lafwa toujou santre nan ak sou Senyè a, Jezikri—nan Limenm kòm Sèl Pitit Gason Literal ak Diven Papa Etènèl la epi sou Li ak sou misyon redanmsyon Li te akonpli a.

“Paske, li te satisfè egzijans lalwa a, e li reklame tout moun ki gen lafwa nan li; e moun ki gen lafwa nan li ap aksepte tout bon bagay; se poutèt sa, li plede kòz pitit lèzòm.”5

Jezikri se Redanmtè nou,6 Medyatè nou,7 ak Avoka nou8 bò kot Papa Etènèl la epi Li se wòch kote nou dwe bati fondasyon espirityèl pou lavi nou an.

Elaman te eksplike, “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou ; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”9

Genyen anpil enstriksyon nan senbòl ki di Kris la se “wòch” kote nou dwe bati fondasyon pou lavi nou an. Tanpri remake ke nan vèsè sa a se pa Sovè a ki fondasyon an. Okontrè, yo avèti nou pou n bati fondasyon espirityèl pèsonèl nou sou Li.10

Fondasyon an se pati nan batiman an ki konekte l ak tè a. Yon fondasyon ki fò ofri pwoteksyon kont dezas natirèl ak anpil lòt fòs destriktè. Yon fondasyon ki konvnab ap distribiye pwa estrikti a sou yon zòn ki laj pou evite twòp chaj sou tè ki anba l la epi li ofri yon sifas ki plat pou konstriksyon an ka fèt.

Imaj
Kay ki gen fondasyon solid.

Yon koneksyon ki fò ak fyab ant atè a ak fondasyon an esansyèl si yon estrikti dwe rete solid ak stab amezi tan pase. Epi pou yon seri de konstriksyon an patikilye, yo gendwa sèvi ak amati ankraj ak poto asye pou atache fondasyon batiman an sou “pilye a”, ki se gwo wòch solid anba materyèl ki ansifas yo tankou tè ak gravye.

Imaj
Kay ki ankre ak pilye a.

Konsa tou, fondasyon lavi nou dwe konekte avèk wòch Kris la si pou nou rete fèm ak inebranlab. Alyans sakre ak òdonans yo nan levanjil retabli Sovè a kapab konpare ak amati ankraj ak poto asye yo ki sèvi pou konekte yon batiman ak pilye a. Chak fwa nou fidèlman resevwa, revize, sonje ak renouvle alyans sakre yo, nou sekirize ankraj espirityèl nou yo yon fason ki fèm ak inebranlab sou “wòch” Jezikri an.

“Se poutèt sa, nenpòt moun ki kwè nan Bondye kapab reyèlman espere yon lemond ki pi bon; wi, menm yon plas a dwat Bondye; esperans sa a soti nan lafwa, li atache avèk nanm lèzòm, ki fè yo gen asirans epi yo rete fèm, pou yo fè bon zèv tout tan, pou yo bay Bondye laglwa.”11

Gradyèlman ak pwogresivman “pandan tan ap pase,”12 “vèti [gani panse nou] san rete,” konfyans nou [grandi anpil] nan prezans Bondye,” epi “Sentespri a ap konpayon [nou] tout tan.”13 Nou vin plis fonde, anrasinen, kanpe fèm, ak inebranlab.14 Lè fondasyon lavi nou bati sou Sovè a, nou beni pou n “rete trankil”—pou nou genyen yon asirans espirityèl ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou.

Tan Sakre, Plas Sen, ak Fwaye a

Senyè a ofri alafwa tan ki sakre ak plas ki sen yo yo pou ede nou fè eksperyans ak aprann konsènan trankilite entèn nanm nou.

Pa egzanp, Jou Saba an se jou Bondye, yon tan sakre ki te mizapa pou n sonje ak adore Papa a nan non Pitit Li a, pou patisipe nan òdonans pretriz yo, epi pou resevwa ak renouvle alyans sakre yo. Chak semèn nou adore Senyè a nan etid lakay nou epi antanke “sitwayen ansanm ak tout moun pèp Bondye a”15 nou adore nan sentsèn ak lòt reyinyon yo. Nan jou sakre Li an, panse nou yo, aksyon nou yo, ak konpòtman nou yo se siy nou ofri Bondye ak yon endikatè lanmou nou pou Li.16 Chak dimanch, si nou vle, nou kapab rete trankil epi konnen ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou.

Yon pwen santral nan adorasyon jou Saba nou se pou nou “ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen [Senyè a].”17 “Kay priyè” a ki se kote nou rasanble nan jou Saba an se chapèl nou yo ak lòt enstalasyon apwouve—plas sakre pou reverans, adorasyon ak aprantisaj. Chak chapèl ak enstalasyon te konsakre pa otorite pretriz la kòm yon plas kote Lespri Senyè a kapab rete epi kote pitit Bondye yo kapab vini “nan konesans Redanmtè yo a.”18 Si nou vle, nou kapab “rete trankil” nan plas sakre adorasyon nou yo epi vin konnen avèk plis asirans ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou.

Tanp lan se yon lòt plas sakre ki espesyalman mete apa pou adore ak sèvi Bondye ak pou aprann verite etènèl yo. Nan kay Senyè a, nou panse, aji, ak abiye yon jan ki diferan pase nenpòt lòt kote nou te ka frekante. Nan kay sakre Li a, si nou vle, nou kapab rete trankil epi konnen ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou.

Objektif prensipal tan sakre ak plas sakre yo se menm nan: se pou konsantre atansyon nou chak fwa sou Papa nou ki nan Syèl la ak plan Li an, Senyè nou Jezikri ak Ekspiyasyon Li, pouvwa edifyan Sentespri a, ak promès ki asosye avèk òdonans ak alyans sakreyo nan levanjil retabli Sovè a.

Jodia mwen repete yon prensip mwen te souliye deja. Kay nou dwe yon konbinezon siprèm pou alafwa tan sakre ak plas sakre kote moun yo ak fanmi yo kapab “rete trankil” epi konnen ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou. Kite kay nou pou n adore nan kay Senyè a nan jou Saba an sètènman se yon bagay ki esansyèl. Men se sèl lè nou retounen lakay nou avèk yon pèspektiv ak fòs espirityèl nou te jwenn nan plas ak aktivite sakre sa yo ke n ap kapab rete fokis sou objektif prensipal lavi mòtèl la epi simonte tantasyon yo ki tèlman komen nan mond dechi nou an.

Eksperyans kontinyèl Saba a, tanp lan, ak lakay nou ta dwe fòtifye nou avèk pouvwa Sentespri a, avèk yon koneksyon alyans kontinyèl ak pi solid anvè Papa a ak Pitit gason an, epi avèk yon “esperans pafètman klè”19 nan pwomès etènèl Bondye yo.

Lè fwaye ak Legliz ini ansanm pou fè youn nan Kris la,20 nou gendwa twouble tout jan, men nou pa p gen detrès nan panse ak nan kè nou. Nou gendwa dekonsète akozde sikonstans ak defi nou yo, men nou p ap pèdi espwa. Nou gendwa sibi pèsekisyon, men n ap rekonèt tou ke nou pa janm poukont nou.21 Nou kapab resevwa kouraj espirityèl pou nou vin fèm ak rete fèm, inebranlab, ak sensè.

Pwomès ak Temwayaj

Mwen pwomèt nou ke lè nou bati fondasyon lavi nou sou “wòch” Jezikri a, nou ka beni atravè Sentespri a pou n resevwa trankilite endividyèl ak espirityèl nan nanm nou ki pèmèt nou konnen ak sonje ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Sovè nou, epi nou kapab resevwa benediksyon pou n simonte bagay ki difisil.

Mwen temwaye ak lajwa ke Bondye Se Papa nou ki nan Syèl la, nou se pitit Li, epi Jezikri se Redanmtè nou ak “wòch” sali nou. Mwen temwaye konsa, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.