Konferans Jeneral
Yon Rapò sou Sa Mwen te Wè ak Tande
Konferans jeneral avril 2024


Yon Rapò sou Sa Mwen te Wè ak Tande

Pa t janm gen yon pi bon epòk pou yon moun vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.

Apre m te fin diplome kòm avoka, madanm mwen Marcia, avèk mwen te chwazi travay nan yon kabinè avoka ki espesyalize nan fè pwosè. Lè m te kòmanse fòmasyon mwen nan kabinè sa a, mwen te pase prèske tout tan m ap prepare temwen pou temwaye nan pwosè. Mwen te aprann byen vit ke fason yo te detèmine verite nan yon tribinal se lè temwen yo temwanye sou sèman ke sa yo te wè epi tande yo se verite. Lè temwen yo temwanye, pawòl yo anrejistre epi prezève. Enpòtans pou jwenn temwen ki kredib te toujou nan premye plan nan preparasyon mwen.

Sa pa t pran tan pou m te reyalize ke menm tèm mwen t ap itilize chak jou antanke avoka yo sete menm tèm sa yo mwen te itilize nan konvèsasyon m apwopo levanjil la “Temwen” ak “temwayaj” se tèm nou itilize lè n ap pataje konesans nou ak santiman nou konsènan verasite levanjil Jezikri a.

Lè yo te soutni m kòm yon nouvo Swasanndis Entèrejyon an, mwen te ouvri ekriti yo pou m te aprann devwa mwen epi m te li Doktrin ak Alyans 107:25, ki deklare: “Swasanndis yo aple tou … pou yo temwen espesyal pou Janti yo ak nan tout mond lan.” Jan nou ka imajine, je mwen te atire sou tèm “temwen espesyal” la. Sa te vin klè pou mwen ke mwen te gen yon responsablite pou rann temwanyaj mwen—pou m temwanye non Jezikri——tout kote mwen te ale nan mond lan.

Gen anpill egzanp nan ekriti yo sou moun ki te temwen ki te wè ak de grenn je yo epi ki te temwanye de sa yo te wè ak tande.

Lè ansyen pwofèt Mòmon kòmanse rejis li a, li ekri: “Epi kounyeya, Mwen Mòmon, m fè yon rejis konsènan bagay m te wè ak tade, epi m rele l Liv Mòmon an.”1

Apot Sovè a, Pyè ak Jan, te geri yon nonm nan non Jezikri de Nazarèt.2 Lè yo te kòmande yo pou yo pa t pale nan non Jezi, yo te reponn:

“Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye?

“Pou nou menm, nou pa kapab pa pale de sa nou wè ak sa nou tande.”3

Yon lòt temwayaj konvenkan se temwayaj Sen yo nan Liv Mòmon an ki te temwen vizit Sovè a, Jezikri a. Tande deskripsyon temwen sa yo: “Epi, men jan yo te rann temwayaj: je pa t janm wè, ni tou zòrèy pa t janm tande anvan sa, gwo bagay ki mèveye nou te wè epi nou te tande Jezi pale ak Papa a.”4

Frè m ak sè m yo, jodi a mwen deklare temwayaj mwen epi fè yon rapò sou sa m te wè ak tande pandan ministè sakre mwen antanke Swasanndis Senyè a, Jezikri. Pandan m ap fè sa a, mwen temwaye nou konsènan yon Papa eman ki nan Syèl la ak Pitit Gason byenveyan L la, Jezikri, ki te soufri, ki te mouri, e ki te resisite pou l ofri pitit Bondye yo lavi etènèl. Mwen temwaye konsènan “yon travay mèveye ak yon pwodij”5 epi Senyè a lonje men L yon lòt fwa ankò pou retabli levanjil Li a sou tè a atravè pwofèt ak apot vivan Li yo.6 Mwen temwaye ke dapre sa mwen te wè ak tande, pa janm gen yon pi bon epòk pou yon moun vin yon manm Legliz Jezikri a pase jodi a. Mwen konnen sa ak pwòp konesans pa mwen, endepandan de tout lòt sous, akoz sa mwen wè ak tande.

Pandan dènye ane mwen nan lekòl segondè, pou m te gradye nan seminè, mwen te bezwen idantifye tout 15 tanp Legliz la te genyen yo. Te gen yon foto sou chak tanp nan devan klas nou an, epi mwen te oblije konnen ki kote yo chak te sitiye. Kounye a, anpil ane apre, sa t ap yon gwo defi—pou idantifye yo chak— avèk 335 tanp k ap fonksyone oubyen ki anonse yo. Mwen pèsonèlman wè anpil nan kay Senyè sa yo e mwen temwaye ke Senyè a ap ofri benediksyon Li ak òdonans Li yo bay plis anplis pitit Li atravè mond lan.

Zanmi m yo nan FamilySearch la te aprann mwen ke gen plis pase yon milyon nouvo non ki ajoute nan FamilySearch chak jou. Si w pa t jwenn zansèt ou a yè, mwen envite w pou w gade ankò demen. Nan sa ki konsène rasanble rasanble Izrayèl sou lòt bò vwal la, pa t janm gen yon pi bon moman pou yon moun se yon manm Legliz Jezikri a pase jodi a.

Pandan nou t ap elve pitit nou yo nan Twin Falls, Idaho, pèsepsyon nou sou Legliz atravè mond la te limite. Lè yo te aple m pou m te vin yon Otorite Jeneral, yo te voye Marcia avèk mwen al sèvi nan Zòn Pasifik la, yon kote nou potko janm ale. Nou te kontan pou nou te jwenn pieu soti nan kòmansman Nouvèl Zeland rive jis nan pwent li, ak yon tanp ki te konsakre nan lane 1958. Sete youn nan 15 tanp sa yo mwen te dwe memorize nan seminè a. Nou te jwenn tanp nan chak gwo vil nan Ostrali, avèk pieu sou tout kontinan an. Nou te gen tach nan Smoa, kote ki genyen 25 pieu, ak Tonga, kote prèske mwatye nan popilasyon an se manm Legliz la. Nou te gen yon tach nan zile Kiribati a, kote nou te jwenn de pieu. Nou te gen tach pou n te vizite pieu nan Ebeye nan zile Marshall yo ak Daru nan Paouasie Nouvelle Guinée.

Apre sèvis nou nan Zile Pasifik yo, nou te jwen tach pou nou te sèvi nan Filipin. Mwen te etone wè ke Legliz Jezikri a nan Filipin ap grandi plis pase m te imajine. Kounye a genyen 125 pieu, 23 misyon ak 13 tanp ki an fonksyon oswa ki anonse. Mwen te temwen yon legliz ki gen plis pase 850.000 manm nan peyi sa a. Kijan m te fè rate etablisman legliz Kris la atravè mond lan?

Apre twazan nan Filipin, yo te mande m pou m te sèvi nan Depatman Misyonè a. Tach mwen an te mennen m nan misyon atravè tout mond lan. Vizyon mwen sou Legliz mondyal Sovè a te elaji anpil. Marcia avèk mwen te jwenn tach pou nou te vizite misyon nan Azi yo. Nou te jwenn yon bèl sant pieu nan Singapour, avèk manm fidèl ki mèveye. Nou te vizite manm ak misyonè nan yon chapèl nan Kota Kinbalu, nan Malaisie. Nou te rankontre misyonè nan Hon Kong epi nou te patisipe nan yon bèl konferans pieu avèk Sen fidèl devwe.

Nou te fè menm eksperyans sa a lè nou te rankontre misyonè ak manm yo atravè Ewòp, nan Amerik Latin, nan Karayib la, ak an Afrik. Legliz Jezikri a ap pwogrese anpil an Afrik.

Mwen se yon temwen dirèk sou Retablisman san kanpe levanjil Jezikri a ak sou akonplisman pwofesi Joseph Smith la ke “La verite de Dieu ira fièrement de l’avant avec noblesse et independance, jusqu’a ce qu’elle ait pénétre chaque continent, visite chaque climat, traversé dans chaque region et résonne dans chaque oreille.”7

Kounye a nou gen 74.000 misyonè mèveye solid ki kouvri mond lan. Pandan y ap travay ansanm ak manm yo, yo batize plis pase 20.000 moun chak mwa. Se aktyèlman jèn gason ak jènfi ki gen 18, 19 ak 20 tan ki, avèk èd Senyè a, ap pwodui gwo mirak rasanbleman sa a. Nou jwenn jènfi ak jèn gason sa yo nan ti vilaj Vanwatou yo ak nan gwo vil Nouyòk, Pari ak Lond yo. Mwen konn gade yo k ap anseye sou Sovè a nan kongregasyon izole nan Fidji ak nan pi gwo asanble nan kote tankou Texas, Kalifòni ak Florid nan Etazini.

W ap jwenn misyonè nan tout kwen tè ​​a k ap pale 60 lang diferan epi k ap akonpli gwo misyon Sovè a nan Matye 28 la: “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.”8 Mwen rann omaj pou misyonè ansyen ak aktyèl yo nan Legliz la epi mwen raple jenerasyon k ap grandi nou an de envitasyon Prezidan Russell M. Nelson an pou yo vini pou rasanble Izrayèl la.9

Mwen temwaye jodi a ke mwen obsève Retablisman pwofon sa a nan levanjil Sovè a ak pwòp je pa m epi mwen tande l ak pwòp zòrèy mwen. Mwen se yon temwen sou travay Bondye a atravè mond lan. Pa t janm gen yon pi bon moman pou yon moun vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pase jodi a.

Petèt mirak ki pi enspiran mwen temwen nan Retablisman an se noumenm, manm fidèl Legliz yo nan tout peyi. Nou menm, Sen Dènye Jou yo, Nefi te dekri nou nan Liv Mòmon an, pandan l te wè epòk nou an epi li te temwaye, “Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”10

Mwen temwaye ke mwen wè ak pwòp je pa m sa Nefi te wè a—nou menm, Sen alyans yo nan chak peyi, ki ame avèk lajistis ak pouvwa Bondye. Pandan m te chita sou yon estrad nan youn nan gwo nasyon sa yo nan mond lan, Senyè a te enspire nan lespri m yon bagay wa Benjamen te anseye nan Mozya 2 nan Liv Mòmon an. Brent, “Mwen ta vle ou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl.”11

Mwen temwaye nou ke mwen te wè sa ak pwòp je pa m e mwen te tande l ak pwòp zòrèy mwen, pandan m t ap rankontre noumenm, Sen fidèl Bondye yo atravè tè a k ap respekte kòmandman yo. Nou se pitit alyans Papa a. Nou se disip Jezikri. Nou konnen sa m konnen an tou paske nou te resevwa temwayaj pèsonèl pa nou sou verasite levanjil retabli Jezikri a. Sovè a te anseye, “Men, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.”12

Sou direksyon Senyè a ak lidèchip pwofèt ak apot Li yo, n ap kontinye prepare misyonè, fè epi kenbe alyans sakre, etabli Legliz Kris la atravè mond lan, epi resevwa benediksyon ki vini lè nou respekte kòmandman Bondye yo. Nou ini. Nou se pitit Bondye. Nou konnen Li epi nou renmen Li.

Mwen ini avèk nou tout, zanmi m yo, pandan n ap temwanye ansanm ke bagay sa yo se verite. Nou fè yon rapò sou sa nou te wè ak tande. Noumenm avèk mwen se temwen ki temwanye. Se avèk pouvwa temwanyaj ini sa a ke nou kontinye avanse ak lafwa nan Senyè a, Jezikri, ak levanjil Li a. Mwen deklare temwanyaj mwen ke Jezikri vivan. Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.