Konferans Jeneral
Yon Pi Gwo Lajwa
Konferans jeneral avril 2024


Yon Pi Gwo Lajwa

Se pou nou tout chèche epi jwenn pi gwo lajwa ki soti nan lavi devwe nou bay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason byenneme l la.

Mwen te gen gwo benediksyon pou m pale nan konferans jeneral sa fè trantan kounyea. Pandan tan sa a, anpil moun atravè mond lan te poze m kesyon konsènan mesaj sa yo. Dènyèman, gen yon kesyon an patikilye ke yo kontinye poze m. Anjeneral, li di yon bagay tankou sa a: “Èldè Uchtdorf, mwen te koute dènye diskou w la avèk anpil atansyon men … mwen m pa t tande anyen sou aviyasyon?”

Oke, apre jodi a, mwen ka pa janm tande kesyon sa a pou yon ti tan.

Sou “Gete Nyaj Separe pa Soley”1

Li difisil pou nou kwè ke sa fè sèlman 120 ane depi Wilbur ak Orville Wright te fè premye vòl avyon travèse sab Kitty Hawk yo, nan Kawolin di Nò. Kat vòl kout nan jou Desanm sa a te chanje mond lan e li te louvri pòt pou youn nan pi gwo envansyon nan istwa mond lan.

Avyon te riske nan premye jou sa yo. Frè yo te konnen sa. E papa yo, Milton, te konnen sa tou. An reyalite, li te tèlman pè pou l pa t pèdi toude pitit gason l yo nan yon aksidan avyon ke yo te pwomèt li yo pa t ap janm vole ansanm.

Epi yo pa t janm fè sa—avèk yon sèl eksepsyon. Sèt ane apre jou istorik sa a nan Kitty Hawk la, Milton Wright te finalman bay konsantman l epi l te gade Wilbur ak Orville ki te vole ansanm pou premye fwa. Apre aterisaj la, Orville te konvenk papa l pou l te pran premye ak sèl vòl avyon li pou l te wè pou tèt pa l kijan sa te ye.

Lè avyon an te vole kite sòl la, Milton ki te gen 82 zan te tèlman pran nan eksitasyon vòl la ke tout laperèz te kite li. Orville te kontan lè papa l t ap rele byen fò: “Pi wo, Orville, pi wo!”2

Sa a te yon nonm selon kè pa mwen!

Petèt rezon ki fè m pale sou avyasyon detanzantan an sèke mwen konnen yon bagay nan sa Mesye Wright yo te santi a. Mwen menm tou, mwen te “glise lyen ki te sou latè yo epi m te danse nan syèl la sou zèl lajwa an ajan.”3

Premye vòl frè Wright yo, ki te fèt prèske 37 ane anvan nesans mwen, te louvri pòt avanti, mèvèy, ak lajwa pur nan lavi m.

Men, malgre jan lajwa sa a etonan, gen yon kalite lajwa ki pi gwo toujou. Jodi a, nan lespri rèl kontantman Milton Wright la, “Pi wo, Orville, pi wo,” a, mwen ta renmen pale sou pi gwo lajwa sa a—ki kote li soti, kijan li antre nan kè nou, ak kijan nou ka fè eksperyans li nan pi gwo mezi.

Bi Total Egzistan Imèn nan

Se pwobableman sèten ke tout moun vle gen kè kontan.4 Sepandan, nou ka pwobableman di ke se pa tout moun ki gen kè kontan Malerezman, sanble ke pou anpil moun, li difisil pou yo jwenn bonè.5

Poukisa li konsa? Si bonè se sèl bagay noumenm lèzòm nou pi anvi, poukisa nou pa ka rive jwenn ni konsa? Pou repete fraz yon chante country, petèt n ap chèche lajwa nan tout move kote yo.6

Ki Kote Nou Ka Jwenn Bonè?

Anvan nou diskite sou fason pou nou jwenn lajwa, pèmèt mwen rekonèt ke depresyon ak lòt pwoblèm mantal ak difikilte emosyonèl yo reyèl, epi repons lan se pa senpleman, “Eseye gen plis kè kontan.” Objektif mwen jodi a se pa diminye oswa banalize pwoblèm sante mantal. Si w ap fè fas ak pwobloèm sa yo, mwen gen lapenn ou, e mwen kanpe bò kote ou. Pou kèk moun, jwenn lajwa ka gen ladan chèche èd nan men pwofesyonèl sante mantal antrene ki konsakre lavi yo nan pratike terapetik yo. Nou ta dwe rekonesan pou èd sa a.

Lavi a se pa yon sekans enfini gwo emosyon. “Paske dwe gen opozisyon nan tout bagay.”7 Epi si Bondye li menm kriye, jan ekriti yo di li fè sa a,8 ebyen wi, nou menm avèk mwen pral kriye tou. Santiman tristès se pa yon siy echèk. Nan lavi sa a, omwen, lajwa ak lapenn se konpayon inséparab.9 Menm jan ak nou tout, mwen konn santi pòsyon desepsyon, lapenn, tristès, ak remò pa mwen.

Sepandan, mwen menm tou mwen fè pou tèt pam eksperyans matine byen bèl la ki ranpli nanm nan ak yon lajwa sitèlman pwofon ke li apèn ka kenbe li. Mwen dekouvri pou tèt pa mwen ke konfyans pezib sa a soti nan suiv Sovè a ak nan mache nan Chemen Li.

Lapè li ban nou an pa tankou sa mond lan bay.10 Li pi bon. Li pi elve e li pi sen. Jezi te di: “Mwen vini pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an abondans.”11

Levanjil Jezikri a se vrèman “bon nouvèl gwo lajwa”!12 Se yon mesaj espwa san parèy! Yon mesaj pou pote jouk e pou leve chay.13 Yon mesaj rasanbleman limyè. Nan favè ki nan syèl la, pi gwo konpreyansyon, sekirite etènèl, ak glwa etènèl!

Lajwa se egzakteman objektif plan Bondye a pou pitit li yo. Se pou sa ou te kreye—“pou [ou] ka gen lajwa”!14 Ou te bati pou sa!

Papa nou ki nan Syèl la pa kache chemen ki mennen nan bonè a. Li pa yon sekrè. Li disponib pou tout moun!15

Li pwomèt pou moun ki mache sou chemen disip la, ki suiv ansèyman ak egzanp Sovè a, ki respekte kòmandman l yo, epi ki onore alyans yo fè avèk Bondye. Ala yon pwomès remakab!

Bondye gen yon bagay anplis pou l ofri

Nou tout konnen dè moun ki di yo pa bezwen Bondye pou yo gen kè kontan, ke yo ase kè kontan san relijyon.

Mwen rekonèt epi respekte santiman sa yo. Papa byenneme nou ki nan Syèl la vle pou tout pitit li yo gen otan kontantman posib, konsa li ranpli mond sa a avèk bonjan plezi, “alafwa pou fè je yo plezi ak pou … fè kè yo kontan.”16 Pou mwenmenm, kondui avyon te pote anpil kontantman. Gen lòt ki jwenn li nan mizik, nan atizana, nan pastan, oswa nan lanati.

Lè nou pataje bon nouvèl gwo lajwa Sovè a, nou pa inyore okenn nan sous lajwa sa yo. Nou senpleman di ke Bondye yon bagay anplis pou l bay l. Yon lajwa ki pi elve ak pi pwofon—yon lajwa ki depase nenpòt bagay mond sa a ofri. Se lajwa ki andire kè brize, ki penetre lapenn, epi ki diminye solitid.

Kontrèman, bonè mond lan pa dire. Li pa kapab. Se nati tout bagay ki sou latè pou yo vin granmoun, pou yo dekonpoze, pou yo ize, oswa pou yo vin rasi. Men, lajwa selon Bondye se yon bagay etènèl, paske Bondye etènèl. Jezikri te vin leve nou soti nan tanporèl la epi ranplase koripsyon avèk enkoripsyon. Se li sèlman ki gen pouvwa sa a, e se sèlman lajwa li ki p’ap janm fini.

Si w santi w ka gen plis kalite lajwa sa a nan lavi w, mwen envite w pou w antre nan vwayaj pou suiv Jezikri ak Chemen li a. Li se yon vwayaj nan yon lavi—ak pi lwen. Tanpri, kite m sijere kèk etap nan kòmansman vwayaj diy sa a pou dekouvri pi bon kalite lajwa a

Pwoche pre kote Bondye17

Èske w sonje fi nan Nouvo Testaman an ki te andire yon maladi senyen pandan 12 ane a?18 Li te depanse tout sa li te genyen pou doktè, men bagay yo te vin pi mal. Li te tande pale de Jezi; Li te byen konnen pouvwa li pou li geri. Men, èske li te kapab geri li? E ki jan li te kapab pwoche bò kote l? Maladi li te fè l “enpur” selon lalwa Moyiz la, e se poutèt sa li te oblije rete lwen lòt moun.19

Apwoche l ouvètman epi mande l gerizon pa t sanble posib.

Poutan, li te panse: “Si m pa touche rad li, m ap geri.”20

Finalman, lafwa li te ranpòte laviktwa sou laperèz li. Li te brave kritik lòt moun epi li te ale an avan a Sovè a.

Finalman, li te alapòte li. Li te lonje men l.

Epi li te geri.

Èske nou tout pa yon ti jan tankou fi sa a?

Gen plizyè rezon ki fè nou ezite pwoche bò kote Sovè a. Nou ka fè fas a ridikil oswa kondanasyon lòt moun. Nan ògèy nou an, nou ka rejte posiblite pou yon bagay ki senp ki gen anpil valè. Nou ka panse ke kondisyon nou an yon tijan diskalifye nou pou gerizon li—ke distans la twò gwo oswa peche nou yo twòp.

Menm jan ak fi sa a, mwen te aprann ke si nou pwoche pre Bondye epi nou lonje men pou nou manyen li, nou ka vrèman jwenn gerizon, lapè, ak lajwa.

Chèche li

Jezi te anseye: “Chache, e n ap jwenn.”21

Mwen kwè fraz senp sa a se pa sèlman yon pwomès espirityèl; se yon deklarasyon de reyalite.

Si nou chache rezon pou nou fache, pou nou doute, pou nou ge rezantman oswa rete poukont nou, n ap jwenn yo.

Sepandan, si nou chèche lajwa—si nou chèche rezon pou nou rejwi epi suiv Sovè a avèk kè kontan, n ap jwenn yo.

Nou raman jwenn yon bagay nou pa t ap chèche.

Èske w ap chache kè kontan?

Chèche, epi w ap jwenn.

Youn ede pote fado lòt22

Jezi te anseye, “Gen plis benediksyon nan bay pase pou nan resevwa.”23

Èske sa kapab ke nan rechèch nou pou lajwa, pi bon fason pou jwenn li se pote lajwa bay lòt moun?

Frè m ak sè m yo, nou konnen e mwen konnen sa a se vrerite! Lajwa se tankou yon barik farin oswa yon bokal lwil ki pap janm fini.24 Vrè lajwa miltipliye lè yo pataje l.

Li pa mande pou yon bagay gwo oswa konplike.

Nou ka fè bagay ki senp.

Tankou lapriyè pou yon moun ak tout kè nou.

Bay yon moun yon konpliman sensè.

Ede yon moun santi yo bye akeyi, respekte, apresye, ak renmen.

Pataje yon ekriti ke n renmen ak sa li vle di pou nou.

Oswa menm jis koute.

“Lè nou nan sèvis frè nou yo, nou sèlman nan sèvis Bondye nou an,”25 e Bondye ap remèt bonte an abondans.26 Lajwa ou bay lòt moun yo ap tounen vin jwenn ou nan “bon mezi, yo peze atè, li souke yo ansanm, epi yo ap debòde.”27

“Kisa Nou Ta Dwe Fè?”28

Pandan jou, semèn, ak mwa k ap vini yo, èske m ka envite w pou w:

  • Pase tan nan yon efò sensè, ak tout kè w pou pwoche bò kote Bondye.

  • Chèche ak dilijans chak jou pou moman espwa, lapè, ak lajwa.

  • Pote kè kontan bay lòt moun bò kote w.

Chè frè ak sè m yo, chè zanmi, pandan w ap chèche pawòl Bondye a pou w jwenn yon konpreyansyon pi pwofon sou plan etènèl Bondye a, aksepte envitasyon sa yo, epi fè efò pou w mache nan chemen l lan, w ap fè eksperyans “lapè Bondye a, ki depase tout konpreyansyon,”29 an menm nan mitan lapenn. Ou pral santi yon pi gwo mezi lanmou enkonparab Bondye a gonfle nan kè ou. Limyè devanjou selès la pral penetre lonbraj eprèv ou yo, epi w ap kòmanse goute laglwa ak mèvèy endeskriptif wayòm envizib, pafè, ak selès la. Ou pral santi lespri w ap leve lwen gravite mond sa a.

Epi, tankou bon Milton Wright, petèt w ap leve vwa w pou w rejwi epi w ap rele: “Pi wo, Papa, pi wo!”

Se pou nou tout chèche epi jwenn pi gwo lajwa ki soti nan devwe lavi nou bay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason byenneme l la. Sa a se priyè sensè mwen ak benediksyon nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. John Gillespie Magee Jr., “Vòl Wo,” poetryfoundation.org.

  2. Gade Christopher Klein, “10 Bagay ou ka pa konnen sou frè Wright yo,” Istwa, 28 Mar 2023, history.com.

  3. Magee, “Vòl Wo.”

  4. De mil Katsan ane de sa, Aristòt te obsève ke bonè se sèl bagay tout moun vle plis. Nan trete l Nicomachean Ethicsla, li te anseye ke pi gwo byen nan lavi a se bagay nou pouswiv kòm yon fen tèt li (kontrèman ak bagay sa yo nou pouswiv ki se yon mwayen pou kèk lòt objektif). Bonè, pi wo ke tout lòt bagay, se jis yon bagay. “Nou toujou anvi kontantman pou pwòp tèt li,” li te di, “epi pa janm kòm yon mwayen pou yon lòt bagay” (The Nicomachean Ethics of Aristotle, trans. J. E. C. Weldon [1902], 13–14).

  5. Gade Harry Enten, “Kontantman Ameriken Desann Nan yon Nouvo Rekò,” CNN, Feb. 2, 2022, cnn.com; gade tou Tamara Lush, “Ameriken yo Pi Malere Nan Plis ke 50 An,” Associated Press, June 16, 2020, apnews.com; “Gwo tenèb la: An 2023, Anplwaye yo pi pa kontan pase tout tan avan. Poukisa?” BambooHR, bamboohr.com.

  6. See Wanda Mallette, Bob Morrison, and Patti Ryan, “Chèche pou lanmou (nan tout move kote yo)” (1980).

  7. 2 Nefi 2:11.

  8. Gade Jan 11:35; Moyiz 7:28–37.

  9. Gade 2 Nefi 2:11.

  10. Gade Jan 14:27.

  11. Jan 10:10.

  12. Lik 2:10, Nouvo Vèsyon Ofisyèl Revize.

  13. Gade Matye 11:28–30.

  14. 2 Nefi 2:25.

  15. Si w gen nenpòt enkyetid konsènan si Papa w ki nan Syèl la ap aksepte w oswa si w ap pèmèt ou resevwa lajwa l, mwen envite w pou w li parabòl Kris la konsènan pitit gason pèdi a nan lapriyè (gade Lik 15:11–32). Nan parabòl sa a, nou aprann ki jan Papa nou ki nan Syèl la santi l konsènan pitit li yo ak kijan l ap tann epi selebre retou nou apre nou fin kite l! Depi lè nou “vini konsyan” (gade vèsè 17) epi nou kòmanse vwayaj ou na l lakay nou, L’ap wè nou, paske L’ap veye epi l’ap tann. E kisa li ap tann? Pou nou! Pandan n ap pwoche pre l, l ap selebre retou nou epi l ap rele nou pitit li.

  16. Doktrin ak Alyans 59:18. Revelasyon sa a esplike tou: “Li fè Bondye plezi pou l te bay lèzòm tout bagay sa yo; paske se pou sa yo te fèt” (vèsè 20).

  17. Pou moun ki pwoche pre Bondye, li bay gwo pwomès sa a: “M ap pwoche pre ou” (Doktrin ak Alyans 88:63; gade tou Jak 4:8).

  18. Gade Mak 5:24–34.

  19. Gade Diksyonè Bib, “Pwòp ak Enpwòp.”

  20. Mak 5:28.

  21. Matye 7:7.

  22. Lè youn pote chay lòt, nou “akonpli lwa Kris la” (Galat 6:2; gade tou Mozya 18:8).

  23. Travay 20:35.

  24. Gade 1 Wa 17:8–16.

  25. Mozya 2:17.

  26. Nan Lèt li bay Women yo, Pòl di ke Bondye “ap bay chak moun dapre zèv yo: pou moun ki, avèk pasyans, nan fè byen, k ap chèche glwa, onè ak imòtalite, lavi etènèl: … laglwa, onè, ak lapè, pou tout moun ki fè byen” (Women 2:6–7, 10).

  27. Lik 6:38. Delivrans nou ak bonè etènèl nou ka depann de konpasyon nou ak bonte nou anvè lòt moun (gade Matye 25:31–46).

  28. Lik 3:10.

  29. Filipyen 4:7.